Sitasyon pou jou / Pen chak jou

23-1209

23-1208

23-1207

23-1206

23-1205

23-1204

23-1203

23-1202

23-1201

23-1130

23-1129

23-1128

23-1126

23-1125

23-1124

23-1123

23-1122

23-1121

23-1120

23-1119

23-1118

23-1117

23-1116

23-1115

23-1114

23-1113

23-1112

23-1110

23-1108

23-1107

23-1106

23-1105

23-1104

23-1103

23-1102

23-1101

23-1031

23-1030

23-1029

23-1028

23-1027

23-1026

23-1025

JEWOVA JIRE 56-0613

Si m ta vin eritye yon kay, se sèten m patap vle antre ladann l jiskaske m genyen l epi m examine tout bagay ki ladann. M vle wè sak pou mwen. M vle wè sa m posede.
E lè m ta vin eritye Wayòm Bondye a, jistis Jezikri a, batize nan akad benediksyon etènèl Bondye sa a, mwen renmen pwomennen epi gade sa ki pou mwen an (Amen.), gade sou etajè a pou m wè kisa l ye. Men Li, tout pwomès nan Liv la se pou tout kwayan. Pa rete kanpe la pou yon moun pouse w nan yon kwen, bay tèt w yon ti tap, epi di tèt w tann. Pinga koute bagay sa yo. Pwomès Bondye se kounye a. Ale nan yon kote nan Milenyòm nan… Bib la di, “ Kounye a nou se pitit Bondye.” Sa nou pral ye a, se sa nou ye kounye a, moman prezan an.

PEN KOTIDYEN
Si nou se pitit Bondye, nou eritye, eritye Bondye, epi ko-eritye avèk Kris.
Women 8:17

23-1024

KOUMAN MWEN KA GEN VIKTWA 63-0825

Epi te toujou gen yon lach nan ekonomi Bondye a. Te gen yon lach nan epòk Noe a, pou sove pèp li a. Te gen yon lach nan epòk lalwa a, lach temwayaj. Nan epòk lalwa a, yo te swiv lach la. Epi gen yon twazyèm dispansasyon kounye a; tankou epòk Noye a, nan tan Lòt la, epi kounye a nan tan sa a. Gen yon lach kounye a. Epi lach sa pa yon denominasyon, ni se pa yon bon zèv ou fè. Se “pa yon sèl Lespri,” Women 8:1, “nou tout batize nan yon sèl kò, nan domèn Wayòm sa a, yon sèl batèm Espirityèl.” Pe enpòt kijan w bon, kijan w move, kèlkeswa sa w ye nan Wayòm sa a pa—pa batèm nan Sentespri.

PEN KOTIDYEN
Kenbe m pou m ka delivre. M ap toujou veye pou m pa janm bliye sa w vle m fè.
Sòm 119:117

23-1023

23-1022

23-1021

23-1020

23-1019

MEMORYAL BONDYE YO TE TESTE PA TAN AN
57-0818

Yo rekonèt karaktè yon nonm pa zèv li. Kèlkeswa sa w ye, zèv w pwouve sa w ye. Pe enpòt konbyen temwayaj w fè, menm si w di, m pa pou m pa kont, sa pagen anyen pou fè ak sa. Zèv w yo di sa w ye, yo di sa ki anndan w. Chak djòb ke w fè, manifeste sa w ye.
E nou menm bizismann yo, si n ap jis fè yon travay amatè, nou wè sa m vle di a, yon bagay ki pa nan konpetans nou ke djòb la egzije, pa fè sa. Si w paka fè l byen, pa fè l ditou. Se vre.
Lè nou vin jwenn Kris, si w pa kapab vann tout bagay, epi w vin jwenn Kris, pa vini ditou. Men lè w vle reyèlman pou vini yon Kretyen, kenbe fèm. Fè l vin yon reyalite. Se sa Bondye vle w ye. E se sa ki pral— se sa ki pral pwèv la, zèv w pral pwouve sa karaktè w ye. Yo konnen karaktè w pa zèv ke w fè.
PEN KOTIDYEN
Yon timoun moutre w sa l ap sòti nan sa l ap fè. W ka di si l ap serye, si l ap bon.
Pwovèb 20:11

