All posts by admin5

23-1210 Lafwa Pafe

Mesagj: 63-0825E Lafwa Pafe

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Lafwa Pafè,

Lafwa nou vin de sa nou tande, lè nou tande Pawòl la. Pawòl la vin a pwofèt la.

Pwofèt la se:

Pawòl la te fèt chè! Alelouya! Pawòl lan ap opere nan lachè imen, pa siy fizik, pa siy materyèl, pa siy selon Lekriti, pafètman, pou pote ban nou yon Lafwa Pafè pou yon Anlèvman Pafè.

N ap fè egzakteman sa Pawòl la mande nou fè lè n ap tande grenn Vwa Bondye ki konfime k ap pale epi k ap revele Pawòl Li atravè lachè imen pou ban nou Lafwa Pafè.

Nou gen…zòrèy nou soud pou nenpòt lòt bagay, sof sa Lespri Bondye a di. Nou wè? “Moun ki gen zòrèy (ki tande), tande sa Lespri a di legliz yo”; moun ki gen pòs radyo, kapte sa ke Lespri di legliz yo. Nou wè?

Nou se pòs kote nou tande Li ki sezi epi ki kwè chak Pawòl. Lè Li ban nou lòd: “Jis di sa ki sou bann sa yo. M SE Vwa Bondye pou nou. Nou rele m pastè nou, e nou byen di, paske se sa m ye.” Nou egzekite yo. Kèlkeswa sa L di, pa gen on lonbraj dout okenn kote; nou mache dwat. Kèlkeswa sa Seyè a di atravè pwofèt Li, pa gen moun nan mond lan ki ka dekouraje nou, nou kontinye menm jan. 

Kounye a n ap antre nan Lafwa Pafè a, pèfeksyon pafè ki pa ka febli a. Lafwa sa a pa janm echwe.  

Nou gen on Lafwa Pafè kounye a nan Pawòl Li. Nou pa gade tèt nou. Nou pa pè anyen, tankou Jòb. Nou pa pè lè n ap gade gwo vag yo epi n ap koule nan dlo a tankou Pyè. Jou sa yo fini.

KOUNYE A n ap gade Pawòl Pafè sa a k ap viv epi ki abite nan nou. N ap antre nan matyè Lepouz la. N ap antre nan kondisyon anlèvman an.

Lè nou priye, nou kwè ke nou resevwa sa nou mande, epi n ap genyen l; y ap ban nou li. Tan, espas, anyen lòt p ap janm chanje sa. Nou konnen sa regle. Li deja fini. Kijan nou fè konnen? Paske se pa Pawòl nou, men PAWÒL LI, ke li pwononse epi ke L ban nou. Nou gen PWISANS LAN EPI LAFWA PAFÈ POU PWONONSE L.

Jan Jezi te fè pou Tèt Li, nou rekonèt pozisyon nou; kiyès nou ye. Sèl bagay ki rete nou pou fè, se gen lafwa nan sa nou ye. Gen lafwa nan sa Pawòl la di nou ye! Lè sa a Pawòl Bondye a vin nan nou epi Li manifeste Tèt Li; pase nou se kwayan. Epi yon kwayan se “lafwa Bondye k ap aji nan nou.”

E kounye a, nou vin wen ak menm Lespri an, dè mesi wen; mesi de dènye jou an, pou fè rezireksyon Jezikri an klere; pou montre ke Li pa mouri, men nan fòm Sentespri a, Li nan pèp Li; ap bouje nan mitan Epouz Li, ak yon istwa renmen avè L, ap vide nan Li, Tèt Li. Y ap vin yon sèl pou Soupe Nòs lan; e menm siy, ke menm Bondye a te pwomèt, nan menm Pawòl la, ap fè menm manifestasyon L yo.

Pa gen anyen ki rete pou nou fè sof kwè Li; epi lè nou kwè L se sibstans lan ki kreye Lafwa Pafè a. Tande sa ankò, LÈ NOU KWÈ L SE SIBSTANS LAN KI KREYE LAFWA PAFÈ A. 

Èske gen yon fib nan kò w ki doute yon Pawòl: NON

Èske ou kwè chak Pawòl: Wi

Èske Li ba w on Revelasyon de Mesaj sa a: Wi

Èske se sèl Lepouz la k ap gen vrè Revelasyon sa a: Wi

Èske nou konnen nou se Lepouz Li: Wi

Èske Li di lè nou kwè chak Pawòl, sa ap ban nou Lafwa Pafè: Wi

ALÒ NOU SE LEPOUZ PAWÒL LAFWA PAFÈ!!

