21-0808 Èske Bondye Chanje Panse L?

Mesagj: 65-0427 Èske Bondye Chanje Panse L?

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè lepouz ki nan volonte pafèt la,

O chè Bondye, nou pa vle nan volonte pèmisib ou, papa. Kite nou mache nan volonte pafèt ou a. Kite nou pa annik ap pran yon pawòl isit e pawòl laba, e pou nou fè sa yon dògm oubyen yon kredo, oubyen yon bagay konsa. Kite nou pran pawòl jan li ye a, nou kwè levanjil ranpli a, tout sa Jezi te anseye nou pou nou fè.

Se pli gran e pli pwofon dezi nou, se pou nou nan volonte pafèt Bondye. Pou nou pa janm vle fè anyen pou deplèzi li, men fè li plèzi nan tout sa nou ap di e fè. Nou vle se pitit gason ak pitit fi adopte e manifeste li yo.

Ki kote nou ap fè jwenn kouman nou nan volonte pafèt li e fè li plèzi? Nou ale nan pawòl li, paske nou konnen pawòl li se verite e lavi. Pawòl li se toujou menm lan, pwogram li se toujou menm lan, paske li pa kapab chanje.

Pawòl li di nou, fason li te fè bagay la premye fwa, li pral toujou fè yo menm jan an. Li dwe poutoutan rete menm lan. Objektif li te toujou rete menm lan. Aksyon li yo te toujou menm lan. Fason li te fè bagay yo, fason li te geri moun yo, fason li te kondwi moun li yo, ap pral rete toujou menm lan.

Bib la te di nou pawòl li enchanjab ke pawòl Seyè a vini ak pwofèt sèlman. Li pa janmè revele li pou yon klèje oubyen pou yon tewolojyen, se annik ak pwofèt li yo. Li te di tou li pa te fè anyen jiskaske li moutre sa premyèman ak pwofèt li yo.

Lòm te toujou vle sistèm ki fèt ak men lòm, yo toujou vle se yon gwoup nèg ki pou mennen yo. Men sa pa te janmè fason Bondye, li toujou voye yon kondiktè ak yon apèl diven, yon pwofèt òdone avèk pawòl la pou l mennen pèp li a. Pwofèt sa te konfime e te chwazi pou li mennen yo pou jou sa.

Bondye te chwazi e plase anpil lòt kondiktè òdone ranpli ak sentespri a e yo te gen plas yo, men li te avèti kondiktè yo pou yo, pa pwoche bò kote kolòn dife. “Kisa kolòn dife ap fè… Li AP MENNEN PÈP LA JOU E NWIT.

Alò pawòl la di nou, ” tankou sa te ye nan jou Sodòm lan, se konsa sa pral ye nan jou lè pitit lòm ap revele li selon pawòl li nan Malachi 4, e anpil lòt ekriti, li ap retounen anndan legliz li nan yon fòm fizik,; nan pèp la, nan èt imen , nan fòm yon pwofèt.

Kòman nou pral konnen pwofèt sa? Li pral pwouve ki yès li ye pa pawòl la. Li pral konnen tout sekrè ki nan kè. Li pral revele tout pawòl la pou pèp la. Li pral konfime l pa kolòn dife a pou kondwi lepouz la. Bondye pral gen foto li pran ak pwofèt li a.

Se pral tankou Jan nan lil patmòs la e li ta pral eseye adore li, men li pral di l, gade piga ou fè sa mwen se konpayèl sèvis ou, e yonn nan pwofèt yo, adore Bondye. “Lepouz la pral konnen pou l pa adore li menm lòm lan, men nou adore Bondye nan nonm sa.

Li pral konnen sa li se yon n Bondye te chwazi l pou l pwononse pawòl ki pap fayi l la. Li pral konnen ke li se te setyèm zanj mesaje Chwazi pa Bondye. Monn lan pral wè e tande vwa Bondye kap pale atravè li e pral wè li kòm premye Adam nan plenn restorasyon.

Li pral kondwi lepouz la pa kolòn dife a. Li pral genyen enfòmasyon vin de logòs e li ap plase lepouz la nan wout pou peyi pwomès la. Lepouz pral genyen revelasyon an konnen sa se mesaje Bondye pwouve a. Sa se fason Bondye pwouve l. Sa se volonte pafèt Bondye.

Vini jwenn ak nou dimanch ak katòzè lè Jeffsonville, e tande: Eske Bondye ap chanje panse li? 27-04-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj la
Nonb 22:31