26-1025 Adopsyon #1

Mesagj: 60-0515E Adopsyon #1

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Fidèl An Jezikri,

Ala yon bèl moman n ap viv. Chak semèn, nou gen gwo atant lè nou reyini ansanm avèk Vwa Li. Lespri espirityèl nou klè nèt, san okenn konfizyon. Nou KONNEN egzakteman Kiyès Li ye. Nou KONNEN egzakteman kisa Li ye. Nou KONNEN egzakteman kiyès nou ye; yon sèl gwo fanmi AVÈ L!

“Li te fè lòm tounen yon dye amatè.” Paske Li se Bondye Papa a, e Li te fè lòm tounen yon dye amatè, kifè Li pa egziste poukont Li ankò, Li egziste ansanm ak fanmi Li. Ela, Ela, Elohim. Bon, kounye a Li se Jewova. Jewova, ki vle di, “Sila ki egziste ak fanmi Li.”

Se Vwa Jewova Li menm k ap pèfeksyone Lepouz Li. Li aprann nou kijan pou nou konbat tout ènmi ki atake nou; kijan nou ka bat yo epi ranpòte laviktwa sou yo avèk Pawòl la, paske Pawòl Li a vivan epi Li rete anndan nou. Li te ban nou asirans sa a: “NOU SE PAWÒL LA”. Kidonk, nenpòt bagay nou mande nan Non Li, nou ka resevwa l si nou kwè… E NOU KWÈ!

Li te pale e Li te revele nou kijan pou nou rive nan nivo gason ak fanm ki pafè, yon fason pou nou ka tounen yon plas kote Li abite. Li te bay siyal, Li te bay siyal ankò pou rasanble Lepouz Li renmen anpil la, pou fè nou konnen se Li menm ki Gid nou; e se atravè zanj Li te mete sou tè a pou sèvi kòm gid, William Marrion Branham, ke Li t ap dirije nou epi montre nou chemen an.

Kounye a, Li gen yon lòt leson espesyal Li vle anseye nou epi revele nou. Li vle deklare ke nou se pitit Li te adopte yo. Non nou gen menm valè ak Non pa Li. Nou soti kite Kanaran, nou soti kite mond lan, epi KOUNYE A, nou chita ansanm nan lye Selès, n ap manje Mann ki te sere a, Lamann ki te kache a.

Kounye a, Li pral di nou sa nou dwe fè pou nou prepare pou pwochen mesaj Li, e sa ki ka rive si nou fè sa.

Nou dwe prepare tèt nou an priyè epi pare pou Mesaj la; pou nou rasanble ansanm antanke sen pou n tande Vwa Li, pou n batize nan Sentespri a, epi pou n ranpli ak benediksyon Bondye; san okenn move panse, san okenn rankin youn kont lòt; pou n pale avèk lanmou e amoni; pou n fè yon sèl, ansanm nan yon sèl plas nan lye Selès, nan yon atmosfè Selès; avèk tout peche nou yo kouvri anba San an, nan yon adorasyon pafè; avèk men nou ak kè nou leve vè Bondye, pandan n ap adore ansanm nan lye Selès.

Si nou fè bagay sa yo, men sa k ap pase Dimanch sa a:

  • Gerizon divin
  • Presyans
  • Revelasyon
  • Vizyon
  • Pwisans
  • Pale an lang
  • Entèpretasyon
  • Sajès
  • Konesans
  • Benediksyon Selès
  • Yon lajwa nou pa ka esplike, ki ranpli ak Glwa

Chak kè pral ranpli ak Lespri a. Epi, toudenkou, yon son tankou yon gwo van k ap soufle fò pral soti nan Syèl la, epi Li pral beni nou ak tout kalite benediksyon espirityèl.

Se sa k pral pase Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, kote Bondye prepare yon plas espesyal kote Lepouz la ka rasanble ansanm pou tande Vwa Li nan yon sèl akò, nan yon sèl plas, avèk men nou e kè nou ki leve vè Bondye, pou n adore ansanm nan yon atmosfè Selès.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Adopsyon #1 60-0515E

Ekriti:
Jowèl 2:28
Efèz 1:1-5
1 Korentyen 12:13
1 Pyè 1:20
Apokalips 17:8
Apokalips 13