21-0725 Plas Bondye Founi Pou Adore

Mesagj: 65-0425 Plas Bondye Founi Pou Adore

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè vivan yo

Kòman nou renmen rasanble chak semèn pou manje mann espirityèl li te prepare pou lepouz li a. Sa ban nou fòs nou bezwen pou voyaj nou an. Sa se lavi mesi a nan nou chak, li te manifeste , pou l fè legliz prepare pou anlèvman.

Kolòn dife te rele nou soti, e li ap mennen nou nan peyi li te pwomèt la, anba pisan pwofèt wen li an, William Marrion Branham.

Frè Branham se pa kolòn dife a. Li se kondiktè ki te wen , anba kolòn dife a. Kolòn dife a sèlman konfime mesaj li a avèk siy yo e mèvèy yo. Se gran sentespri li a ki te manifeste nan mitan nou e se mil fwa plis ke tout lòt pwofèt ki te anvan li.

Eske nou pakab wè pitit lòm lan, pitit lòm lan nan fòm yon mesaj pwofetik, retounen ankò nan legliz li a nan pwofesi, ak revelasyon Jezi Kris se menm yè, jodi a, e poutan ? Sa pa janm te fèt atravè okenn aj, pou jouk tan sa.

Panse espirityèl nou te sezi sa. Nou wè li e nou kwè chak pawòl. Mesaj sa a, band sa yo, se chemen Bondye te prepare, yon mwayen pou l sezi panse sa yo la kote semans lan te seme. Nou te tande vwa sa e limyè a te frape nou e nou te pran lavi.

Se chita nou chita nan kote selès yo, kounye a. Nou pa pral sa, se sa nou ye kounye a. Nou te deja resisite, dinanik lan e mekanik lan ap travay. Nou te gen lavi nou nan prezans Bondye, kote li a ye. Se pa kisa ou pral ye, ou sa deja! Se annik diab ap eseye fè wonn nou ak sa.

K: eske nou vinn gen lavi?
R: wi

K: Eske Kris vinn reyèl nan nou?
R: wi
K: Eske pisans Bondye te manifeste?
R: wi
Eske nou nan legliz sa, legliz Bondye te prepare a?
R: wi
K:kòman nou nan li, kòman nou fè konnen nou te gen lavi nan li?
R: nou se panse total li, li se sa nou ye nan Kris. Kris nan mitan nou, li pwouve li menm nan nan lavi nou, ap pwouve sa li ye isit la.

Nou se lachè ,de lachè li e nou se zo , de zo li , nou se kò de kò li, nou se non de non li, lepouz li. Nou nan li. Nou se lachè li e zo li.

Nou pakab te mouri, nou te gen lavi pisans vivan an ki fè nou tounen nan lavi de peche a e li te chanje nou, li te leve nou potansyèlman nan Kris Jezi, ki se rezireksyon ki pral pote nou nan plen matirite.

Nou te fèt e nou te rejenere, nou te batize avèk sentespri a nan Jezi Kris. Nou te gen lavi ak chak pawòl. Nou ponktye chak pawòl ak yon “Amèn.

Kòm nou rasanble nan Jezi Kris; nan yon panse, nan yon akò, kèlkeswa sa nou bezwen, si nou pral gen lafwa e nou kwè, li pral bay sa ak nou.

Kite nou imajine sa li pral ye nan nou chak lakay nou, nan legliz nou, oubyen nenpòt kote nou pral rasanble, pou nou pitit gason li yo e pitit fi li yo, legliz lepouz li a.

Mwen konnen li isit la. Mwen asire m li isit la. Mwen konnen ke kounye a li genyen ase pisans vivan an nan legliz la pou l geri chak moun sa yo ki chita la.

Eske nou kwè mesaj sa? Eske nou kwè se Bondye ki nan fason sa jodi a? Eske kwè se pitit lòm lan ki ap revele tèt li nan lachè imèn? Eske nou kwè chak pawòl li?

Si nou bezwen gerizon pou kò, gerizon pou lespri, oubyen nenpòt lòt bagay nou kapab nan bezwen, alò mwen ban nou defi nou kwè li te wen , li te konfime, vwa Bondye pou jou nou an:

Annik akòde l kounye a sa ke li se pisans vivan an ki bay lavi ak lafwa yo, Seyè, ki sa yo ap fè gen kwayan ki gen men yo sou yon kwayan, kò ak kò, pisans ak pisans. E se pisans Bondye, pa pitit gason Bondye oubyen pitit li Bondye, pa pitit gason Bondye. O Bondye, ke Satan lage pèp sa a ki mare! Ke yo geri aprè midi sa, pa rezireksyon an , pisans vivan de prezans ki te idantifye, Jezi Kris. Nan non Jezi Kris, ke sa ale trè byen!

Vini e jwenn ak nou anba plas Bondye founi pou adore 25-04-1965 , e resevwa gerizon nou, se wenn pa sentespri a, se pou gen rejwisans pou nanm nou kòm nou chita nan kote selès yo e tande pitit lòm ki ap pale dimanch sa ak katòzè aprè midi, lè Jeffsonville.

FRÈ Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj sa:

Deteronòm16:1-6
Malachi 4:5
Sen Matye 1:23
Sen Mak 16:17
Sen lik 17:30
Sen Jan 4:23/10:1-7
Women 8:1-11
1 korentyen 12:13
Efezyen 1:21
1Tesalonisyen 4:16
Ebre 13:8
Revelasyon 22:19