ÈG YO AP RASANBLE

12/06/2021

>>>21-0613 Ilay Mpanjaka Nolavina<<<

05/06/2021 Nou te wè Bondye pisan ki nan pwòp pawòl li yo, branham. Org

Chè bebe Bondye yo,

Nou te wè Bondye pisan an nan pwòp pawòl li yo avegle je entèlijan yo ki te edike e pèp relijiye nan aj prezan sa; men li revele l ak nou, chak bebe yo ki vle aprann, bebe Bondye yo. Nou pa kapab, e nou pa pral fè l ,tande sa tout lòt Pawòl lòm. Pa sousye de yo; se mesaj sa, band sa yo, oubyen anyen.

Lè li vini Premye fwa a, se te yon òm li te ye. Lè li vini dezyèm fwa ak yon doub pòsyon, se te yon òm li te ye. Lè li te vini nan fòm Jan Batis, li te yon òm. Li vini nan aj nou an, li te revele ankò li menm nan yon lòm. Kounye a li ap revele tèt li nan lachè nou chak ankò, Lepouz ki renmen pawòl li a.

Nou te resevwa li nan kè nou.nan panse nou e nan nanm nou kounye a nou poze nan prezans pitit la pou mi. Paske nou se mouton yo ki vle manje mouton.” Mouton m yo tande vwa mwen. ” Se ak sa nou ap viv, chak pawòl. Se pa sèlman yon pawòl kounye a, alò chak pawòl ki soti nan bouch Bondye, se ak sa nou viv.

Nou te tou fèt pitit Bondye, ranpli ak lespri Bondye. Nou te toujou pitit Bondye, e nou pral toujou se pitit Bondye. Pa genyen okenn fason pou separe nou ak li paske nou genyen lavi etènèl. Nou pa te janmè kòmanse , ni nou pap janmè fini.

Nou genyen yon filtè lòm ki reflechi: Pawòl li a, mesaj li a, vwa li a, e sa te ban nou gou lòm sen. Nou te goute bagay selès yo e nou te resevwa pawòl li a nan kè nou. Nou te wè l manifeste devan nou e kounye a nou wè sa manifeste nan nou, e tout nanm te anvlope nan li.

Genyen ki ap chache lòt moun pou revele yo plis, plis ke sa ki sou band yo, plis jis ke Malachi 4 pou kondwi yo. Men li te di ke li te dire ak Luther, alò li te nan Wesley e li menm te nan pannkot yo, e kounye li nan je yo, pwofèt Malachi 4 la, e pa gen anyen lòt ki ap vini men li vini li menm pou lepouz li a.

E li pral gade dèyè a e te wè sa, te wè yon moun tou blan, mache devan an; e dèyè sa, li di sa te gen resanblans… di:” frè Branham, se te ou.” E li di:” Mache laba”, li di dèyè ou la, te gen moun yo ak diferan koulè pote baniyè yo ; Georgie, Alabama, tout lòt defiran lòt kote yo, mache devan, moute nan tèt kote Kris te revele nan vizyon an. O, alelouya.

Sa se pawòl li menm nan kè nou e sa pou atire nou ak li. Nou di tou sa l di:<< li gen plis ke Malachi 4. Genyen èrè nan mesaj la. Jou mesaj inik yon nonm lan fini Se denominasyonèl e se anti pawòl pou tande yon band nan menm moman. Nou pa vle l tou senpleman sa.” Nou ap viv sèlman ak pawòl Bondye a, chak pawòl ki pwononse nan bouch Bondye pou laj sa a, sa se filt nou.

Nou konprann ke ministè band lan se pa pou tout moun. Ak nou tout predikatè nenpòt ki kote, nan nenpòt lè: sa se pa pou m di nan yon objektif pou denigre ansèyman nou yo. Sa pa menm adrese ak mouton nou yo. Mesaj sa a, e tout lòt mesaj yo ke li te preche te adrese ak nou menm asanble li a. Sa se pa pou asanble pa ou yo, amwen ke yo vle resevwa l. Men sa adrese ak nou menm, asanble pa li a.

Mwen te resevwa de li menm dwa pou nouri mouton li yo. E sa se vrèman pi bon pou mwen fè l, bay mouton yo manje mwen konnen ki bon pou yo.
Mwen ta renmen yon fwa ankò kèk bagay pafètman klè. Mwen konnen anpil moun di bagay ki senpleman pa verite, e ki di sa yo pou twonpe e endwi moun nan èrè.

. Mwen kont ministè Efesyen 4.11. Mwen pa janmè di sa, oubyen menm panse sa. Okontwè, mwen te òdone pa frè Branham pou m fè pati ministè sa, alò kouman mwen kapab niye l.

.Mwen kont moun ki ale legliz. Mwen pa te janmè di sa, panse sa oubyen kwè sa. Nou pa rasanble nan yon batiman pou nou fè reyinyon paske legliz la nan renovasyon e nou pa gen yon kote pou rasanble, men si se volonte Seyè a nou pral rasanble lè travay yo fini.

.nou dwe tande menm band, nan menm moman, chak semèn, avèk moun yo nan Jeffersonville pou ka fè pati lepouz la. Mwen pa janmè di, ni kwè oubyen panse yon bagay konsa. Nan tout vi m, mwen te di PEZE BOUTON JWE A. Mwen di predikatè yo remèt frè Branham chè a e jwe band yo.

Poutan anpil predikatè yo ki di bagay sa yo nan asanble yo ak moun, alò yo konnen ke mwen pa janm di oubyen ekri yon bagay konsa. Yo mete senpleman pè nan moun yo e yo bay yo manti.

Nou dwe poze tèt nou kestyon sa anpil nan predikatè yo opoze ak tande vwa Bondye nan menm moman? ” Yo di se pa bon e se denominasyonèl pou moun yo tande band tou nan menm tan. Si sa te mal e denominasyonèl lè frè Branham te isit la ,e li te fè l?

Si se te ” yo” moun yo ki tap tande an dirèk nan menm tan yo, nou panse yo te pral kont sa e yo tap di sa se anti pawòl? Gen yon bagay ki fo nan yo.

Bondye te bay lepouz li a yon filtè Sa se Pawòl li a, mesaj li a,vwa li a. Pawòl li a vini ak pwofèt li a. Pwofèt la se entèprèt pawòl li a. Sa toujou rete mesaj yon sèl òm, janmè yon gwoup. Bondye voye sentespri li a pou kondwi lepouz li a, sentespri sa pral dirije nou ak pwofèt li a, sa li te chwazi pou kondwi lepouz li a ak pawòl li a. Bondye pa ka janm chanje program li a. Li toujou kondwi pèp li a li menm ,li vwale nan lachè imèn.

Ou se yon envite, non pa yon obligasyo pou ou ini ak yon gwoup moun ki kwè CHAK PAWÒL se pawòl Bondye pwononse nan setyèm zanj mesaje li a, alò nou pral tande: filtè yon nonm ki reflechi 22 -08 -1965 nan aswè , ak katòzè lè Jeffersonville.

Frè Jozèf Branham

Nonb 19.9
Efezyen 5.22-26

29/05/2021 mwen trè rekonesan ke Bondye li menm te seleksyone yon pwofét. branham. Org

Chè Lepouz nan mesaj yon sèl òm,

Mwen trè rekonesan ke Bondye lii menm te seleksyone yon pwofét pou laj nou an anvan fondasyon mond lan. Li te seleksyone mesaj li te pote a, e li te seleksyone nati lòm tou. Li te mete nan li sa ki te ka atire yon pèp nan Laj nou an.

Ak mesaje seleksyone li a, li te revele ak manm Lepouz li a kilès yo ye e kilès mesaje yo a ye. Tout lòt yo, li avèg je yo. Yo janmè kapab soti dèyè vwal la pou yo wè Bondye te kache nan lachè imèn.

Li tèlman sousye de nou li te abiye pwofèt nou an AK yon tip vètman li te genyen, ak yon nati ak yon anbisyon e tout ; li te egzatman jan li te dwè ye a,pafètman te seleksyone pou nou, alò li kapab rele lepouz li a soti.

Yon pi gwo ròch achopman lannemi an itilize Jodi a, se separe mesaj la ak bib la, yo di : si ou genyen pou chwazi ant bib la ak mesaj la kilès nou ap chwazi?

Gade riz dyab la ki di yon bagay konsa. Si yon moun poze yon kestyon konsa, nou konnen imedyatman li pa gen okenn revelasyon de pawòl la. Mesaj sa se Kris revele nan pwòp pawòl li.

Pawòl pwofèt yo menm se:

Alò nou we Eli te kapab di sa, paske mesaj tan an e pawòl Bondye a… Mesaj la e mesaje a- mesaj la e pawòl la, se egzatman menm bagay la. Pwofèt la, pawòl la, mesaj la; mesaje a mesaj, e mesaj, se te menm bagay la. Jezi te di :” si mwen pa fè zèv yo ki te ekri sou mwen an, alò pa kwè m.” Se byen. Tout òm ak mesaj li fè yonn.

Ou pakab separe mesaj la ak masaje a, yo se menm bagay. Ou pakab separe bib la ak mesaj la, yo se menm bagay la. Se Bondye ki pwòp entèprèt pawòl li.

Nou gen yon pwen referans final,yon absoli, e li se pawòl Bondye a. Bib la nèt se pa pawòl yon nonm, li pa te ekri tou pa yon nonm, apòte ak yon nonm, e li pat ka revele pa yon nonm. Li se pawòl Bondye a, revele pa Bondye li menm, ki se pwòp entèprèt tèt li. Kris revele li menm nan pwòp pawòl li.

Pawòl li a pa bezwen okenn entèpretasyon. Sa li di nan bouch pwofèt li a, se pawòl li a entèprète. Li te di nou pa chanje okenn ponktyasyon, okenn espresyon, pake se Bondye. Bondye manifeste nan fòm lachè imèn. Bondye li menm nan fòm ekri, nan fòm pwofèt, manifeste nan lachè.

Poul ekri bib li a , Bondye voye pwofét li yo, e se fason sa li genyen poul pote bay moun yo , nan bouch pwofèt li yo. Pwofèt sa yo te ekri pawòl Bondye ki pap fayi a _.

Yo nan yon kominyon toutan ak otè a . yo ap viv toutan nan prezans otè a, pou_ yo ka konen kòman liv la pral ye. Yo kenbe plim lan nan men yo ,yo toujou prè pou yo ekri san konplikasyon tout sal di yo note .

Men , nan jou pa nou an, li te pale bouch nan zòrèy ak pwofèt nou an ,paske apèl pal la te pi wo. Apèl li a sete revele pawòl Bondye a ki te ekri epi kite kache nan bib li a ,depi nan jenèz jouk nan revelasyon .

Tout bagay nan pawòl li a ,bib la ,men sa te kache anvan mond la te fèt, epi okenn moun pat konnen sekrè li yo. Sèlman si yo gen mesaj sa epi pou yo kwè se entèpretasyon bib la,ou menm tou ou pa tap janm konen tout pawòl Bondye a.

Si nou separe bib la ak mesaj li a lè sa, nou tap kareman menmjan ak denominasyon yo. Nou tap li San janm konnen obyen genyen revelasyon konplèt la . nou pa tap janm ka lepouz li . Nou tap tann epi tann epi tann San janm genyen repons yo.

Nou tap li Malachi , Jan , Lik , Ebre , revelasyon . apresa nou te mande :” Kote sa Bondye te promèt ki t ap vini an nan kò moun pou mennen kè timoun yo ; pou di nou anpil bagay ke nou pa ka sipòte ; pou pale nou pa mwayen Zanj pisan e pi revele nou tout mistè yo ki ekri Na bib la ? Ki sa sèt so yo vle di ? Ki verite ki genyen nan Divinite a , sou tonè yo , vrè revelasyon sou sa li ye?

Pwofèt mesaje nou an se sèl entèprèt Diven pou pawòl Bondye a. Li te se sa Bondye te chwazi pou li pale epi entèprete pawòl li a . menmjan ak Moyiz , li se te pawòl ki vivan pou nou , kache nan yon po moun . li se te sa Bondye te chwazi pou rele lepouz la soti .

Li te dinou davans
Dimanch pase :

Pawòl li revele bay yon sèl. Li te toujou konsa ,yon pwofèt vini ak pawòl Seyè a , nan chak Laj , chak fwa , nan tout ekriti a . Pawòl la vini bay yon sèl moun . Nan chak aj ,se menmjan ,menm nan Aj legliz yo , depi nan Premye jouk dènye. Lòt yo gen plas yo ,se vre , men gad pou wè , men kanpe lwen kolòn dife sa.

Kanpe lwen kolòn dife sa. Ki sa kolòn dife sa fèt ? LI KONDWI TIMOUN YO . Kondiktè nou nan kolòn dife sa se Bondye ,ki ap pale ak nou nan zanj mesaje li a ,ki ap kondwi nou nan peyi pwomès la.

