Category Archives: Uncategorized

26-1115 Adopsyon #4

Mesagj: 60-0522E Adopsyon #4

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Konvèti,

Lè nou Peze Jwe, n ap tande Pawòl Bondye ki enfayib. Chak Pawòl se Verite, chak fraz se Verite. Yo rele nou e yo prezève nou, nou ranpli e yo mete nou apa; ranpli ak Sentespri a, e nou deja nan Peyi Karanan. Nou pa pè anyen…ANYEN, nou konnen kiyès nou ye.

Piske nou rete fidèl ak Pawòl Li a, jan Li mande nou, Li pral di nou ke Li kite yon eritaj pou nou. Ki lè Ou te fè sa, Papa? Lè M te chawzi nou e ke M te ekri non nou nan Liv Lavi Ti Mouton an anvan fondasyon mond lan. 

Lè plenitid tan an te rive, Mwen te voye Jezi, Ti Mouton an, ki te mouri depi fondasyon mond lan, pou nou te ka resevwa eritaj nou pou nou vin piti gason ak pitit fi Mwen, bondye amatè.

Mwen te oblije tcheke nou pou wè si nou t ap fè bri ou si nou te gen kote lous anvan M te ka plase nou.

  • “Èske nou kwè ke jwe Vwa Mwen sou bann yo nan legliz la se mal?”
  • “Wi, nou pa ta dwe jwe bann nan legliz.”
  • “Kondane sa. Nou fè bri.”
  • “Èske nou kwè ke Pawòl Mwen sou bann yo bezwen entèpratasyon?”
  • “Wi, Li bezwen yon moun pou eksplike Li.”
  • “Nou fè bri. Mete sa deyò. Nou poko pare.”

Lè nou pare, n ap di “Amèn” a chak Pawòl.

  •  “Èske nou kwè ke Mwen se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan?”
  • “Amèn.”
  • “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo se VWA KI PI ENPÒTAN ke nou dwe tande?”
  • “Amèn.”
  • “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo pral ini Lepouz la?”
  • “Amèn.”
  • “Èske nou kwè ke pwisan anj Mwen pral prezante nou ban Mwen?”
  • “Amèn.”

Nou kòmanse solid kounye a. Mwen tcheke nou pou wè si nou fè bri ou si nou gen kote ki lous. Mwen pare pou fèmen pòt la. Mwen pral poze So Mwen sou nou. Nou pase enspeksyon Mwen an. 

Kounye a kite M di nou yon bagay, pèp cheri Mwen ki nan peyi kote nou tande bann yo, a letranje oubyen kèlkeswa kote nou ye a, nou pa bezwen pè. Tout bagay anfòm. Mwen te konnen nou anvan fondasyon mond lan. Mwen te konnen tout bagay ki ta pral rive.   

M ap vin chèche nou byento pou mennen nou yon Plas kote pa gen lanmò, ni lapenn, ni jalouzi, ni anyen; jis pèfeksyon, lanmou pafè.

Disi la, pa janm bliye, Mwen ban nou Pawòl Mwen an, nou SE PAWÒL MWEN ki fèt chè. Si nou bezwen NENPÒT BAGAY, pwononse Li, answit kwè L; Se eritaj nou.

Mwen pral voye Vwa Mwen ban nou ankò Dimanch sa e M pral eksplike nou tout Sa. M pral di nou ankò kiyès nou ye, kote nou prale, e kijan Sa ye laba a, nan moman an.

Vin jwenn Lepouz Mwen alò ke M pral fè yo chita ansanm nan lye selès Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande M k ap plase nou nan pozisyon nou pa Pawòl Mwen an. 60-0522E Adopsyon #4

Frè Jozèf Branham

26-1108 Adopsyon #3

Mesagj: 60-0522M Adopsyon #3

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Moun Yo Adopte Yo,

Gouvènman nan lemonn ap di moun yo: “Prepare nou, prepare nou pou fen mond lan. Sere manje ak dlo pou fanmi nou pou nou ka ekipe pou sa k ap vini an.” Mond lan nan panik. Kisa k pral rive? Kisa demen pral pote?

Nou temwen yon pwofesi k ap akonpli devan je nou. Mond lan ap kraze. Laperèz ak panik ap gaye toupatou; pèsonn pa konnen sa k pral rive. Kisa lavni rezève? Kisa nou ka fè? Èske se lafen an sa?

Pandansetan, Bondye Papa a avèti nou epi L ap prepare nou tou. Li deja sere dlo ak manje pou nou, epi n ap regale nou epi n ap bwè nan pi atèzyen nou an. Nou pare, pa pou fen mond sa a, men pou Anlèvman an!

Lepouz Kris la pa janm pi kontan oswa pi satisfè pase kounye a. Papa Bondye di ti Lepouz Li a, toupatou sou latè: “PA PÈ, rejwi nou. Se Nou menm Mwen chwazi. M ap prepare nou pou yon Anlèvman, pou Jou Maryaj nou an. M ap retire nou nan dezòd sa a. Nou se pitit Gason ak pitit Fi Mwen adopte. Tan an ap akonpli.”

Ala yon jibile nou genyen. Chak Pawòl nou tande se yon ti moso lò pou nou. Nou senpleman pran L epi nou kontinye poli L, poli L ankò e ankò. Apre sa, nou di:

“Sen, sen, sen Seyè.” “Sen, sen, sen Seyè.” “Sen, sen, sen Seyè.”

Je nou fikse sou Kalvè a, e pa gen anyen ki ka kanpe nou! N ap mache sou Chemen Wa a, wenn avèk bon Lwil Onksyon, n ap avanse nan Kote ki pi Sen an.

Retire sa nan lespri w ke w pral pèdi epi w pral fè sesi, epi ou pè sela. Ou pa bezwen pè anyen, paske L ap eseye di w kote w ye, kimoun ou ye, kijan w kanpe.

Mond lan anvayi pa LAPÈ, epi an menm tan, Bondye Papa a di nou: “Pa pè ANYEN. Mwen di w kiyès ou ye e ki kote w prale.” …GLWA!!