23-1018

LAFWA SE VIKTWA NOU
58-1004

Se pou gen lafwa. Se pa yon lafwa k ap flote, se pa yon lafwa w imajine, men yon lafwa ki reyèl.
Bon, lafwa se yon konkeran. Lafwa se yon venkè. Li pa jis yon—yon lapè fabrike. Li se viktwa. “ Lafwa se viktwa ki venk mond lan.” Kisa l fè? Kisa lafwa ye? Kisa, konkeran ye”? Konkeri ak viktwa se menm bagay. Konkeri, vledi “ bat; inyore; minote; mete nan prizon.” Sa vledi ke peche ki t ap dirije w yon fwa a, se w k ap dirije l kounye a. Sa vledi ke w pote viktwa sou li. W se… W te ba L kout fwèt. W pi Gran ke jan l ye a.
PEN KOTIDYEN
Sila ki va venk lan pral eritye tout bagay…
Apokalips 21 : 7

23-1017

YON PARADÒX
64-0418B

Ann pran yon egzanp, e si m te gen jiridiksyon sou w menm jan Bondye gen l sou tout bagay, Epi m t ap di, “ Bon, w konnen yon bagay, nenpòt moun ki gade limyè sa a pral mouri tankou yo pran yon pyebwa”? E premye bagay pou konnen, frè sa a ki chita isi a, te ka gade sa. M ap santi m dezole pou li. M—m pa vle l mouri. Lè sa a m ap gen Terry isi a, pou… sa patap bon. Non. Bon, si m ta genyen pwòp pitit gason m pou fè l? Sa patap bon. Gen yon sèl fason ke mwen ka jis, se pran plas li.

E Bondye pa t ap kapab pran plas imen an, antanke Li se Espri. Kidonk Bondye te kreye yon selil san, ki sete pwòp Pitit gason L, Jezikri. E Bondye te antre epi te viv ladann, e Li te viv, idantifye tèt Li nan Kris. Sete Bondye, Emmanuel. Jezi te di, “ Mwen ak Papa m nou se yonn. Papa M abite nan mwen.” Wè ? Bondye nan Kris, k ap rekonsilye mond lan.” Jezi te kò a, tabènak la, Bondye te Lespri a ki te viv nan Li.
PEN KOTIDYEN
Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm Li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan Li p ap pèdi lavi yo. Men y a gen lavi ki p ap janm fini an.
Jan 3:16

23-1016

23-1015

23-1014

23-1013

23-1012

Sitasyon pou jounen an

KONDWI PA LESPRI A 56-0723

W vle—w vle Bondye voye pwisans lan  sou w,  al priye epi kwè. Sentespri a pral pote l pou w, gerizon, sali, kèlkeswa sa w bezwen Bondye pral pote l pou w.             

M ka wè yon gwoup moun ki te kapon, sanven moun. O, Yon ti gwoup moun, aje, kapon e se la yo te ye. Yon fwa yo te monte yon vye mach eskalye, paske Bondye te di, “ Kounye a, Mwen p ap preche w ankò ; Mwen p ap chante pou w ankò ; Mwen p ap temwaye pou w ankò jiskaske w te ranpli ak Sentespri. Lè sa Li mennen yo nan tout nasyon pou preche Levanjil sa.”

Epi yo te monte nan chanmòt la e yo te rete la, kapon, pòt la te fèmen, fenèt yo te fèmen, yo t ap priye trè ba pou tèt yo, epi yo te kache pou jwif yo pa wè yo jiskaske Sentespri a te desann sou yo. 

“ Yon bri tankou yon gwo van sot nan syèl la, plen tout kay kote yo te chita a. Yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt al poze sou yo, e sak te deyò ak sou fenèt yo te ale nan lari a kondwi pa Sentespri a. Dife sa a ki te limen Nan jou Pannkot la toujou frape kè nou depi jou sa a jouk jodi a. Lèzòm ki vle dirije pa Sentespri a…

PEN KOTIDYEN

… Men moun k ap sèvi Bondye yo ap kanpe fè m, y ap kenbe tèt avè l.
Danyèl 11:32

23-1011

Sitasyon pou jounen an

L AP PWOUVE PAWÒL LI 64-0816

Bondye se Pwòp entèprèt Li.