Oh Seyè prepare nou kòm jamè alò ke n ap rasanble ansanm Dimanch pou tande Pawòl Ou. Ede nou pa janm gade tèt nou ankò, men sèlman pou nou kwè Pawòl Ou ke Ou pwononse pou nou. Nou wè Twazyèm Poul la an aksyon epi nou konnen ke Li rete nan nou. Nou dwe pale epi kwè Pawòl Ou.

Nou konnen W ap vini byento pou Lepouz Pawòl Pafè W la. Kèlkeswa sa nou bezwen, Papa, KÈLKESWA SA NOU BEZWEN, nou konnen n ap resevwa L. Paske se Pawòl Ou ke Ou deja pwononse pou nou. Pa gen anyen pou fè men jis KWÈ LI. Nou kwè l Papa, nou kwè l. Kounye a annou aji selon PAWÒL OU.

Nou konfese tout echèk nou, peche nou ak ofans nou. Gade nou atravè San Pitit Ou kote nou jistifye pa Gras Ou ak mizèrikòd Ou.

Kite gen yon chanjman nan Lepouz Ou kòm jamè. Vide Sentespri W sou nou epi ban nou tout sa nou bezwen. 

Malad yo pral geri anba tout afliksyon. Retrograd la pral retounen a Pawòl la. Lepouz Ou atravè mond lan pral wè chemen ke Ou bay pou jou jodi a epi l ap kwè.

Si w pa gen pèsonn pou mete men sou ou…mete men w sou tèt ou…ou se yon kwayan. Ou vin tounen Pawòl la; ou vin Pawòl la, alò ke w resevwa Pawòl la.   

Vini Seyè Jezi, Lepouz Ou ap prepare tèt li nan rete nan prezans Pawòl Ou, ap muri. Nou vle muni epi abiye de Pawòl Ou.

Vin wen nou kòm jamè Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke yon pati Lepouz Ou pral rasanble pou tande W k ap pale epi k ap revele nou kijan pou nou jwenn: Lafwa Pafè 63-0825E.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Mak 11:22-26 / 16:15-18

Jan 14:12 / 15:7

Ebre 11:1 / 4:14

Jak 5:14

1 Jan 3:21

23-1112 Bondye Pap Rele Lòm An Jijman San L Pa Avèti L Dabò

Mesagj: 63-0724 Bondye Pap Rele Lòm An Jijman San L Pa Avèti L Dabò

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Resò Angrenay, Resò Prensipal, Fèmye ak Madan Lakay,

Kèlkeswa sa Bondye ban nou fè, nou gen responsabilite sou sa. Nou gen kont a rann Bondye pou sa. Kèlkeswa jan lènmi an ka di nou ke nou ensiyifyan, nou tèlman enpòtan pou Bondye ke gwo lòlòj Li pa ka fonksyone san nou.  

Li rele nou, chwazi nou, predestine nou, epi ban nou yon Revelasyon sou gwo Mesaj Li sou lafen tan an. Li gen 100% konfyans nan nou. Nou se Lepouz Jezikri a menm, Cheri Li, e Li tèlman renmen nou.

Li te toujou avèti moun yo atravè nasyon yo: “Repanti nou sinon n ap peri”, “Retounen a Pawòl la”, “Prepare nou, gen yon bagay ki pral rive”. Tan sa a finalman rive. Bondye ap vini pou Lepouz Li, jan L te pwomèt nou Li t ap fè l. Li rele Wou Li pou l soti nan wou a. 

Anpil moun elwaye yo de gwo Mesaj Bondye sou lafen tan an jodi a, yo di: “sa li di ki t ap rive, pa rive. Tout bagay menm jan an”. Pakèt jenerasyon pase anvan anpil pwofesi pwofèt Bondye yo te akonpli. Men yo rive malgre tou, egzakteman jan yo te di l, Pawòl sou Pawòl.  

Bib Li di nou: “Kòm sa te ye nan epòk Noe, se konsa l ap ye lè Fis de lòm lan pral vini”. Anvan Bondye voye jijman an pou detwi mond lan nan gwo aj antediluvyen sa a, Bondye voye yon pwofèt nan mond lan. Kisa pwofèt sa a fè?

Li prepare moun yo pou lè a. Noe te prepare moun yo, e se te yon apèl mizèrikòd anvan jijman an.   

