21-0822 Chwazi Yon Epouz

Mesagj: 65-0429e Chwazi Yon Epouz

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè lepouz Bondye Chwazi a,

Papa te chwazi lepouz li a anvan fondasyon monn lan. Li te vle yon lepouz ki pral reflete chak karaktè li. Li vle yon lepouz ki ap atire atansyon li nan kenbe pawòl li a.

Yon lepouz ki pral vann tèt li ak li menm e ak pawòl li te pwomèt la, jiskaske chak panse li te genyen nan li pral nan yo. Yo pral se menm lachè li a se pral menm zo li a, se pral menm lespri li a, se pral menm nan chak bagay li pral bati l egzateman menm jan avèk li yon fason yo de a fè yon sèl.

Li vle chak karaktè li fasone nan yo, pou l ka vin tankou li. jan Li te ye depi premye fwa lè li te plase Adan e Èv sous tè a, li ap restore lepouz pafè li a. Li ap kouve li, pote li retounen nan plenn manifestasyon li; paske li pral tounen lepouz pawòl pale li a.

Lè li te wè lepouz la, li te kontan anpil, li finalman vin lepouz ki pa pral fè konpwomi sou yon sèl pawòl. Yon lepouz ki pa pral menm gen ti dout ditou de sa, men li annik pral tankou li ye a. Yo pral di nan monn lan sa pa bezwen okenn entèpretasyon, pou sa li se vwa pwòp Bondye a.

Kòm li te ap gade ti lepouz cheri pafè li a, li te fè te trè fiyè de li, li annik pa ka pa moutre li. Donk li te rete rele setyèm zanj pisan li a, li te kapab prevwa li. Li te vle li pou l te wè li, e moutre l li, alò li te di l lepouz la kouman li te bèl. Donk li te kapab ankouraje li e li te kite li konnen l li annik konnen kiyès li ye.

Alò li te pran zanj li a e li mete nan yon plas ki byen ro alò li te kapab prevwa li.kòm li te ap gade, lespri Bondye te pale ak li e li te di l, se lepouz la.” Li te ap gade, li te wè nou laba. Kè li te kontan.

Nou chak te abiye ak rad nasyon nou kote nou te soti: nan swis, nan alemay, nan tout monn lan, chak nasyon. Yo te vrèman bèl ak bèl cheve long yo chita sou dèyè yo abiye ak manch long, e rod tonbe jis anba. E ou wè tout mache o pa, mach sòlda kretyen, kòm mach de gè.” Pandan li tap gade, nou kòmanse mache dwat moute nan syèl; nou se te pawòl.

Mèsi papa. Pou kòman ou ankouraje kè nou jodi a. Nou renmen ou e pawòl ou ak tout sa nou ye. Nou kwè chak pawòl. Nap mete mesaj sa nan men nou tankou yon gan.

Nou vle lepouz pawòl pafèt ou a. Nou pa konnen okenn lòt fason pou nou fè men se rete ak pawòl ou a, mann nan depo ou te kite pou lepouz a pou fè l prepare.

Nou wè tan an pwòch. Monn lan ap souke anba pye nou ak tranbleman tè a. Zanj ou yo ap sipèvize tout monn lan. Mon lann vire tèt anba. Anpil gè, anpil batay, anpil touye moun, anpil viris e anpil maladi tout kote.lannemi an anraje li dechennen, lap eseye toumante lepouz, men madanm cheri ou te chwazi rete trankil li kanpe sous pawòl ou.

Ede nou papa pou nou pa soti nan chemen an. Kite je nou kole sou e kenbe men nou ak men pa ou. Ogmante Lafwa nou, ban nou sa nou gen bezwen. Vini jwenn lepouz sa dimanch nan katòzè lè Jeffsonville, kòm nou rasanble nan viwon vwa ou pou jodi a e tande ou pale: chwa yon lepouz 29-04-1965 PM.

Sa se priyè nou papa:

O Bondye nan syèl la, ou genyen mizèrikòd pou monn sa ki plen peche e yon pèp plen peche, Seyè se sa nou ye aswè a, Bondye, mwen ap eseye kanpe Nan brèch la e mande ou mizèrikòd divinn ou, ou pral pale ak foul la aswè a e rele nou lepouz ou lide, nou Seyè se pa pou nou mach pa siy okenn kredo, men pa son levanjil Seyè Jezi Kris la akòde l Bondye. Kite nou konnen l aswè ya, ke ou se Bondye, e pawòl ou se verite, poutan, solanèlman, nou nan prezans pèp sa, pou nou atire atansyon yo ak pawòl ou a.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li se…

Jenèz 24:12-14
Revelasyon 21:9