Lè Li te pwomèt, Li te di, “Ke limyè a fèt,” e limyè a te fèt. Li te di, “Yon vyèj pral ansent,” e li te ansent. Wè li, kèlkeswa sa Bondye di, Bondye pwouve l.

Pe enpòt konbyen w ap eseye panse ke rezirèksyon fizik la paka fèt, epi moun sa yo ki byen lwen lòtbò a, se jis pousyè tè a, e yo pi mal ke pousyè kounye a, yo jis tounen asid ak gaz ki te fè kò yo a. Nanm yo toujou ap viv. Bondye te di, “Mwen va resisite l.” Jòb te di, “Menm si vè ta detwi kò sa, malgretou se nan chè mwen m va wè Bondye.” Wè, pe enpòt, w dwe kenbe chak Pawòl , e lòm va viv de Pawòl sa.

PEN KOTIDYEN

Li di m konsa, Fis de Lòm, èske zosman sa yo ka tounen vivan ankò ? Mwen te reponn Li, o Seyè Bondye, se W ki konnen.
Ezekyèl 37:3

23-1010

Sitasyon pou jounen an

MESYE NOU TA RENMEN WÈ JEZI 60-0109

Sèl fason pou wè Bondye se mete L anndan w, konsa L ka itilize je w. W pral wè L. Men si w ap eseye wè L nan Pawòl Li a avèk yon konsepsyon entèlektyèl, oubyen avèk yon emosyon ajite, sa p ap janm rive ak anyen. Li dwe nan w.

Lè sa w pral rele depi solèy la leve jiskaske l kouche. W pral obsève majeste  sezon otòn nan  k ap vini . Anvan menm ke laglas oswa yon van frèt frape latè, sèv la va kite pyebwa a epi li pral desann kache, nan rasinn nan. Paske si l rete anlè, sezon ivè a va touye pyebwa a. Kidonk  mwen poze kesyon sa:  “ Ki entèlijans ki fè sèv sa a fonksyone nan pyebwa a, desann nan rasinn pou kache pandan sezon ivè a?” O, enfidèl la pagen okenn explikasyon. Men lè L vini, w va remake L nan tout bagay.

PEN KOTIDYEN

Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa Li, Li kreye dènye bagay ak bon konprann Li, Jeremi 51:15

23-1009

Sitasyon pou jounen an

KESYON AK REPONS 54-0515
Epi men Bib la pale ke Etazini, nou jwenn li nan pwofesi a, li parèt tankou yon mouton, “ libète relijyon,” e franchman yo uni bagay sa yo ansanm, epi li te pale tankou yon dragon  epi li te egzèse menm pwisans dragon an te genyen anvan. Sa se Etazini ! Se vre.

Yon predikatè te di m pagen lontan sa, yon bon zanmi mwen, li te di:  “ frè Branham, Bondye p ap janm kite Etazini tonbe, paske baz zansèt li yo te fonde sou relijyon.” 

Mwen te reponn li:  “ Li te kite jwif yo; asireman Li te sipòte yo, epi yo te nan pibon pozisyon pase nou.” Se Vre. Bondye pagen  asepsyon pou okenn jenerasyon ki pase; swa w mache nan liy nan swa w deyò Wayòm nan, se tou. Vrèman! Sa di, men se li ki bon pou w.