Nou se sa yo li chwazi a . nou se chwa Bondye . Nou se lepouz ki rele pou soti a . Nou gen revelasyon ke li se yè ,jodi, e pou toutan .

Nou rekonèt jou nou ak Mesaj nou an . Nou rekonèt ki sa nou ye : PAWÒL LI a ki manifeste . Nou se lepouz ki prepare PA mwayen pawòl revele li a .

Vin tande , ak katòzè, lè Jefèsonvil epi pou nou tande repons de tout sa ki te ekri epi kache nan bib la. . vin epi wè ke Kris te revele nan pwòp pawòl li. , 65 -0822M.

Frè Jozèf Branham .

Pasaj ekriti yo Pou nou li anvan nou tande mesaj la:

Egzòd 4.10-12
Ezayi 53.1-5
Jeremi 1.4-9
Malachi 4.5
Lik 17.30
Jan1.1/1.14/7.1-3/14.12/15.24/16.13
Galat 1.8
2Timote 3.16-17
Ebre1. 1-3/4.12/13.8
2Pyè1.20-21
Revelasyon 11-3/10.1-7/22.18-19

22/05/2021

Chè dwòl zwazo,

Alò mond lan ap anfile nan yon ekwou, gen yon pèp ki rele lepouz. Li ap anfile tou. Bondye te voye yon ekwou nan mond lan, e li te retire lepouz la nan kawo sa nan mond lan nou ap viv, pou li mennen l nan prezans Bondye. Nan je mond lan, nou se yon dwòl zwazo yo, men je Bondye, nou se ekwou anfile yo ak pawòl la.

Louwe non Seyè a, mwen kontan anpil e mwen rekonesan paske mwen se yon fou anfile pou pawòl Bondye a, mesaj tan sa. Bondye te voye yon nonm sou tè a pou reprezante l kòm yon anbasadè. Bondye,ki kache l dèyè yon kò imen ankò.

Li vwale pou mond lan, men se pa pou lepouz la. Nou kapab antre nan vwal sa e kounye a nou chita nan prezans glwa Shekinah, e nou ap manje mann kache a nan tab Bondye a. Moun yo panse nou vle fè frè Branham yon Bondye. Yo fè senpleman pati yon lòt kan. Men yo pa twò lwen pawòl Bondye a. Yo panse ke nou pèdi, men nou konnen nou pa pèdi, an fèt, nou konnen ekzateman kote nou ye. Nou konnen ki jan de vwal nap hise a, e ki jan de van kap soufle nan sa. Nou konnen tip felitay nou, e nou konnen ki foli nou.li devan je timoun li yo.

Nou dwe sonje l toutan sa pa kontrè ak pawòl Bondye a. Lè Bondye te voye Moyiz ak timoun Izrayèl, Bondye te fè Moyiz yon bondye e li te fè Aawon,frè li a, yon pwofét. An fèt, tout pwofèt yo nan bib se te yon Bondye pou pèp la. Jezi li menm te di yo Se te Bondye. Li te fè yon chanjman mask. Se menm Bondye a, tou tan, men li chanje senpleman fòm: an mòfe.

” Bondye ki kache nan po yo Po de blero, Bondye ki kache nan po yon nonm.” Ou wè? Se sa li te fè. Lè Bondye te manifeste nan mond lan, li te kache dèyè yon vwal, nan yon nonm ki te rele Jezi. Li te vwale e kache nan yon po yon nonm ki rele Moyiz, e yo te bondye yo, se pa Bondye yo, men yo te bondye yo, yon sèl Bondye, ki te chanje senpleman mask li e li te fè menm bagay la chak fwa: li te pote pawòl sa .

Selon pawòl la, se Bondye ki te manifeste nan dènye jou yo nan mitan pèp li a, ak semans eli ya, fòm yon pwofét. Non lòm lan pa Bondye, men se yon kado Bondye vwale nan lachè imen.

Lè pawòl te nan Moyiz, li se te Bondye nan lachè. Lè pawòl la te nan Jezi, se te Bondye nan lachè, yon bagay li te fè se chanje mask non pawòl li e non nati li, alò, pwofèt nou te genyen menm pawòl la e menm nati Bondye a.

Ki dènye pawòl ke Bondye te fè ak pwofèt li a nan ansyen testaman?

Men, mwen pral voye Eli, pwofèt la anvan jou letènèl rive, jou sa gran e ki bay lapèrèz.

Dènye bagay Bondye te fè pwofèt li a ekri, se te li pral voye nan mond lan yon pwofét pisan ak lespri Eli anvan gran jou e ki bay lapèrèz vini li an.

Ki dènye pawòl yo nan nouvo testaman, yon liv ki te ekri pa Bondye li menm? Bondye te itilize yon nonm ki te rele jan pou te ekri yon liv. Bondye te itilize yon nonm pou l di Jan sa pou li ekri nan liv sa. Jan te ekri sa li te wè e sa li te tande nonm sa te di. Alò, Bondye te itilize yon nonm pou revele sa ki te ekri e kache nan tout bib la. Sa Jan te fè?

Se mwen menm Jan, ki te tande e te wè bagay sa yo. E lè mwen te tande e m te wè, mwen te tonbe nan pye zanj li te moutre m lan pou m adore l.men li te di m pa fè sa! Mwen se kamarad sèvis ou, e yonn nan frè ou yo pwofèt ou yo, e nan sa yo ki kenbe pawòl yo nan liv sa. Adore Bondye.

Jan, pou dezyèm fwa, li te tonbe pou adore nonm sa. Poukisa? Jan te wè e te tande Bondye, vwale nan lachè imen ankò. Se te yon lachè diferan de sa nou ye ladanl li te ye lè li te konn mache ak li, dòmi ak li, manje ak li, lè li te vwale nan lòt Tabènak terès la; men nan je Jan, se te li. Li se te Bondye, ankò kache nan lachè imèn; alò li tap tonbe nan pye l pou li adore l.

Alò, Bondye pale ankò.

Men, mwen ap vini byento, e ak retribisyon avèk mwen, pou bay chak moun sa yo merite.

Alò li pale de Divinite li.

Mwen se Alfa e lomega, yon Premye, e yon dènye, yon kòmansman e yon lafen.

Alò, se dènye pawòl sa yo ak Lepouz li a:

Mwen menm, Jezi, mwen te voye zanj mwen an pou ateste bagay sa yo nan legliz yo…mwen menm rejeton e posterite David la, zetwal briyant nan maten an.

Jezi li menm, ki di ak lepouz li a, SE MWEN, vwale ankò nan lachè imèn, nan zanj mwen an, mwen te voye. Mwen pral pale nan li e revele l tout bagay ki te ekri e kache nan pawòl mwen. Mwen pral voye nan tout legliz yo pou ateste bagay sa yo.

Ki mannyè pafèt pou li ateste bagay sa yo nan legliz yo? Peze bouton jwe a!! SE YON VWA BONDYE.

Alò yon pwofèt di mond lan kouman nou santi nou Jodi a.

Ò, mwen kwè anpil nan nou gran moun yo nou panse menm bagay. Bondye ki kouvri ak po a! Bondye ki kouvri ak po a! Sa sanble yon foli nan je mond lan, men sa ap atire tout lèzòm ak li.

Bondye ki kouvri ak po a ap atire tout lèzòm ak li. Tankou Jan, nou wè Bondye nan lachè imèn. Tankou Jan nou pap adore nonm lan, men li te revele ke se Bondye ki ap pale ak lepouz li a nan lachè imèn, tankou li te di nou li pral fè l. SA SE ENSI DI SEYÈ A.

Vini filete pou pawòl Bondye a ak nou, dwòl zwazo yo, dimanch, ak katòzè lè Jeffersonville, pou nou tande Bondye kache nan yon po imèn nou an ap ateste bagay sa yo e pote mesaj nou an. Dwòl zwazo, 14 jwen 1961 nan aswè.

Frè Jozèf Branham

Pasaj ekriti yo Pou nou li anvan nou tande mesaj la:

1 koretyen 1.18-25
2 koretyen 12.11

15/05/2021

Chè timoun piti yo,

Nou te pran desizyon nou. Mesaj la te pwouve. Pitit lòm te tounen kò imen pou revele pawòl li a. Rido tradiksyon an te dechire. Men li, kolònn dife, espoze devan je yo tout, pou l manifeste pawòl la pou jou sa. Nou wè l nou kwè l…CHAK PAWÒL!!

Nou te tande chak band sa yo, tank yo prezante yo. Aprè nou finn tande chak band, li vinn pi plis klè pou nou. Nou te sonde ekriti yo. Pawòl Bondye a te manifeste e li te konfime nou. William Marrion Branham te pwononse li, alò Bondye te akonpli.

Kisa sa ye? Divinite a devwale nan yon kò imen.. Panse ak sa! Menm kolònn dife a ki te desann sou òm sa yo ki te ekri bib la, se menm kolònn dife avèk nou jodia a, ki ap entèprèt bib la. Pawòl li a, band yo, li fè nou tankou li chak jou. Nap viv nan prezans li e nou sanble ak imaj beni li a, alò nou ap mache ak li e li ap pale ak nou.

Nou pa dèyè rido sa a, timoun mwen yo, Bondye espoze devan je nou tout.

Nou pa dèyè rido sa, li espoze devan je nou tout. Pen propozisyon sa se li nou manje alò nou ini, nou nan tout mond lan, pou nou tande pitit lòm lan kap pale ak nou e revele pawòl li a. Manje sa se pou kwayan yo, destine yo SÈLMAN ak vre kwayan.

Lòt yo te kapab anvi yon manje ki diferan, men pou nou menm, li te revele. Bondye voye pawòl li a ak yon sèl òm, se pa yon gwoup- yon òm.

Se konsa li toujou te ye, yon pwofét vini ak pawòl Seyè a, nan chak aj, chak fwa, nan tout ekriti yo. Pawòl la vini ak yon sèl. Nan chak aj, se menmjan, menm aj legliz yo nan Premye ak dènye a. Lòt yo gen plas yo, se vre, gade, men rete lwen kolònn dife a.

Nou vle vwa Bondye a ki te anrejistre e mete l nan kasèt yo pawòl ki pa bezwen OKENN ENTÈPRETASYON, OKENN ESPLIKASYON- SÈLMAN PAWÒL PWÒP la MAnn kache a.

Menmjan Grèk yo te vle yon Bondye, e li te kanpe la, devan yo, men yo pa te ka wè l, akoz rido a, sa se menm bagay la jodi a, yo pa kapab wè l akoz rido a ki kouvri figi yo.

Lepou a te vini nan yon kò imen e li ini nou ansanm,- pawòl la e legliz li a- e nou devni kounye a yonn. Se manifestasyon revelasyon pitit lòm lan, Jezi Kris ankò nan yon kò imen. Li ini nou e mennen nou nan nòs li te prepare pou lepouz li a.

Tande, timoun yo, NOU SE PAWÒL KI te ekri e manifeste a. Papa nou te bannou revelasyon de kilès li ye nan jou sa, e kounye a, li te bannou revelasyon kilès nou ye, Lepouz pawòl pafèt la. Pwononse pawòl la, anyen paka rete nou.

Mesaj sa se ministè pafè a ak li menm- se pa yon nonm se pa yon denominasyon, ki te genyen aksyon nan tou aj yo, men se li menm, ki manifeste lik 17.30, Malachi 4, revelasyon 10.7 ebre 13.8.

Si nou ap chache yon lòt bagay, ou yon lòt moun ki pou revele nou plis bagay ke sa ki nan band yo. Nou te manke l zanmi yo. Retounen nan pawòl orijinel la. Pawòl pafè a. Sa se pa mwen menm, se pa pastè nou an, se PAWÒL SA, MESAJ SA, BAND SA YO, alò yo se yon SÈL VWA BONDYE pwouve e konfime.

Vini tande vwa sa devwale dimanch sa ,nan katòzè lè Jeffersonville alò ke nou pral ini nou ansanm pou nou tande Bondye ap preche mesaj li a ak lepouz li a: Bondye devwale , 14-jwen 1964 nan maten.

Frè Jozèf Branham

Pasaj ekriti yo pou nou li anvan nou tande mesaj sa:

Matye 24.24
Lik 17.28 -29
Jan 14.14
1 koretyen 12.13
2 koretyen 3.6
2 kretyen 4.3
Filipiyen 2.1-8
1 Timote 3.16
Ebre 13.8
Revelasyon 10.7 e 19.13
Egzòd chapit 19 e 20
Jowèl 2.28
Malachi 4.5

08/05/2021 lepouz la prepare pou l gen yon lòt revèy ankò lan nanm li . branham.org

Chè Pawòl,

Lepouz la prepare pou l gen yon lòt revèy ankò lan nanm nou. Sentespri a pral ini nou yon fwa ankò pou tande pawòl la ki pwouve nou: kilès nou ye, kote nou soti e ki kote nou prale.

Li pwouve tout pawòl li yo, tout pawòl li yo. Annik panse ak sijè sa a, tout pawòl li yo! E se te pawòl sa ou te ye. Se te pawòl li te ye, e nou se te yon pati nan pawòl sa. E se pou rezon sa li voye nou isit la, pou konfime plas nou nan lavi a.

