23-0326 Inyon Envizib Lepouz Kris La

Mesagj: 65-1125 Inyon Envizib Lepouz Kris La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Dam Eli,

Kisa ou t ap bay pou ke Seyè Jezi a vin lakay ou Dimanch sa a, chita sou kanape w, gade w nan je epi pale avè w dirèkteman?

Ou pa t ap ka pale. Ou pa t ap vle pale. Tout sa ou t ap vle fè, se gade Li epi kriye. Ou t ap menm pè ouvri bouch ou. Kisa ou tap ka di? Nan lespri w, ou t ap panse: “Seyè, m tèlman pa diy ke Ou isi a lakay mwen. Mwen pa anyen menm. Mwen desevwa W anpil fwa Seyè, men Seyè, m tèlman renmen W.

W ap reyalize alò nan kè w ke Li konn egzakteman sa m panse, pa gen anyen nou ka kache L. Li konn sekrè ki nan kè m.

Alò ke w ap gade nan bèl Je L, w ap wè anpil lanmou ak konpasyon. Li ta pale avè w san menm Li ouvri bouch Li. W ap di tèt ou: Li vrèman la a, lakay mwen, avè m.

Kè w ta kòmanse bat ankò pi vit, alò ke ou t ap wè ke Lap pare pou L di w on bagay. Men lè a, Vwa ki pi dous ke ou janm tande, t ap di: “Byenneme cheri Mwen, pa enkyete w, non w nan Liv Lavi Ayo Mwen. Se pa ansyen liv inyon natirèl ou a, men nouvo Liv Lepouz Mwen an. Se sètifika maryaj ou avè M.

Cheri Mwen, ou pa jis padone de tout peche w epi echèk ou, men pou Mwenmenm, ou JISTIFYE. Nan Je M, ou pa janm fè anyen ki mal.

Ou se presye pitit gason Mwen, presye pitit fi Mwen, vètye epi san peche. Ou kanpe pur; Lepouz pur Mwen ki lave avèk Dlo Pwòp San Mwen.

Anvan menm ke te gen yon lalin, zetwal oswa yon molekil, ou te pitit gason Mwen ak pitit fi Mwen. Ou se manifestasyon fizik atribi ki te nan Mwen nan kòmansman an.

Jèn espirityèl ou te nan Mwen pwiske ou son ekspresyon atribi Mwen, panse Mwen. Ou te nan Mwen menm anvan fondasyon mond lan.

Ou se Lepouz espirityèl Mwen ki rete nan Prezans Fis lan, ap muri, nan tande Pawòl Mwen. Kounye a, ou kòmanse gon revèy, nan tounen epi nan aliyen nou a Pawòl Mwen. Ou se Lepouz Mwen, Dam Eli Mwen.

Kounye a ou nan inyon espirityèl avè M. Kò w ap tounen Pawòl, e Pawòl la ap tounen kò; manifeste e konfime. Egzakteman sa Mwen di w ki t ap rive nan jou sa a, se sa k ap pase, jou aprè jou. Pawòl la k ap vin Pawòl la.

Ou resevwa vrè Revelasyon pou dènye jou sa a: rasanbleman Lepouz Mwen pa Mesaj Sa a. Pa gen lòt laj Mwen te pwomèt Li. Mwen pwomèt nou Li, nan aj sa a: Malachi 4, Lik 17:30, Jan 14:12.

Nou pral gen yon Festen Aksyon de gras Dimanch sa a, lè Mwen pral di w plis toujou. M pral pase plizyè zè avè w, kote nou pral kominye epi nou pral regale sou Pawòl Mwen. M pral rasire w ke nan rete avèk Pawòl Mwen, pwofèt Mwen, Vwa Mwen, nan Apiye sou Jwe, ou nan Volonte pafè Mwen an.

