Mesagj: 65-0815 Epi Ou Pa Konn Sa
- 26-0614 Epi Ou Pa Konn Sa
- 24-0901 Epi Ou Pa Konn Sa
- 23-0212 Epi Ou Pa Konn Sa
- 21-1017 Epi Ou Pa Konn Sa
- 24-1017 Epi Ou Pa Konn Sa
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Moun Yo Chwazi,
Nouvo Nesans lan se Kris; se yon revelasyon. Bondye revele gwo mistè sa a ba ou, e sa a son nouvo Nesans. Kounye a, kisa n ap fè lè tout gwoup sa a reyini ansanm? Kote revelasyon an an amoni pafè,
Bondye ap rasanble tout gwoup Èg Li yo ansanm nan yon amoni pafè, pou L revele Pawòl Li bay Lepouz Li.
Fason Bondye te gen yon wa, tankou David, te bon, epi ou te gen yon sèl lespri dominan. Tankou yon sèl lidè ak yon bann zwa, elatriye, ou pa ka gen de ou twa pami yo. Apresa, lè ou mete tout bagay sa yo ansanm, ou fini ak prèske nenpòt kalite lide.
Apresa kisa pou nou fè, Seyè?
Sèl sa M gen pou fè, se fè konèt vwa M; yo konnen L, paske brebi M yo konn vwa M.
Kisa ki Vwa pafè W pou jodi a, Seyè?
Si m ofanse w lè m di sa, padone m, men, mwen te santi gen moun ki te ka fache pa sa, men, mwen se Vwa Bondye pou nou.
Nou kwè sa ak tout kè nou. Se konsa nou santi nou, Seyè.
Yo pa bezwen prouve anyen syantifikman, oubyen poze okenn kesyon bay okenn Sadiseyen ou Farizyen, ou anyen lòt, sou sa. Mwen di l, yo kwè l, paske brebi M yo konn Vwa Mwen.
Ki Vwa a ki sou bann yo pou Lepouz Ou?
Sa a se Vwa Bondye sou fòm lèt, paske Sa a se revelasyon Jezikris an antye, Ansyen ak Nouvo Testaman ansanm. Amèn. Men li.
Èske bann yo toujou enpòtan jodi a?
Mwen konnen, apre m fin pati kite tè sa a, bann sa yo ak liv sa yo ap rete vivan, e anpil nan nou jèn timoun yo nou pral wè, nan jou k ap vini yo, ke se egzakteman Laverite,…
Seyè, nou kwè bann yo ak liv yo se ministè vivan W Ou te kite pou Lepouz Ou.
Poukisa bann yo se VWA KI PI ENPÒTAN pou nou tande?
Nan laj n ap viv la, sediksyon an pi fò ke jamè. “Li tap menm sedui Elu a si se te posib,” paske yo gen onksyon, yo ka fè nenpòt bagay tankou tout lòt moun.
“Nenpòt moun ki ajoute yon mo nan Sa a, oubyen retire yon Mo ladan L.” Ou dwe gen yon pwen final yon kote.
Se poutèt sa, Absoli nou an dwe Pawòl Bondye a. Ou revele nou ke Pawòl Bondye a ak Vwa Bondye a se menm bagay la. Vwa a se panse Bondye yo menm ki pale, jan Ou te fè pou pwofèt yo lè Ou te ekri Bib la; men nan dènye jou sa yo, Ou prezève Pawòl Ou, Vwa W, lè W anrejistre L epi W mete L sou bann. Kidonk, Vwa W ki pale sou bann yo se Absoli Lepouz la.
Moun yo pa panse li enpòtan pou yo jwe Vwa a nan legliz yo jodi a. Nan legliz yo, yo anseye yo ke Frè Branham pa janm di pou yo jwe bann nan legliz la, yo sèlman bezwen tande ministè a preche epi site Pawòl la.
E si legliz la se absoli w, ou pa bay sa lòt moun di enpòtans. Sa se absoli w. O Bondye, fè sa byen antre! Pou mwen, tout bagay la fo. Pawòl Bondye a se absoli a. Tout sa Pawòl la di se vre.
Li t ap tann yo envite L. Se sa L ap tann aswè a, pou ou envite L. Remake byen, lè disip sa yo te envite L pou L pataje kominyon yo otou tab la,
Kijan moun ki pretann yo kwè nan Mesaj fen tan sa a—ka di, jistifye, oubyen jwenn eskiz pou yo pa jwe bann yo nan legliz yo alòske yo gen opòtinite pou yo tande VWA BONDYE A MENM? Se Pawòl sa yo Bondye te pwononse nan bouch moun, atravè pwofèt Li ki wen. SÈL VWA ki te konfime pa Kolòn Dife a, siy ak mirak, ak lefèt ke Li te konnen sekrè kè yo demontre ke Se Vwa Bondye a pou jenerasyon sa a.
Kijan moun ta ka jwenn NENPÒT eskiz, eksplikasyon, oubyen pa gen anvi tande Vwa Bondye chak fwa yo rasanble?
Seyè, kite m pa janm pran Vwa W sou bann yo pou anyen. Kite m toujou pwoklame bay lemonn ke Se SÈL Vwa yo bezwen tande. Kite m deklare bay Lepouz Ou a, TOUT SA YO BEZWEN SE VWA W SOU BANN YO.
Nou renmen gen kominyon. Nou renmen pale de Ou epi site Pawòl Ou, men pa gen anyen ki pi gran Ou te ka fè pou Lepouz Ou pase ban nou Pawòl Ou sou Pawòl, Revelasyon Vwa W, epi apre sa pou nou rekonèt KIYÈS NOU YE, LEPOUZ FIDÈL OU.
Jan m te ka kontinye san rete, ap pataje sou gwo revelasyon Bondye ban nou an. Pa gen fen; men pi gwo bagay m te ka fè se envite w vin tande Vwa Bondye a pou tèt pa w avèk yon pòsyon nan Lepouz la Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: 65-0815 – Epi Ou Pa Konn Sa.
Frè Jozèf Branham
Ekriti pou li:
Apokalips 3:14-19
Kolosyen 1:9-20