Nou se pawòl li a. Nou se atribi li a. Li te panse ak nou e nou te kenbe li anvan mond lan te fèt. Nou te nan lespri li. Nou gen yon reprezantan nan Syèl la predestine anvan fondasyon mond lan. Li te ban nou revelasyon sou li menm lan yè , jodi a e pou tou jou.

Tande pre, nou rive nan lafen an. Bondye fòse pwoblèm lan. Tan an tounen aksyon, nou dwe pran yon desizyon. Pitit lòm te vini e akonpli tout li menm te pale a. Li te prouve l ak pawòl li. Ki kote ou ye?

Kestyon nou dwe poze tèt nou jodi a se: kilès ki se te setyèm zanj mesaje Bondye, li te voye yon ke li pa dwe voye? Li te genyen, ou li pat genyen pawòl ki pa ka fayi yo, kòm li te di li te fè? Eske li pat akonpli tout ekriti li menm te pale yo? Eske Li te gen erè lan mesaj la?

Eske nan pawòl ki te ekri yo nou bezwen plis ke sa setyèm zanj mesaje Bondye a te pale? Eske li te di li pra l voye yon moun pou entèprèt sa mesaje li a te di? Eske pawòl te di li pra l voye yon gwoup moun pou mennen e ini Lepouz li a? Eske li te di nou pa gen pou kwè chak pawòl?

Si nou panse nou kwè mesaj tan sa a.William Marrion Branham se te setyèm zanj Bondye te voye pou revele tout mistè yo. Se pitit lòm lan ki ap revele tèt li. Annou kite zanj mesaje a di sa li te ye.

Kounye a, sonje se pa te Jezi ki tap pale ak Abraham la ba, ki te kapab disène panse Sara dèyè li a. Sa se pa te Jezi, li pat ko fèt. Men se te yon nonm nan kò imen, Abraham te rele Eloim, gran pisans lan”. Moutre m… E Jezi te di: <>, kounye gade, “nan jou Sodòm lan, alò sa pra l rive pitit lòm lan, lè pitit lòm lan te revele.” Pap gen plis yon legliz ki va wè, pa plis; Lepouz ki rele a, wè. ” Nan jou sa a la, pitit lòm pra l revele l.” Kisa? Pou kole tèt legliz la, ini lepou ak lepouz. Apèl lepouz la pra l fèt lan sa, lè pitit lòm va desann e li pra l vini nan yon kò imen pou ini yo de a ansanm.

Lè li pra l vini an e li pa pra l ini lepouz la ak yon gwoup òm? Yon predikatè? Pitit lòm va desann e li pra l vini nan yon kò imen pou li ini yo de a ansanm. E kilès ki pra l pitit lòm, yon moun nan kò imen? Ki pra l kole tèt la ak legliz la, ini, lepou ak lepouz la.

Nou konnen pitit lòm lan se pawòl pou jodi a. Men kilès nonm sa te ye nan kò imen pitit lòm lan te revele li ladan? Pou pawòl vini sèlman ak yon pwofét e yon pwofét sèl entèprèt pawòl Bondye a.

Legliz dwe tounen pawòl la, li se pawòl la, e yo de ya ini ansanm, e fè, sa pra l pran manifestasyon revelasyon pitit lòm lan .se PA yon òm Nan klège a.

Kisa ki kapab ini lepouz ak pawòl la se pa yon òm nan klège a se li ki pra l fè l:

Fòk se manifestasyon an : Webster: se enkanasyon yon bagay ou yon moun. Webster: yon revelasyon se yon final enfòmasyon ki te deja konsève…ak pitit lòm lan. Ki te fè pitit lòm lan revele l li menm? William Marrion Branham.

Nou kapab wè poukisa Satan vle nou doute chak pawòl ki pale se selon sa Seyè a di? Nan sitasyon sa se pa selon sa Seyè a di e se jis panse frè Branham, oubyen se lide l, oubyen eske se pawòl Bondye?

Eske ou pra l kwè yon nonm ki pra l esplike nou sa sa vle di, oubyen eske nou pral kwè Bondye te konfime sa setyèm zanj mesaje a di? Nou dwe poze tèt nou kestyon sa.

Mwen-mwen pa konnen, mwen… Eske nou wè sa m vle di? Se pitit lòm, Jezi Kris, ki pra l desann nan yon kò imen nan mitan nou, li pra l fè pawòl li trè reèl sa pral ini legliz la ak li tankou yon sèl lepouz, e alò li pra l nan Kay soupe nòs la.

Jezi Kris, pitit lòm lan, revele tèt li nan mesaje li a li pra l ini legliz li a e li menm tankou yon e nou pra l nan Kay soupe nòs la. Se yo tèm anglè.

Se pa sa mwen di, se pa lide pam oubyen panse m, tande sa pou nou menm sèl. Se Bondye ki ap pale ak lepouz li a nan setyèm zanj li a tankou li te pwomèt sa nan pawòl li a. Se pa lòm, se Bondye.

Ènmi an di nou , ” yo ap adore yon nonm. “Mwen ba ou defi Satan, nou pap adore yon nonm ki ap pale, men Seyè Jezi Kris ki ap pale nan yonn li te chwazi pou l pale nan li.

Amèn. Li te ini nou toujou, wè, nou pra l nan soupe nòs la, se pa nan mariaj non. “. ..Li ranpli kò nou… Li sèl, li tout kò òm pisan yo, paske nòs ayo a vini.” Men anlèvman an pra l vini pou soupe nòs la. Lè pawòl ini ak yon moun, e yo de ya devni yonn. E alò kisa li fè? Li te manifeste nan pitit lòm lan ankò, se pa nan yon legliz teolojyen. Se pitit lòm lan! Pawòl la ak legliz la devni yon sèl. Kelkeswa sa pitit lòm te fè, li se te pawòl la, legliz la ap fè menm bagay la.

Men li la ankò, Bondye di nou kisa lap fè kounye a, li ap ini nou ak pawòl li te pale nan pitit lòm lan. Pawòl la ak nou legliz devni yon sèl.

Nou dwe kwè chak pawòl. Pa tande yon lòm oubyen rezonnman yon lòm.

E nou ki chita isit la kounye a, si nou vle mwen rele non nou, sa se te , Satan ap eseye lontan ak dout pou fè nou doute. Nou pa fè sa. Sè, si ou fè sa, bon , ou… pa mwen menm, men jis yon ti dout. Li sifi pou kwè pawòl sa. Ou gen dwa PA kwè m men ou kwè sa. Wè? Si mwen di pawòl sa, se pa pawòl pa mwen, se pawòl pa li. Pawòl mwen diferan men se sa.

Sa se pa pawòl William Marrion Branham, se pawòl Bondye e satan vle nou doute yon pawòl.

Lè gen yon kestyon sou bagay li te dwe prouve jiskaske nou te dekouvri sa ki bon an e alò kòm nou jwenn sa ki bon an, li te di ,” kenbe sa vit .” nan lòt fason,” se kenbe li solid pou sa pa glise Kenbe l vit sa se bon aprè li te fin pwouve li bon e tout sa ki pwouve ” ki pa bon”, alò tounen lib jan ou kapab ale lwen li.

Vini jwenn ak nou dimanch nan katòzè lè Jeffersonville pou tande Papa a ki ap pale nan mesaje li chwazi a pou ini nou pou anlèvman tankou li di nou li pwouve pawòl li a 16-08 -1964

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan sèvis la:

Mak 5:21.43
1wa 10:1-3
1Tesalonik 5:21
Ebre 4:12

01/05/2021 èg yo ap rasanble, ini nou ak katòzè lè Jeffersonville. branham. Org

Chè Lepouz sou tè a,

Ini nou ak katòzè, lè Jeffersonville, e n pral aprann tout nan sijè sa KAY KI PRAL VINI ak LEPOU SELÈS LA E LEPOUZ TERÈS LA-64-08-02.

Frè Jozèf Branham

24/04/2021 èg yo ap rasanble,kòm kè nou te beni e lafwa nou te monte ankò nan somè a branham. Org

Chè Lepouz fidèl la,

Kòm kè nou te beni e lafwa nou te monte ankò nan somè a, alò nou te chita ansanm nan kote selès yo pou tande papa nou ki ap pale nan mesaje pisan li a e di nou:

E mwen ap tann li, e vrèman kwè li, mwen pral viv toutan avèk nou .Mwen kwè kounye a se moman ki pi kout nou genyen, moman kote nou ansanm konsa.Nou pral ansanm nan letènite. Ou wè? Mwen kwè l; mwen-mwen -mwen kwè sa.

Nou kwè sa e nou apiye sou sa a ak tout kè nou.

Nou genyen kolònn dife a,yon pwofèt e mann cache a pou mennen nou nan tè pwomiz la.nou nouri nou ak dlo lavi a, ki pa gen vè la dan l , okenn chifon pou sèvi pou netwaye li – se yon dlo ki pwòp ki soti nan yon pi atezyen ki bay dlo lavi a. Gen yon sèl kote nou kapab jwenn dlo sa a: se nan peze bouton jwe a.

Nou pral rasanble dimanch nan katòzè lè Jeffersonville pou tande : sitèn yo koule, 26-07-1964 nan aswè, e bwè, bwè, e bwè nan pi saa ankò, alò li pral ranpli veso nou yo jiskaske yo debòde.

Frè Jozèf

10/04/2021

Chè mond envizib banb yo,

Nou se pèp mond envizib banb sa yo ki mayetize nan chak pawòl ki te pwononse nan kasèt mayetik sa yo. Nou fiyè pou nou di:” Wi, nou kwè chak pawòl. Nou kwè se akonplisman ak Malachi 4.5, lik 17.30, ebre 13.8, revelasyon 10.7. Nou kwè se vwa Bondye pou jou nou an. Nou kwè selon sa Seyè a di”.

O, lè nou rasanble nou tout, sa se ti kote nou reyini yo, se fòmidab. San okenn dominatyon,San okenn atach tou, se sèlman Jezi Kris, li sèl ou wè; senpleman ” nou chita ansanm nan kote selès yo “.

Kèl fen semèn pak espesyal e memorab Seyè a te ban nou, alò li te mayetize lepouz li a ak vwa. Li te rasanble nou toupatou nan mond lan, nou te plase nan kote selès yo, li tap revele nou pawòl li, li tap di nou:” Shalom. Piga nou pè, tout bagay byen. Map retounen ti talè vinn chache ou. Sa pap pral pi long. Ou se yon reflè pawòl mwen “.

Se tèlman mèvèye lè nou tout rasanble, chak jou, pou nou adore li, louwe li e di li mèsi pou gerizon nou e li ranpli nou ankò ak sentespri li, e anro tout li te ban nou vrè revelasyon kilès li ye nan jou an.

Nou rejwi kòm janmè anvan. Yon gwo revèy te rive nan legliz li a. PA gen okenn dout e nou paka twonpe; nou rekonèt se li pou tan nou an, e kounye a, nou konnen kilès nou ye: nou se lepouz Cheri li a.

Alò èg yo te rasanble, nou te konsakre vi nou ankò pou li e nou te di sa ,ak tout kè nou:

Mwen se pou ou, Seyè. Mwen mete mwen menm sou otèl saa , tou konsakre m jan ou vle ye. Retire nan mwen tou sa ki pou mond lan,Seyè. Retire nan mwen bagay ki ap peri yo; ban mwen bagay ki pap peri yo: Pawòl Bondye a. Pou mwen kapab viv tèlman kole ak pawòl la, pawòl la pral nan mwen, e mwen pral nan pawòl la. Akòde m sa Seyè. Pou mwen pa janmè kite l. Mwen kenbe epe Wa sa vrèman solid, e map sere l trè fò akòde l, sa Seyè.

Sa se priyè veritab chak kwayan. Nou pap janmè detounen nou ak li. Nou pap janmè ajoute pwòp panse PA nou nan li, ou pwòp lide nou, men nou ap kenbe pito chemen pouvi ak Bondye pou jodi a: mesaj sa a.

Li te pouvi tout bagay nap bezwen: yon ayo pou sakrifis, kolònn dife, yon pwofét, yon vwa Bondye a sou band mayetik. Yon mesaj nan lè sa a ki akòde ak tout sa bib la te pale.

Kóm li te ye nan mòn transfigirasyon an jou sa, lè yo te resevwa enstriksyon sa:” Tande li” li sèl, se temwayaj nou jodi a, se sèl bagay lepouz vle fè, se: ” Tande li”.

Nou vle soti nan kan an.pou nenpòt pri nap peye, nou pral pran kwa nou e nou pral pote li chak jou. Pou nenpòt sa moun yo di nan sijè nou, ke yo PA konpran nou ou pase nou nan rizib, nou vle suiv li deyò kan an.

