21-0801 Pwouve Pawòl Li

Mesagj: 65-0426 Pwouve Pawòl Li

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè timoun yo ki vle apran yo,

Kèl atmosfè selès nou chita dimanch lan kòm lepouz Kris rasanble nan prezans sentespri a. Nou te kapab santi sa vivifye kò mòtèl nou yo.

Pa genyen pi gran onksyon, pa gen pi gran atmosfè ke lè nou peze bouton jwe a e tande vwa Bondye ki ap pale ak nou. Bondye te repare zòrèy nou pou nou tande e kwè chak pawòl, se pa yon lòt ke se Èl, Elah, Eloyim, ki egzis limenn sèl, li se yon tout sifizan, li se yon fòs, ki tap pale ak nou chak e ki ap revele nou ke nou se pitit gason ak pitit fi manifeste li yo.

Kòman tou pisan te predestine semans Bondye a nan viwon monn lan, mete men sen yo yonn sou lòt. Nan Kay nou, nan legliz nou nou te ranpli ak prezans sentespri a. Lafwa nou te grandi, nou te konnen kiyès ki tap pale ak nou. Li te di nou ke pisans vivifyan te nan nou. Nou te kwè ak tout kè nou e tout nanm nou, paske li te di sa.

Alò li di nou pou nou di,” Seyè Bondye, mwen kwè ak tout kè m.” Nou te repete chak pawòl nan fon kè nou. Li te di,” maladi pa kapab kanpe nan yon group konsa. Lespri nou tap rejwi lè nou tap tande pawòl sa yo,pou nou te konnen kisa ki ap pran pozisyon.

Li te di, “chak moun ki vle sentespri, leve men nou, nenpòt kote nou ye ki vle li… Mwen kwè sa Bondye pral ranpli chak nan nou, kounye a, avèk sentespri a.
Nan moman sa, nou te ranpli e ranpli ankò, avèk sentespri li a, vwa Bondye te annik te di sa.

Alò tout sa yo ki bezwen gerizon pou kò yo, li te di,” mwen òdone nou nan non Jezi Kris, kanpe sou pye nou yo e asepte gerizon nou. ” nan viwon tout monn lan , sa yo ki te gen lafwa e kwè, te geri.

Ki kote sa te fè t pran plas li? Nan yon ti gwoup pèp ki rasanble? Non, se te nan viwon tout monn lan tankou lepouz la te chita nan lye selès ap tande vwa Bondye pou jou nou an.

Se enposib pou okenn lòm, oubyen yon gwoup nèg, pou init lepouz la konsa. Sèlman sentespri a ki te kapab fè sa pa pawòl atravè masaje pwouve pou jou a. Mesaj sa a se ensi di Seyè a. Se pa sa nou mande, ni sa nou panse , se Bondye ki te pwouve sa se te prèv fason sa pou jodi a.

Se yon repo e yon pè nou genyen. Nou pap janmè enkyete oubyen poze kesksyon sou sa li te di nou. Nou pap janmè fè bak nan pawòl la tcheke sa, nou ap tande pawòl Bondye te pwouve pou jou nou an. Nou annik chita la, ouvè kè nou, panse nou, e nan nou, e di AMÈN, AMÈN,AMÈN.

Non, nou pa diy. Non, nou pa konprann tout bagay. Men nou kwè chak pawòl. Li te sa se vrè siy ke nou sentespri, e sèlman lepouz li a ki pral kwè e rete ak chak pawòl. Nou se lepouz sa… Alelouya!.

Li pase anro tèt gran, sa yo rele pansè pwofon yo, e revele sa ak timoun yo ki vle aprann.

Mwen vrèman rekonesan de sa mwen se yon timoun ki vle aprann.

Li te pwouve l atravè lòt syèk yo ki yès li te nan chak aj. Li te pwouve atravè pwofèt li yo. Li te pwouve l lè li te vini nan lachè, li te pran peche nou yo e te koure sou kwa a, answit li te leve ankò e li te voye sentespri a.

Kounye a li pwouve li nan jou nou an pa retou li e li revele limenm nan lachè imèn ankò yon fwa jan li pwomèt li pral nan pawòl li. Li te pwouve limenm nan pitit lòm, se ministè Jezi Kris li menm, vwale nan lachè imèn.

E kounye a, se fen chapit li se chak rezon gran plan li a, te vini pou nou, se restore li, pwouve lepouz sa rete ak pawòl la.

Eske nou pa ta renmen ak li sou montay sa jou lè Jezi te ap pale ak 5000 lan? Eske ou pa ta renmen wè li pwouve monn lanlan ki yès li te ye pa pouvwayan pen yo a k pwason yo? Eske nou ta renmen chita anba onksyon an, annik tande vwa li ki ap konsole kè nou ak pawòl lavi etènèl li a?

Ou kapab si ou kwè mesaj sa ak tout kè ou.

Vini chita anba onksyon sa sou montay sa avèk nou dimanch sa ak katòzè lè Jeffsonville, e tande Bondye pwouve ak monn lan ki yès li ye nan jou nou an. Lik 17:30 ap pale ak nou e di nou B- R- A -N- H -A -M se pwouvan Mwen e se chwa mwen vwa sa pou nou. Vini tande li: Pwouve pawòl li a 26-04-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti yo pou nou li:

Sen Matye 11:4-19/28:20
Sen Mak 11:22- 26
Sen Lik 8:40-56/17:30
Sen Jan 14:12
Ebre 4:12-15/13:8
Malachi 4