PEN KOTIDYEN

Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo. Detewonòm 4: 9

23-1008

Sitasyon pou jounen an

RÈN SEBA A 61-0219

Toujou sonje, legliz ; Pawòl Bondye yo se verite. Mwen kwè ke bon atitid mantal anvè nenpòt pwomès Divin Bondye pral akonpli, si w ka gade l nan bon fason an. Bon sonje, men kisa prensip mwen— mwen te ye nan lavi. Mwen te eseye fè sa. Premye bagay, mwen vle konnen si se volonte Bondye osinon se pa volonte Bondye. Se… Lè m konnen se volonte Bondye. Pwochen bagay la, se objektif mwen pou li epi motivasyon m pandan m ap fè l la. Kidonk si se volonte Bondye, epi objektif mwen bon, epi motivasyon m bon, mwen gen lafwa ke sa pral fèt. Paske, premyèman, se volonte Bondye epi m gen— epi objektif mwen se glorifye L, Epi motivasyon m se ba Li tout glwa a. Wè ? Kidonk pagen okenn motif egoyis sou li. Si w gen yon motivasyon egoyis sa p ap mache. Si objektif w se fè lajan pou tèt w oswa yon bagay konsa, bon, w p ap janm gen siksè. Epi eseye fè yon bagay andeyò volonte Seyè a, sa p ap mache pou kòmanse. 

PEN KOTIDYEN

Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezikri a:
Filipyen 2:5

23-1007

Sitasyon pou jounen an

REZIREKSYON LAZA A 51-0729A

Gade. Divinite… Mwen se on pati de Charles Branham, paske Charlie Branham te ban m nesans, papa mwen. Mwen se yon pati de li. Mwen gen menm fwon ak li, cheve m menm jan ak cheve l yo. Mwen se yon moun kout menm jan ak li. Mwen nan lanati tankou li. Paske li se papa m. Men si nou devni nan lespri pitit gason Bondye yo, Divinite abite nan lòm. Alelouya ! Lè sa a n ap pale de je avèg ki ouvè. Yo di pagen anyen ki enposib pou Bondye. Bondye di pagen anyen ki enposib pou w, si w pral kwè, se pa pou Bondye, men Pou w. Divinite a se nan lòm li ye.

Menm Bondye ki te kanpe dèyè a la sou plafòm mitik etènite yo,  epi te roule mond yo nan men Li, Epi L te kreye bagay sa yo ki ba w privilèj pou pitit gason L, epi w se yon pati de Li. Bondye abite nan ras imen an, Epi lòm limenm se Divinite a. Alelouya ! Men w. Sa ka choke w, men fè yon etid Sou sijè sa a yon ti moman. Wè ? 

PEN KOTIDYEN

Lespri  Bondye a bay lespri pa nou an asirans se pitit Bondye nou ye.
Women 8:16

23-1006

Sitasyon pou jounen an

KOURI VIT ALE, JOUK W RIVE LÒT BÒ A
58-0202

O, frè, gade yon jou n ap viv ladann. Bib la te di nan jou sa a ( nan de Timote):  “ Lespri pale byen klè nan dènye jou sa yo ke yo pral a abandone lafwa, epi y pral fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo, yo pral renmen plezi plis pase sèvi Bondye.” 

Mwen te rive legliz la lòt swa pase a; la nèj t ap tonbe anpil epi li pat bon pou n te vini. Men yo te genyen yon match baskètbòl, yo te oblije fè plizyè santèn moun ale. Kisa l te ye? Bondye yo a se baskètbòl la. E kisa Bondye w la ye menm? Yon gwo moso pyès ki gonfle ak lè. Mwen kontan ke Bondye nou an se Seyè Jezikri nan Pèsòn Li ki fè L resisite, yon veritab Kreyatè vivan
Sila ki te fè syèl la ak tè a. Men yo vle wè sa. Kalite lespri ki nan yo a rale yo pou sa. Lespri ki nan yon Kretyen rale l pou Kris. “ Kijan yon moun ka vin jwen Mwen si Papa M pa rale l vini.”

PEN KOTIDYEN

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. 
Kolosyen 3:2

23-1005

Sitasyon pou jounen an

GEN YON NONM ISI a KI KA LIMEN LIMYÈ A
63-1229

Sonje, nan chak aj, nan moman tenèb yo, Bondye te toujou gen Pawòl Li pou separe Limyè ak tenèb.                                          

Li te genyen L nan jou Luther yo, kan legliz Katolik te pran tout bagay ; Li te voye Luther antan ke Limyè ki t ap briye, e Luther te separe Verite ak tenèb.              