Akoz feblès imen nou an, nou echwe chak jou. Nou fè anpil erè. Nou fè anpil bagay nou pa ta dwe fè. Epi dyab la ap frape nou san rete, ap mande nou kijan nou ka fè se nou menm ki Lepouz la.

Men yo anseye nou. Nou konnen egzakteman sa pou nou fè: Peze Jwe pou tande sa Bondye Papa a gen pou L di.

Bon, ou ka fè sa ki mal, e chak fwa w fè sa ki mal ou pral peye pou li. Wi, mesye, w ap rekòlte sa w seme! Men sa pa gen anyen pou wè ak sali w. Lè w ne ak Lespri Bondye, ou gen Lavi Etènèl e ou paka mouri menm jan ke Bondye paka mouri. Ou se yon pati nan Bondye, ou se yon pitit Bondye.

Sa te fè Bondye plezi pou L te predestine nou. Sa te fè Bondye plezi pou L te fè nou tounen Pitit Gason ak Pitit Fi. Sa te fè Bondye plezi pou L te adopte nou. Sa te fè Bondye plezi pou L te ban nou vrè Revelasyon sou kiyès Li ye e kiyès nou ye. Sa te fè Bondye plezi pou L te mennen zanj Li a lòt bò rido tan an, pou L te montre l NOU menm lòt bò a, yon fason pou nou te ka rejwi epi pou nou pa bezwen PÈ MENM.

Malerezman, bann sa yo pa pou tout moun. Yo sèlman pou legliz pwofèt la… Glwa, se nou menm sa. Chak fwa nou jwenn yon ti moman, e chak fwa nou reyini ansanm, sèl sa nou vle fè se Peze Jwe pou n ka tande Vwa Bondye.

Gen lòt moun ki byen konprann sa. Senpleman, yo pa wè l menm jan avè nou. Yo konprann li menm jan an tou, men pou nou menm… Sa a tèlman bon pou n kanpe gade l; paske nou konnen se mwayen Bondye Papa bay pou jodi a.

Chak jou, mond lan ak moun ki ladan l yo vin pi deprime. Tout bagay parèt pi sonm e pi tris. Men pou Lepouz la, chak jou pote plis eksitasyon atravè Revelasyon. Nou an repo, nou ranpli ak Sentespri Li, epi nou chita ansanm nan lye Selès.

Èske w te janm mande tèt ou kijan sa te ye nan jou Lapannkot la, lè yon gwo van fò te soufle epi Sentespri a te ranpli chanm nan, ansanm ak tout moun ki te la yo?

Nou pa bezwen imajine l ankò. Vini jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke L ap rasanble èg Li yo ansanm, L ap ranpli kote w ye a ak Sentespri Li, epi L ap prepare nou pou Retou Li ki iminan, lè L ap ba nou manje Li te sere pou nou an. Nou pral manje e n ap bwè nan depo Li: Vwa Bondye ki sou bann yo.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Adopsyon #3 60-0522M

Ekriti:

Matye 28:19

Jan 17:7-19

Akt 9:1-6, Chapit 18 e 19

Women 8:14-19

1 Korent 12:12-13

Galat 1:8-18

Efèz Chapit 1

Ebre 6:4-6, 9:11-12

26-1101 Adopsyon #2

Mesagj: 60-0518 Adopsyon #2

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Cheri Mwen,

Èske nou pare, nou menm pitit gason ak pitit fi Bondye ki manifeste e ki adopte, pou nou chita ansanm nan lye selès, ini avèk Lepouz la toupatou nan mond lan, pou nou tande Vwa Bondye k ap pale avèk nou de bouch a zòrèy?

Wi!!! Nou pare pou n tande Vwa Bondye di nou egzakteman kiyès nou ye.

M rele w “cheri” paske se sa w ye. Noumenm—nou se cheri m yo. Ou konn kisa? Kite…Men yon Ekriti ki vin nan tèt mwen. Pòl te di, “Mwen fè jalouzi pou nou (Legliz Li a) avèk yon jalouzi diven, paske mwen fiyanse nou.” Men li, se egzakteman sa. Se sa menm. “Paske mwen fiyanse nou, fiyanse nou avèk Kris la, tankou yon jenn fi ki vyèj.”

Glwa pou Bondye, zanj Li a fiyanse nou avè L. Nou se vyèj ki pi devan Pawòl Li a, Mesaj sa a, devan Vwa Li ki sou bann yo. Kounye a, nou fiyanse ak Kris la.

Dimanch, n ap pare, avèk gwo atant. Nou pral mòde dwèt nou, sere konsyans nou, epi kenbe kè nou. Nou pral rele ankò, n ap fè lwanj pou Seyè a, n ap rele “amèn, alelouya”, menm jan sa te ye lè zetwal maten yo te chante ansanm epi pitit Bondye yo te rele de jwa; lè yo te wè plan delivrans lan, lè Bondye te ekri non nou nan Liv Li a anvan fondasyon mond lan.

Èske nou ka konprann ke Papa Bondye te tann NOU, depi nan kòmansman mond lan rive jis jodi a? Li te wè ki jan nou t ap manifeste nan dènye jou yo; Li t ap tann avèk enpasyans pou nou leve avèk pwisans Sentespri a, yon fason pou L ka revele nou bagay sekrè ki te rete kache jiska jodi a.

Atravè laj yo, pwofèt yo te tann pou bagay sa yo manifeste nan dènye jou yo. Papa Bondye nou te di Li te tann pou Legliz Li a grandi depi laj Luteryen an, laj Batis, laj Metodis, laj Pannkotis, e kounye a jiskaske Wòch final sa a pran pozisyon l. Lè sa a, Batiman an ap fini.