Chè Lepouz gen sèl chemen ki asire: PEZE BOUTON JWE A E TANDE LI. Pwofèt la di tout òm ki kapab vrèman wen Bondye gen revelasyon Bondye a jis e nan èrè; men band yo PA KAPAB JANMÈ NAN ÈRÈ.

Vini mayetize nan pawòl sa a ak nou, dimanch sa nan katòzè lè Jeffersonvil la, alò nou prale : Soti nan kan an, 19 -07 -1964 nan aswè , e pou nou tande vwa Bondye a kap pale ak lepouz li a.

Frè Jozèf Branham

Pasaj ekriti yo pou li anvan reynyon an:
Ebre 13.10-14
Matye 17.4-8

31/03/2021

Chè envite ya,

Se nan yon gwo espektativ mwen envite nou chak nan rasanbleman entènasyonal èg yo Pou pak la. Yon fen semèn gloriye, anpil priyè, adorasyon, ak gerizon ,ak devèseman e ak ranplisaj sentespri a. Yon fen semèn nou pat Janmè viv li anvan.

Li PA yon reynyon tradisyonèl vandredi , samdi e dimanch, ak yon pil predikatè yo envite; se rasanbleman lepouz Kris la patou nan tout mond lan, ke li konsakre tout fen semèn pak la alò nou pral pran syèl la nan daso ak priyè, nou pral tande vwa Bondye ki ap pale dirèkteman ak nou nan mesaje li te chwazi a, e nou pral adore Wa nou an kite resisite.

Nou fèmen deyò mond lan ,telefòn nou, travay nou, zanmi nou e tout sous distraksyon nou kèlke swa sa li ye. Nou fèmen pòt nou e nou envite li nan Kay nou yo Pou fen semèn ki ranpli ak adorasyon kap kontinye sèlman ak Seyè a, e nou pral medite sou li e sou li sèl. Kèl okasyon pou nou.

Nou pral di li mèsi pou moman mèvèye sa nou te pase nan livè sa, alò li te revele nou pawòl li kòm janmè anvan, pandan nou tap tande sèt so yo, chedèv, e sèt twonpèt yo. Li tap prepare nou e mennen nou nan pèfeksyon pou retou li a ki prè. E kounye a, li gen kèk bagay espesyal li rezève pou nou nan okasyon fen semèn pak sa.

Nou tande mond lan ap di:”Nou genyen sifi, e nou vle tout bagay retounen nòmal, jan sa te ye anvan. Tout prale byen kounye a, nou venk bagay sa.Nou te gen lapèrèz pandan yon moman, lapèrèz vle di sa se kèk bagay, alò nou kanpe tout prè lach la pandan yon moman, men pat genyen lapli, alò nou vle ale nan travay nou.”

Men lepouz ap touye têt kriye: ” Li pral fè lapli, nou nan lach la,Seyè, tankou pawòl ou a bay lòd. Vinn chache lepouz ou a, sa se pa lakay nou, nou prè pou nou ale nan nouvo kay nou, ou te prepare pou nou.Nou pa Janmè menm moun yo.

Nou viv nan yon jou plis gloriye nan vi nou. Kounye a, li ban nou yon lòt okasyon pou nou pase fen semèn konplèt ak li menm sèl. Aprè jounen sa yo nou pral soupi. Tout jounen yo nou tap priye. Yon moman espesyal nou pral di li:”Seyè Jezi ou te di ou vinn chache yon lepouz ki prepare. Seyè, nou kwè nou se lepouz sa a ke ou ap tann. Yon lepouz pawòl ki renmen e ki kwè chak pawòl la. Mwen vle rasanble avèk lepouz ou a toupatou nan mond lan, pou lwe ou, e pou adore ou nan inite, e nou prepare pou vini lan ki pwòch. “

Ki sa ki pral fè li antre nan sèn? Se yon kestyon lavi ou lanmò. Nou dwe gen pouse san souf.

Kounye a, Mwen kwè nou ap viv nan jou yo ou nou… Ou ,pito ,kondisyon jou yo nap viv te dwe bay legliz la konplètman pouse San souf. Mwen kwè, depi nan mesaj maten sa a, ki vinn ak Bondye, se pa ak mwen ,mwen kwè sa dwe pouse asanble san souf , nou tap jwe lontan. Nou pral legliz lontan .nou dwe fè yon bagay.
Se yon okazyon nou genyen nan fen semèn sa a pou nou pouse san souf e rele Jezi antre nan sèn. Vini rasanble nou avèk lepouz la
vandredi sa a, samedi sa a e dimanch sa a. Nou ap jwe lontan, nou pral legliz lontan nou dwe fè yon bagay.

Mwen ta renmen Nou ini nou tout nan fen semèn sa a, nan lè avanse lès (HAE), nan suiv orè sa a.

VANDREDI
Nou pral kòmanse fen semèn ak pak sa ini nou nan lapriyè nan 9h, epi nan midi , pou nou envite Seyè a desann e pou li avèk nou e ak lepouz li a nan toupatou nan mond lan, alò okazyon se you fen semèn espesyal; e pou li ranpli Kay nou yo ak sentespri a, alò nou pral konsakre nou adore l.

Nou pral ini nou ankò nan priyè ak 15 zè nan komemorasyon krisifisyon Seyè nou an. Panse nou yo pral mennen nan jou sa, li plis 2000 ane yo,nan kalvè a, e nou kapab wè sovè nou an pann sou kwa sa a, e nou kapab li non nou la:

Lè nou ap kapab li l mete non nou la:” Li te blese pou trangresyon William Branham; li te brize pou inikite William Branham yo,” se nan moman sa kè poze vini. Se pat senpleman yon bagay generalize, se te pou mwen. Se pou yon. Mwen te vinn ladan li.ak blese yo, William Branham te geri.” Alò se deferan.

Alò 19 h, nou pral tande pli enpòtan pwose nan tout tan yo, alò nou pral rasanble nan viwon twòn li a pou tande mesaj sa a: pwose 19 -04-64.

SAMDI, AK 9 h, midi e 15 h, nou pral ini nou tout nan priyè ankò yon fwa.

Alò, samdi swa, nan 19 h, nou pral ini nou tout pou tande pawòl: Jou sa a sou kalvè a, 25-09-1960. Kèl mèvèye jou sa pral ye.

DIMANCH
Nan gwo e mèvèye maten rezireksyon an, nou pral leve bonè, kòm frè Branham te konn fè l nan 5 h pou li di Seyè a mèsi pou Jezi ki te resisite nan mitan mò yo.

“Senkè nan maten sa a tizanmi lan AK anba gòg li wouj te rete nan fenèt mwen an e te reveye m. Nou pral di tikèl debòde, li te di : li resisite.”

Nan 8 h 30, nou ini nou ankò sensèman nan yon chèn priyè , yon ap priye pou lòt e nou ap prepare nou pou nou tande vwa Bondye a. Nan 9 h, nou pral rasanble pou nou tande mesaj pak nou an: akizasyon, 07-07-1963 nan maten.

Nan midi , nou pral ini nou ankò nan priyè pou nou di li mèsi pou mèvèye fen semèn li te bannou avèk li e lepouz li a.

Frè e sè mwen yo ki nan etranje, mwen ta renmen envite ou pou ini AK nou nan lè Jeffersonville, pou tout moman priyè yo man orè sa e pou band dimanch maten an.Mwen konsiyan ke tande band yo vandredi ak samdi swa pa fasil nan lè Jeffersonville pou anpil nan nou, alò mete nou alèz pou nou tande mesaj la nan lè ki pi bon pou nou. Mwen ta renmen nou rasanble nou tout dimanch, nan. 9 h, lè Jeffersonvil la, pou nou tande ansanm mesaj nou an dimanch.

Clike isi pou yon vèsyon enprimab Ak orè a,en format PDF.

Mwen ta renmen tou envite nou e timoun nou yo, pou yo patisipe nan kreyasyon e kwiz YF, tout fanmi nou yo pral apresye. Nou panse ou renmen yo anpil, alò tout se pawòl la nou pral tande nan fen semèn.

Clike isi. pou konsilte materyèl ki nesesèman pou pwojè kreyasyon an. Pwojè yo pakab konsilte isi a( nan anglè sèlman)

Klike isi https :// youngfoundations.org/fr/article/3312021-2021EasterQuizMessages _3312021 pou quiz weekend Ak pak yo

Se yon onè pou mwen envite nou tou Ak fanmi nou ,pou nou rasanble avèk lepouz toupatou nan mond lan pou yon fen semèn adorasyon, louwanj, e gerizon. Se fen semèn sa ki pral chanje lavi nou.

Frè Jozèf Branham

27/03/2021

Chè dezyèm Èv la,

Nou toujou sonje jou sa kote Seyè a rasanble lepouz li a, nan tout nasyon yo nan mond lan, pou l di nou: ou gran fanmi mwen, yon chedèv, gran chedèv mwen, fanmi mwen, dezyèm Èv mwen. Kounye a ou prepare jaden an, mileniyòm lan”.

Yon chedèv e lepouz, se yon moso nan li, ki dwe akonplisman pawòl la. Se pawòl la akonpli, e nou prè pou retou Seyè a.

Kouman lepouz sa a pral rive? Kouman ble sa a pral rive? Li di nou se Malachi 4 e revelasyon 10.1-7 ki ap fè lepouz li a pafèt. Se PA yon sistèm, se PA yon gwoup moun, men se setyèm zanj mesaje li a ki pral fè sa, kòm sa te ye nan kòmansman, ak pawòl orijinel la.

Gade, revelasyon 10.1-7,di tout mistè yo dwe revele pou lepouz la, ak mesaje legliz Lawodise a.

Si tout mistè yo dwe revele ak mesaje a, pa gen lòt pi bon fason pou resevwa revelasyon tout mistè sa yo ke ak chemen Bondye te bay la. PEZE BOUTON JWE A “- e tande vwa Bondye a ki ap pale dirèkteman nan pwofét li a e ki ap revele tout sa ki te kache yo.

Mwen si tèlman eksite e si tèlman kontan. Anyen lòt pa enpòtans nan mond lan sèl mesaj sa, pawòl sa, vwa a. Mwen konnen nou tout santi menm bagay la. Tout pataj nou yon ak lòt pawòl la yo vinn tande a, yon rele ,ou voye sitasyon mesaj tèks yo prefere.

Ou te sezi sa a… Ouaw… Vle di ,ouaw!!
. Mwen pa te Janmè tande Mesaj sa a anvan, Janmè.

.kouman mwen te kapab wè sitasyon sa pandan tout ane sa yo?

.Li vinn di m mwen se te chedèv li a, GLWA.

Kèl lèt lanmou .pepit aprè pepit aprè pepit.

. Sa pa te kapab pi klè.

.kouman yon moun fè pa kapab wè sa… Se tout sa li di.

Alò kounye a, mwen ta renmen fè menm bagay la ak chak nan nou. Aprè mesaj demen an, nou pral ekri tèks,rele, e pale tankou moun fou. Li plante klou a pi fon e kole tout eleman yo ansanm pou Èv li a.

Mwen menm tou, mwen vle ankouraje nou. Si nou kwè se setyèm zanj mesaje Bondye a. Si nou kwè mesaj sa a se pawòl la pou jou sa. Nou kwè chak pawòl. Si ou suiv MESAJ YON SÈL ÒM, ALÒ SITASYON SA YO SE POU OU.

.Nou la! Nou la nan lafen an. Li pa yon bagay moun sòt, sa te vini ak yon nonm.ki gen MEN SA SEYÈ A DI.

.Pwofét Bondye a ki se entèprèt divinn pawòl Bondye a.

.Nou pa kapab ajoute anyen nan sa, ni retire yon sèl pawòl.

Yon òm nan yon viann moun, kòm yon pwofét, e poutan se te Eloim, ki tap disène panse ki te nan kè Sara dèyèl la.

Bondye, sou yon fòm moun, ki tap disène panse moun yo; yon sèl òm, se pa yon douzèn, yon sèl òm, menmsi gen anpil imitasyon.yo genyen yon sèl.

Ki sa ki vrè prèv la? Jezi te di:”Si nou kwè mwen se MOUN SA A.” E LI SE PAWÒL LA.

. yon pwofét, sa vle di yon vwayan ou yon moun ki ap anonse yon bagay “, sa vle di” yon moun ki revele pawòl ki te ekri “(…) Pawòl ki te pwomèt jou sa.

Alò Bondye voye pwofét li a, pou l… E pwofét se pawòl Bondye vivan an, manifeste.

. Jezi, pitit Bondye a, ki revele l ak ekriti yo, ki fè ekriti a vivan ki predestine pou jou sa a, kòm li te ye nan jou sa a e tout lòt jou yo. E se kwè sa , nou genyen sentespri a.

E kouman nou fè konnen se pawòl la ou se pa pawòl la? Nou chak di . Se te pwomès nan bib la,ki te konfime pou Laj sa.

. Sa a se revelasyon konplèt JEZI KRIS LA.( FRÈ BRANHAM bay yon ti tap sou bib la.- N.D.E) E SÈT SO YO te rete kache mistè yo, tout sa li te ye.

