26-0705 Edenn Satan An

Mesagj: 65-0829 Edenn Satan An

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Epouz Pafè,

Men pou ap gade twonpri lènmi an, nou pa t janm gen yon jou tankou sa n ap viv kounye a. Se jou ki pi malen, ki pi twonpè. E lè m wè sa, sa ki vin nan tèt mwen, se ke, Kretyen an dwe plis sou gad li jodi a ke l te janm ye nan nenpòt lòt aj.

Frè Branham te di pawòl sa yo a Lepouz la prèske 61 ane de sa jodi a. Ki jan twonpri lènmi an te ye 61 ane de sa konpare ak jodi a? Pou di l yon lòt jan, ki jan teknoloji nan mond lan te ye 61 ane de sa konpare ak sa li ye jodi a?

Ane 1961 te make kòmansman kous nan lespas la. Odinatè yo te gwo òdinatè santral gwosè yon chanm, ki t ap fonksyone avèk tib vakyòm epi kat pèfore, epi ki te mande syantifik espesyalize pou pwograme yo. Telefòn yo te fiks sou mi yo epi yo te fonksyone atravè liy kwiv analòg ki te branche; yo te itilize òdinatè santral tranzistò, machin a ekri mekanik, sistèm klasman papye, avèk premye kalkilatris mekanik yo.

Men jodi a, nou gen Entènèt la, sistèm Entèlijans Atifisyèl ki kapab kreye zèv atistik, ekri, epi ede avèk travay an tan reyèl. Fize pèsonèl ki ale sou Mas. Telefòn entèlijan gwosè on pòch, mont entèlijan, epi aparèy pèsonèl ki konekte avèk rezo san fil Mondyal ki konekte plizyè milya moun enstantaneman atravè vwa, tèks, ak videyo. Asistan robo.

Riz ak twonpri lènmi an pa janm te fò konsa. Move semans Satan an an matirite epi li kreye yon Edenn Satan. Men, an menm tan, Bondye gen yon Lepouz ki an plen matirite, Semans Wayal Li, ki prepare tèt Li lè L chita nan prezans Pitit Gason Li, Pawòl Li, Vwa Li.

Bondye te konnen ke Li te bezwen bay yon mwayen pou nouri Lepouz Li a pandan laj twonpè, mechan sa a. Yon mwayen pafè pou yo pa janm bezwen mande tèt yo kesyon, devine, oubyen pran pawòl okenn moun kòm vrè Pawòl san melanj lan. Li te konnen yo t ap bezwen tande Vwa Bondye a yo menm, paske Li te avèti nou ke sa t ap tèlman pre ke sa t ap sedui menm Elu yo si sa te posib.

Moun te ka wen, ranpli ak Sentespri a, epi yo te ka fo. Li te oblije bay yon chemen. Se konsa, Li te prepare yon CHEMEN PAFÈ pou Lepouz Li, ki te sanble enposib lè Li te kòmanse anrejistre Vwa Li an 1947: avèk yon senp touche dwèt, moun toupatou nan mond lan te ka tande pou tèt pa yo chak Pawòl Li te pwononse, menm nan pwòp lang pa yo. Pa t ap gen OKENN ENTÈROGASYON, OKENN KESYON. YO T AP KA TANDE YO MENM MEN SA SEYÈ A DI.

Li menm prepare yon mwayen pou ini Lepouz Li, toupatou nan mond lan, pou yo tande Vwa Li, tout an menm tan, pou yo te ka nan yon sèl lespri, yon sèl akò, pandan y ap tande L k ap pale avèk yo.

Li te oblije reprann mesaje Li, men Li te kite Vwa Li, Pawòl pafè Li, pou Lepouz Pafè Li. Lè yo tande epi yo rete avèk Vwa Li, yo t ap konnen yo pa ka sedui yo.

Epi men li: Se konsa Bondye etabli Legliz Li, chak Pawòl dapre espès pa L! “Lòm p ap viv ak pen sèlman, men ak tout Pawòl ki soti nan bouch Bondye.”

Nou konnen sa vle di ke nou dwe kwè chak Pawòl Sentespri a pwononse, men pou mwen menm, m gen pi gwo onè yo te janm bay yon èt imen. Mwen ka tande, ak pwòp zòrèy mwen, VWA literal la K AP PWONONSE chak Pawòl ki soti nan bouch Bondye.

Pa gen okenn lòt mwayen pou mwen. Bondye bay anpil mwayen pou sove pitit Li yo, men pou mwen menm, Bondye bay yon MWAYEN PAFÈ POU PÈFEKSYONE LEPOUZ LI.

Jodi a, Satan bay yon fo entèpretasyon sou yon pati nan Lekriti a ki aplike a jou jodi a. L ap di w ke tout sa Jezi te fè te pafè. L ap di w ke tout sa Frè Branham te fè te pafè, epi ke l te pwofèt Bondye. Men, lè sa rive pou yo jwe Vwa Bondye ki konfime a nan legliz yo, y ap di ke sa pa aplike pou jodi a, se ministè a.

Se jis sa li dwe fè, ou wè, se fè moun yo kwè L fason sa, epi se—se tou. Paske, “Ou pa ka retire yon sèl Pawòl Ladann, oswa ajoute yon sèl mo.” Men se sa l fè.

Kisa lidè espirityèl ou a ap pwomouvwa nan legliz ou a? Ki vwa ki pi enpòtan Lepouz la ta dwe koute jodi a? Ou ka sèlman gen yon sèl bagay ki gen yon enpòtans prensipal.

A: Vwa ministè a?
B: Vwa Bondye sou bann yo?

“Chak semans dwe soti selon espès li.” Se konsa Bondye te etabli Edenn Li.

Mwen pa kont ministè a k ap preche. Mwen konnen, e mwen kwè, ke se Bondye ki rele yo. Men pou mwen menm, yon vrè ministè ap di moun ki nan kongregasyon l ke Vwa ki sou bann yo se Vwa ki pi enpòtan yo DWE tande, kidonk yo dwe jwe bann yo nan legliz yo, paske se VWA A KI GEN PI GWO ENPÒTANS.

Kanta pou mwen menm, kay mwen, ak Branham Tabènak lan, n ap rete nan CHEMEN PAFÈ Bondye a. Nou pral PEZE JWE epi tande Vwa Bondye a.

Mwen ta renmen envite lemonn pou vin jwenn nou pou tande Vwa sa a Dimanch sa a midi lè Jeffersonville, alò ke n ap ini ankò otou chemen Li chwazi a pou jodi a.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Edenn Satan An 65-0829

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
2 Timote 3:1-9
Apokalips 3:14
2 Tesalonik 2:1-4
Ezayi 14: 12-14
Matye 24:24