Jou Seyè a te pwomèt yo, jou Li te pale de yo e Li te anvi wè yo rive, e y ap akonpli devan je nou… EPI ANNDAN NOU. Kounye a, nou nan Jezikri, chita nan lapè Selès, benediksyon Selès, Lespri Selès, kote tout bagay pou nou. Nou nan Latè pwomiz la epi nou nan posesyon total de tout bagay.
Premye Semans Li a te rive nan matirite total epi Li te prezante devan Lepouz Li. Sentespri a te retounen al fè Papa Bondye rapò, epi Li te di sa konsènan zanj pwisan Li a:

Zanj ou a ap grandi nan gras! Li zele. Li pran mouton sa yo epi li konnen kijan pou l pran swen yo egzakteman tankou W. Li pap janm ba yo move alg. Li pap janm ba yo move zèb. Lè yo vin bò kote l, epi yo di: “Nou vle antre nan legliz la,” li reponn yo: “Fèmen bouch nou, nou pa bezwen sa! Non, mesye. Men sa nou bezwen: ‘Repanti, epi kite yo batize nou chak nan Non Jezikri, pou padon peche nou yo. Epi n ap resevwa don Sentespri a.'”

“O, èske li di sa toutbon?”

“Wi, Mesye, li di sa toutbon vre.”

“Ebyen, se egzakteman jan M te ekri L la.”

“Se egzakteman jan li di L la.”

“Ou konn kisa? Mwen te wè Achevèk Entèl di l ke li ‘pa ka vini nan vil sa a pou l fè yon reyinyon.’ Men, ou konn yon bagay, Mwen yon ti jan gide l; Mwen te di l: ‘Ale kanmenm.’ Yo te di l li ta pi bon pou l retire tout bann li yo, epi pou l pa kite yo sikile. Nou te ale kanmenm!”

“Sa se pitit gason Mwen Adopte a, sa M t ap tann nan. Kounye a M ka pale atravè li pou M revele tout mistè kache Mwen yo bay mouton M yo.”

“O Bondye Papa m.”

“Kounye a, èske Ou ta renmen m fè W yon rapò sou lòt pitit Ou yo?”

“Wi, kijan yo ye?”

“O Papa… Ou t ap tèlman fyè de yo. Yo vrèman sanble avè W. Vye achevèk sa yo kontinye di yo menm bagay la: pou yo pa ale nan legliz kote yo itilize bann yo pou tande Vwa W. Yo di bann yo pa Vwa ki pi enpòtan yo dwe tande a; gen lòt vwa ki pi enpòtan kounye a.”

“Èske W konn sa Mouton W yo di predikatè sa yo?”

“FÈMEN BOUCH NOU! N AP RETE AVÈK BANN YO, N AP RETE AVÈK VWA BONDYE A.”

“Èske se vre?”

“Wi, Seyè, yo sanble menm jan avè W.”

“O, ala bèl bagay! Sa fè M kontan anpil. Mwen t ap tann yo depi lontan. Kounye a, yo menm tou, yo pare pou ADOPSYON AN!!”

“Y ap nan pòs travay yo Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou yo tande Vwa W. Y ap ini, y ap rasanble toupatou nan mond lan, epi y ap envite tout moun vin jwenn yo.”

“Ala bèl bagay! M AP LA AVÈ YO.”

Frè Jozèf Branham

Rapèl: Pa bliye chanjman lè Lès la.

Mesaj: Adopsyon #2 60-0518

Ekriti:

Jenèz 1:26
Efèz Chapit 1
Women 8:19
Galat 1:6-9
Ebre Chapit 6
Jan 1:17

26-1025 Adopsyon #1

Mesagj: 60-0515E Adopsyon #1

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Fidèl An Jezikri,

Ala yon bèl moman n ap viv. Chak semèn, nou gen gwo atant lè nou reyini ansanm avèk Vwa Li. Lespri espirityèl nou klè nèt, san okenn konfizyon. Nou KONNEN egzakteman Kiyès Li ye. Nou KONNEN egzakteman kisa Li ye. Nou KONNEN egzakteman kiyès nou ye; yon sèl gwo fanmi AVÈ L!

“Li te fè lòm tounen yon dye amatè.” Paske Li se Bondye Papa a, e Li te fè lòm tounen yon dye amatè, kifè Li pa egziste poukont Li ankò, Li egziste ansanm ak fanmi Li. Ela, Ela, Elohim. Bon, kounye a Li se Jewova. Jewova, ki vle di, “Sila ki egziste ak fanmi Li.”

Se Vwa Jewova Li menm k ap pèfeksyone Lepouz Li. Li aprann nou kijan pou nou konbat tout ènmi ki atake nou; kijan nou ka bat yo epi ranpòte laviktwa sou yo avèk Pawòl la, paske Pawòl Li a vivan epi Li rete anndan nou. Li te ban nou asirans sa a: “NOU SE PAWÒL LA”. Kidonk, nenpòt bagay nou mande nan Non Li, nou ka resevwa l si nou kwè… E NOU KWÈ!

Li te pale e Li te revele nou kijan pou nou rive nan nivo gason ak fanm ki pafè, yon fason pou nou ka tounen yon plas kote Li abite. Li te bay siyal, Li te bay siyal ankò pou rasanble Lepouz Li renmen anpil la, pou fè nou konnen se Li menm ki Gid nou; e se atravè zanj Li te mete sou tè a pou sèvi kòm gid, William Marrion Branham, ke Li t ap dirije nou epi montre nou chemen an.

Kounye a, Li gen yon lòt leson espesyal Li vle anseye nou epi revele nou. Li vle deklare ke nou se pitit Li te adopte yo. Non nou gen menm valè ak Non pa Li. Nou soti kite Kanaran, nou soti kite mond lan, epi KOUNYE A, nou chita ansanm nan lye Selès, n ap manje Mann ki te sere a, Lamann ki te kache a.

Kounye a, Li pral di nou sa nou dwe fè pou nou prepare pou pwochen mesaj Li, e sa ki ka rive si nou fè sa.

