21-0905 Eseye Rann Bondye Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

Mesagj: 65-0718m Eseye Rann Bondye Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè legliz vwa Bondye a,

Nou se legliz vwa Bondye li a, nou se lepouz cheri li a, e nou kapab rete tande papa ap pale e revele l nou dimanch sa.

Nou genyen vwa Bondye vivan ak tibout dwèt nou. Avèk yon touche ak dwèt nou kapab tande Bondye kap pale atravè lèv imèn, pawòl lavi etènèl. Avèk yon dwèt li pale ak nou e revele nou tout mistè ki te kache anvan monn lan te fonde.

Avèk yon dwèt li reponn tout kestyon nou genyen sou kè nou. Avèk yon dwèt li di nou chak bagay nou bezwen konnen. Avèk yon dwèt nou kapab tande vwa Bondye ki ap pale ak nou e ki ap ban nou lafwa pou anlèvman. Pa yon dwèt nou kapab tande Bondye pale e di nou nou geri.

Lè enmi an di nou nou pa lepouz Bondye a, nou se yon echèk, avèk yon dwèt nou peze bouton jwe a e nou tande papa pale ak nou, di nou asire nou,” Nou se lepouz chwazi mwen. Mwen te predestine nou anvan monn lan te fonde. “

Lè nou bese nan lespri e enmi an ap atake nou nan chak ang, avèk yon sèl dwèt nou kapab tande li ap pale ak nou e senpleman di, “bonjour zanmi yo,” e lapè sentespri a plen chanm lan.

Lè nou tande ENMI AN DI nou annik ap suiv yon nonm e nou mete anpil sou li, annik avèk yon sèl dwèt nou tande vwa Bondye di nou:

Li te di mwen si mwen rive fè pèp la kwè nan mwen. Sa parèt etranj pou mwen pou m di sa,” pou nou kwè nan mwen? “Nou te di, eske nou pa sipoze kwè nan Bondye?” Nou dwe kwè sa. Nou kwè nan Bondye e nou dwe kwè nan Kris, e nou dwe kwè nan sentespri a. Answit aprè fin kwè nan yo tout, Bondye vle nou kwè nan mwen.

Lè enmi an ap eseye di nou, sa se pa ekriti a e se fo pou vin rasanble nan menm tan an e pou nou annik tande band yo,” annik avèk yon sèl dwèt nou tande vwa Bondye ki nou:

E legliz sa ,e band sa yo, pèp band sa yo, e moun sa yo ki branch nan lòt nasyon, mwen di nou tande sa avèk anpil atansyon, e sa pa manke l.

Lè enmi an di frè Branham di rete ak pawòl la, se pa band yo avèk yon sèl dwèt nou vwa Bondye a kriye e di:

Alò mwen di sa, nan non Seyè Jezi Kris: Pa ajoute yon bagay, pa pran yon bagay, pou n mete pwòp lide nou nan sa, nou ka annik di sak te di band yo, nou annik ap fè sa Seyè Bondye a te ban lòd pou nou fè; nou pap ajoute nan sa!

Vwa sa di nou souvan kouman pou nou konsilte li avèk pawòl la pou nou pa fè erè.

Genyen senk bagay nou dwe konnen. Li genyen l nan fason sa. .Tan li a . Sezon li a Lòm li chwazi a .Li dwe vini ak yon pwofèt .Pwofèt la dwe yon pwofèt akonfime.

Pwofèt nou se Jezi Kris.

Pawòl konfime nan lè! Pawòl konfime nan jou Moyiz la se te Jezi pawòl la Konfime nan jou Ezayi, lan jou Eli, lan jou Jan, lan tout jou, se te Jezi, menm lan yè, jodi a e pou toutan.

Avèk yon sèl dwèt nou kapab peze bouton jwe a e tande Jezi Kris li menm kap pale e revele li ak nou:

. Nan tan li, .Nan sezon li, .Nan nonm li chwazi a .Nan pwofèt mwen, .Nan pwofèt li te konfime plis pase lòt pwofèt mwen yo.

Jodi a nou pa sèlman genyen Bondye lan syèl la ap pale ak nou, men li nan nou, lap rete nan nou, e lap viv nan lavi nou. Li se yon pati de konpreyansyon nou.

Kite nou sèl fè nou prepare. Tan an pwòch. Nou ekriti yo ap akonpli chak jou. Li mesaj li tankou nouvèl jodi a:

” Pèpleksite nan tan an, detrès nan mitan nasyon yo, tè a ap tranble nan divès kote, lanmè a gwonde, kè lòm ap fayi ak lapèrèz.”

Nati a limenm di nou jodi a, kòm nou wè nasyon yo ap kraze, tè a ap souke, men an ap ekri sou mi an.

Nou wè lepouz la e eta nan li ye. E nou konnen, pa nati a legliz la prepare pou l pati.

Glwa, nou prepare pou nou pati. Avèk annik yon sèl dwèt ou kapab fè ou prepare. Mwen envite ou pou ou vin jwenn nou dimanch ak katòzè lè Jeffsonville pou nou tande: eseye fè yon sèvis pou Bondye, san volonte Bondye a 18-07-1965 Am.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan sèvis la:

Detewonòm 4:1-4/4:25-26
1 Kwonik 13
1 Kwonik 15:15
Sòm 22
St Mak 7:7
Jowèl 2:28
Amòs 3:7
Malachi 3
St Matye11:1-15
1 korentyen 13:1