Noe te prepare moun yo anvan jijman an te vini, li te avèti yo sou sa. Se te Chemen ke Bondye te bay pou jou sa a. 

Pwofèt Bondye a te di nou ke Bondye pa janm chanje pwogram Li. Sa L te fè epòk sa a, Li fè menm bagay la jodi a. N ap jis RETE AVÈK PWOGRAM KE BONDYE BAY LA POU JODI A EPI PEZE JWE. 

Tankou lè sa a, moun yo di ke nou akòde twòp enpòtans a pwofèt Bondye a; Se Sentespri a, pa William Branham. Nou di: AMÈN, nou pa koute mesye a, nou jis ap koute sa LI MENM LI DI.  

Sentespri a se Pwofèt lè sa a; Li konfime Pawòl Li, Li pwouve L. Sentespri a se te Pwofèt epòk Moyiz. Sentespri a se te Pwofèt epòk Miche. Sentespri a, ki ekri Pawòl la, Li vini epi Li konfime Pawòl la.

Men Frè Branham fèk di nou semèn pase:

Kounye a, nou wè, m toujou mande nou pou nou fè atansyon ak sa n ap koute. Nou wè? Gen anpil ladann ki jis fè pati bò kote imen an. 

M pa di se Seyè a ki di m sa. “Mwen” kwè, nou wè. E mwen kwè ke li pa ta dwe fèt.

Pou mwen menm ak lakay mwen, m pi pito sa setyèm anj mesaje Bondye a KWÈ, PANSE OUBYEN MENM SA L RESANTI pase nenpòt lòt minis, evèk ou moun. 

Kiyès Bondye janm voye pou jije sa pwofèt Li kwè, panse oubyen menm sa l panse ki enspire ou non?…Kite m di nou kiyès m panse.

Gade Kore, epòk lè Bondye te voye Moyiz avèk mesaj la, epi Kore ak Datan te panse, yo vin bò kote Moyiz, epi yo di: “Bon, jis on minit, ou pran twòp bagay sou ou! Ou panse ke ou se sèl ti wòch sou plaj la; sèl kanna nan ti mas dlo a, ke se sèl ou menm. M ap fè w konnen ke gen lòt moun ki sen tou!” 

Atansyon, jijman an toupre. Retounen nan PAWÒL ORIJINAL LA. Retounen nan Vwa Bondye ki konfime pou epòk nou an. Retounen a pwofèt Bondye a. Mesaj sa a, Vwa Li. Li dwe PREMYE bagay e bagay ki pi enpòtan pou nou. 

Pa gen dout ke lòt moun gen on vwa, epi yon apèl, pou preche epi anseye Mesaj sa a. Men Bann yo, Vwa sa a, dwe Vwa a ki pi enpòtan ke nou ka tande lakay nou, nan machin nou, epi pi enpòtan, nan legliz nou, si nou vle vin Lepouz Bondye. 

Vin tande Vwa sa a avè nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke pwofèt Bondye a ap avèti mond lan ke Seyè a pral Vini byento. Sa ta ka dènye fwa a.

Frè Jozèf Branham

Bondye Pap Rele Lòm An Jijman San L Pa Avèti L Dabò 63-0724.

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Ezayi 38:1-5

Amos Chapit 1

23-1105 Li Sousye L. E Oumenm?

Mesagj: 63-0721 Li Sousye L. E Oumenm?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Timoun Levanjil Yo,

Nou se pèp ki pi beni ki te jan m mache sou sifas tè a. Èske nou ka menm kòmanse imajine setyèm anj mesaje Bondye chwazi a k ap di nou pawòl sa yo:

Mwen renmen nou. Oh, mwen renmen nou tankou nou te pwòp pitit mwen, e nou se pitit mwen nan Levanjil. Mwen te anjandre nou nan Kris, pa mwayen Levanjil la.

Bondye tèlman gen sousi pou nou ke Li voye nou pwofèt Li ki konfime avèk siy Kolòn Dife a pou fè nou konnen ke se pat sèlman nònm sa a ki t ap mache ansanm avèk nou, men se te Bondye ki jis anlè li. Se Li menm kap mennen chemen an.  

Paske L gen sousi pou nou, anvan gwo jijman an vini, Li prepare yon chemen pou libere nou de tout jijman k ap vini yo. Mwayen sa a pou chape se sèlman pou nou, Eli yo. Se nou menm ki aksepte jèm Lavi sa a. Se nou menm ki te predestine pou wè Li. Se nou menm ki gen on Revelasyon gwo ministè bann sa a. 

