23-0305 Edenn Satan

Mesagj: 65-0829 Edenn Satan

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Pitit Mwen Yo,

Nou se yon atribi de Mwenmenm, Papa Selès nou. Nou te an Mwenmenm depin nan kòmansman an. Nou pa sonje l kounye a, men nou te la avè M. M te tèlman anvi konnen nou paske M te vle kontakte nou, pale avèk nou, renmen nou, epi bannou lanmen.

Antanke pitit mwen, nou se yon pati de Mwen, ki fèt chè, menm jan M te fèt chè, pou nou ka an kominyon youn ak lòt tankou yon fanmi Bondye sou latè a. Se te objektif Mwen epi sa M te vle depi nan kòmansman an.

Mwen kreye yon Jaden Edenn pou nou pou nou ka kominye, men enmi Mwen an glise kò l avèk riz, epi li pran kontwòl mond sa a, ap mal entèprete pwogram Mwen an ki pou nou.

Se yon moman trèt ke nap vi la a, men se pi bèl epòk nan tout laj yo tou, paske kounye a nou an fas gran Milenyòm la ankò; nou an fas Edenn ankò.  

Lespri Mwen an se pa yon bagay ke yo anseye nou. Se yon bagay ke Mwen te predestine pa presyans Mwen an nan nou avèk men pwisan Mwen. Kounye a dènye apèl Mwen an destine a sezi Epouz Mwen; “Soti nan mitan yo, separe nou”.

Jodi a, yo pa eseye etabli Pawòl Mwen na kè moun yo, yo eseye etabli tèt yo. Legliz yo ap eseye etabli doktrin legliz la nan kè moun lan. Tout moun ap di: “Mwen fè sesi. Mwenmenm, mwen, pa m, denominasyon mwen, mwenmenm, sesi.” Y ap etabli tèt yo e non Pawòl Mwen an ki pwononse atravè pwofèt mwen an.  

Nou pa bezwen konprann tout sa Mwen di, nou jis dwe kwè L paske se sa Mwen di, epi sa regle pou tout tan.

Sentespri Mwen ap aji nan nou. Se yon Vi ki andedan nou, pa yon emosyon; pa yon sòt de prèv chanèl, men Se yon Moun, Mwenmenm, Jezikri, Pawòl Bondye a, ki etabli nan kè nou, epi li vivifye tout Pawòl aj sa a. Se Sentespri Mwen kap aji nan nou selon Pawòl la.

Premye epouz Mwen te echwe nan koute rezònman Satan an, men Mwen te rachte nou Mwenmenm, ki se Pawòl la ki fèt chè. NOU PAP DESEVWA M. Nou se Epouz Pawòl vyèj Mwen ki pap koute rezònman Satan. Nap rete avèk Pawòl Mwen.

Aprè Milenyòm la fini, lè sa a pral gen yon Edenn kap etabli ankò; M ap reprann gran Wayòm Mwen an. Mwen te goumen ak Satan nan jaden Jetsemane a, epi Mwen te reprann Edenn Mwen an. Kounye a M al prepare Nouvo Edenn nou ki nan Syèl la. M ap retounen pou nou ankò trè byento, donk pa kite kè nou boulvèse.

P ap gen lanmè ankò, paske premye syèl la ak premye tè a pral disparèt. M ap renove l avèk on batèm Dife ki pral touye tout mikròb, tout malèz, tout maladi, epi tout salte ki te janm egziste sou latè a.  

Li pral jayi, epi ap gen yon Nouvo Latè. Premye syèl sa a ak premye tè a pral disparèt. Pral gen yon Nouvo Jerizalèm kap desann de Mwen sot nan Syèl la. La a, M ap avèk nou, vrè atribi Mwen yo, pitit gason ak pitit fi Mwen yo. N ap kominye nan sentete, avèk je nou ki kache de tou peche.

Mwen tounen vin jwenn nou ankò jan Mwen te pwomèt nou M t ap fè. Mwen kenbe Pawòl Mwen anvè nou. Mwen fè anrejistre Pawòl Mwen sou bann mayetik konsa pap gen okenn malantandi, okenn kesyon, jis Pawòl Mwen ki pi pou nou; paske Se Ensi Di Seyè A.

Kenbe konsyans nou pi. Kenbe kè nou vwale. Kenbe je nou vwale de bagay mond lan, kap pouse nou vin on gwo moun.

Pa janm bliye, m ap retounen soti nan lwès epi m ap reprann chemen M ankò youn nan jou sa yo. Disi la, pran Non M avèk nou; L ap bannou jwa avèk rekonfò, pran Li, tout kote n ale, apiye sou jwe.

Pa fè konpwomi sou yon sèl Pawòl. Pawòl Mwen sou bann pa bezwen okenn entèpretasyon. Nou fè pati de Mwen, atribi Mwen. Mond sa a se Edenn Satan, men Mwen te fè nou yon Nouvo Edenn kote nou pral pase letènite ansanm. Disi la, ini tèt nou alantou Pawòl Mwen. Renmen youn lòt.

Vin ini avèk yo nan Branham Tabènak la Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande M kap pale atravè pwofèt Mwen chwazi a epi revele Pawòl Mwen, alò ke n ap tande; Edenn Satan 65-0829.   

Nan Non Li

Frè. Joseph Branham

Ekriti pou li:

2 Timote 3:1-9

Apokalips 3:14

2 Tesalonisyen 2:1-4

Ezayi 14:12-14

Matye 24:24