Nou dwe prepare tèt nou an priyè epi pare pou Mesaj la; pou nou rasanble ansanm antanke sen pou n tande Vwa Li, pou n batize nan Sentespri a, epi pou n ranpli ak benediksyon Bondye; san okenn move panse, san okenn rankin youn kont lòt; pou n pale avèk lanmou e amoni; pou n fè yon sèl, ansanm nan yon sèl plas nan lye Selès, nan yon atmosfè Selès; avèk tout peche nou yo kouvri anba San an, nan yon adorasyon pafè; avèk men nou ak kè nou leve vè Bondye, pandan n ap adore ansanm nan lye Selès.

Si nou fè bagay sa yo, men sa k ap pase Dimanch sa a:

  • Gerizon divin
  • Presyans
  • Revelasyon
  • Vizyon
  • Pwisans
  • Pale an lang
  • Entèpretasyon
  • Sajès
  • Konesans
  • Benediksyon Selès
  • Yon lajwa nou pa ka esplike, ki ranpli ak Glwa

Chak kè pral ranpli ak Lespri a. Epi, toudenkou, yon son tankou yon gwo van k ap soufle fò pral soti nan Syèl la, epi Li pral beni nou ak tout kalite benediksyon espirityèl.

Se sa k pral pase Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, kote Bondye prepare yon plas espesyal kote Lepouz la ka rasanble ansanm pou tande Vwa Li nan yon sèl akò, nan yon sèl plas, avèk men nou e kè nou ki leve vè Bondye, pou n adore ansanm nan yon atmosfè Selès.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Adopsyon #1 60-0515E

Ekriti:
Jowèl 2:28
Efèz 1:1-5
1 Korentyen 12:13
1 Pyè 1:20
Apokalips 17:8
Apokalips 13

26-1018 Yon Gid

Mesaj: 62-1014E Yon Gid

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Moun Ki Gen Pwisans Espirityèl,

Bondye te pwomèt L ap voye yon gid pou Lepouz Li nan dènye jou sa yo, yon fason pou L te ka revele tèt Li nan chè, menm jan L te fè lè Li te vini sou tè a nan Pitit Gason L, Jezi. Li te di nou nan Pawòl Li ke Li t ap voye pwofèt Eli a, ki pral reprezante Fis de Lòm nan k ap revele tèt Li nan chè moun; paske Li gen anpil bagay pou Li di nou e pou anseye nou toujou.

Paske li p ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: e la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. Paske, Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.

Li te voye William Marrion Branham pou akonpli Pawòl Li epi pou fòme nou chak endividyèlman pou nou rive nan Grandè Jezikri; yon moun pafè ki te ka venk tout ènmi, epi ki t ap tounen yon moun ki gen pwisans espirityèl kote Sentespri a t ap ka viv.

Bondye toujou voye yon gid bay pèp Li. Men, pou w ka vin Lepouz Li, fòk ou aksepte gid sa a. Ou dwe kwè nan li. Ou dwe swiv chemen li montre a, sinon w ap pèdi wout ou. Kèlkeswa sa nou panse, kèlkeswa sa ki parèt rezonab oswa sa ki parèt ridikil, se pa nou menm ki pou jije sa; se gid la sèlman ki gen dwa fè sa.

Epitou Bondye te toujou voye gid Li yo, Li pa t janm rete san yon gid, atravè tout aj yo. Bondye te toujou gen yon moun ki reprezante L sou tè sa, nan tout aj yo.

Nou dwe rekonèt kiyès gid terès sa a ye k ap reprezante L isit la sou tè a; se la vrè Revelasyon Pawòl Li a ye.

Nou konnen Sentespri a se Gid Siprèm Papa a te voye pou gide Lepouz Li, men isit la, Bondye te di Li toujou voye yon moun pou sèvi kòm gid, pou reprezante Li epi pou gide Lepouz Li.

Gid nou an te di nou Kònèy te yon gran nèg ki te gen anpil respè ki te bati legliz. Li te konn fè charite epi li te konn lapriyè chak jou. Men, lè Sentespri a te vini, li te bezwen yon gid.

Bondye te voye Sentespri a ba li. Li te voye L pa Pyè an pèsòn: “Paske pandan Pyè t ap pale Pawòl sa yo toujou, Sentespri a te tonbe sou li.” Bondye te itilize Gid la atravè Pyè. Li te itilize Li, paske Li te gide Kònèy sou bon chemen an.

Pyè t ap pale toujou lè Sentespri a desann sou yo. Pyè di:

“Èske nou ka refize moun sa yo dlo batèm?” Ou wè, se toujou Gid la k ap pale, pa Pyè.

Se pa yon moun k ap dirije nou; se Sentespri a k ap dirije nou, SE LI MENM K AP PALE ATRAVÈ MOUN BONDYE TE CHWAZI POU SÈVI KÒM GID NOU SOU TÈ A.

Sentespri a, k ap pale atravè zanj k ap sèvi kòm gid Li a, ap toujou pwononse Pawòl la. Li te di nou: “M gen anpil bagay pou m di nou. Nou pa ka konprann Sa a kounye a, men lè L vini, L ap gide nou vè Sa a.”

Jan te enspire lè li te ekri liv Apokalips la. Se Gid la ki te dirije l. Se Gid la ki te dirije l tou pou l di: “Nenpòt moun ki retire yon Pawòl ladan L, oswa ki ajoute yon mo ladan L, y ap retire pòsyon pa l nan Liv Lavi a.”

Sentespri a te pouse Frè Branham tou pou l di ke nou dwe di sèlman sa ki sou bann yo; nou pa dwe ni ajoute ni retire anyen ladan yo. Epi, Li bay yon mwayen pou nou ka fè egzakteman sa l te mande nou fè a: Peze Jwe.

Kounye a, kijan w pral mete yon bagay nan plas Pawòl Bondye a, epi kontinye di ou kondwi pa Sentespri a?

Se Sentespri a k ap dirije nou, se Li menm ki ban nou Revelasyon sou kiyès Li ye, sou kiyès Li te voye kòm gid sou tè a pou rele Lepouz Li, epi kounye a, Li ban nou wòch final sa a: Revelasyon sou kiyès nou ye. Pa gen mo pou eksprime l.

