Mesaj: 62-1014M Grandè Yon Nonm Ki Pafè
- 26-1011 Grandè Yon Nonm Ki Pafè
- 25-0601 Grandè Yon Nonm Ki Pafè
- 20-1004 Grandè Yon Nonm Ki Pafè
- 18-1125 Grandè Yon Nonm Ki Pafè
- 16-1023 Grandè Yon Nonm Ki Pafè
Byenneme Grandè Yon Nonm Ki Pafè,
Ala yon fòmasyon n ap resevwa! Vwa Bondye a ap pale avèk nou e L ap enstwi nou, Pawòl sou Pawòl sou Pawòl, egzakteman kijan pou nou kraze tout ènmi. Li revele verite sa a epi Li grave l nan kè nou: NOU SE PAWÒL LA. Konsa, yo pa ka bat nou.
Lè lènmi an vin atake nou, nou senpleman frape l, frape l, epi frape l ankò avèk bonm atomik nou an: Pawòl Bondye a ki Pwononse,ki vivan epi ki rete anndan nou.
An verite, batay la pare, men kounye a nou pa pè ankò; nou pa gen okenn enkyetid ankò. Nou pa koute konsyans nou. Nou pa koute sa memwa nou di nou. Nou pa koute emosyon nou. Nou fèmen lespri nou devan bagay sa yo epi nou mete Lespri Pawòl Li a nan kè nou epi nan nanm nou. Nou chase tout bagay ki kontrè ak Pawòl Li.
Pa gen okenn dout ankò. Nou pa pè ankò. Tout santiman dout disparèt. Tout emosyon disparèt. Pa gen anyen ki rete la a sof Pawòl Bondye a k ap viv e ki rete anndan nou, epi Satan pa ka goumen kont Sa.
Nou vin tounen Tabènak vivan Bondye vivan an. Se Bondye k ap viv anndan nou, Li fè nou vin sanble avè L, epi Li fè nou reflete sa Li ye anndan nou.
N ap pran plas Kris la, n ap kontinye ministè Li. Li rete sou fòm yon moun alò ke Li reflete tèt Li nan nou. Kounye a, nou gen yon adorasyon pafè avè L! Se Bondye k ap manifeste tèt Li nan nou, paske nou se Tabènak Li.
Ki fondasyon solid nou genyen ki fè ke nou kwè bagay sa yo? LAFWA. Epi lafwa nou pa bezwen anyen lòt; paske lafwa nou kwè nan Pawòl Bondye a. Paske lafwa vini de sa nou tande, e sa nou tande vin de Pawòl Bondye, e Pawòl Bondye a vin sèlman a pwofèt la, epi se sèlman lè nou Peze Jwe ke nou ka TANDE pwofèt la… BOUM!!
Lè nou koute Vwa Li, nou resevwa Pwisans Li anndan nou, epi nou mouri parapò ak pwòp fason nou panse. Lafwa nou vin tounen yon lafwa otantik, epi Lavi Li vin plen nou. Nou vin tounen kreyati vivan Bondye, yon kote Sentespri a ka voye bèl benediksyon Li yo sou nou.
Ki sa Vwa sa a ap fè sou bann yo?
Kris te voye m bati endividi pou mennen yo nan grandè Jezikri a, konsa yo te ka vin santral enèji a ak plas pou Lespri a abite, pa Pawòl Li. Pa Pawòl Li, ou wè, bati endividi a pou vin nan plas sa a.
Lè nou tande vwa Li, epi nou kwè nan Pawòl Li epi nou swiv Li, sa bati nou pou nou rive nan grandè Jezikri; pou nou tounen yon plas kote Lespri Li abite. Nou se yon vèti vivan, yon konesans vivan, yon pasyans vivan, yon sentete vivan, yon Pwisans vivan, ki vini de yon Bondye ki vivan, ki fè nou tounen yon moun vivan, yon imaj vivan, dapre grandè Bondye.
“Men Ou te prepare Yon Kò pou Mwen,” yon Kò ke Bondye ka abite ladann, Bondye ka mache ladann, Bondye ka wè ladann, Bondye ka pale ladann, Bondye ka travay ladann. Amèn! Yon ajan vivan Bondye, Bondye k ap mache sou de pye, nan nou. Glwa! “Bondye òdone mak pye jis la,” Bondye ap mache nan nou. “Paske nou se lèt ki ekri, ke tout òm li.”
Glwa…!!! Kidonk, sa pa deranje nou si n ap viv nan yon tant oswa nan yon ti kay, si n ap viv ou mouri, si n ap koule ou n ap nwaye. Se sèl bagay ki enterese nou, MESAJ SA A, VWA SA A, PAWÒL BONDYE A. Se Wayòm Bondye a. Se mwayen ke Bondye bay pou epòk jodi a. Se bati Grandè Yon Nonm Ki Pafè, e se NOU MENM SA!
Ann rasanble ansanm pou nou egzamine lavi nou pandan n ap koute Pwofesè nou an k ap montre nou sa nou dwe fè, ak fason nou dwe viv, pou nou ka tounen pitit gason ak pitit fi Bondye ki P-A-F-È.
N ap fè Seyè a pwomès ke avèk èd Li ak gras Li, n ap priye L epi n ap chèche L chak jou san rete, jiskaske nou santi koule bagay Sa yo nan tout grandè nou. N ap rete nan pozisyon sa a jiskaske nou vin tounen yon manifestasyon Kris ki vivan.
Chak semèn, eksitasyon ak antisipasyon pou sa Seyè a pral fè epi revele nou yo enposib pou eksprime. Ala mwen ta renmen pou lemonn antye vin jwenn nou, paske pa gen anyen ki pi gran ou ki pi pafè pase chita nan prezans Vwa Bondye a epi vin tounen yon Lepouz ki gen Grandè Pafè Pawòl Pafè Li a.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: Grandè Yon Nonm Ki Pafè 62-1014 M
Lè: midi, lè Jeffersonville, IN
Ekriti:
Matye 5:48
Lik 6:19
Jan 1:1 / 3:3 / 3:16 / 5:14 / 14:12
Akt 2:38 / 7:44-49 / Chapit 10 / 19:11 / 28:19
Efèz 4:11-13
Klosyen, chapit 3
Ebre 10:5 / 11:1 / 11:32-40
Jak 5:14
2 Pyè 1:1-7
Ezayi 28:19