21-0815 Semans Lan Pap Vin Eritye Avèk Pay La

Mesagj: 65-0429b Semans Lan Pap Vin Eritye Avèk Pay La

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè lachè de lachè li a,

Mwen kontan anpil Bondye pa chanje panse li o sijè pawòl li. Li se menm lan yè, jodi a e poutoutan. Fason li te konn fè bagay yo nan kòmanseman, li ap fè li menm jan jodi a. Bondye li menm manifeste nan lachè imèn, pa san Jezi Kris, pou sanktifye yon lavi pou li ka reflete li menm atravè li.

Mesaje nou an jodi a li se idantifikasyon ekriti a li menm nan mitan nou. Li se sentespri a, li sèl ki pwòp entèpretasyon l. Nou pa bezwen ale pa si pa la pou nou jwenn verite oubyen entèpretasyon; sentespri bay efezyen 4 nan legliz li a, tout nan yon sèl nonm, te konfime pwofèt li a.

Apòt: Apòt vle di yon anvwaye, oubyen yon misyonè. ” Mwen se yon misyonè.

Pwofèt: Eske nou kwè mwen se yon pwofèt Bondye?

Evanjelis:” fè zèv yon evanjelis ranpli byen ministè ou. Yon tan pral vini yon pral gen demanyezon pou tande senn doktrin.

Pastè: Nou te rele Mwen, pastè nou,” e nou di byen, se sa m ye.

Anseyan: mwen vle pale sou yon mo, oubyen anseye lesson lekòl di dimanch sou yon mo de yon siy.

Egal= Mwen konnen nou, frè nou, nou konsidere mwen kòm absoli nou pou sa… Konsa mwen ap suiv Bondye, tankou Pòl te di nan ekriti a, ” se pou nou swiv mwen, menm jan mwen swiv Kris. “

Mesaj li a se absoli nou, ka nou swiv li tankou li swiv Kris.

Mwen pap ka niye sa gen anpil efezyen 4 Bondye rele anpil òm òdone e Bondye rele pou ranpli ofis sa yo; pa gras li, mwen se yonn nan yo. Men nou se minè, setyèm zanj mesaje Bondye a se MAJÈ.

Anpil moun yo nan monn lan an rele ” Branham TABÈNAK ” legliz lakay yo”: pastè nou, se ministè nou, se absoli nou, se Efezyen 4 nou tout sous band lan. Nou kwè li se ministè orijinèl ke te ye lè te isit sou tè a.

Kèl lapè, kèl repo, nou pa janmè enkyete oubyen gade, oubyen mete chifon sou li lè nou ap tande pawòl la. Li te pwouve, li te konfime pawòl Bondye a, yon mann frèch chak fwa nou ap tande li e nou tout chita byen trankil e nap rejwi pandan li ap pale ak nou kè nou ap boule nou nan tout chemen an.

E tout sa papa m te ban mwen ap vinn. Mouton yo, Kolonb yo ap tande vwa m. Yo pa pral mache dèyè yon etranje. E kisa vwa Bondye a ye? Li se pawòl Bondye. Kisa vwa nonm sa men ki se pawòl ye? Li se pawòl Bondye; yo pral tande vwa pawòl Bondye a.

Alò gen ankò plis pou legliz li a. Non sèlman nou rekonèt jou nou an e mesaje li a, pawòl pou jou nou an, men pi gran jwa ki pa te janm bay lòm finalman vin rive. Nou se yon pati de lespri li, nou se yon pati de kò li, nou se yon pati lachè de lachè li nou se zo de zo li; nou se pawòl de pawòl li, nou se lavi de lavi li, nou se lepouz Kris la!

Glwa!! Louwe non Seyè a!! Alelouya!! Lepouz li a rekonèt li menm sèl e li menm sèl ap prepare l pa pawòl li a.

Se sa lap fè nan legliz a jodi a, Jezi se pawòl la e se lepou a li ye, e lepouz la se yon pati de lepou a. Dayè pawòl la se akonplisman jodi a se menm pati pawòl ki te akonpli nan jou li a, e se menm pawòl la, se menm esperyans lan, se menm lavi a.

Vini e esperimante menm pawòl la, menm esperyans lan, menm lavi li a dimanch ak katòzè lè Jeffsonville, e tande: Semans lan pap vin eritye ak pay la 29-04-1965 B.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li:

Matye 1:18-20/24:24
Lik 17:30
Sen Jan 5:24
Galat 4:27-31
Jenèz 2:15
Ezayi 9:6
Malachi 4