Mesaj: 62-1014E Yon Gid
Byenneme Moun Ki Gen Pwisans Espirityèl,
Bondye te pwomèt L ap voye yon gid pou Lepouz Li nan dènye jou sa yo, yon fason pou L te ka revele tèt Li nan chè, menm jan L te fè lè Li te vini sou tè a nan Pitit Gason L, Jezi. Li te di nou nan Pawòl Li ke Li t ap voye pwofèt Eli a, ki pral reprezante Fis de Lòm nan k ap revele tèt Li nan chè moun; paske Li gen anpil bagay pou Li di nou e pou anseye nou toujou.
Paske li p ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: e la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. Paske, Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.
Li te voye William Marrion Branham pou akonpli Pawòl Li epi pou fòme nou chak endividyèlman pou nou rive nan Grandè Jezikri; yon moun pafè ki te ka venk tout ènmi, epi ki t ap tounen yon moun ki gen pwisans espirityèl kote Sentespri a t ap ka viv.
Bondye toujou voye yon gid bay pèp Li. Men, pou w ka vin Lepouz Li, fòk ou aksepte gid sa a. Ou dwe kwè nan li. Ou dwe swiv chemen li montre a, sinon w ap pèdi wout ou. Kèlkeswa sa nou panse, kèlkeswa sa ki parèt rezonab oswa sa ki parèt ridikil, se pa nou menm ki pou jije sa; se gid la sèlman ki gen dwa fè sa.
Epitou Bondye te toujou voye gid Li yo, Li pa t janm rete san yon gid, atravè tout aj yo. Bondye te toujou gen yon moun ki reprezante L sou tè sa, nan tout aj yo.
Nou dwe rekonèt kiyès gid terès sa a ye k ap reprezante L isit la sou tè a; se la vrè Revelasyon Pawòl Li a ye.
Nou konnen Sentespri a se Gid Siprèm Papa a te voye pou gide Lepouz Li, men isit la, Bondye te di Li toujou voye yon moun pou sèvi kòm gid, pou reprezante Li epi pou gide Lepouz Li.
Gid nou an te di nou Kònèy te yon gran nèg ki te gen anpil respè ki te bati legliz. Li te konn fè charite epi li te konn lapriyè chak jou. Men, lè Sentespri a te vini, li te bezwen yon gid.
Bondye te voye Sentespri a ba li. Li te voye L pa Pyè an pèsòn: “Paske pandan Pyè t ap pale Pawòl sa yo toujou, Sentespri a te tonbe sou li.” Bondye te itilize Gid la atravè Pyè. Li te itilize Li, paske Li te gide Kònèy sou bon chemen an.
Pyè t ap pale toujou lè Sentespri a desann sou yo. Pyè di:
“Èske nou ka refize moun sa yo dlo batèm?” Ou wè, se toujou Gid la k ap pale, pa Pyè.
Se pa yon moun k ap dirije nou; se Sentespri a k ap dirije nou, SE LI MENM K AP PALE ATRAVÈ MOUN BONDYE TE CHWAZI POU SÈVI KÒM GID NOU SOU TÈ A.
Sentespri a, k ap pale atravè zanj k ap sèvi kòm gid Li a, ap toujou pwononse Pawòl la. Li te di nou: “M gen anpil bagay pou m di nou. Nou pa ka konprann Sa a kounye a, men lè L vini, L ap gide nou vè Sa a.”
Jan te enspire lè li te ekri liv Apokalips la. Se Gid la ki te dirije l. Se Gid la ki te dirije l tou pou l di: “Nenpòt moun ki retire yon Pawòl ladan L, oswa ki ajoute yon mo ladan L, y ap retire pòsyon pa l nan Liv Lavi a.”
Sentespri a te pouse Frè Branham tou pou l di ke nou dwe di sèlman sa ki sou bann yo; nou pa dwe ni ajoute ni retire anyen ladan yo. Epi, Li bay yon mwayen pou nou ka fè egzakteman sa l te mande nou fè a: Peze Jwe.
Kounye a, kijan w pral mete yon bagay nan plas Pawòl Bondye a, epi kontinye di ou kondwi pa Sentespri a?
Se Sentespri a k ap dirije nou, se Li menm ki ban nou Revelasyon sou kiyès Li ye, sou kiyès Li te voye kòm gid sou tè a pou rele Lepouz Li, epi kounye a, Li ban nou wòch final sa a: Revelasyon sou kiyès nou ye. Pa gen mo pou eksprime l.
Gade sa L fè pou nou, nan kèk semèn ki sot pase yo sèlman. Li aprann nou kijan pou nou venk nenpòt ènmi ki parèt devan nou; kijan pou nou rale Epe LAFWA nou an epi frape l jiskaske l mouri. Nou pa gen anyen pou nou pè. Pa gen anyen ki ka kanpe devan nou.
Ala manje L sere pou nouri Lepouz Li. Menm lè mesaje Li a lwen, nou toujou gen yon Gid ke mond lan pa konn anyen sou li; men pou Lepouz Li, se Manje Espirityèl nan Bon Sezon an, se Lamann Kache ke n ap manje chak jou.
Li fè nou rive grandè yon nonm ki pafè, yon fason pou L ka viv epi rete anndan nou chak. Li voye Sentespri Li ban nou epi Li revele tèt Li nan chè, menm jan L te fè sa sa gen 2 000 an, pou L vin Gid nou, k ap viv epi k ap pale atravè gid terès Li a.
Mwen envite nou tout vin tande vwa L k ap fè: “Kwen-kwen, kwen-kwen!” yon siyal kote Lepouz la ap dirije l dirèkteman vè Son sa a. L ap fè: “Kwen-kwen, kwen-kwen!” e se pa ti kras jibile k pral genyen toupatou sou latè a. Poukisa? Paske Lepouz la konn Vwa Gid li a.
Si w pa vle pèdi, vin koute Gid nou an alò ke L ap pale atravè gid Li te chwazi sou tè a, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville.
Frè Jozèf Branham
Mesaj:
62-1014E – Yon Gid
Ekriti:
Mak 16:15-18
Jan1:1 / 16:7-15
Akt 2:38
Efèz 4:11-13 / 4:30
Ebre 4:12
2 Pyè 1:21
Egzòd 13:21