E lè Literyen yo te melanje, Li te gen yon John Wesley, e li te separe Limyè ak tenèb.                                                                 

E nan jou Pannkotis yo, lè Wesleyen yo te vin tou… epi Metodis yo te vin tou plen ak kras, epi Batis yo, ak Presbiteryen yo, Li te voye mesaj pannkotis la pou separe Limyè ak tenèb.                                        

Pannkotis yo te retounen drèt nan tenèb la ankò, jis konsa,  nan òganizasyon yo, yo te pran kredo yo ak bagay konsa.      

Kounye a lè a rive pou Pawòl sa vin konfime. Li voye Limyè a, Pawòl ki manifeste a, menm jan L te fè nan kòmansman an; voye Pawòl la, e Li te pwouve pwòp tèt Li.

PEN KOTIDYEN

M a restore pou nou ane yo ke sotrèl la te manje, jelèk la, azil la ak gazam nan…
Jowèl 2:25

23-1004

Sitasyon pou jounen an

SE POU LIMYÈ NOU KLERE DEVAN LÈZÒM
61-0903

Sèl mwayen nou wè Kris se lè li reflete nan nou youn ak lòt. Mwen wè Kris nan w. W wè L nan mwen. Se konsa nou wè Kris. Mwen vin nan reynyon an. Mwen kòmanse preche. M obsève moun yo. W ka wè si yo enterese osinon yo pa enterese, jis nan kèk minit. W gade oditwa w a. W ka di w anuiye yo osinon si w pa anuiye yo. Wè ? Epi premye bagay w konnen, w wè yo chita la a, akwoche achak Pawòl, ap tann. Wè ? Mwen wè Kris  reflete moun sa a, paske li grangou epi li  swaf Bondye.

Lè, mwen, ap preche Levanjil la, li wè Kris la ap reflete nan mwen. Mwen wè Kris la ap reflete nan li. Savledi Kris nan mitan nou lè sa a. Amèn. “ Grangou epi swaf.” Mwen gade oditwa a, kijan yo pran l. Yo di yon bagay youn ak lòt, gade ki—ki efè Li fè sou yo. M gade figi yo limen, chaje ak lajwa. Yo pare menm kote a pou resevwa yon bagay. Kise Kris. M wè Kris ap reflete nan moun sa a paske Levanjil la, senp Levanjil Kris la, ap pran rasin nan kè sa a, paske yo grangou epi yo swaf.

PEN KOTIDYEN

Kenbe Pawòl Bondye a ak tout richès…
Kolosyen 3:16

23-1003

Sitasyon pou jounen an

BATIME AVÈG LA
54-0402

La a, Jezi, te fè fas ak wout sa a, Yon wout kote w menm ak mwen aswè a, nou koupab paske nou te voye L sou wout sa a.  Nan lespri L, Li te konnen Li ta prale sou Kalvè a, jouk nan fen wout sa a. Sou wout sa a Li te konnen Li ta prale Jetsemane. Li ta prale nan palè Pilat la. Yo te dwe bat Li, pase L nan  betiz, Epi gwo don Bondye Li a te dwe jije. Yo ta pral bouche figi L ak yon twal sal epi yo te ba L kou nan tèt e—epi yo di:  “ Kounye a, si w konnen tout sa ki nan kè epi ak panse moun yo, , di m kiyès ki frape w.” Tout bagay sa yo te anfas Li. Li te dwe fè fas , la a, ak yon frison, yon lanmò anmè. Li te konnen tou, nan lespri L, ke Li te gen pou L mete men L nan yon poto; yo te retire  rad Li yo sou Li, kout fwèt yo ki t ap boule jouk nan zo, t ap mache bò kote L. San L t ap koule bò kot Li epi yon kouwòn pikan te plase sou tèt Li, epi Li te klouwe sou yon kwa epi  pandye la, senyen, pale ak yon vwa tranble, mouri, tankou yon Sakrifis ki chaje ak san ki te janm ofri nan mond lan. 