Gade sa L fè pou nou, nan kèk semèn ki sot pase yo sèlman. Li aprann nou kijan pou nou venk nenpòt ènmi ki parèt devan nou; kijan pou nou rale Epe LAFWA nou an epi frape l jiskaske l mouri. Nou pa gen anyen pou nou pè. Pa gen anyen ki ka kanpe devan nou.

Ala manje L sere pou nouri Lepouz Li. Menm lè mesaje Li a lwen, nou toujou gen yon Gid ke mond lan pa konn anyen sou li; men pou Lepouz Li, se Manje Espirityèl nan Bon Sezon an, se Lamann Kache ke n ap manje chak jou.

Li fè nou rive grandè yon nonm ki pafè, yon fason pou L ka viv epi rete anndan nou chak. Li voye Sentespri Li ban nou epi Li revele tèt Li nan chè, menm jan L te fè sa sa gen 2 000 an, pou L vin Gid nou, k ap viv epi k ap pale atravè gid terès Li a.

Mwen envite nou tout vin tande vwa L k ap fè: “Kwen-kwen, kwen-kwen!” yon siyal kote Lepouz la ap dirije l dirèkteman vè Son sa a. L ap fè: “Kwen-kwen, kwen-kwen!” e se pa ti kras jibile k pral genyen toupatou sou latè a. Poukisa? Paske Lepouz la konn Vwa Gid li a.

Si w pa vle pèdi, vin koute Gid nou an alò ke L ap pale atravè gid Li te chwazi sou tè a, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville.

Frè Jozèf Branham

Mesaj:
62-1014E – Yon Gid

Ekriti:
Mak 16:15-18
Jan1:1 / 16:7-15
Akt 2:38
Efèz 4:11-13 / 4:30
Ebre 4:12
2 Pyè 1:21
Egzòd 13:21

26-1011 Grandè Yon Nonm Ki Pafè

Mesaj: 62-1014M Grandè Yon Nonm Ki Pafè

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Grandè Yon Nonm Ki Pafè,

Ala yon fòmasyon n ap resevwa! Vwa Bondye a ap pale avèk nou e L ap enstwi nou, Pawòl sou Pawòl sou Pawòl, egzakteman kijan pou nou kraze tout ènmi. Li revele verite sa a epi Li grave l nan kè nou: NOU SE PAWÒL LA. Konsa, yo pa ka bat nou.

Lè lènmi an vin atake nou, nou senpleman frape l, frape l, epi frape l ankò avèk bonm atomik nou an: Pawòl Bondye a ki Pwononse,ki vivan epi ki rete anndan nou.

An verite, batay la pare, men kounye a nou pa pè ankò; nou pa gen okenn enkyetid ankò. Nou pa koute konsyans nou. Nou pa koute sa memwa nou di nou. Nou pa koute emosyon nou. Nou fèmen lespri nou devan bagay sa yo epi nou mete Lespri Pawòl Li a nan kè nou epi nan nanm nou. Nou chase tout bagay ki kontrè ak Pawòl Li.

Pa gen okenn dout ankò. Nou pa pè ankò. Tout santiman dout disparèt. Tout emosyon disparèt. Pa gen anyen ki rete la a sof Pawòl Bondye a k ap viv e ki rete anndan nou, epi Satan pa ka goumen kont Sa.

Nou vin tounen Tabènak vivan Bondye vivan an. Se Bondye k ap viv anndan nou, Li fè nou vin sanble avè L, epi Li fè nou reflete sa Li ye anndan nou.

N ap pran plas Kris la, n ap kontinye ministè Li. Li rete sou fòm yon moun alò ke Li reflete tèt Li nan nou. Kounye a, nou gen yon adorasyon pafè avè L! Se Bondye k ap manifeste tèt Li nan nou, paske nou se Tabènak Li.

Ki fondasyon solid nou genyen ki fè ke nou kwè bagay sa yo? LAFWA. Epi lafwa nou pa bezwen anyen lòt; paske lafwa nou kwè nan Pawòl Bondye a. Paske lafwa vini de sa nou tande, e sa nou tande vin de Pawòl Bondye, e Pawòl Bondye a vin sèlman a pwofèt la, epi se sèlman lè nou Peze Jwe ke nou ka TANDE pwofèt la… BOUM!!

Lè nou koute Vwa Li, nou resevwa Pwisans Li anndan nou, epi nou mouri parapò ak pwòp fason nou panse. Lafwa nou vin tounen yon lafwa otantik, epi Lavi Li vin plen nou. Nou vin tounen kreyati vivan Bondye, yon kote Sentespri a ka voye bèl benediksyon Li yo sou nou.

Ki sa Vwa sa a ap fè sou bann yo?

Kris te voye m bati endividi pou mennen yo nan grandè Jezikri a, konsa yo te ka vin santral enèji a ak plas pou Lespri a abite, pa Pawòl Li. Pa Pawòl Li, ou wè, bati endividi a pou vin nan plas sa a.

Lè nou tande vwa Li, epi nou kwè nan Pawòl Li epi nou swiv Li, sa bati nou pou nou rive nan grandè Jezikri; pou nou tounen yon plas kote Lespri Li abite. Nou se yon vèti vivan, yon konesans vivan, yon pasyans vivan, yon sentete vivan, yon Pwisans vivan, ki vini de yon Bondye ki vivan, ki fè nou tounen yon moun vivan, yon imaj vivan, dapre grandè Bondye.

“Men Ou te prepare Yon Kò pou Mwen,” yon Kò ke Bondye ka abite ladann, Bondye ka mache ladann, Bondye ka wè ladann, Bondye ka pale ladann, Bondye ka travay ladann. Amèn! Yon ajan vivan Bondye, Bondye k ap mache sou de pye, nan nou. Glwa! “Bondye òdone mak pye jis la,” Bondye ap mache nan nou. “Paske nou se lèt ki ekri, ke tout òm li.”