Li te mouri pou ministè sa a. Li te mouri pou Sentespri a te ka isi a nan jou sa a pou montre bagay sa yo. Li te sousye L de nou. Li te sousye L pou pote L isi a. Li te sousye L pou fè deklarasyon an. Li te sousye L paske Li te renmen nou. Li te sousye L ase pou fè sa, pou voye Sentespri an bay sa, fè ministè sa a jodi a.

Si nou predestine a Lavi Etènèl, n ap tande Li epi n ap rejwi nan Li. Se Konfò nou. Se Bagay nou t ap reve tout vi nou. Se Pèl gwo pri sa a. Nou abandone tout bagay pou Mesaj sa a, Vwa sa a. Se Seyè nou Jezikri k ap pale avè nou.

Pèsòn bezwen fè nou mache, NOU KWAYAN, pa gen anyen ki ka retire L nan men nou. Sa pa enterese nou sa lòt moun di, nou kwè chak Pawòl.  

Li tèlman gen sousi pou nou; si nou bezwen gerizon, nou jis kwè Pawòl Li depi fon kè nou. Apresa, sa pa di nou anyen sa nenpòt konsiltan, nenpòt konsolatè, nenpòt doktè, nenpòt lopital, nenpòt dyagnostik ta di, nou jis kwè Pawòl Li. Nou jis konnen L! Nou pa bezwen di anyen lòt bagay sou Li; nou konnen L.   

Li tèlman gen sousi pou nou ke Li mande pwofèt Li sere Manje a pou Lepouz li. Li menm mande chak pastè, minis, epi gwoup moun atravè mond lan pou yo swiv enstriksyon l yo epi jwe bann sa yo nan KONGREGASYON yo oswa gwoup yo.

Si nou menm nou jis fè sa a maten an, nou menm nou pral priye pou nou, epi nou menm kap tande bann sa a, toupatou nan lemonn, epi apre ke bann sa a fin jwe, epi ke minis la oubyen moun la kap jwe li nan yon asanble, gwoup ki nan lajeng ou kèlkeswa kote nou ye a, kap jwe li, dabò nap fè konfesyon nou klè, epi apre vini avèk anyen menm nan kè nou, men lafwa, e nap priye pou nou, genyen, Medsin lan pral pran plas. 

M te panse moun k ap kritike nou yo te di ke pwofèt la p at JANM DI pou jwe bann yo nan legliz la? Non sèlman li di nan legliz yo, men nan jeng yo oswa KÈLKESWA kote nou ye…JWE BANN YO.

Si nou obeyi e nou fè egzakteman sa Bondye te di pa setyèm anj mesaj Li ki konfime, alò nou menm tou nou ka gen pi gwo LAFWA ke nou janm ka genyen.

Mwen menm, mwen… dabò, e pou nou abòde sa a, oditwa a dwe wen ak lafwa. Nou menm—nou menm, si nou pa gen lafwa, lè sa a gen—pa gen okenn nesesite pou nou menm vini pou yo priye pou nou, paske sa pral pran lafwa w avèk lafwa mwen ansanm; lafwa mwen pou kwè nan Li, lafwa nou pou kwè nan Li. 

Nou pa pretann, oubyen devine, oubyen espere sa. Bann yo se Chemen Bondye bay pou jodi a. Se pa pawòl on nonm ki rele William Marrion Branham, se Pawòl Seyè Jezikri nou ki revele. Se “Amèn!” absoliman. Se ultim nou. Se Laverite e anyen lòt ke Laverite.

Epi lè nou jwenn absoli Bondye a, Pawòl Li a, yon pwomès sou yon bagay kèlkonk, nou dwe konnen dabò ke se Pawòl Bondye a, ke bagay nou wè k ap fèt yo se Bondye. Gen—pa gen—pa gen okenn “petèt se sa, li ta ka, li sanble se ta sa.” “Se Bondye!” Lè sa a, lè nou rive nan plas sa a, Kidonk, se pèl gwo pri a, nou dwe elwaye nou de nenpòt ki bagay ke nenpòt lòt moun di nou ki kontrè ak Li. Nou pa dwe gade a sa moun te reyalize. 

Nou pral gen yon TRÈ GWO BANKÈ LANMOU Dimanch sa a. Nou pral fè egzakteman sa setyèm anj mesaje Bondye a te di nou fè: Peze Jwe epi obeyi.