PEN KOTIDYEN

Men, se pou peche nou kifè yo te mete san L deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze L anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou Li li te tonbe. Se konsa Li ban nou kè poze. Avèk tout kou Li te resevwa yo, Li ban nou gerizon.
Ezayi 53 : 5

23-1002

Sitasyon pou jounen an

BONDYE TE FOUNI YON MWAYEN
53-0613

Gade kijan parabòl sa a ki te pale sou soupe dènòs la bèl. Li te jwenn yonn san rad nòs la sou li. Ebyen, sa trè tipik. Nan epòk Oryental yo, lè y ap fè yon— yon resepsyon oubyen yon lòt bagay, mesye marye a te dwe founi rad yo. Se— se menm bagay la nan afè sa a tou, soupe dènòs ke nou pral ladann nan.               

Men mesye marye a te anplwaye yon nonm pou kanpe nan pòt la. Epi tout moun ki te gen yon envitasyon, te vini nan pòt la. Ke w te pòv oswa w te rich, nenpòt jan de moun yo te ye a, yo te mete rad sa a sou yo. Lè yo te anndan an, yo tout te sanble. M renmen sa. 

Frè m yo, pagen gwo mwen menm, ti w menm non, lè w vini pa mwayen pòt la. Epi Li te jwenn yon nonm dèyè a la ki pat gen rad nòs la sou li. Li te antre pa yon lòt mwayen ki akote  pòt la. E Jezi te di:  “ Zanmi, kisa w ap fè la a? Epi li pat ka di anyen. Epi w ap eseye Monte pwòp ti echèl moral w swa pa yon kredo swa pa yon legliz, frè, w pral jwenn w menm jan an. Chak moun ki te vin pa pòt la pral gen menm rad la. E rad sa a se batèm Sentespri a. Chak moun peye menm pri a.

PEN KOTIDYEN

Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
Galat 3:28

23-1001

Sitasyon pou jounen an

VINI, SWIV MWEN
63-0601 

 Timoun yo, noumenm, chak nan nou, ki sanble ak pa m yo. Noumenm, chak nan nou, ki sanble jis tankou pitit gason ak pitit fi m yo. Nan yon fason, se sa nou ye, ou wè, espirityèlman palan. Se vre. Senyè Bondye a mete—mete nanm nou nan menm, paske nou vin, tande m. Nou kwè m. Ou wè? E dapre sans pawòl la, nou se pitit gason m ak pitit fi m. Se vre.
 Toujou sonje, kenbe kòmandman Bondye yo se yon gwo bagay. Grandi nan yon bon fwaye se yon eritaj ki vin de Bondye. Epi pou nou se bon ti moun ak jan de pèsonalite sa yo ke nou genyen an, se bon sa. Se bèl bagay, pou gen edikasyon. Se bèl bagay pou menm ap viv nan peyi lib sa a. Nou gen anpil bagay pou ki fè nou rekonesan.
 Men gen yon sèl bagay ke w jis pa eritye. Ou fèt pou aksepte L. Sa se Lavi Etènèl. Epi w pral sèlman fè sa lè w ap swiv Jezi, ak yon eksperyans nouvèl nesans. Pa neglije sa.

PEN KOTIDYEN

Jennonm lan di Li, mwen swiv tout bagay sa yo depi nan jenès mwen. Kisa pou m fè ankò?
Matye 19:20

23-0930

Sitasyon pou jounen an

SHALOM
Solèy leve pou yon nouvo jou, m santi l sou mwen kounye a. Limyè pou yon nouvo jou! Limyè pou yon jou kote pagen lannwit, pagen fènwa, pagen lonbraj, pagen syèl, pa— pagen fènwa,  syèl la pa nwa, li pa fè minwi, pagen tonb, pagen flè sou pent ti mòn yo, pagen chante antèman, pagen doktè, pagen mòg. Amèn. M— m ka santi reyon Limyè sa a k ap pèse nanm mwen. Nouvo Jou a! Sa ki ansyen an retire kò l.

Tankou m santi san mòtèl la ap koule nan kò mwen, m santi vag Sentespri a antre dèyè l, “Leve epi Klere.” 

Yon bagay te di:  “ Billy Branham, w ap granmoun, w ap febli, zepòl w yo ap tonbe, cheve w yo ap blanch epi y ap tonbe.” Se vre. Epi  fènwa e fènwa epè sou tè a!