Glwa…!!! Kidonk, sa pa deranje nou si n ap viv nan yon tant oswa nan yon ti kay, si n ap viv ou mouri, si n ap koule ou n ap nwaye. Se sèl bagay ki enterese nou, MESAJ SA A, VWA SA A, PAWÒL BONDYE A. Se Wayòm Bondye a. Se mwayen ke Bondye bay pou epòk jodi a. Se bati Grandè Yon Nonm Ki Pafè, e se NOU MENM SA!

Ann rasanble ansanm pou nou egzamine lavi nou pandan n ap koute Pwofesè nou an k ap montre nou sa nou dwe fè, ak fason nou dwe viv, pou nou ka tounen pitit gason ak pitit fi Bondye ki P-A-F-È.

N ap fè Seyè a pwomès ke avèk èd Li ak gras Li, n ap priye L epi n ap chèche L chak jou san rete, jiskaske nou santi koule bagay Sa yo nan tout grandè nou. N ap rete nan pozisyon sa a jiskaske nou vin tounen yon manifestasyon Kris ki vivan.

Chak semèn, eksitasyon ak antisipasyon pou sa Seyè a pral fè epi revele nou yo enposib pou eksprime. Ala mwen ta renmen pou lemonn antye vin jwenn nou, paske pa gen anyen ki pi gran ou ki pi pafè pase chita nan prezans Vwa Bondye a epi vin tounen yon Lepouz ki gen Grandè Pafè Pawòl Pafè Li a.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Grandè Yon Nonm Ki Pafè 62-1014 M

Lè: midi, lè Jeffersonville, IN

Ekriti:
Matye 5:48
Lik 6:19
Jan 1:1 / 3:3 / 3:16 / 5:14 / 14:12
Akt 2:38 / 7:44-49 / Chapit 10 / 19:11 / 28:19
Efèz 4:11-13
Klosyen, chapit 3
Ebre 10:5 / 11:1 / 11:32-40
Jak 5:14
2 Pyè 1:1-7
Ezayi 28:19

26-1004 Pi Gran Batay Ki Te Janm Livre A

Mesaj: 62-0311 Pi Gran Batay Ki Te Janm Livre A

PDF

BranhamTabernacle.org

Chers Michée,

La plus grande bataille qui a jamais été livrée est maintenant prête à s’engager. Depuis plus de six mille ans, Dieu sélectionne Ses soldats d’élite, et vous avez été prédestinés et choisis pour faire partie de Sa Grande Armée.

Il vous a vêtus et vous a entraînés, et le front de bataille est maintenant en place, on se prépare à commencer. Non seulement Il vous a choisis pour faire partie de Sa Grande Armée, mais Il vous a sélectionnés pour être un Michée, le prophète, dans Son armée.

Le moment est venu, le jour est arrivé : vous allez recevoir votre entraînement directement de la Colonne de Feu Elle-même, afin de pouvoir vaincre chaque ennemi. Vous allez recevoir des directives spéciales, Parole sur Parole, quant à ce que vous devez faire pour anéantir tous les mauvais esprits. Cela fera sauter toutes les maladies et tous les démons qui viennent devant vous. Rien ne peut vous faire obstacle.

Après cet entraînement spécial, vous serez tellement fortifiés par Sa Parole que vous chasserez toute espèce de méchanceté. Vous renverserez le raisonnement. Vous renverserez les superstitions. Vous renverserez l’inquiétude. Vous renverserez les maladies. Vous renverserez le péché. Vous comprendrez que vous êtes au-dessus de cela, ressuscités en Jésus-Christ, assis dans les lieux Célestes, avec tous les démons sous votre pied. Vous comprendrez pleinement et CROIREZ pleinement que vous êtes la Parole.

Il vous entraînera à savoir quoi surveiller. Il vous enseignera que si votre ennemi peut vous amener à croire que votre Arme n’est pas assez puissante, il vous désarmera.

Mais nous n’oublierons pas notre entraînement, soldats, et nous dirons à ce démon : Ce n’est pas nous, nous ne sommes rien. Notre arme, c’est la Parole de Dieu, et Elle vaincra TOUS LES DÉMONS, en tout temps, en tout lieu, parce que c’est SA PAROLE, ET IL NOUS A ENTRAÎNÉS ET NOUS A RÉVÉLÉ QUE NOUS SOMMES MAINTENANT SA PAROLE FAITE CHAIR. PAR CONSÉQUENT, nous ne pouvons pas être vaincus, nous sommes l’armée invincible de DIEU.

L’un des plus grands jours dans l’histoire du monde aura lieu ce dimanche-ci. Ses Michée seront réunis, partout dans le monde, sous la grande Voix de leur Général, où nous serons liés si étroitement, d’un commun accord, qu’il n’y aura pas l’ombre d’un doute nulle part.

Alors, si seulement nous croyons, ET NOUS CROYONS CERTAINEMENT, alors il n’y aura plus une seule personne faible autour du monde. Si seulement nous pouvons régler cette chose-là, alors il n’y aurait personne qui désire le Saint-Esprit, qui ne Le recevrait, et il y aurait une guérison spontanée à la fois de l’âme et du corps, si seulement nous restons à notre position. C’est maintenant le moment. Nous sommes ces gens-là. L’Esprit de Dieu a levé un étendard contre tous les démons; nous sommes L’UN D’ENTRE EUX, et il n’y a rien qui puisse nous arrêter!!

Nous sommes morts à nos sens, morts à notre raisonnement, morts à toutes ces choses. Notre vie est cachée et nous sommes ensevelis au Nom de Jésus-Christ, et ressuscités avec Lui. Et partout où Il est, nous y sommes aussi.

Nous avons donné des coups de bec pour nous en sortir, démon, en t’attaquant à coups d’“AINSI DIT LE SEIGNEUR, AINSI DIT LE SEIGNEUR, AINSI DIT LE SEIGNEUR”. Finalement, nous commençons à sentir de l’air frais. “AINSI DIT LE SEIGNEUR.” Nous voici, démon, notre tête est sortie de la coquille. “AINSI DIT LE SEIGNEUR, TU ES VAINCU.”