. E kouman mesi a… Moun ki te kwè nan li yo te pral konnen l, si yon pat rete toutan nan pawòl la, pou yo konnen li!

Mesaj sa, vwa sa a, band sa yo, se sèl pawòl Bondye a konfime pou jou sa. LI SE TOUT POU NOU. NOU pa konnen anyen lòt, nou pa vle anyen lòt. Nou pa kont pèsonn, nou se senpleman pou: PEZE BOUTON JWE A.

Wi timoun limyè yo, asepte pawòl sa, kontinye mache e gade li ouvè davantaj. Pa dekole avèk pawòl la, pou nenpòt sa yon lòt moun kapab di nou. Rete ak li e kontinye senpleman mache avè l, gade pawòl la ouvè e revele. Pawòl se semans; yon semans nan tè pral pwodui selon espès li.

Vini tande pawòl Bondye dekouvri e revele, akonpay tout nasyon yo nan mond lan, ak dezyèm Èv li a, dimanch ak katòzè, nan lè Jeffersonville la alò nou pral tande: Fèt sèt twonpèt yo, 19-07-64.

Frè Jozèf Branham

Lis pasaj ekriti yo Pou li anvan nou tande mesaj sa:
Levitik 16
Levitik 23.23-27
Ezayi 18.1-3
Ezayi 27.12-13
Revelasyon 10.1-7
Revelasyon 9.13-14
Revelasyon 17.8

20/03/2021

Chè chedèv Bondye restore yo.

Livè sa te plis mèvèye e remakab moman nan lavi nou.Nou tap etidye e li tap revele liv revelasyon an. Se yon moman nou pa pranl janmè bliye.

Nou kapab wè eleman yo la, prè pou mennen legliz la nan prezans Kris la. Lepouz la pran fòm.nou ap abiye ak rob nòs la, nou ap prepare. Nou kapab wè limiyè yo kap fè yan yan.nou konnen nou tan fen an.Nou la.Nou rive. Li vini POU MWEN E POU NOU!!

Semans wayal la ap rasanble, prè pou rezireksyon, prè pou rekòlte. Alfa vinn tounen Omega. Semans enpafèt la kite tonbe jaden edèn lan retounen semans pafèt la, dezyèm Èv la, se vrè lepouz pawòl la. NOU SE LEPOUZ PAWÒL SA, ZANMI LAN.

Se yon gran jwa pou nou konnen nou se lepouz pafèt, nou nan volonte pafèt li. Li te pale ak kè nou ak revelasyon, e li te revele nou ke nou se chedèv restore nèt la.

Li te pran katmil ane ak papa a pou l fè premye chedèv la.kounye a depi demil ane , li te okipe ap fè yon lòt chedèv, NOU,LEPOUZ, ak Kris. Li te ap fè l ak metòd li pa janmè chanje, Menm mwayen li te pran pou l fè premye chedèv la: pawòl li.

Se sèl mwayen pran pou li fè chedèv li yo, paske li pa kapab yon chedèv pafèt san pawòl pafèt la, e mesaj sa se PAWÒL PAFÈT li a, ki prodwi LEPOUZ Pafèt li a.

Ki se pou li, kreyasyon orijinel, li te retire yon moso pou fòme lepouz li a,li pat janmè fè yon lòt kreyasyon, li te pran yon pati nan kreyasyon orijinel la.Nan ka sa, sil se te pawòl la, kisa lepouz dwe ye? Lepouz la dwe pawòl orijinel, Bondye vivan an nan pawòl la.

Nou kapab pran konsyans ke nou se pawòl orijinel, san tach san chifonnen.Nou se moso ki soti nan li, restore.pwonpri Satan an pa gen efèt sou nou.Nou se pa yon lepouz ki fèt ak men moun; nou se pawòl vivan an nan aksyon.

Se moman rekòt la. Nou pafètman mi.kounye a mwen prè pou vini an.Premye ministè a ak dezyèm ministè a , se menm.Premye mesaj la e (dezyèm) dènye mesaj la, se menm bagay la.”Mwen se, mwen se te nan Alfa; mwen ye nan Omega.”

Fanmi chedèv la ye a retounen, Kris ak lepouz li ya,prè retounen lakay yo, nan Kay .

Lepouz la enpasiyan pou l wè tout sa li te rezève pou nou nan prentan sa. Nou nan yon gwo atant e nou ap tann gwo bagay sa yo. Vinn jwenn ak nou dimanch nan katòzè lè Jeffersonville ( lè avanse nan lès GMT/UTC-4),alò sentespri a pral rantre nan Kay nou yo pou pale ak nou nan pòt pawòl chwazi a, e li ap pote pou nou mesaj sa: Chedèv la 05-07-1964.

Frè Jozèf Branham

Pasaj ekriti yo pou nou li anvan reynyon an:
Ezayi 53.1-12
Malachi 3.6
Matye 24.24
Mak 9.7
Jean 12.24
Jean 14.9
Revelasyon 3.20

13/03/2021

Chè piti twoupo,

Ki sa nou konnen kounye a, san yon tikal dout, ki te revele ak nou?

NOU SE LEPOUZ!!

Mwen kapab tande glwa yo,alelouya yo, louanj yo, kri lepouz yo nan viwon tout mond lan. Gwo plan Papa a konplè kounye a. PA gen dout nan sa a.PA gen okenn kestyon. Li te bannou revelasyon an. Nou se Eli predestine yo,Cheri l yo; Nou Se LEPOUZ!!

Lepouz la pat janm ini tou jan li ye Jodi a. Lepouz pa te janmè absoliman sèten tou se kiyès li ye tankou Jodi a. Nou pa te janmè ere tou, satisfè tou e kontan jan nou ye Jodi a. NOU SE LEPOUZ!!

Anpil repoze yo sou senk don ministè yo e yo kwè nan yo revele yo davantaj. Se pa nou. Nou kwè pawòl sa pa bezwen okenn entèpretasyon. Nou li te pwononse ak vwa ki te chwazi a, li te anrejistre alò nou kapab tande l, e nou repoze sou chak pawòl li te pwononse e nou kwè li.

PA gen oken predikatè, doktè, apot , profèt, ou pastè ki kapab ini lepouz la; nou pa kapab fè anyen se dirije ou nan SÈL BAGAY KI KAPAB PÈFEKSYONE E INI TOUT LEPOUZ. Bondye li menm ki te pale nan setyèm zanj mesaje li a.

Sa, se ” selon di William Branham “? Sa, se ” SELON DI SEYÈ A!” POUTAN, li se moun diferan ak mwen, men sèl mwayen pou li pale se nan mwen.

Se te enstriksyon l yo Pou Tabènak li. Ou ka PA fè pati ak Tabènak li a; alò sa pa aplike pou ou. SÈLMAN POU NOU. LI te di ak pastè l sa li dwe fè lè li pa la… e se sa nou ap fè.

Alò. E nou gen yon pastè fòmidab, yo vrè òm Bondye, e mwen vrèman rekonesan pou sa. Si nou ka sonje vizyon sa a gen yon ane, alò ke NOURITI sa te anmagazine nan kote sa a. E se tout a fè jist .

Vwa Bondye a rasanble lepouz li a san janmè anvan. Nou chita ansanm nan kote selès yo, alò setyèm zanj Bondye a ap revele setyèm So a, sèt tonè yo, twazyèm pull la, e tout sa nou bezwen pou nou ale nan anlèvman.

Wayòm Bondye a ap vini. Nou ap pase pi plis nan negativ ak pozitiv. Nou ap viv nan yon revèy ki rasanble nou viwon pawòl la. Vini jwenn ak nou dimanch sa a, ak katòzè, nan lè Jeffersonville, alò nou pral tande sa ki te kache anvan fondasyon mond lan, e ki kounye a ap revele ak lepouz li a, nou pral tande setyèm So a, 24 -03-1963 nan aswè.

Frè Jozèf Branham.

Pasaj ekriti yo Pou li anvan n tande mesaj la:

Deteronòm 29.16-19
1 Wa 12.25-30
Ezekiel 48.1-7,23-29
Matye 24.31-32
Revelasyon 7
Revelasyon 8.1
Revelasyon 10.1-7
Revelasyon 14

06/03/2021

Chè èg ki rasanble nan viwon kadav la

Kote kadav la ye, se la èg yo pral rasanble. E èg yo sèlman kapab rasanble nan viwon pawòl sa. Alò, nou dwe deside,ki pawòl Bondye pou jou nou an ki pral rasanble èg sa yo?

Bondye te mete pawòl yo nan bouch Moyiz. Ou wè, se te panse Bondye yo nan kè Moyiz, li pral kontinye a pale l, alò Li tounen yon pawòl.

Kilès rasanble èg Bondye yo? Yon sèl bagay ki kapab: yon vwa Bondye pou jou nou an ki pale nan setyèm zanj mesaje konfime l la, e Li rasanble e ini Lepouz li a nan tout mond lan kòm janmè anvan, e pa gen anyen ki ka rete sa.

Anpil jwa inonde nanm nou AK chak mesaj Lepouz tande ansanm. Nou kapab menm kòmanse imajine, panse Bondye yo menm pale nan zanj pisan lan di nou: “Ou se bèl lepouz mwen e mwen se lepou gloriye Nou. Mwen te kache bagay sa yo AK tout lòt yo men nou se dous kè m, nou se yonn mwen chwazi.Nou se chè nan chè m,zo nan zo m .Nou se lepouz lwayal.”

PA gen fen nan sa Li revele nou e di nou.Nou tap tande mesaj la nan tout semèn lan, alò lè nou reyini nou tout nan moman pou tande vwa sa, alò li te mande nou fè sa, li vinn yon nouvo mesaj pou nou. Se kòm si nou pa te janm tande anvan.Kè nou kriye ak jwa. Sèye, panse, kòm janmè anvan, lepouz la te rasanble, pou tande menm mesaj sa, e Li revele l ak nou nan menm moman.

Nan inite ,ak lepouz nan Amerik Sid la ap kriye…Glwa! Lepouz nan Afrik rejwi e sote sou pye yo e di alelouya!

Nan Erop, nan Azi, nan Filand, nan Ostrali, nan Il yo, nan Kay yo,nan legliz yo, vilaj yo, Kat kwen tè a,manm lepouz Li a tout te tande l pale e di nou:<<Mwen rasanble nou.tan an vini pou soupe nòs la.Nou te prè pou n tande pawòl mwen Ou se lepouz cheri mwen .Linn myèl la rive.

“Nan yon lespri e yon akò, nou pral kriye e chante:

~Mwen gen estimilasyon revelasyon nan kè mwen, nan kè mwen, nan kè mwen,mwen gen estimilasyon ak revelasyon nan kè mwen, nan kè mwen, rete. E mwen trè kontan, trè kontan, mwen gen revelasyon an nan kè m.

~ Nou santi sentespri a jis tap plere, nan kè nou. Kòm li te kapab nan kè Seyè a, lè li tap gade jerizalèm pwòp pèp li a, wè, di:” jerizalèm,jerizalèm, konbyen fwa mwen vle pran an ou anba zèl mwen,kou yon manman poul ki fèk kouve ,men ou pa vle fè l.”Nou jis santi sentespri a di: konbyen fwa mwen te vle rasanble nou, ou wè men nou pa vle l fè l.

“Men gen yon ti gwoup LI rasanble.li rasanble nou e revele ak nou sa nou se LEPOUZ PAWÒL LA KI AP RASANBLE KOTE KADAV LA YE.

Sèlman lè tande l e kwè chak pawòl nou kapab resevwa tout pwomès Li yo nan tande band yo.nou dwe tande kasèt yo resevwa pwomès yo

Souple kite priyè mwen reponn. E nou tout ki kapab rele pitit Bondye yo, ke vwa pote isit la, se band lan , pral frape l kite l moman sa la…

nan moman nou ap tande vwa sa sou BAND LAN nou pral resevwa l:

Mwen reklame nou pou wayòm Bondye a, sous baz ke nou konnen se pawòl la ki te revele kite limyè aswa a klere nou,Papa a.Mwen konfiye yo nan non Jezi. Amen.

Nou ta renmen resevwa tou priyè sa a, revelasyon sa, e benediksyon sa yo? Ou kapab. Vinn jwenn ak nou dimanch sa nan katòzè nan lè Jeffersonville ,alò nou rasanble nan viwon kadav la e tande: kestyon e repons sou so yo 24 -03-63 maten.

Frè Jozèf Branham

27/02/2021

Chè lepouz mouton apele a,

Kouman kè nou ki tap sote ak jwa paske èg yo ap rasanble nan tout mond lan e tande vwa Bondye a ki ap pale ak nou e di nou ankò: pa gen ap tann.pa gen kestyon.Tout rive menmjan mwen te di l pral rive a. Lepouz mwen, jou a rive!”