“ Men Leve, epi klere!” Mwen santi vag Limyè glorye Levanjil Jezikri a kite fè m yon kreyati tou nèf nan Li k ap tonbe la a. M ap chèche jou sa a, amèn, pou nouvo jou a.

PEN KOTIDYEN

Lè sa a, Sila ki te chita sou twòn nan di:  Kounye a, Mwen fè tout bagay vin nèf.
Apokalips 21:5

23-0929

Sitasyon pou jou

KESYON AK REPONS
61-1015M

Jezi se Mann kache a; Kris se Mann legliz la.  Kisa mann nan ye? Nan Ansyen Testaman an mann nan sete yon bagay fre ki desann sot nan syèl la chak nwit pou soutni legliz la nan vwayaj li a. Èske se pavre ? Kounye a kisa Mann nan ye nan Nouvo Testaman an ? “ Yon ti moman ankò epi mond lan p ap wè M ( kache); men nou menm n a wè Mwen, paske M ap avèk nou, menm nan nou jouk rive nan fen mond lan.” E Kris se Mann kache sa a ki sòti kot Bondye nan syèl la ankò chak jou— chak jou.

Nou paka di:  “ Bon, m te fè yon gwo experyans ak Bondye de semèn desa.” E kounye a ? Wè ? Chak jou, fre, yon nouvo benediksyon, yon bagay tounèf k ap sòti kot Bondye, Mann kache an k ap desann sot nan syèl la kot Bondye, Kris. Epi n ap fete avèk Mann sa a kise Kris, epi Li soutni nou nan vwayaj la jouk nou rive nan– nan peyi lòt bò a.

PEN KOTIDYEN

Paske pen Bondye bay la, se Sila ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi.
Jan 6:33

23-0928

Sitasyon pou jou

PARAN REDANMTÈ A
60-1002

Ameriken yo aji tankou ameriken, Alman yo aji tankou alman, paske se lespri nasyonal yo. E nou gen yon Lespri nasyonal. Se Sentespri a ki sòti nan Bondye, ki sòti nan syèl la, epi w aji tankou Li. Li ba w yon konpòtman ki menm jan ak yo ki  anlè a. Paske w nan yon lòt mond.
Se vre, n ap viv nan Amerik. Se pati kò a. Men nanm nan k ap kondwi nou an, karaktè nou an, sòti anwo. N ap viv de anwo a, paske nou sòti anwo. Tout kretyen sòti anwo. Jezi te di:  “ M pa Moun bò isit, M se Moun anwo. Si M te Moun bò isit, sèvitè M yo t ap goumen pou Mwen. Men Wayòm Mwen an se anwo li ye.” kidonk chak moun ki fèt nan Wayòm Bondye a, li sòti anwo.

PEN KOTIDYEN

Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi Papa nou pou l ban nou wayòm nan.
Lik 12:32

23-0521

Sitasyon pou jou

58-1221E
Inyon yon sèl Bondye nan yon sèl legliz la

Gen anpil moun jodi a ki di, “Sentespri a pa reyèl kounya.”
Pandan plizyè dizèn de milye ladan yo, ak plizyè milyon, ap di Se pa konsa, gen anpil moun ki ap jwi benediksyon Li yo. Sitou yo se moun pòv, moun ki te deprime ak rejte pa mond lan, moun ki te jete soti nan legliz paske yo te kwè Bondye se Bondye, men yo te ranpli ak Lespri li. Yo fè youn nan objektif. Yo se youn nan kè. Ki moun sa yo? Metodis, Batis, Presbiteryen, Katolik, Temwen Jewova, Otodòks, Jwif, tout ansanm, yo vin youn. Pa yon sèl, nan yon kwayans; pa yon sèl, nan yon denominasyon; se travay dyab la, atravè konsepsyon entelektyèl.
Men, travay Lespri Sen an, Sw Wayòm Bondye a nan ou!

Pen chak jou

Lik 17:21
…gade, wayòm Bondye a nan ou.

23-0520

Sitasyon pou jou

59-0823
Gazam lan, soterèl, jelèk, Hazil la.