Avec quoi vainquons-nous le diable?

La Parole!
Disons-le : La Parole! La Parole! LA PAROLE!!

DIRECTIVES D’ENTRAÎNEMENT SUPPLÉMENTAIRES

Bon, quand l’ennemi attaque et essaie de dire que vous devez faire ceci, que vous devez faire cela, que vous ne valez rien, que vous n’êtes pas dignes, que vous n’êtes pas guéris, que vous avez toujours les mêmes problèmes. Qu’allez-vous faire?

“Éloigne-toi de moi.” Vlan! Tranchez-le avec la Parole. Que ce soit un démon, que ce soit un ennemi, que ce soit une maladie, que ce soit une infirmité, quoi que ce soit, prenez cette Parole et dégainez-La, par l’Épée. Et si, la première fois que vous donnez un grand coup, ça n’a pas l’air de bouger, donnez encore un grand coup, et donnez encore un grand coup, et donnez encore un grand coup.

Nous acceptons tout simplement la Parole, en nous basant sur : “Dieu l’a dit”, et alors il y a un courant qui passe entre vous et Lui. Tous les canaux se sont ouverts entre nous. Nous disons : “Je ne sais pas quand je vais l’avoir, mais je vais l’avoir. DIEU L’A DIT. Tous les doutes sont PARTIS…nous doutons même de nos doutes.”

Nous résistons au diable et nous prenons la Parole de Dieu. Si j’ai une sensation, ou pas de sensation, quoi qu’il arrive, Dieu l’a dit. C’est réglé.

Suivez ces consignes, soldats, à la lettre. Répétez ces Paroles quand l’ennemi attaque. Ce ne sont pas vos Paroles à vous, ce sont SES PAROLES À LUI, ET SES PAROLES NE PEUVENT PAS FAILLIR. Il nous a donné pleins pouvoir pour utiliser Sa Parole en faisant de nous Sa Parole. Quand Satan attaque, lisez-lui vos consignes.

LES DIRECTIVES DE NOTRE GÉNÉRAL

Voici exactement ce que Je veux que vous fassiez.

Répétez ce serment et croyez chaque Parole pour obtenir une délivrance complète.

Satan, retire-toi! Je sors d’ici.

Je ne reste plus couché ici. Je ne reste plus assis ici. Je ne suis plus sur ce vieux terrain du diable. Je donne des coups pour sortir d’ici, ce matin.

Je suis un aigle. Amen! Alléluia!

Puis, Je veux que vous fassiez ceci :

Attaquez à coups d’“AINSI DIT LE SEIGNEUR. AINSI DIT LE SEIGNEUR. AINSI DIT LE SEIGNEUR”.

Ouvrez votre pensée, dites : “Ta Parole est vraie.”

Seigneur, je ne prêterai aucune attention à ce que je ressens, à ce que qui que ce soit, à ce que le moi peut dire. Je bloque tout, j’évacue toutes mes voies d’accès, toutes les contrariétés, tous les doutes et toutes les incrédulités que j’ai jamais eus. Tout sentiment que j’ai jamais eu, toute maladie que j’ai jamais eue, et tout ce que j’ai jamais eu, j’évacue tout ça. Je fais abstraction de tout ça. Je viens directement à mon esprit.

Votre FOI commencera à s’élever de plus en plus haut. Alors dites-Lui : “Ô Seigneur, descends. Tu as dit que Tu m’avais donné le libre arbitre.”

“Tu l’as, Mon fils.”

Très bien, j’ouvre mon cœur et ma pensée.

“Entre, Seigneur Jésus.”

Saisissez la Foi, cette Épée de l’Esprit, AINSI DIT LE SEIGNEUR.

Criez : “Alléluia!” Amen.

Ensuite abattez tous les ennemis devant vous. Amen. Voilà. Tranchez tous les ennemis. S’il y a une—une espèce d’esprit fantomatique, qui fait que vous vous sentez tout… Retranchez-moi ça, avec la Parole du Seigneur.

VOS DIRECTIVES FINALES, SOLDAT.
DITES À L’ENNEMI :

“Éloigne-toi de moi.” Vlan!

Tranchez-le avec la Parole. Que ce soit un démon, que ce soit un ennemi, que ce soit une maladie, que ce soit une infirmité, quoi que ce soit, prenez cette Parole et dégainez-La, par l’Épée. Et si, la première fois que vous donnez un grand coup, ça n’a pas l’air de bouger, donnez encore un grand coup, et donnez encore un grand coup, et donnez encore un grand coup. Et donnez de grands coups, jusqu’à ce que vous fassiez un trou dedans, comme un petit poussin qui sort de là; ou, un aigle, dans votre cas, c’est ça. Continuez à sortir de cette vieille coquille de la maladie. Taillez-vous un chemin pour sortir, et dites : “Alléluia!

Où est le suivant?“ Amen. Voilà la bataille. Voilà un soldat. Voilà le soldat de la croix. Oui monsieur. Éliminez tous les ennemis. Pourquoi? Pourquoi?

Nous, une Semence royale d’Abraham, prédestinée.

Gloire, tous les ennemis sont vaincus. RIEN ne peut se tenir devant la Parole de Dieu, et nous sommes la Parole de Dieu. Nous sommes Sa Semence royale, et chaque promesse nous APPARTIENT.

Le jour est arrivé, l’Épouse croit chaque Parole et agit selon cette Parole. Nous nous sommes préparés en écoutant et en croyant Sa Parole.

Si vous avez besoin de quoi que ce soit, si vous voulez être remplis du Saint-Esprit, si vous voulez être guéris, si vous voulez que tous les démons soient chassés, si vous voulez être l’Épouse de Christ, c’est maintenant le moment; écouter et croire Sa Voix, c’est l’endroit.