Rechèch syantifik yo pwove sa nan mond lan.konfimasyon pawòl pwove l ak madam li a. Revelasyon sa a vinn ak Bondye, e se verite! Jou nou tap tann lan isit la. AK tout moman nou kapab wè, ak je pa nou, sen yo ki nan dòmi ki ap tann e ki dezire adaman ak nou.Papa nou …manman nou…frè ak sè nou yo, menm pwofét la Li menm pral parèt. Yo pral parèt devan je nou e di nou :<< Tan an isit la. Se fini.Toute bagay te fèt pou soupe nòs nou an.”

Jou nasyon yo te konte, yo te plen ak lapèrèz Peryòd tribilasyon an te tou prè yo. Men nou rasanble ak pawòl la, tande vwa sa kap ouvè so yo e prepare pou nou prann vòl nou an lè a.

Nou se mouton Bondye yo e nou antyèman rekonèt kilès Li ye lè li te tounen moun e li te pran tout peche nou e pote l sous kalvè a. Nou plènman rekonèt li nan laj nou an, pawòl la fè chè ankò nan nou. E kounye nou rekonèt dènye manifestasyon sa, kilès nou ye, nou se lepouz pawòl rachte li a,pwòp, jistifiye, Bondye nan Tabènak kò nou.

Li te di nou sa nou dwe fè pou nou se lepouz pawòl sa Mouton yo konnen mwen e yo pap pral suiv yon etranje.”PA suiv etranje yo. Fòk Li se yon siy konfime pou jou sa,men mouton yo pral wè l e kwè li.”

Pawòl la deklare nou ap viv nan Laj èg: jou vwa sa. Nou se sa yo ki resevwa pawòl la konplèt e nan vrè revelasyon an. Nou konnen gen yon sèl mwayen pou madanm lan pèfeksyone, li dwe rete AK vwa sa. Se sèl vwa sa ki kapab pafè Madanm li a.

Men, AK tout , se sa yo kite gen non yo nan liv lavi a, Bondye pral rele. Se yo ki pral tande. “Mouton m yo tande vwa mwen,” Jezi te deklare. Sèl bagay nou genyen pou nou fè se rele mouton yo.Kabrit yo pap konnen li.gade pou wè.Men, ou wè, se rele mouton yo, “Mouton m yo tande vwa mwen.” Poukisa? vwa sa, se kisa? Mwen vle di keske yon vwa.Yon vwa se siy esprityèl la._*

Nou pa kapab suiv yon etranje, Fòk vwa siy esprityèl sa konfime pou jou sa. PA anpil vwa, se vwa. Gen yon sèl vwa, e nou dwe apiye sou bouton lekti e tande e obeyi ak chak pawòl.

Anpil achope sous sa, men se pa Lepouz Li a. Kilès ki te ouvè so yo? Pwofét la. Se te ak kilès tout mistè yo te revele? AK pwofét la. Se kilès ki gen pawòl ki pap fayi pou jou nou an? Se pwofét la. Pawòl lepouz te di:<< Nou repoze sous chak pawòl?>> Pwofét la.

Lepouz la repoze sous chak pawòl vwa sa te pale nan setyèm zanj pwofét. Si lepouz la te predestine Li te wè sa anvan e Li te deklare nou repoze sous chak pawòl ke ou pale nou, alò Li gen yon sèl jan pou nou lepouz zanmi m, nou dwe tande VWA SA A.

E te mwen di l yon maten lè Jezi e lepouz li a pral retounen sou tè a, pral gen yon paradi Bondye la ba.o,vye gèrye yo nan batay, yo pral pwomene ak zanmi byen renmen yo lè a pral anplifye ak chan lame zanj yo.o! ou te fè bon travay,bon fidèl sèvitè.Rantre nan jwa yo Seyè a te prepare ou,se sa a ou te dwe konnen nan epòk la,anvan Èv te voye l oule kou yon boul nan peche.” Amèn! Fiyou! wi.

Vini jwenn nou dimanch ak katòzè lè Jeffersonville e rasanble nan viwon vwa sa Bondye te chwazi pou l rele lepouz li a soti e tande sizyèm so a 23 -03-63.

Nou kapab panse nan nou menm, eske sa kapab vrèman tou senp ? Repons se wi , se senplisite Bondye a. Tande sa pwofét Li a di e kwè chak mo.Bondye te di l:<< Fè moun yo kwè ou!

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou Li anvan nou tande mesaj la:

Ekzòd 10:21-23
Ezayi 13:6-11
Danyèl 12:1-3
Matye 24:1-3
Matye 27:45
Sen Jan 10:27
Revelasyon 6
Revelasyon 11:3-6

20/02/2021

Chè santyèm en pou san an,

Nou panse pou nou envite Wa tout wa yo e Seyè tout Seyè yo nan tikay senp nou yo,tou patou nan mond lan, chak semèn. Li pa vle nou ouvè yon pil tapi pou resevwa l. Li vle senpleman nou prezante l kè enb nou yo, pou Li kapab pran kè enb yo e revele nou bon bagay li rezèv pou tout sa yo ki renmen Li.

Men se pa nenpòt ki Kay ,ou nan nenpòt ki moun, men jis yon ti gwoup moun Li te chwazi yo. Se yon gwoup moun Li te frape nan pòt yo, yo te ouvè.

Kounye a, nou tou senpleman gloriyezman e trè trè rekonesan pou sa Li fè pou nou,gwo men misteriye Bondye vivan an! Ki pi gwo bagay sa kapab ye,ki pi plis yon pèp privileje nou kapab ye, ke nou genyen nan prezans Wa tout Wa yo, Seyè tout seyè yo?

Nou si ere e si rekonesan, nou pa konnen kisa pou nou fè! Nou se yon santyèm nan en pousan ki ap tande e ki kwè chak mo Li pale e di nou.

<< Mwen se pawòl ki tounen moun lan. Mwen pral revele nou sèt tonè yo, e se sa ki pral ban nou lafwa pou anlèvman. Paske nou kwè chak pawòl, nou se Rèn mwen jistifiye a, e mwen pral ban nou yon non nouvo. Mwen pral revele nou Twazyèm pull la. Nou kapab pwononse pawòl la, ka nou se pawòl la. mwen te restore tout bagay yo.,”

Kounye a fòk vrèman mwen di nou yon bagay. Se tèlman bon, sa ap boule nan kè mwen. Mwen espere nou pa pral bliye li. Mwen kite zanj mesaje mwen an wè tout, abiye ak rob blan yo. Nou menm sè yo, nou te la, ak cheve nou yo desann jis nan Tay nou, san bagay nan piye nou,e nou te kouri al kote Li.”

Epi mwen te kite l gade yon lòt kote, Li te wè nou ap vini, yon gwoup gason.Nou te yon gwoup jèn gason, nan laj ventan yo konsa. Gen nan nou kite te genyen cheve bren ,cheve yo blond. Nou tout te mete yon rob blan yo, e nou te kouri al kote Li, nou te mete sere l nan bwa nou, nou tap kriye: ” Presye frè! “

“Mwen te pran Li e mwen te mete li piro, sou yon bagay trè wo, paske sou tè a li chèf nou. Nou te suiv li, menmjan li te suiv mwen, Mwen.”

“Mesaj li dwe preche nou an tèlman bon nèt ke Li pa te ka konfyel ak yon zanj nan syèl; se pou rezon sa a se ak li menm Li te konfyel, pwofét mesaje zanj mwen an sou tè, William Marrion Branham. Mwen te revele tout liv revelasyon an e mwen te di l pote l ba nou.”

Li se pwofét èg mwen an. Nou sonje ,pa gen yon lòt pisans li te voye aprè sa gran èg la pale a.Mwen te revele l tout mistè yo, alò pou l te pote yo pou nou, nou, menmjan mwen te di ou mwen pral fè la.Tout sa nou gen bezwen nap jwen li nan mesaj li te anrejistre a, alò se pa pawòl li ,men se PAWÒL PAM YO POU NOU.”

Nou pa janm bliye, e nou sonje sa li te di nou lè Li te wè nou lòt bò a”

” Ebyen poukisa mwen pa ka wè jezi? Li te di: Ebyen Li ap li ap vini, yon jou. E Li pral vini anvan ak ou, e alò ou pral jije.” Li te di:” Moun sa yo la, se moun ki te konvèti gras AK ou, ke ou te kondwi yo.”

E mwen te di: nou vle di ke, paske mwen se yon chèf, ke mwen… Li pral jije m? ?” Li di: “wi”. Mwen te di: Eske tout chèf yo pral dwe jije konsa? Li di:” wi”.

Mwen te di: “E pòl? Li di:”Li pral jije l ak moun pa Li yo.”

” Ebyen”, mwen te di, si gwoup pa Li a rantre ,pa mwen an pral rantre tou,paske mwen te preche menm pawòl la ekzateman.” Se sa.Mwen te di: Li te batize nan non Jezi, e mwen te fè menmjan. Mwen te preche…”

E anpil miliyon te kriye yo tout ansanm nou repoze la sou sa!”

PA genyen YON SÈL LÒT FASONpou nou laba, zanmi yo: Se apiye sou “Play”, e repoze nou sou chak pawòl ke pwofét mesaje èg Bondye a te pwononse.

Vini repoze nou sou chak pawòl AK nou e se pou ou yonn santyèm nan en pou San an,dimanch, ak katòzè lè Jeffersonville lè nòmal ès la-GMT/UTC-5), alò nou pral tande: senkyèm so a,63-03-22.

Frè Jozèf Branham

Lis pasaj ekriti pou nou li pou prepare n pou nou tande mesaj sa:

Daniel 9.20-27
Travay apot 15.13-14
Women 11.25-26
Revelasyon 6.9-11
Revelasyon 11.7-8
Revelasyon 22.8-9

13/02/2021

Chè ÈG ki ap rasanble,

Mwen prese pou mwen ini ak nou pou m tande vwa Bondye nou an dirèteman ki ap pale ak nou nan zanj pisan Li a, alò Li ap kase 4èm so a pou nou e lap di nou chak: ou fèt nan mwen, ou pap ka fè peche.san Mwen te koule la pou ou.Li separe li e voye Li nan do saki responsab pèvèsyon an.”

Lè satan di mwen: ” yo koupab! ” Mwen di Li:” Yo pa koupab, yo tout pwòp. Mwen pa janm sonje peche yo ankò. Yo PA koupab ditou yo san peche. Yo se pou mwen. Si yo di ak mòn: Retire kò la,” e yo PA doute nan kè yo, yo kwè sa yo di a li pral rive, sa yo pral di a mwen pral fè l. Yo se ti èg mwen rachte yo.”

Ti pitit èg mwen yo,kap tan an sèt tonè yo fè nou tande vwa yo.pou nou kapab konpran pawòl Bondye a e manyen Li, la. Nou pral tranch l e koupe li. Nou kapab fèmen syèl yo. Nou kapab fèmen sa, ou fè sa,nou kapab fè sa nou vle. Enmi nou an pral mouri ak pawòl ki soti nan bouch nou, alò pawòl la se yon kouto koupe tou de bò yo.Nou kapab fè parèt san miliya tone mouch si nou vle.Tout sa nou pral di pral rive, paske se pawòl Bondye a, ki soti nan bouch Bondye, e mwen toujou sèvi AK moun pou m fè aji pawòl Mwen. “

Anvan li yon pawòl, Li se te yon panse. E yon panse dwe kreye.Li trè byen. Donk, panse Bondye yo tounen kreyasyon, Lè te pwononse yo ,ak yon pawòl. Konsa lè prezante sa sous fòm panse, se panse Li, e Li revele AK nou, alò li rete yon panse, jiskaske nou pwononse li.

Nou pale sous estimilasyon ak revelasyon. Kè nou, espri nou, nanm nou louwe e kriye:” Gwa, alelouya. “Li prezante nou panse Li yo.Kounye a yo revele pou nou.Nou kapab pwononse yo.

PA pè anyen, ti èg mwen yo, pawòl Li abite nan nou. Satan paka fè nou mal,li sèlman yon blofè, pwononse pawòl la.Li te chwazi nou nan kòmansman an. Li te voye dènye ÈG mesaje pou Li revele l nou e pou rele lepouz ya soti. Nou te rekonèt li. Nou te rekonèt kilès nou ye. Nap kontinye kouri nan bi a, sa PA pral pita, li ap vinn chache nou.

Si nou ta renmen resevwa estimilasyon sa a ak revelasyon an, vini tande vwa Bondye a ki ap pale,dimanch ak katòzè lè Jeffersonville (lè nòmal de l’Ès -GMT/UTC-5), e tande l ki ap revele katryèm so a ak Lepouz Li a.

Frè Jozèf Branham

Lis pasaj yo ekriti yo pou nou Li pou n prepare nou tande predikasyon sa katryèm so, 63 -03-21.

sen Matye 4
Sen Lik 24:49
Sen Jan 6:63
Travay apot 2:38
Revelasyon 2:18-24,6:7-8,10:1-7,12:13,13:1-14,16:12-16,19:15-17
Jenès 1:1
Sòm16:8-11
2 Samyèl 6:14
Jeremi 32
Jowèl 2:28
Amòs 3:7
Malachi 4

06/02/2021

Chè lepouz estimile a,

Se sa ki ap rive a.nou la. Yon bagay ap pase.Li revele nou pawòl ki pat janm konsa avan.Li te pwomèt bagay sa yo pran l pase nan dènye jou sa, e li te fè li. Nou plis bezwen ap tann ou mande l, li rive!!