KÈLKESWA sa nou bezwen, n ap resevwa l. N ap resevwa L paske nou pral plase lafwa nou avèk LAFWA PA L pou kwè Li. Apresa nou tout pral di:

“Apati de kounye a, gen yon bagay nan kè m k ap di m ke pwoblèm mwen fini. Mwen—mwen byen, m ap byen”? Èske nou kwè sa? Leve men nou, “Mwen kwè Sa!” Bondye beni nou.

Paske Bondye gen sousi, mwen envite nou pou vin jwenn nou; oubyen ankouraje pastè nou, lidè nou, pou swiv enstriksyon pwofèt la, epi tande setyèm anj Bondye a k ap pwononse Pawòl Bondye a epi resevwa sa nou bezwen, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville alò ke nou pral tande: 63-0721 Li Sousye L. E Oumenm?

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Jan 5:24 / 15:26

1 Pyè 5:1-7

Ebre 4:1-4

23-1022 Poukisa W Ap Rele For? Pale!

Mesagj: 63-0714M Poukisa W Ap Rele For? Pale!

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Tabènak Bondye,

Mwen se Legliz Li. Nou se Legliz Li. Nou se Tabènak la kote Bondye abite. Nou se Legliz Bondye vivan an; Bondye vivan an k ap viv nan nou. Aksyon nou yo se aksyon Bondye. Glwa!!

Nou tout rasanble ansanm, nan ti kote atravè mond lan; nou tout reyini ansanm alantou Vwa Bondye, Pawòl Li pou jodi a.

Sa tèlman bèl. Okenn atach a anyen, sèlman a Jezikri e Pawòl Li. Se Tou, pwen final. Nou chita ansanm nan kote Selès ap vin parfè avèk Vwa Bondye menm.

Nou prale jisko bou. Nou tout prale nan Tè Pwomiz la. Nou tout! Ke ou son madan marye ki lakay, on ti sèvant, on dam aje, on mesye aje ou yon jèn gason, kèlkeswa sa ou ye, nou tout prale. Pa p gen youn nan nou k ap rete. Nou tout prale, epi “nou pap kanpe pou anyen.”

Nou kwè ke nou tout dwe ansanm. Yon sèl gwo gwoup Kò Jezikri ini, k ap tann pou Vini glorye sa a. Nou pa ta dwe separe, men lòm soti nan chemen ansèyman Levanjil la.

Ta dwe gen yon mwayen klè pou montre sa ki vre e sa ki fo. E sèl jan n ap rive fè l, se pa bay okenn entèpretasyon a Pawòl la, jis li L jan L ye a epi kwè L konsa. Chak moun ap bay pwòp entèpretasyon pa l, e sa fè L di yon lòt bagay. Gen yon sèl VWA BONDYE POU LEPOUZ LA. PEZE JWE!

Mwen di l sou bann sa a, epi pou oditwa sa a, mwen di sa sou enspirasyon Sentespri a: Moun ki nan kan Seyè a, kite l soumèt tèt li a Pawòl sa a!

Pawòl la pou epòk nou gen on Vwa. Pwofèt nou an se Vwa sa a. Vwa sa a se Pawòl vivan an pou epòk nou an. Nou te predestine pou tande Vwa sa a epi pou wè lè sa a, epi pa gen anyen k ap anpeche nou tande Vwa sa a.

Lafwa nou wè L epi li chwazi tande L kèlkeswa sa moun di. Nou pa bese je nou pou gade yon lòt bò. Nou kenbe objektif nou santre sou Pawòl la epi zòrèy nou branche sou Vwa sa a.

Avèk yon konsekrasyon pou Ou Seyè, depi kè nou jiska Zòrèy Ou, sa se priyè sensè nou an.

Ke lavi nou chanje, apati de jodi a, nou pral plis pozitif nan panse nou. N ap eseye viv nan dousè ak imilite, ke, kwè ke sa nou mande Bondye, Bondye ap ban nou l a nou tout. E nou pap pale mal youn kont lòt, ni kont pèsonn. N ap priye pou lènmi nou yo epi renmen yo, fè byen pou moun k ap fè nou mal. Bondye se Jij la de ki moun gen rezon e ki moun ki nan tò.

Mwen envite nou vin wen Lafwa nou nan tande Vwa Bondye a avèk nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Poukisa W Ap Rele Fò? Pale! 63-0714M.

Frè Jozèf Branham