23-0312 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

Mesagj: 64-0802 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Epouz Terès,

Malachi 4 se Pawòl Bondye a, epi Li pwodwi selon espès li, NOUMENM, Epouz Li. Se Sentespri a, Moun Jezikri a, an aksyon, ki etabli nan kè nou. Nou vivifye pa CHAK Pawòl ke Li pwononse, paske “Mouton Mwen koute Vwa Mwen; yo pap swiv on etranje.”

Ala bèl dènye mwa sa yo te bèl, ap swiv pwofèt la nan Jeffersonville. Bondye pale atravè anj pwisan Li epi Li nouri nou avèk Manje Li ki konsève nan SÈL TI DEPO Li nan tout peyi a. Se Laman Kache a, jis pou Epouz Li.

A chak Mesaj ke nou tande, nou an kominyon epi n ap rejwi youn ak lòt: “M konnen ke m tande Mesaj sa yo anpil fwa deja, men m pa JANM tande yo tankou kounye a.” Li vrèman on sous Dlo Viv k ap bouyi anndan nou. Nou apèn ka kenbe tèt nou. Nou vle jis pale de sa. De tout egzistans nou, nou pat janm osi sèten de kiyès nou ye e ki kote nou prale.

Pa gen devinèt ankò:

“M vèman pa konnen. M tèlman fè dè bagay terib nan vi mwen. Mwen desevwa Seyè a tèlman souvan. Ondirè ke m TOUJOU ap fè gagòt.” 

Pa gen espwa ankò:

“M espere vrèman ke m son pitit Bondye. Mwen VLE sa. Mwen priye pou sa.

TOUT jou sa yo FINI. Kounye a NOU KONNEN. Glwa pou Bondye!!

Kijan nou fè konnen? Bondye pale avèk nou dirèkteman atravè Vwa L sou bann yo, L ap di nou san rete: “Mwen nan nou, nou nan Mwen. Nou fè YOUN. Mwen chwazi NOU anvan fondasyon mond lan. Nou se chè nan Kò Mwen, zo nan Zo Mwen.”

Ala yon Mesaj pafè Bondye te ba nou Dimanch, pou di nou kijan mond sa kote n ap viv la pa pou nou, se Edenn Satan. Kouman li te sedwi Èv nan kòmansman an pou li kesyone epi doute jis YON SÈL PAWÒL. Li te retire Vwal Sakre Bondye a, epi li te mete yon vwal konesans, lè sa a je l yo te louvri epi li te konnen ke l te toutouni.

Satan te pèvèti Pawòl orijinal la, epi li rann li avèg, kidonk li toujou toutouni epi li pa konn sa. Li vin larenn Satan epi tè sa a se wayòm Edenn li. 

Dimanch, Epou Selès nou vle raple Epouz terès Li ki kote Lakay Lavni nou an ye epi kijan L ap ye. “Cheri byenneme Mwen, kounye a ke M di w tout bagay sou mond sa a epi kijan se Edenn Satan an, M vle pale w YON FWA ANKÒ sou Lakay Lavni W avè M.

Mwen vle pale w de Li an detay. M konnen ke Ou tande M pale de Li trè souvan, men tann, fwa sa a w ap tande M pale de Li tankou M pa janm fè sa anvan.

M vle antre nan detay. M vle revele w ke ou nan Volonte M ki Pafè lè ou rete avèk Pawòl Mwen epi pwofèt Mwen. M vle ba w on egzanp de sa w ap fè jodi a kòm on egzanp pafè de nouvo Vil la kote ou pral viv.  

Nou vrèman pral rantre nan on bagay. M pral lage nou yon ti bagay; M konnen n ap sezi L. Ou pral viv nan Vil sa a avè M. Pwofèt Mwen pral rete toupre w. L ap vwazen w. Ou pral mache nan lari an lò sa yo epi w ap bwè nan Sous Mwen. Ou pral antre nan paradi Bondye yo, avèk Zanj ki pral plane epi ki pral chante im yo. 

Se ou k ap bijou nan kouwòn pwofèt Mwen an. Ou pral briye pase tout bagay nan mond lan, Jou sa a. Tèlman gen bagay Mwen vle revele w Dimanch. Ala yon bèl jounen nou pral pase ansanm.”

Li tèlman gen bagay an rezèv pou nou nan semèn kap vini yo, si Li pa vin chache nou anvan sa. Semèn aprè semèn, Li pral di nou kiyès nou ye, ki kote nou prale, kijan L ap ye Lòt bò a. L ap kondwi nou nan pi bèl semèn Pak ke nou janm genyen, k ap ranpli sèlman avèk louwanj epi adorasyon anvè Li.

Ala yon moman eksitan. N ap wè pwofesi k ap akonpli devan je nou. Nou wè Pawòl la k ap manifeste NAN NOU. Vini Li ta ka nenpòt ki moman. Nou kanpe devan pòt la avèk bouke nan men nou. Nou ka tande chwal yo k ap galope epi sab la k ap glise anba wou yo. 

Vye kabwèt la pral kanpe trè byento. N ap janbe pòt vye kò sa a epi n ap vole nan bra Li. Li pral gade nou epi L ap di: “Tout bagay fini kounye a, cheri, M pral mennen w kounye a nan Kay kote ou pral rete a.”

Nou envite w vin fè pati de pi gwo jou yo ke mond lan janm wè. Ti èg yo pral rasanble atravè mond lan pou tande Vwa Bondye a k ap pale avèk Epouz Li epi di l tout bagay sou: “Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès 64-0802, a midi, lè Jeffersonville.

Frè Joseph Branham

Rapèl: Pa bliye pasaj lè ete a.

Ekriti pou li anvan w tande Mesaj la:

Matye 19:28

Jan 14:1-3

Efèz 1:10

2 Pyè 2:5-6 / Chapit 3

Apokalips 2:7 / 6:14 / 21:1-14

Levitik 23:36

Ezayi Chapit 4 / 28:10 / 65:17-25

Malachi 3:6