Manifestation pawòl Bondye eksite lepouz la.vwa Li ini nou tout nan viwon pawòl li. Fòk gen sèt tonè yo pa konnen pou reveye nou sa ankò. Li te kòmanse renouvo tann sa avèk lepouz la.

E lè nou li l, genyen kasèt yo, tande yo kole kole. Paske nou pral genyen li nan tande band yo, paske yo te tande l ankò e yo vrèman trè klè . Donk, nou prale fè l pi klè laba.

Gen yon sèl fason pou l klè, se peze bouton jwe a. Kòm nou ere ,lè nou ap fè sa janl te mande l la,” se jwe band yo ankò.”

Bondye te konfime revelasyon li a klèman esplike.vre revelasyon moun ki vini nan jou nou an ki revele l ak lepouz Li a.

Jan 14.12; e Jowèl,Jowèl 2.38; Pòl nan dezyèm Timote 3; Malachi, 4e chapit; e Jan velatè a revelasyon 10,disèt en e disèt. Ou wè, se ekzateman sak ap pase la kounye a! E, nan legliz la, sa sa ye? Pawòl la ap kò nan mitan pèp Li ankò! Gade? E yo pa kwè li tou senpleman.

Pawòl la te fè chè nan mitan nou ankò,Gwa! Se vrè revelasyon mesaj sa lan fen tan an, e nou kwè li. Kouman nou menm nou ka di l kisa revelasyon an vle di pou nou?

Tan fèmti yo rive. Se dènye avètisman nou.PA mete entèpretasyon pa nou nan mesaj sa.Li vle li pwòp e pwòp. Rete ak pawòl la. Piga ou di:” Genyen plis ke sa ki gen nan kasèt yo. “Piga nou al tande nenpòt kalite rezonnman ki di” Genyen erè nan band yo.” “yo di nou pa dwe kwè chak mo.”

E kounye a kouman ou kapab yon antikris? Nenpòt moun ki niye chak pawòl nan sa ki di l PA vrè, e li ap anseye tou menmjan. Li se yon antikris, paske Li niye pawòl la-la -la-la. E Li se pawòl.

Nou si kontan e si rekonesan nou kapab di”nou kwè chak yota e chak tit. ” Nou ap rete AK ministè band lan.” PA gen okenn dout nan kè nou e nan lespri nou, nou se lepouz Li a e Li te ban nou ESTIMILASYON REVELASYON LI A.Nou pa kapab annik nou genyenl, alò nou kwè, kanpe debou, nou bat bravo, e nou kouri nan anviwon an,revèy la anro.

Si ta renmen viv jou pannkot la, lè kolònn dife te rantre nan chanm lan, e yo te ranpli ak sentespri ya e yo te resevwa * *estimilasyon revelasyon an, vini jwenn nou e pou ou fè menm eksperiyans bagay sa dimanch ak katòzè nan aprè midi. Lè Jeffersonville, ini nou pou nou tande mesaj sa a” twazyèm So a” 63-0320.

Frè Jozèf Branham

Men ekriti pou nou li pou prepare avan nou tande mesaj Twazyèm so a

Ekriti yo:

Sen Matye 25:3-4
Sen Jan 1.1/1.14/14.12/17.17
Travay apòt yo chapit 2
I Timote 3.16
Ebre 4.12/13.8
I Jan 5.7
Levitik 8.12
Jeremi chapit 32
Jowèl 2:28
Zachari 4.12

30/01/2021

Chè Rèn nan Syèl lan

Kouman nou kapab kòmanse dekri sak ap pase. Chak jou, ekriti aprè ekriti e pwofesi aprè pwofesi ap akonpli.Bondye ap ini Rèn li a nan viwon pawòl li a.

Zwazo yo nan paradi te kòmanse chante nan kè nou. Nou konnen sa pa pral pi ta kounye a. Kèk bagay ap rive la. Tan an vini. Lepouz lap tande setyèm zanj mesaje Bondye a kap tone pawòl li a.

Chak semèn, nou ap ini e nan gwo atant alò nap fè konte desann lan: 5,4,3,2,1… Bouton jwe a. Ankò, mesaje la ap pale nou,AK nou, anro tè a. Nan menm moman, syèl la, Bondye kenbe lap fè menm bagay tou.Se vwa Bondye ki ap pale ak semans predestine a, lap di l: “Ou se lepouz mwen.Mwen renmen ou, Rèn mwen an. Tan an vini. Rejwi ou, mwen te prepare soupe nòs yo pou nou.”
Se kounye a ki lè revelasyon an. Tout bagay yo revele jis nan avènman l lan.Se tan denouyeman fen an. Kè nou ap bat ak jwa chak semèn, li ban nou anpil plis kado maryaj la.

Fanm sa ki te abiye ak rad wouj vyolèt … wouj vif… Li gen lò,pyè ki gen anpil valè…ak pèl yo.li gen yon koup annò nan men l ki plenn ak bagay repiyans ansanm AK salte imoralite seksyèl Li a.

Mwen te wè yon gran fanm leve, ak bèl figi, abiye ak yon rad wayal, vyolèt. “E la mwen te mete ti parantèz sa a:” ( Li te gen anpil pouvwa nan Etazini; se kapab legliz Katolik.) ” Yon fanm kidonk, yon fanm; mwen pa konnen si se pral legliz Katolik. Mwen pa konnen. Mwen pa te kapab di.Tout sa m te wè, mwen te wè fanm sa, se tout.

Pandan lepouz la te tande sèt so yo ki ap dewale, pwofesi tap akonpli nan Washington, D. C., alò Kamala Harris te ap prete sèman tankou yon premye fanm vis prezidant nan Etazini yo.

“Kamala Harris rantre nan istwa jodia, nan devni premye fanm e premye moun NWA e nan orijin aziatik vinn vis prezidant Etazini yo. Nan 59èm seremoni envestiti sa, Li te abiye ak yon rad vyolèt et yon manto asòti kou zetwal montant nan domèn ki deziye, Christopher John Rogers.Li te konplete tou nan ansanm yon koliye pèl ak Wilfredo Rosado.

Vanity Fair

Alò nou tap tande sèt aj legliz la, setyèm zanj mesaje Bondye a te pwofetize e li te di nou aprè Kennedy, pral genyen yon prezidan Etazini yo AK lafwa Katolik.

Aprè seremoni envestiti a,Biden devni dezyèm Katolik nan tèt Etazini yo, premye a se depi John F. Kennedy, nan 1961.

Today

Pa genyen yon moman pi enpòtan nan istwa nan mond lan ke nan moman sa a nou ap viv la.Livè sa a, pwofesi sa yo ap akonpli devan zye pa nou yo.

Sa ki pral fini pou rive(mwen predi l), se yon fanm ki pral dirije. Nou sonje sa, mwen te di l gentan gen twantan(30).E-e, sèt bagay yo mwen te predi, senk ladan yo gentan rive.Lòm ki kapab fèl rantre a deja la, nan plas .E se Ak politik la nou pral eli sa.

Pawòl Bondye a enfayib. Pawòl li pap kapab fayi, pawòl la dwe akonpli. Gen yon nòm. Nòm sa a, se pawòl li. Bondye tou gen yon fason pou l revele pawòl li: Mwen pap fè anyen tou, sa m pa revele l avan ak sèvitè m pwofét mwen. “Avan Li fè nenpòt sa l ap fè, Li revele l ak pwofét li.” E lè l reveve l li. Kèk bagay pre rive.

Sèt tonè yo pral bay lepouz la lafwa pou anlèvman.

.Lafwa vini AK sa ou tande.
.Sa ou ap tande a se pawòl Bondye a.
.Pawòl Bondye a vinn ak pwofét la.

Genyen yon sèl vwa Bondye a.

” mouton yo konnen vwa m.” Yon vwa, se vre, se pawòl li, lè l pale.”Mouton m yo konnen vwa mwen. Yo te gen prèv vwa mwen vrè. Li te konfime, kòmsi se vwa m menm. “Kounye ya- kounye ya,annou gade,yo pa sa yo ki pral suiv okenn lòt vwa. Yo pap fè l. Mouton yo konn vwa mwen, e yo pap suiv moun yo PA konnen.”

Nou konnen vwa sa a e nou renmen li. Nou PA moun sa yo kap suiv okenn lòt vwa ke vwa Li ki nan kasèt la.Se mari nou ki ap rele nou Rèn Li.

O! Rèn Bondye a, kèk nan bagay yo nou ap tann chak jou.Kado aprè kado,benediksyon aprè benediksyon, jwa aprè jwa, revelasyon aprè revelasyon.

Annou fè ankò yon konte desann lan yo nan dimach sa a ak katòzè nan lè nan Jeffersonville (lè nòmal nan lès – GMT/UTC-5),pou nou tande vwa Bondye a ki ap tone pou Rèn Li a, alò nou pral tande: dezyèm so a 63-03 -19

Frè Jozèf Branham

Pasaj ekriti pou li anvan nou tande mesaj la:

Matye 4.8/11.25-26/24.6
Mak 16.16
Jan 14.12
2 Tesalonisyen 2.3
EBre 4.12
Revelasyon 2.6/6.3-4/ chapit 17/19.11-16
Jowèl 2.25
Amos 3.6-7

27/01/2021

Chè moun ki te chwazi yo,

Lepouz ki toujou ap benyen nan gwa pawòl Li tap tande dimanch lan.kè nou ap rejwi e lespri nou yo monte ro ;chak jou nou pran konsyans pi plis nou se moun sa yo li te chwazi, Li vinn pi plis reyèl nan nou, alò nou tande mesaj tonè a e li di nou: Gade map voye pou nou pwofét Eli.Li pral vwa Mwen pou nou.Li pral revele nou tout sekrè yo.Sa pral ban nou lafwa pou anlèvman an nou bezwen an pou nou Madanm mwen.”

Tout sa nou bezwen nap jwen li nan NOURITI KI NAN DEPO A. Li te di: “Mwen pap pral fè anyen san Mwen PA revele ak pwofét mwen.Mwen te revele li e li pral revele l nou.nan sans sa tout sa nou bezwen nap jwen li NAN KASÈT YO.

Men li prepare l pou nou. Nou dwe prepare nou toutan pou vini l lan.Nou dwe konstamman nan pawòl li. Konba a dechennen e pa gen lòt mwayen viktwa sou enmi an: Ak PAWÒL LA.

Kisa map eseye di? Mwen pap eseye fè nou pè mwen vle nou rete vijilan Se pou nou rete prepare n, veye ,chak
minit Sispann bagay sòt nou yo_ . rantre nan bagay serye yo ak Bondye, paske li pi ta ke jan nou pat panse l.

Nou dwe ap fè bagay yo serye. Pawòl dwe nan lespri nou e nan kè nou chak minit chak jou.Lè nou leve matin,pandan nou nan travay,pandan nou ap bale kay nou.pandan nou ap bay timoun nou yo lesson,pandan nou machine nou,nan magazen an, nenpòt sa nou ap fè, nou dwe ap medite sou pawòl e pale ak li nan tout jounen an.

Moman an pwòch, lepouz, pi pwòch. Li manifeste pawòl li chak jou devan nou. Nou dwe pi plis kòm li nan chak jou ki pase. Negatif la tounen pozitif, kòm li te sa dwe rive.

Nou priye jouk li reponn nou jodia, demen e chak jou. Pa kite satan desann nou, kite pawòl la mete nou pi ro. Ki papa nou fè nou sonje alò nou ap pale ak li.LAP DI NOU PA BEZWEN PÈ, MWEN AVÈK NOU CHAK JOU.NOU SÈLMAN GENYEN POUN PRONONSE PAWÒL LA , PASKE NOU SE PAWÒL MWEN .

Tan an pwòch e mari vinn chache Madanm li kap tann li.Tout detay yo nan dènye minit sa yo ap regle.Mete nou prèt e nan gwo atant sa a.Kisa Li pral fè e revele m jodia?

Frè Jozèf Branham

09/01/2021

Chè dwól zwazo

Nou diferan daprè tandans modèn de sivilizasyon sa . Nou tounen yon bagay biza ,ki etranj et nou menm deyò pami frè nou ak sè nou yo .

Nou se yon pèp achte, yon sasèdos ki ispiriyèl , yon nasyon wayal, ki ap bay Bondye plizyè sakrifis ispirityèl avèk fwi ki soti nan bouch nou nap bay non li louanj pandan nap di ke nou kwè chak pawòl ke li prononse pa setyèm anj mesaje li a. Nou vin rele zwazo dwòl yo ,moun band yo ,epi nou mennm nou tèlman kontan pou nou rele youn nan yo .

Poukisa nou kwè fason sa ? Setyèm zanj mesaje ki konfime pa Bondye a pase nou lòd pou nou fè li.

