21-1003 Dye Aj Move Sa

Mesagj: 65-0801m Dye Aj Move Sa

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Chè estimilasyon ak revelasyon lepouz la,

Kisa ki te pase atravè tout mond lan nan fen semèn pase sa? Kisa ki te pran plas? Poukisa tout pakèt bri sa yo sou sa? Lepouz la atravè tout mond te ini ansanm, ki tap fè mòn soti nan lacho, nan ajil, nan sab ak baton. Yo te rasanble alantou de dife kan, ap chante chante pou yo adore e yo tap fè lwanj Seyè a. Jèn ak granmoun menm, ki te abiye ak chemiz ki tap di estimilasyon ak revelasyon. Yo te nan Michigan nan Florid, yo te nan Maine nan California, yo te nan Amerik di nò nan Amerik di sid, Ewòp, Lafrik di sid, Azi, Ostrali, nan chak kwen sou tè a. Yo tout branche nan kay yo, pou yo tande vwa. Bondye a ki tap pale dirèkteman ak yo.

Kisa atraksyon sa te ye? Se te semans predestine Bondye yo ki pa te kapab fè anyen lòt ke se suiv mesaj tan an, paske yo kwè chak pawòl ki te pale ak bouch Bondye a, Yo te rasanble nan lwanj, nan adorasyon, e nan selebrasyon gran evènman sa ki te pase nan jou nou an sou montay solèy kouche.

Se te Bondye ki tap konfime pawòl li a. Se sa ki fè tout bri sa yo sou sa. Remak, se Bondye ki ap pawòl pwomès li a ankò, de revelasyon 10:1-7,” nan jou setyèm zanj lan ap klerone mesaj la, mistè Bondye a ap akonpli.”

Se te Bondye ki ap fè istwa. Se te Bondye ki ap akonpli pwofesi. Se te repons de pwofesi pwofèt la. E nou vle laba pou nou genyen e tande chak bagay ke li tap fè nan pwofèt li a.

Nou inyore tout kritik de enkwayan yo ak swadizan kwayan yo. Nou pap dispite avèk yo. Nou te genyen yon bagay pou n fè, se kwè e genyen chak ti jan nan li si nou kapab. Nou rasanble chak semèn kòm yonn pou nou tande vwa Bondye a, menm jan nou ap rete tann pou vini kris la.

Ki gran jou sa a nou ap viv ladan l lan. Pou ekriti yo ap akonpli nan lavi nou chak. Men li te avèti nou nan pawòl li ke fo wen yo pral tèlman pwòch, li ta twonpe anpil eli Bondye a si li te posib. Men, nap fè lwanj pou Bondye, li pa posib pou yo twonpe lepouz la; paske yo pral rete ak vwa orijinèl, manifeste, jistifye Bondye a epi yo pa pral chanje yon sèl yota oswa yon sèl tikras. Yo pa pral ajoute pwòp entèpretasyon yo nan li, men yo senpleman kwè tout pawòl la.

Kòman nou dwe pran anpil prekosyon ak sa yo ki pwòch nou .nou mande nou, yo dwe pral legliz denominasyon yo? Sa yo sanble byen lwen tèlman paske yo pa menm pwòch nou. Ki moun yo pral dwe ye?

Kounye a, annik yon bagay frèt, fòmalis, yon legliz tyèd, ki Se yon teoloji ki fèt ak men lèzòm eli yo pa pote okenn atansyon ak yo. Men, li la prèske tankou bagay reyèl la. Se annik te yon sèl pawòl se tout sa ou dwe fè.

Li pa te janm di Èv senpleman soti nan wout la epi fè volonte l nèt li te di li pa kwè nan Bondye. Se te nan erè li te kwè. Satan te admèt se te pawòl Bondye a, men pwoblèm la li te mete pwòp entèpretasyon li nan sa e li te fè li kwè nan yon manti e li te kondane ak li.

Kouvèti a te wete. Piramid lan te ouvè. Ekriti yo te dekouvri. Revelasyon an te bay ak lepouz la. Li se Jezi kris la menm lan yè, jodi a, e poutoutan.

Sa fè satan fache sou nou. Li konnen li te fin rive fen li a. Li vle pou nou poze kesyon kiyès nou ye. Nou pral nan tès yo e eprèv pral pi rèd pase nou pako janm ladan l anvan nou mande pafwa, poukisa tout sa yo rive nou?

Rezon an se, eseye li ap eseye lepouz la. Se pou sa… Lè li te fè li manifeste a, yo te eseye l, yo te pwouve l, yo te pwouve li ak satan.

Glwa!!! Tès nou ak eprèv se pou li pwouve satan nou lepouz manifeste li a.

Nou jwenn kounye a laj movè sa a se pou pwouve, pou satan, li se pa tankou Èv, ke li se pa yon tip de yon fanm òdinè. E li pral eseye lepouz la ak pawòl li a, tankou lepouz Adam an te eseye ak pawòl la. E lepouz Adam an te kwè chak ti jan nan pawòl Bondye a, aprè tout , men li te konfonn sou sèl pwomès.

Men, nou pa pral konfonn sou yon sèl pawòl oubyen al tande tradisyon yo, entèpretasyon yo de pawòl Bondye a, nou pral rete avèk pawòl orijinal la.

Si nou te genyen machin kasèt, nou te pral pran yon gwoup moun ansanm,epi jwe li ba yo e fè yo koute byen, annik jan li te di nou fè l la.

Menm fason lavi natirèl nou yo ak karakteristik nou desann soti nan repwodiksyon natirèl papa nou, se konsa lespri Bondye a ki te predestine anvan fondasyon monn lan.

Kòm nou rekonesan pou lespri Bondye a ki se repwodiksyon nou an, li te predestine nou anvan fondasyon mond lan pou nou genyen vrè revelasyon an nan mesaj sa a.

Ou se byenvini pou vin jwenn menm estimilasyon pa revelasyon an avèk nou dimanch ak katòzè lè Jeffsonville, tankou pou nou tande: Dye nan laj movè li a,01-08-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li:

Sen Matye 24 yèm chapit / 27:15-23
Sen lik 17:30
Sen Jan 1:1/ 14:12
Travay 10:49
1 korentyen 4:1-5/14zyèm chapit
2 Korentyen 4:1-6
Galat 1:1-4
Efezyen 2:1-2/4:30
2 Tesalonik 2:2-4/2:11
Ebre chapit 7
1 Jan chapit 1/3:10/4:4-5
Revelasyon 3:14/13:4/ chapit 6-8 e chapit 11-12/18: 1-5
Pwovèb 3:5
Ezayi 14:12-14