Legliz la ap deplase twò dousman pou lè n ap viv la. Gen yon bagay radikalman mal. Epi li dwe nou nan jou sa a, nan pwochen Vini Senyè a, pou nou chita epi etidye sa a epi wè sa ki mal, jwenn kòz la. Ou pa janm ka jwenn yon gerizon jiskaske ou jwenn kòz la.
Si yon doktè, si ou antre nan biwo li epi ou di, “Mwen gen tèt fè mal, ak vant mwen malad,” epi li ba ou yon ti aspirin, oswa yon bagay, epi li voye ou ale, li jis ap eseye debarase l de ou. Yon doktè reyèl, otantik pral fè dyagnostik ka sa a jiskaske li jwenn ki ògàn ki pa nan lòd, Lè sa a, la travay nan ògàn sa a.
Se konsa sa ye ak Wayòm Bondye a. Nou gen pou chèche konnen sa ki mal, lè sa na travay nan sa.

Pen chak jou

Sòm 139:23
Sonde m’, Bondye, konnen kè m’. Sonde m’, konnen sa m’ panse.

23-0518

Sitasyon pou jou

60-1125
Konferans

Yon nonm te di sa pa gen lontan, li di: “Mwen—mwen pa vle deranje Bondye. Ou konnen mwen—mwen konnen li trè okipe.” sa se non sans. “Mwen—mwen pa vle…” Ebyen, ou pa ka fin itilize abondans benediksyon li yo. Èske w ta ka imajine yon ti pwason apeprè yon demi pous nan longè l, nan mitan Oseyan Pasifik la di, “Mwen ta pi bon bwè nan dlo sa a pa titak, paske mwen ta ka fini”?
Èske w ta ka imajine yon ti sourit ki tèlman gwo ase anba gwo rekòlt peyi Lejip la k ap di: “Mwen ta pi bon manje, rasyone tèt mwen nan sezon fredi sa a pou jis de grenn pa jou, mwen ta ka fini anvan nouvo rekòt la”? Sa se ridikil. Ebyen, se de fwa sa ridikil, mil fwa plis, pou w panse ou ka fin itilize mizèrikòd yon Bondye ki gen mizèrikòd. Poukisa, li ap eseye fòse wout li antre nan ou. “Mande abondans pou lajwa ou ka plen.” Pa gen okenn fason pou epwize Li.
Tankou yon ponp, plis ou ponpe, dlo a vin fre. Oh, e mwen renmen sa. Jis kontinye ponpe, ou k ap viv nan bouch kote glwa a ap soti. Mwen renmen sa.

Pen chak jou

Sòm 23:5
… gode mwen an ap debòde.

23-0516

Sitasyon pou jou

55-0223
Jòb

Se la oui li ye, l’ap ale nan kalvè a.
Pandan l ap deplase sou ti mòn lan, ak pòv, ti zepòl li a ap fwote, ansyen myèl lanmò a ap chante bò kote l: “Li p ap pran tan pou m jwenn li.”bougonen tout otou epi fè wonn li, epi apre pandan y ap fè sa li te gen nan pikan li ‘. Men, zanmi, ou konnen, si yon myèl janm pike yon moun pwofondman, li pa ka pike ankò. Li rale pik li deyò. Se konsa, li pa gen okenn pike ankò. Apre sa, mwen di nou, se rezon ki fè Bondye te fè lachè, isit la sou tè a, nan lòd yo kenbe pike lanmò a. Epi kounyeya, lanmò a pa gen pik ankò. Myèl la ka foule epi bougonen , men li pa ka pike. “O lanmò, kote pik ou ye? Tonb, kote viktwa ou a ye?”
Men, Kris la, fanmi Redanmtè a te fè yon fason pou chak kwayan sou tè sa a jodi a. Myèl la ta ka ap bougonnen; myèl la ta ka fè bri; myèl la ta ka eseye fè ou pè. Men, mwen ka lonje dwèt sou kalvè, kote Bondye li menm te fè chè, lè li te kenbe pik lanmò a, epi li te pran plas mwen kòm yon pechè, epi li te peye pri a.

Pen chak jou

An Independent Church of the WORD