Mwen di yo nan Pawòl Mwen an, ke Mwen kanpe nan pòt la, ap frape. Si yon moun tande VWA Mwen, epi ouvri pòt la, M ap ante lakay li, M ap soupe avè l, epi limenm avèk Mwen. Anpil pa pral tande epi ouvri pòt yo, men pa Revelasyon, ou louvri pòt ou epi ou akeyi M anndan.

Yo pa dakò pou yo jwe Vwa M nan legliz yo. Si yo te jis kite Sentespri a sonde panse yo avèk Pawòl la, yo t ap dakò. Kite Kris, Pawòl wen an, sonde pwòp konsyans ou. Kite L antre nan ou, wè si Li vrè ou non.

Mwen di w ke li pa t ap on denominasyon ki t ap reyini nou, yo pa menm ka dakò sou youn ou de Pawòl nan Bib la. Èske Mwen di w li t ap on gwoup moun? Non! Mwen di w ke se te yon Mesaj ON sèl Moun; epi ou te tande epi ou te obeyi.

Paske yo p at vle tande epi aksepte pwogram orijinal Mwen depi kòmansman an, Mwen voye yo predikatè, anseyan, apot, pastè e pwofèt. Men yo te voye yo pou fè moun yo TOUNEN a pwogram orijinal Mwen ki pafè, anj pwisan Mwen. Paske Se Vwa Bondye pou ou.

Yo wen, men M jis gen ON SÈL PWOFÈT MESAJE POU KONDWI W. SENTESPRI A SE PWOFÈT LA. Èske m pa di w plizyè fwa, PAWÒL MWEN KI PWONONSE PA LIMENM PA BEZWEN ENTÈPRETASYON, PA AJOUTE NI RETIRE ANYEN A SA LI DI, JIS DI SA LI DI SOU BANN YO? Sa se pwofèt la, Sentespri a k ap kondwi w. 

Se li ke Mwen voye pou rele w pou w vin Lepouz Mwen. Se li ki pou prezante w ban Mwen. Se limenm Mwen te kanpe avè l alò ke m t ap montre l on apèsi sou ou, Lepouz Mwen. Mwen te di w tout bagay sou li nan Apokalips, lè M te di: “Mwenmenm Jezi, Mwen voye ANJ MWEN pou temwaye nou bagay sa yo NAN LEGLIZ YO. Se Mwenmenm, M jis itilize kò li epi vwa li pou pale avè nou.”

Ala yon bèl jou n ap pase ansanm avèk Li. Nou pat janm osi kontan e satisfè nan vi nou. Se SA. Se sa nou t ap tann tout vi nou.

Pa gen yon lonbraj dout nan kè nou oswa nan lespri nou. Paske nan chak Mesaj ke nou tande, Li di nou ke nou nan Volonte pafè Li. Gen on sèl Vwa ki pral ini nou, pèfeksyone nou, epi rasanble nou…Mwenmenm, MWENMENM K AP PALE ATRAVÈ PWOFÈT MWEN. PA PAWÒL LI, PAWÒL MWEN. SE CHEMEN KE MWEN BAY.

Tab la sèvi. Li plen chou, epi navè, epi radi… PAWÒL SOU PAWÒL, SOU PAWÒL. Nou pral gon Festen Aksyon de gras kòm jamè oparavan. Pral gon jubile atravè mond lan alò ke Lepouz la ap rasanble bò Tab yo pou tande Vwa Bondye a k ap pale avè yo. Lakay nou ak legliz nou pral ranpli avèk prezans Li. N ap rete bèbè eksepte pou Glwa nou yo, Alelouya, lwe Non Seyè a.

Vin patisipe nan Rasanbleman Aksyon de gras Fanmi Lepouz la, alò ke Li pral nouri nou. Pa an reta, alò ke nou pral kòmanse festen an Dimanch, a egzakteman midi, lè Jeffersonville. L ap la a, paske Li te di m Li ta pral la.

M AP VINI, e M pral di nou tout bagay sou Inyon Envizib Lepouz Kris La 65-1125.

M ap wè nou la a, a Tab 

Frè Joseph Branham

Alyas: Dam Eli Li