Mesagj: 65-0429E Chwazi Yon Epouz
Byenneme Epouz Ki Chwazi A,
Alò ke n ap koute Mesaj sa a, Chwazi Yon Epouz, gen moun ki panse ke pwofèt la ap senpleman pale epi enstwi nou sou karaktè ak estati yon gason ta dwe chèche lè l ap chwazi fanm li vle kòm madanm li. Se vre, li fè sa, men gen yon vrè lèt lanmou ki kache nan Pawòl Li yo. Sa Li revele bay Lepouz Li a pi pwofon. Bondye ap pale dirèkteman avè L, Li di L sa L t ap chèche nan Li e poukisa Li te chwazi L depi nan kòmansman an. Li te vle fè L konnen ke Li te chwazi L pou L vin BÈL EPOUZ CHERI LI, avèk ki Li te vle pase Letènite Li.
Nan kòmansman an, Bondye t ap chèche yon Lepouz ki t ap gen menm Karaktè avè L. Menm Lespri avè L la t ap manifeste nan Li. Li te vle yon Lepouz ki t ap bay tèt Li nèt ale ba Li ak Pawòl ke L te pwomèt la, pou ke menm Panse ki te nan Li a te nan Li tou. Li dwe fèt pou L sanble avè L.
Li te vle pou L te tankou L, menm chè, menm zo, menm Lespri, tout menm bagay, egzakteman tankou L. Toude t ap vin YOUN.
Li pa t ap gen yon rega fawouch. Li pa t ap tande okenn lòt vwa, kèlkeswa sa moun la ta di. Li t ap fidèl e lwayal avè L, kèlkeswa sa nenpòt moun ta di. Li t ap vale tout Pawòl Li. Kèlkeswa sa L ta di, LI T AP KWÈ CHAK PAWÒL, kèlkeswa konbyen tan sa t ap pran pou rive vre. Li t ap kwè Li. Li t ap rete ak Pawòl Li.
Li t ap renmen Li menm, epi Li menm sèl. Li pa t oblije ba l gwo richès; li te gen Pèl la ki gen gwo valè, vrè Revelasyon de Kiyès Li ye. Li t ap konnen ke yo se YON sèl e menm moun nan. Lespri L t ap abite nan Li. Kèlkeswa sa L te bezwen, Li t ap ba li L; tout sa L te dwe fè se mande epi kwè, epi Li t ap fè l.
Li te konnen Li t ap ale pou yon bon bout tan pou l bati yon kay pou Li ki t ap egzakteman jan L te renmen l epi ki t ap pòtre Li. Li t ap bati l egzakteman jan Li t ap renmen l. Li te konnen ke yon jou Li t ap retounen vin chèche L, jan Li te pwomèt la, apre sa yo t ap gen yon gwo Soupe Maryaj pandan mil ane. Apre sa, yo t ap ale ansanm nan bèl kay sa a Li te bati pou Li, pou yo pase Letènite.
Pa gen anyen lòt ki t ap enpòtan pou Li. Li pa t ap vle anyen lòt. Li t ap tèlman satisfè e kontan dèske Li gen Revelasyon pou L konnen kiyès Li ye e kiyès Li menm ye. Li t ap konnen ke Li t ap kenbe Pawòl Li. LI T AP KONBLE, LÈ L KONNEN KE SE LI MENM LI TE CHWAZI POU L VIN LEPOUZ LI.
Frè m ak sè m yo, toupwisan Bondye ki nan Syèl la ak tè a te gade nan tout Letènite epi Li CHWAZI W … OU MENM POU W VIN LEPOUZ CHERI L KE L CHWAZI.
M envite nou vin jwenn mwen ak yon pòsyon nan Lepouz Li Dimanch sa a, alò ke L pral pale atravè pwisan zanj Li epi di nou ke nou se Lepouz Li ke L Chwazi A.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 65-0429E / Chwazi Yon Epouz
Lè: Midi, lè Jeffersonville
Ekriti:
Jenèz 24:12-14
Ezayi 53:2
Apokalips 21:9