26-0524 Kisa Atraksyon Sou Montay La Ye?

Mesagj: 65-0725E Kisa Atraksyon Sou Montay La Ye?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Èg Ki Rasanble,

Ki gwo atraksyon sa a k ap fèt toupatou nan mond lan? Moun ki soti toupatou nan mond lan ap rasanble a midi lè Jeffersonville, chita lakay yo oubyen nan legliz yo avèk gwo atant, ap tann pou yo tande Vwa Bondye k ap pale avè yo.

Pou lemonn sa sanble etranj e fou pou nou annik koute bann. Yo di nou ka koute bann yo nenpòt ki lè. Pa gen anyen pou tout moun koute an menm tan. Nou ta dwe koute yon ministè an dirèk, yon predikatè, pa sèlman bann yo. Yo kole nan tradisyon yo.

Pa gen anyen konsa ki janm rive nan listwa lemonn. Kisa ki atire moun sa yo pou yo ini an menm tan pou yo tande Vwa sa a k ap rele Lepouz Li a? Se Bondye k ap akonpli Lik 17:30. Se Bondye k ap akonpli Apokalips 10:7. Se Bondye k ap revele Ebre 13:8, Mèlkisedèk nan chè imen, menm jan Li te fè ak Abraham.

Y ap tann epi y ap mande tèt yo, kisa L pral di? Kisa k ap rive lè L kòmanse pale? Yo vle la an dirèk pou yo ka tande nenpòt sa L ap di. Yo vle L. Yo vle tande L an menm tan avèk Lepouz la toupatou nan mond lan. Paske yo kwè ke se li menm ki vwa a ke Bondye te chwazi pou l vin Vwa Li pou l rele epi gide Lepouz Li a.

Malgre yo gen plizyè lè diferans, yo tout fòme YON SÈL INITE, branche, ap koute Vwa sa a k ap pale avè yo depi Legliz Lakay yo. Yo chita nan prezans Pitit la, ap miri epi ap tann pou Mesi a vini.

Kè yo ap bat vit. Sentespri a ap revele yo sa k ap pase a. Bondye tann jouk jounen jodi a pou manifeste Pawòl Li epi rasanble Lepouz Li. Sa ap fèt, epi yo fè pati de Sa. Reyalite sa k ap pase a ap antre nan kè yo. Yo li sou sa nan Lekriti yo pandan plizyè syèk, men kounye a se yon reyalite. Revelasyon Pawòl la ap manifeste atravè yo. Pwofesi pwofèt yo ap akonpli.

Alò ke yo chita anba gwo onksyon Vwa puisan Li a, Li pwoklame yo pou yo prepare; paske aswè a Li pral priye pou yo chak. Li di nou ke lè Li kòmanse priye, nou dwe poze men nou sou moun ki malad yo, paske omniprezans Bondye a toupatou avè yo, kèlkeswa kote yo ye: Texas, lòt bò Kalifòni, anwo Arizona, Amerik di Sid, menm nan ti kay ki nan lajangl lòt bò mond lan. Kèlkeswa kote y ap koute, poze men youn sou lòt lè nou kòmanse priye epi Bondye ap geri yo chak, si yo kwè, paske Se Men Sa Seyè A Di.

Kounye a yo konprann ke nan chak epòk e atravè chak pwofèt, kit se nan tan lontan kit se nan tan kap vini, pral gen yon sèten kantite moun ki predestine pou tande Mesaj sa a, epi y ap swiv Li. Y ap inyore foul moun yo. Y ap inyore kritik enkwayan yo ki di li pa bon, oubyen ke se pa chemen Bondye bay la. Yo pa diskite avè yo. Yo gen yon sèl bagay yo DWE FÈ: kwè epi pran chak ti moso ladan L, tout sa yo kapab, pou absòbe L, tankou Mari, ki te chita nan pye Jezi. Yo pa wont; yo tèlman fyè pou yo di ke yo se moun bann ki peze jwe.

Vwa sa a deja avèti yo ke pral gen moun ki pral wen nan fen tan an ki pral gen yon gwo onksyon, Sentespri a. Yo pral site pwofèt la ak Mesaj lè a; yo pral pretann yo se kwayan, men yo se fo wen.

Yo t ap tèlman pre vrè onksyon an ke li t ap twonpe menm elu a si sa te posib, men yo konnen yo pa ka sedui, paske yo SE PAWÒL LA. Yo se vrè Lepouz la ki rete avèk Vwa Bondye a.

Vwa sa a di yo ke nan jou sa a, Li p ap yon sitwon oswa yon panplemous. Sa t ap fasil pou wè diferans lan. Men, l ap yon tanjelo, mwatye sitwon, mwatye zoranj, yon espès melanje. L ap sanble yon zoranj, men li p ap sa, paske nouvo pye rezen sa a ap 100% tankou orijinal la. Y ap RETE avèk Vwa-Pawòl orijinal sa a. Yo p ap pran okenn chans. Y ap rete avèk sila a ke Bondye Limenm te deklare se VWA LI, PAWÒL LI, ki konfime pa Kolòn Dife a.

Kisa k ap pase?

Semans Bondye a, ki te predestine, pa ka fè anyen lòt ke swiv epi koute Vwa sa a, paske Li vo plis ke lavi pou yo. Ou ka pran vi yo, men ou pa ka retire yo Vwa sa a.

Kisa ki atraksyon an?

Bondye, kòm dabitid, k ap akonpli Pawòl Li.

Vini jwenn nou epi fè pati pwofesi pwofèt la k ap akonpli Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Ekriti k ap manifeste.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 65-0725E “Kisa Atraksyon Sou Montay La Ye?”

Ekriti:
Matye 21:1-4
Zakari 9:9 / 14:4-9
Ezayi 29:6
Apokalips 16:9
Malachi 3:1 / chapit 4
Jan 14:12 / 15:1-8
Lik 17:22-30