24-0414 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

Mesagj: 64-0802 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sèl Latè A,

Oh byenneme Lepouz, ala yon moman n ap viv, chita ansanm nan lye selès, nan prezans Pawòl la, ap muri, ap rekonèt kiyès nou ye, ki kote nou soti, epi ki bò nou prale.

Pou konnen, de fon kè nou, ke nou se pitit gason ak pitit fi Bondye KOUNYE A. Se pa n ap ye, se sa nou ye KOUNYE A. Nou se atribi panse Bondye. 

Lè Satan atake nou epi l ap eseye montre nou erè nou yo, pase nou ak echèk nou yo chak jou, lè l ap eseye kraze nou nan panse nou ak lespri nou avèk manti l yo, nou jis raple l epi nou di l: “Bondye, depi fondasyon mond lan, te wè m davans; se vre Satan, MWEN MENM, epi Li voye Jezi pou rachte M.” WHACK!

“Kounye a Satan, kite m trankil, paske San Pitit Li ap pale pou MWEN. M pa ka peche. Erè mwen, wi, anpil erè mwen, Bondye pa menm ka wè yo. Sèl bagay Li tande se vwa Mwen k ap adore Li k ap louwe Li, epi sèl bagay Li wè se reprezantasyon MWEN.”

Reprezantasyon nou ap rasanble nou depi lès a lwès, de nò a sid, ap ini nou anba Pawòl la ke Li te bay pou Lepouz Li sou bann. Se sèl bagay ke L ap onore, paske Se Chemen an ke L bay.

Ki sa L pral di nou epi pral revele nou apre? Nou tande L k ap pale atravè pwofèt Li plizyè fwa epi ap di nou sa nouvo Kay nou pral sanble, men fwa sa a l ap tankou nou poko janm tande pale de Li. 

Achitèk Diven an te desine sa pou Byeneme Li. Ou wè? O, se pa ti plas sa dwe ye, alòske, ak Nati Divin, yon Achitèk Diven te desine l pou on atribi Diven ki te predestine Divinman pa on Bondye Diven Ki–Ki se Otè Lavi Divin an! A kisa Vil sa pral sanble! Panse a sa.   

Nou apèn ka kontwole tèt nou. Eksitasyon nou ak antisipasyon nou a pik. Kè nou ap bat pou tande Bondye k ap pale dirèkteman avè nou epi ap di nou nan moman an, L ap konstwi e L ap konsevwa nouvo Kay nou, pou nou ka viv avè L pandan tout Letènite.

Ki lòt bagay nou pral tande, e ki sa L pral revele nou Dimanch, alò ke L pral pale nou de Predestinasyon, Reprezantasyon, Dispansasyon, Uityèm Jou, Mòn Sen, Piramid, epi Konvokasyon Sen?

Èske nou ka konprann sa k ap pase nan moman an menm? Bondye ap rasanble Lepouz Li atravè mond lan pou L di nou sa nouvo Kay nou pral sanble. Li pral dekri nou li nan tout ti detay. . Ala yon moman glorye nou pral pase.

On lòt kote, batay nou yo pa janm te pi difisil. Satan ap frape nou kòm jamè oparavan. Atak li yo pa janm sanble aleje oswa ale.

Men GLWA pou Bondye, LAFWA nou nan Pawòl Li pat janm osi elve. LAFWA nou nan konnen ki moun nou ye tèlman ankre nan Nanm nou, ke nou pa ka ebranle.

Nou pa gen ANYEN pou nou pè; ANYEN pou enkyete nou. Papa nou responsab nou nèt. Li gide epi Li dirije CHAK PA nou yo. Li kenbe nou nan pla Men L. Satan jis yon blofè ki toupre fen li, e li konn sa. Se li menm ki pè, li konnen ke l ap fè fas a Lepouz Pawòl pale Bondye a, epi li pèdi chak fwa.

Nou SE PAWÒL LA. Nou te nan Li depi kòmansman an. Se pa sa n ap ye yon jou, SE SA NOU YE KOUNYE A. Si nou se Pawòl la, alò nou ka PWONONSE PAWÒL LA, SI NOU ANNIK KWÈ…E NOU KWÈ.

Ou se swa yon kwayan (PAWÒL LA) oubyen ou se yon moun ki gen dout (PA PAWÒL LA). Pa gen yon sèl fib nan kò nou ki pa kwè a yon sèl Pawòl. Men Li! Nou fèk pwouve Satan: nou se Pawòl la. Nou ta ka po a sou anba pye a, MEN NOU TOUJOU FÈ PATI DE KÒ A!!!

Alò lè blofè sa a atake youn nan nou, Lepouz la vin ansanm atravè mond lan epi nou FRAPE L EPI FRAPE L avèk Pawòl la.

Lè maladi a frape youn nan nou, nou ini ansanm epi nou FRAPE L! Lè youn nan nou santi l ba e dekouraje, kisa nou tout fè? FRAPE L!

Nou pral Lakay, Lepouz. Lè a vini. Lepouz la prepare tèt Li. Nou nan Lach la. Li fenmen pòt la e nou an sekirite andedan an. Nou ka tande mizik la pou Lepouz la ka desann ale a pou L ini avèk Epou a.

N ap nan lin de myèl nou an pandan 1000 ane, apresa nou tout pral ansanm avè L nan Kay K ap Vini an.

Pa rate sa, zanmi. Gen yon sèl chemen Bondye te bay e konfime: BANN Yo. Se Kolòn Dife a k ap pale epi k ap kondwi Lepouz Li.

Kèlkeswa sa nou fè, plase Vwa sa a devan nou ak fanmi nou Dimanch sa a. Lafwa a vini de sa nou tande, nan tande Pawòl la, epi Pawòl la vini a pwofèt la. Sentespri a se Pwofèt la pou epòk nou, k ap pale avèk Lepouz Li atravè Bann yo.

N ap akeyi nou, vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke yon pati nan Lepouz la pral ini ansanm pou tande, nou tout an menm tan, Bondye k ap pale atravè pwisan anj Li pou di nou tout bagay sou: Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès 64-0802.

Frè Jozèf Branham