23-0429E Chwazi Yon Epouz

Mesagj: 65-0429e Chwazi Yon Epouz

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Youn Sou Yon Milyon

Sa fè lontan M ap tann nou. Nou se cheri Mwen, e M tèlman renmen nou. Kòm Mwen pwomèt nou li, M konstwi yon nouvo Kay pou nou kote Nou pral viv ansanm pou Letènite. M fè tout bagay egzakteman jan nou renmen  l. 

M ka gade nou kounye a epi wè, nou se reflè Mwen nèt. Nou gen egzakteman karaktè Mwen, kò Mwen, zo Mwen, menm Lespri Mwen, menm tout bagay, egzakteman. Nou vin fè youn avè M.

Mwen voye anj pwisan Mwen sou latè a pou l rele nou pou nou soti nan Edenn Satan an. M voye l pou l ka eksprime panse Mwen, atribi Mwen, epi anonse nou bagay yo ki dwe vini. Mwen itilize bouch li epi vwa li pou eksprime bagay sa yo . Apre ke l di yo, Mwen akonpli yo, paske Syèl la ak tout tè a va pase, men Pawòl Mwen p ap janm pase.  

Mwen te konnen ke lè nou ta pral tande M pale, ap itlize vwa anj Mwen, nou t ap konnen nan fon kè w, ke se pa t li, Se te Mwenmenm ki t ap pale avè nou. Se te Mwenmenm ki t ap voye lèt lanmou ba nou, pou di nou, Mwen chwazi nou pou nou vin Epouz cheri Mwen.

Nan je M, pa gen pèsonn tankou nou. Pèsonn ka pran plas nou. Nou te rete lwayal e fidèl anvè Mwen. Lè M ap gade nou, kè M ap debòde de jwa.

Lè Mwen di nou: “Fè trè atansyon cheri, a sa nou tande, pral gen anpil wen ki pral itilize Pawòl Mwen, men yo fo.” Nou konprann avètisman M pa Revelasyon, epi nou rete lwayal e fidèl a Vwa Mwen.

Mwen te tèlman fyè lè nou te priye sensèman pou konnen nan ki legliz pou n fratènize. Mwen di nou pou nou fè bon chwa a, epi Mwen ba nou egzanp de kisa legliz pafè a ye. Nou sonje lè M te di ke yo tout gen lespri sou yo, epi nou chwazi legliz pafè a.      

Mwen menm di nou pou nou fè atansyon a kiyès ki pastè nou. Alò nou ka imajine kijan kè M sote de jwa lè Mwen wè ke nou te rete avèk pastè a ke Mwen te voye pou mennen nou a Mwen. Nou te konnen ke se te Sentespri Mwen ki t ap viv nan pwofèt Mwen pou gide nou vè Mwenmenm.  

M sonje jou a ke nou te tèlman kontan, epi tèlman eksite, lè Mwen te fè anj Mwen monte nan on kote ki wo, pou montre l on apèsi de nou. Nou te kanpe la a ap gade nou, alò ke nou t ap mache devan Nou sou chanson An Avan Sòlda Kretyen. 

Li te renmen anpil fason nou tout te abiye nan rad nasyonal nou de kote nou soti; tankou Swis, Almay, epi lòt kote atravè mond lan. Nou chak avèk cheve long nou ki te trè byen ranje. Jip nou te byen tonbe. Mwen te tèlman fyè e eksite pou M montre nou tout a li, pou l te ka retounen pou ankouraje nou epi di nou ke l te wè nou lòt bò a. 

Tout je yo te vire sou Nou. Lè kèk fi, nan fon liy la, te kòmanse gade lòt kote, li rele: “Pa fè sa! Pa soti nan mache opa a!”    

Lè Mwen di nou ke M t ap anmagazine Manje pou nou te ka nouri tèt nou, nou te konnen egzakteman de kisa M t ap pale. Nou te vle vin Epouz Pawòl Vyèj Mwen ki pi. M pa janm bare nou k ap fè je dou avèk on lòt moun. Se te toujou Mwenmenm, Pawòl Mwen. Sa te fè M tèlman kontan.

Mwen chwazi nou, NOUMENM, pou vin Epouz Mwen. M tèlman damou nou, menm jan nou damou Mwen. Pa dekouraje, pran kouraj, rete kontan, rejwi nou, jou a ap pwoche vit kote M ap vin chache nou. Ala yon bèl moman Nou pral genyen.

A tout lòt yo, REPANTI, tè a ap gwonde. On jou, Los Angeles ap nan fon lanmè a, jan Mwen di nou li. Kòlè Mwen ap gwonde jis anba li. M pap kenbe ban sab sa a pi lontan ankò. Nou pral glise nan oseyan an a 1.6 km de fon, jiska Lanmè Salton. L ap pi mal pase dènye jou Pompeii a.

Byento M pral pirifye tè sa a pa dife. M pral touye tout bagay ki sou li epi ki anba li. Nou wè sa k ap pase atravè mond lan, menm jan Mwen te di nou li. Nou wè Epouz Mwen k ap ini ansanm alantou Pawòl Mwen, menm jan Mwen te di nou li.

Moman an se kounye a. Sezon an se kounye a. Pare tèt nou!

Moman kolè Li a rive sou latè a. Chape poul nou pandan ke gen tan pou nou chape poul nou, epi vin jwenn Kris.

_____________________________

Nou envite pou vin jwenn nou, on pòsyon Epouz Li, alò ke n ap pare pou Vini Li, pandan ke nap tande Vwa Bondye k ap pale avè nou epi k ap pote Mesaj la ba nou: Chwazi Yon Epouz 65-0429A, Dimanch sa a a midi, lè Jeffersonville.

Frè Joseph Branham

Ekriti pou li anvan ou tande Mesaj la:

Jenèz 24:13-14

Ezayi 53:2

Apokalips 21:9