Bon ,kounye a , koute byen chak mo. Sezi li. E- e si nou pranl sou kasèt ,epi tou sa, lè sa se pou ou rete fèm ak ansèyman ki sou band sa yo. Piga nou di anyen lòt ke sa ki di nan band sa. Di egzakteman sèlman sa ki di sou sou band lan . Eske nou wè? An efè ,kèk nan bagay sa yo,nou pral konprann pa mal sou sa yo, kounye a poukisa nou mal konprann. Ou wè ? Epi asire nou byen pou nou pa di ke sa ki di sou band lan. Pa di anyen lòt . Annefè , mwen pa di selon mwen menm . Se li menm ki di li,nou wè . Epi, donk, souvan genyen konfizyon ,de seri moun ki leve pou yo di:” Enben ,entèl di sa vle tèl bagay “. Kite -kite yo jan yo ye ya. .nou wè? Se konsa nou vle Bib la. Egzakteman mennm jan Bib la di l la ,se konsa nou vle li ,egzakteman -egzakteman konsa. Piga ou ajoute pwòp entèpretasyon ou . *Li deja entèprete l ,nou wè.

Gad yon repo,gade kè poze pou Lepouz la. Li te revele ke gen yen yon sèl fason pou nou pa nan konfizyon paske entèl te di sa vle di. Pa gen lòt fason ke sa ki sou band yo, se SE PEZE SOU BOUTON JWE, paske sa k ladanl yo pa bezwen Entèpretasyon.

Nou te toujou kwè mesaj sa, men kounye a gen yon bagay diferan ,gen yon chanjman ki pwodui nan lepouz li a. Nou rete nan prezans pitit gason li a epi nou ap mi. Se sèl fason sa pou lepouz prepare pou sezon rekòt yo: SE PEZE BOUTON JWE EPI OBEYI.

Li pral rive egzakte man sa n te di a . Pèp Bondye a prepare ak pawòl verite a ki bay pa mesaje pou laj sa . Nan li wap jwenn pannkot la anplen ,paske lespri ap mennen vini moun yo egzakteman kote yo te ye nan kòmansman. *Se”men sa Seyè a di”

Sa eksite nanm nou . Nou ta vle kriye epi pouse kri . Nou pa gen pou nou kestyone tèt nou ,oubyen imajine ,oubyen espere nou nan volonte bon nèt li ; nou genyen selon sa seyè a di . Nou prepare ak pawòl verite a lè NAP PEZE BOUTON JWE A .

Nan menm moman nou tap tande aj legliz yo sa te bon nèt .nou te wè pwofesi kap akonpli jou aprè jou.

Nou te gen yon prezidan katolik , epi nou pral gen yonn lòt san dout

Nan jou sa , pandan nap tande mesaj sa ,pwofesi sa akonpli.

Nou te wè anpil evenman nan mond lan ranje menmjan ak pawòl la.

º Legliz ak leta ,relijyon epi politik ap ini .

ºLawodise :” dwa pèp la yo”oubyen “jistis pèp la yo “

º Fanm movèz vi a pral detui sistèm lajan ki la kounye a.

Sa prouve nou ke moman Bondye yo toujou bon nèt .

“Tan vanse rive ” avan sa ,tan pat vanse rive. Nan sajès epi plan Bondye a , revelasyon pisan sa (ki byen konnen pa Bondye nèt ) pat potel vin jis la. Epitou annou dekouvri byen vit yon pwensip: revelasyon Bondye pou chak laj pa ka vini ke pou laj ki la kounya ,epi tou nan yon moman egzat. Gade istwa izrayèl . Revelasyon Bondye a pou Moyiz pat vini ke nan yon moman egzak nan istwa , epi li menm pi egzak nan moman pèp la tap kriye bay Bondye . Jezi li menm ki te revelasyon konplè Divinite Bondye a te vini lè tan yo te akonpli . E nan laj sa (lawodise a),revelasyon Bondye a pral vini nan tan fikse a . Li pap fayi ,epi li pap pral vin avanlè tou. Se pou nou reflechi de sa e pou nou bay valè ,paske nou nan fen tan .

Menmjan ak ou , mwen te beni pandan nap koute epi lekti sèt aj legliz yo ,pandan m konnen se te tan fikse pa Bondye a.

Lè Seyè te mete sou kè m pou nou swiv li apokalips la pandan tout ivè a.

º _mwen ta renmen pou ke nou geyen tout ivè a pou ke nou kapab senpleman pran tout liv apokalips la et pase ladan nèt
“Vizyon patmòs la”

º epi so yo dwe ouvè pandan laj legliz sa,epi sèt dènye mistè Bondye yo yo dwe re-…revele oh mwen ta renmen kontinye senpleman anwo yo pandan tout ivè a epi wèl o konplè.”Laj legliz Efèz la.

º Se la fen laj la,tout bagay fini menm kote a ,se pou sa nou ta dwe genyen tout rès ivè a pou n abòde sa ,men nou…pou pran liv apokalips la ,e pou nou wè kòman sa relye yonn ak lòt .”dis vyèj yo AK sankarant Kat mil jwif yo .

º Lè nou pral tèmine ak sa,yo pral remonte sa ,epi e yap bese lòt yo konsa e yo pral kómanse sou sa epi yo pral anseye konplètman .oh , sa pral tankou yon ti paradi,se pa vre ?pou nou pase tout ivè a chita ,pou nou wè tout bagay sa ak seyè a.”Apokalips ,chapit 4#2

Mwen pa ka tann pou m chita tout ivè a ak Seyè a ,lè li pral revele nou liv apokalips la .nou pral wè pawòl la akonpli e manifeste devan je nou . Se yon moman gloriye anpil pou lepouz li a .

Fòk ta genyen pou sa travay sentespri a . Sa ki pou di sa ta dwe revele ak yon kategori moun espesyal . Fòk ta genyen pou sa yon moun ki gen domèn disèneman profetik .sa ta bezwen yon kapasite pou tande Bondye pale
Sa ta bezwen yon ansèyman sinatirèl .

Nou se yon klass moun .ou genyen vizyon pwofetik la. Ou gen kapasite pou ou tande Bondye .ou kwè tout bon tout pawòl ki nan enstrisyon sinatirèl la yo

Vini , annou ini bò pawòl li a ak nou Dimanch 14 zè ,lè djefèsonvil ,pou n tande Bondye kap tone enstriksyon sinatirèl yo , pandan nap tande 63-0317m-Bondye kache e li revele li yon fason senp .

M ta renmen nou kòmanse nan paragraf 94 la ,aprè sèvis dedikas la . Si Seýè a vle epi si nou youjou isit la ,m ta renmen pase pòsyon mesaj sa pou reyinyon dedikas la aprè rekonstrisyon batiman nou an .

Lè Seyè te mete sou kè nou pou nou kontinye nan ivè sa ak liv apokalips la ,mwen konsilte kalandrye pou m verifye ki jou sa pral ye . Lè nou pral tande Setyèm so a,se pral dènye fen semèn ivè a epi gen semèn aprè a se pral premye jou prentan,GLWA!!

Fr . Joseph Branham

Pasaj ekriti pou li avan tande mesaj la : 1 istwa 17.1-8
Ezayi35.8/40.1-5/53.1
Malachi 3
Matye 11.10,11.25 -26.
Jan 14.16.
1 korentyen 13
Revelasyon21

26 /12/2020

Chè Madanm paròl bon nèt la ,

Madanm lan si tèlman eksite epi Li nan yon gwo atant menm jan ke nou ap prepare pou nou tande mesaj la ki pral fini ak laj legliz yo ,dènye Aj la ,lawodise .Se Laj ki pi gloriye nan tout tan yo ,avèk mesaje ki pi gloriye nan tout tan yo ,ki ap rasanble pèp ki pi gloriye nan tout tan yo .

Pot ko janm genyen yon jou tankou sa nou ap viv la .Lemond gen posiblite pou yo tande vwa Bondye, menmjan ekriti yo anonse sa nan paròl Li a. Revelasyon 10 .7 :Nan jou vwa .Gade pou wè,SE PA VWA YO ,MEN VWA A.

Bondye promèt pou Li voye yon zanj pisan nan Laj sa, pou revele nou tout mistè yo ke Li te kache depi lè monn nan te fèt .Li pral yon zanj mesaje konfime tankou okenn lòt Pat ye ,paske li te chwazi poul ka rele lepouz la soti.

Anpil nan yo pral rechte Li .kèk nan yo pral di ke yo pa ka kwè tout sa Li di ;sèlman lè Li di “selon sa Seyè di “. Genyen anpil èrè nan Mesaj lia.se Pali menm sèlman ,gen lòt ki gen apèl epi ki wen pou yo kondwi lepouz la epi revele verite a .
Paròl la di pral gen yon group moun chwazi ki kwè chak mo nan sa profèt Bondye a di,paske kondisyon pal menm sè te:” Fè moun yo kwè ou “.

Ebyen ,nou ta dwe kwè ke yon pati nan sa ke Li di ? Eske paròl la di :”Map voye pou nou Eli profèt la ,epi map voye pou nou lot moun pou di nou kisa pawòl la ye epi sal pa ye ?”

Paròl mwen yo pral fayi ,men paròl Bondye yo PA kapap fayi . An nou wè ki otorite BONDYE BAY 7e zanj mesaje Li a .

。Kilès ki pral genyen pouvwa ki pap fayi a ,ki sa ki ta retabli nan dènye Laj sa , pwiske dènye aj sa pral manifeste ankò lepouz paròl pi a ?sa vle di ke nap genyen ankò paròl la menmjan Li te bay pafètman et yo konprann Li pafètman nan epòk pòl la .M pral di ou ke pral genyen .se pral yon profèt ki pral konfime menmjan nèt ,obyen menm plis ankò , pase tout profèt nan tout Laj yo,de pi enòk jouk jounen jodia ,paske nonm sa sa pral gen nesesèman ministè pwofetik de pyè de fèt la, epi se Bondye ki pral manifesté kilès li ye.Li pap bezwen temwaye pou tèt li , se Bondye ki pral temwaye pou li ,avèk vwa siy lan.Amen.

Glwa!Alelouya! Vwa ke nap tande lè nou APIYE SOU BOUTON JWE A te bay pafètman epi konprann pafètman ,EPI LAP PRONONSE PAWÒL KI PAP FAYI A.

Lepouz la nan yon tèl repo ,kòm nou tande paròl pròp Bondye a.pa gen sipoze ,pa gen kestyon ,nou pab bezwen al tande sa ,al tande lòt la ; nou genyen tout NAN YON SÈL VWA SOU KASÈT LA.

Ann fè yon ti espektak epi yon ti Zen tou piti de pepit yo,epi annou wè sa Bondye di sou zanj nou an .
。li pa pral tande anye ke Bondye
。li pral genyen “selon sa Bondye vle ” epi Li pral pale pou Bondye
。li pral pòt pawòl Bondye a .
。li pral mennen Eli yo nan dènye jou yo
。lap tabli la vérité .

Bon,an nou poli kèkpepit padan ke lap pale de nous ,gwoup patikilye a ke li rele Eli epi chwazi pou kwè chak pawòl ; MADANM LI.
• Epi eli yo ki pral avèk Li nan jou sa yo pral sa yo ki manifesté réyèlman Seyè a ,e ki pral kò Li ,ki pral vwa Li ,e ki pral akompli travay Li yo.alelouya! Ou konprann sa?

•nan dènye jou sa ,kote gen yon pèp nan peyi a ,ki ap gide pa mesaje li a,se pral dènye vwa pou dènye Laj la.

• legliz la se pa “pòt pawòl ” Bondye . Li se pròp pòt pawòl li .

• vwa Bondye pral nan Li .wi,Li nan Li,paske Li di nan dènye chapit revelasyon an,nan vèsè 17 : “L’espri ak lepouz la di: vini.”

• Li bay lepouz yon vwa .

.
•eli yo pap sedui

WAP pale de yon repo ;Li ban nou vwal epi nou pap kapab sedui ,nou se yonn AK li

Kounye ,rekonpans nou paske nou ret fidèl ak profèt sa epi paske nou kwè chak pawòl padan nap tande vwa sa:

• Sa ki resevwa profèt la nan non li pral resevwa efè benefis ministè profèt sa . epi sa ki tande li pral beni ,e yo pral fè pati lepouz dènye jou sa, sa ki te di yo nan apokalips 22.17: “L’espri a ak lepouz la ap di:vini”

Si gen yon dezi pou nou resevwa rekonpans sa ,jwenn avèk nou Dimanche sa ,à 14 è lè jefèsonnvil ,pou tande Laj Legliz lawodise :The Laodiceans 60-1211e,oubyen tankoum te ka rele Li ,istwa la vi m.

Fr. Joseph Branham

Malachie 4.1-6
Matthieu 2.14-15,17.9-13
Luc1.14- 17.
Romains 11.15-27
Apocalypse 3.14-22

An Independent Church of the WORD,