24-0317 Ale Byen Lwen Kan An

Mesagj: 64-0719e Ale Byen Lwen Kan An

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sòlda Kretyen,

Panse a sa! Se fen tan an, Alelouya! Nou la a. Gran jou Seyè ap Vini pou Lepouz Li pwòch. N ap rasanble tèt nou atravè mond lan, n ap vin pafè nan tande Vwa Bondye a. N ap gade epi n ap tann aparisyon sa nou renmen yo…li ka nenpòt ki jou kounye a.

Sèl bagay yo te ban nou fè se: “Rete avèk Pawòl la”. Tout sa nou wè se Jezi, e Li se Pawòl la ki vin kò. Sa se Revelasyon an pou epòk nou. Sa se Kan Bondye pou Lepouz Li.

Mesaj sa a, Vwa sa a, bann sa yo, se tout sa nou bezwen pou Anlèvman an. Nou pa bezwen anyen lòt. Yo te rele nou, yo separe nou de tout bagay sòf Vwa sa a. Nou konvenki ke Vwa sa a se Chemen ke Bondye bay pou jodi a. 

Reflechi sou sa, Li ban nou pi gwo pwofèt ki te egziste. Sa a Kolòn Dife a Li menm te pran foto avè l pou L te ka di mond lan: “Sa se pwisan anj mwen. Li reprezante Vwa M pou nou. Sa li pwononse sou latè a pral rezonnen nan syèl la. Pa gen tankou l”.

“Mwen konfye l, a li menm sèl, tout mistè M yo ke M te kache depi fondasyon mond lan. Se li menm ke M te predestine pou rele NOU soti nan mond sa a pou vin jwenn Mwen. Se li menm ke m chwazi pou kondwi nou, gide nou epi oryante nou. M ap anonse nou: Koute Li, paske se pa li menm k ap aple, SE MWEN MENM, GRAN MWEN MENM LAN!”    

M te òdone epi m te rele vanyan sòlda pou pwoklame epi di mond lan: “Jodi a, Ekriti Malachi 4, Apokalips 10:7, epi Lik 17:30, yo akonpli devan je nou. Pwisan anj Li rive, jan Ekriti yo te anonse l. Bondye isit la nan mitan nou, ap revele Tèt Li nan kò imen jan L te di Li t ap fè l.”

Se Jezikri menm lan ayè, jodi a e pou tout tan. Yo rele nou pou endike nou anj Bondye a. Se li menm Sentespri a chwazi pou kondwi epi rele Lepouz Li. Pa fè diskisyon, pa fè istwa, pa batay epi pa chache konnen kiyès k ap gran prèt la; kiyès k ap sesi, sela, ou lòt bagay. RETE AVÈK PAWÒL LA. Paske gen yon sèl VWA BONDYE ki konfime e non l se William Marrion Branham.

Nou dwe fè trè atansyon pou rete avèk Vwa sa a, paske tèlman gen moun ki vle elwaye nou. Tradisyon yo anpeche vrè Vwa sa a pou L repann nan mitan moun yo. Li vin tounen yon etranje pou anpil nan yo. Vwa yo ranplase Vwa sa a, si byen ke lè Bondye, atravè bann yo, vizite yo, Li se yon etranje.  

Gwo Prezans Nòb Li avèk nou. Nenpòt moun ki sansib a Lespri a ka di ke Vwa sa a se Vwa Bondye. Se Kan Bondye pou jodi a.  

Chak moun ki pretann yo se Lepouz Kris la, yo dwe deside nan ki Kan yo ye. Yo dwe poze tèt yo kesyon senp sa a: A ki Vwa tout Lepouz la ka di “AMÈN”?

Si nou vrèman Lepouz Kris la, avèk vrè Revelasyon Pawòl pou jodi a, gen yon sèl repons: Vwa Bondye ki sou Bann yo. Natirèlman, Satan ap esye manipile sa tout jan, men pa gen lòt repons pou Lepouz la. Li osi senp.

Nou tout konnen ke Satan itilize repons sa a pou divize nou. Men Pawòl la di nou Lepouz la dwe INI…SE SA NOU YE, avèk SÈL VWA KI INI NOU.  

Vin rasanble avè nou, paske li trè ta.

“M vle soti kan an. Sa pa enpòtan kisa sa koute m, m ap pran kwa m epi m ap pote l chak jou. M pral soti nan kan an. Sa pa enpòtan kisa moun yo di sou mwen, m vle swiv Li andeyò kan an. M pare pou m ale.”

Si nou vle nan Kan Bondye a pou jodi a, nou DWE KWÈ ke Vwa Bondye sou bann yo se Vwa a ki pi enpòtan ke nou dwe tande.

Vin rejwenn yon pati nan Lepouz la Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Vwa ke Bondye chwazi pou kondwi Lepouz Li, alò ke l ap pote nou Mesaj: Ale Byen Lwen Kan An 64-0719E.

Se pa “yon kan”; se “GRENN KAN AN.”

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Ebre 13:10-14

Matye 17:4-8