Si vous désirez ces choses et que vous voulez être dans la présence du Seigneur, plus près que jamais vous ne l’avez été auparavant, venir vous joindre à nous ce dimanche, à midi, heure de Jeffersonville, alors que notre Général à quatre étoiles enseignera à Sa puissante Épouse Michée comment vaincre tous les démons, tous les ennemis, comment être libérés, être remplis de Son Saint-Esprit, et être prêts pour Sa Venue imminente.

Fr. Joseph Branham

Message : La plus grande bataille jamais livrée. 62-0311

Passages des Écritures :

I Pierre 5.8-10
Éphésiens 6.10-17
Daniel 12.1-7

26-0920 Semans Diskòd La

Mesagj: 65-0118 Semans Diskòd La

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme 1 of TM [Youn nan Yo – N.D.T.],

Lè moun mande nou:

K: Èske ou se youn nan moun ki “peze Jwe,” ki koute bann, epi ki kwè ke Bondye te voye William Marrion Branham pou rele Lepouz Bondye a pou L soti?

R: WI, m se Youn Nan Yo.

K: Èske ou kwè chak Pawòl ki pwononse sou Bann sa yo?

R: Lwanj pou Seyè a, m se Youn Nan Yo.

K: Kidonk, ou dwe kwè tou ke ou dwe peze Jwe epi koute Vwa Li pou ou ka Lepouz Kris la?

R: Glwa, se egzakteman sa mwen ye, se mwen menm nèt ale… M se Youn Nan Yo.

K: Ou vle di m ke ou vrèman kwè ou se youn nan moun Li chwazi yo, moun Li elu yo, Semans Wayal Li, ki te predestine depi fondasyon mond lan pou kwè nan Pawòl Li, pou vin Lepouz Li, e ke ou pafè nan je Li, san okenn peche, e ke pa gen okenn fason pou yo ka twonpe w?

R: Alelouya, ou byen konprann, se mwen menm, 110%, M SE Youn nan Yo.

Dapre Jezi Li menm, nou se entèpretasyon Pawòl Li a. Pitit Wayòm nan. Manifestasyon Sentespri a. Semans Wayòm nan nan laj sa a.

Ou konn yon bagay? Li lè pou tout moun konnen egzakteman kiyès nou ye, pou pa gen okenn malantandi. N ap kite Bondye pale atravè pwofèt Li epi mete tout bagay ansanm pou ou.

Menm Pouvwa sa a ki te kreye mond lan atravè Pawòl la rete nan moun ki gen Sentespri a. Se vre. Mesye dam, li lè pou nou konnen kiyès nou ye. Dyab la ap eseye kenbe nou kache, li di nou ke nou kapon. Nou pa sa. Nou se pitit gason ak pitit fi Bondye.

Divinete a pa nan Syèl la; li anndan nou. Alelouya!

R: Divinite a pa nan Syèl la; Li viv epi Li rete lakay nou chak!

Avèk chak nouvo jou, avèk chak souf nou pran, Revelasyon Li ban nou sou kiyès nou ye a ap vin pi gran toujou. Nou se Pawòl vivan an k ap viv nan lachè.

Nou konn sa paske Li ban nou Revelasyon sou moun Li te voye nan epòk nou an; moun Bondye Li menm te di, nan Apokalips 22, ke Li t ap voye pou preche epi anseye Pawòl Li a.

Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou l temwaye bagay sa yo pou nou nan Legliz yo.

Li te voye zanj Li, William Marrion Branham, pou pale nan LEGÈZ LI YO… Sa, zanmi m, sa vle di JWE BANN YO NAN LEGÈZ NOU YO. Ou pa menm bezwen yon revelasyon pou sa; ou jis bezwen li.

Dapre Pawòl la, sa a se epòk ki gen plis twonpri nan listwa mond lan. Lespri verite ak lespri manti a pral tèlman sanble ke li ta sedui menm elu yo, si sa te posib.

Bondye voye Zanj LI nan legliz yo. Nou gen Vwa Li nan pwent dwèt nou. Nou ka tande, egzakteman mo pou mo, sa L te pwononse. Li pa bezwen okenn eksplikasyon ni entèpretasyon; tout sa Lepouz la gen pou L fè se PEZE JWE epi KWÈ.

Li te avèti nou: pa chanje menm yon ti detay nan bann yo. Pa mete pwòp konpreyansyon ou lide pa nou ladann; jis koute Vwa M epi kwè. Jiska prezan, sa pa t posib, men jodi a li posib, paske se mwayen sa a Bondye bay pou jodi a.

Nou fèk sot koute Sèt Laj Legliz yo, epi nan chak laj, lespri sa yo te leve pou detounen moun yo lwen vrè Pawòl la. Nan chak laj, apre mesaje a te fin ale, yo te fè sa yo te fè a pou detounen moun yo epi mennen yo nan direksyon yon kwayans ou yon dogm; nan direksyon tèt yo avèk lide yon moun.

Jodi a, y ap eseye detwi enfliyans nou an lè yo di: “O, yo kwè bann yo se Vwa a ki pi enpòtan ke nou ta dwe tande. Fòk nou nou jwe bann yo nan legliz nou…sa absid. Frè Branham pa t di pou nou jwe bann yo nan legliz la. Kounye a, se vwa ministè yo nou ta dwe tande.”

Pou mwen menm, sa a se semans diskòd la! NOU DWE PEZE JWE epi koute Vwa Bondye nan legliz nou yo, paske se SÈL Vwa ke Bondye konfime Li menm. Nou dwe obeyi chak Pawòl Bondye te pwononse.

Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou l temwaye bagay sa yo pou nou nan Legliz yo.

Zanj sa a ki konfime ap pale nan Legliz nou, kidonk mwen envite nou pou nou vin jwenn nou pou tande Vwa sa a ansanm avèk Lepouz Li atravè mond lan, a midi lè Jeffersonville, pou koute: 65-0118 – Semans Diskòd La.

Frè Jozèf Branham