21-0613 Wa Ki Rejte A

Mesagj: 60-0515m Wa Ki Rejte A

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè zanmi Presye , byeneme y , Cheri nan levanjil la. Timoun yo ki fèt pou Bondye a.

Mwen rekonesan anpil ke nou ap tande pastè nou.Nou se monton ke li se pastè a. Nou se legliz li a. Band sa yo te anrejistre e mete nan magazen an pou nou menm . nou se zanmi setyèm zanj mesaje a , e byeneme Cheri li yo nan levanjil . Nou se timoun li fè pou Bondye a.

Yon jou mesaj li a te parèt devan je nou epi nou te tande Jezi Kris , se menm bagay yè Jodi a e pou toutan . li te satisfè bongou nou e nou vinn grangou pi plis toujou . Mesaj sa , pawòl li a , Vwa li a,Se Seyè Jezi Kris. Se tout sa nou gen bezwen ,e se tout sa nou vle se tout sa nou genyen .

Si yon revelasyon te dwe vinn ak nou ki ta kontrè ak pawòl la ki te ekri a ,nou pap janmè resevwa li, paske se sa menm satan te fè Èv. Li te gen pawòl la , men li tap chèche yon lòt limyè ,epi Satan te asire li pou l ka jwenn yo. Nou menm nou pap janm vle ajoute anyen nan pawòl la ,ni retire anyen nou vle sèlman kite l Jan li ye a. Rete dwat ak pawòl la ,paske tout sa ki pa menmjan avèk li se enkredilite . nou dwe rete ak ministè band yo.

” _mwen pa janm te preche yon bagay nan vi m , pou mwen te wont li . mwen pap retire okenn band , okenn disk . mwen te kanpe ak sa sentespri a di. Pou mwen sa se viv oubyen lanmò .” mwen pap chèche pale de mwen , isit la , mwen vle senpleman montre sa kap pase ,pou ke ou ka wè epi konprann ki sa li ye .sa ki genyen, moun sa yo vle ke se yon moun ki pou ap kondwi yo.

Band yo se sa sentespri di pou l ka kondwi lepouz li a. Nap viv pa mwayen tout pawòl la e nap mouri pa tout pawòl la, paske li se sa Seyè a di . N ap rete fidèl ak pawòl Bondye a, menmsi sa koute tout sa ke nou genyen nan vi sa ; nap rete ak pawòl la.

Chak band ke nou tande ap fè vin pi pre li e li revele nou plis de pawòl li a. Se egzatman sa nou gen bezwen pou jounen sa . Nou pa vle pou n kondwi pa pitit Gason Kish la ,nou vle chemen Bondye bay la : pa Pwofèt li a.

Priyè nou , se : Oh Bondye , Ede nou pou nou pa janm fè konpwomi menm sou yon sèl pawòl . Pou nou kanpe fèm ak pawòl sa,e pou ke nou viv li. Zafè sa kap vini , ki sa ka di oubyen sal ka fè. Se pou nou rete ak pawòl ou a.”

Chak jou , bagay yo Vin pi difisil tanzantan . Satan Vin pi anraje yon fason li pa te janm ye . li konnen ke tan rive nan fen li ,ke jou yo ap konte kounye a, alò li ap atake Lepouz la.

Gendelè , konba Vinn tèlman difisil. Nou tèlman fatige , epi nou ekri :
Mwen gen mal alèz nan peyi a, Twouble, epi se Jezi ke mwen wè;
M ta renmen tande klòch ki nan pòt la yo bèl ti son dous ; chemen mwen yo ta klere ,tout lapèrèz tap disparèt ; Seyè, ki te nou gade dèyè rido tan an.

Papa nou konnen nou tap bouke epi fatige,menmjan ak pwofèt li a. Alò ,byen bonè nan yon maten , li reveye sèvitèl la pou l ankouraje li .Li pèmèt li poul ka gade dèyè rido tan an.

Epi , li voye li pou li ka di nou ki sa li te wè . Pat gen jalouzi. Pat gen fatig . Pat gen lanmò ak maladi la ba. Mòtalite pa ka fè machwè nou plise . Sa se te nan pèfeksyon a n.

Epi lepouz la pran li, li plase li yon kote ki wo epi li kriye :

“Nou konnen yo jou nou pral retounen sou tè a avèw “. Yo te di” Jezi ap vini epi ou pral jije selon pawòl ou te preche nou an . aprè si ou aksepte nan moman sa ,”e sa pral fèt ” yo di ” apresa ou pral prezante nou kòm trofe ministè ou a”.

Lè sa , lè lepouz ap vini sou tè a, nou pral Vinn avèk li , Pwofèt Bondye a , e LI PRAL PREZANTE NOU BA “LI” KÒM TWOFE MINISTÈ LI A. Pa ,konsekan Nou dwe rete ak ministè band yo.

Nou kwè li. Enpòtan pou nou make isit la nou Vinn tande pwofét la ap di ,gen kèk semèn de sa :

Band sa yo adrese sèlman…. Map pale ak ansanble pam ,frè . mwen pa responsab sa Bondye baw pranswen an ; mwen entèrese ak ki manje ma p nouri moun ki isit la yo . sa se sèlman pou Tabènak sa. Ou wè? Kounyea si moun yo vle tande band yo . sa se zafè ki gade yo. M ap pale ak sa Bondye ban mwen yo.

Se rezon sa nou ap rete ak band yo .se rezon sa ki fè WILLIAM MARRION BRANHAM se pastè nou . Se rezon sa ki fè nou di nou se asanble li a. Nou se sa ke Bondye ba li a. Wi , nou se YOUN NAN YO,GLWA.

Si ou ta renmen fè pati asanble li a ,APIYE SOU BOUTON JWE A. Si ou ta renmen tande band yo avèk nou ,nou envite pou ou Vin jwenn nou dimanch nan katòzè lè Jeffersonville Lè nou pral ini nou ak lòt kwayan yo nan tout mond lan pou nou tande : Wa ki rejte a * 60-0515M*

Fr. Joseph Branham

P.s:
Mwen te nan priyè pou m ka konnen sa Papa nou ta renmen nou tande apresa . mwen sa li kondwi pou m pase Seri Adopsyon an . Mwen kòmanse priye epi chèche volonte li . lè fini mwen leve epi mwen ouvè bib mwen konsa konsa,epi m kòmase li ;se te nan galat 4.1-7. Yon lòt fwa Papa nou te voye konfimasyon e li te reponn ak priyèm yo.
Ekip VGR la ak mwen Nou pral repose nou nan twa semèn pwochèn yo .Pandan nou pral nan vakans, Mwen pral voye ban nou yon let kout ki pral konfime nou ki mesaj nou pral tande

Kontinye priye pou mwen ak ekip VGR la.

Pasaj ekriti yo Pou nou li avan nou tande mesaj la :

1samyèl chapit 8
Mak 16:15 -18