23-0226 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi

Mesagj: 65-0822e Filtè Yon Nonm Ki Reflechi

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Asanble Frè Branham,

M ta renmen envite mond lan vin jwenn nou sou liy yo Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou menm Zèg yo nap rasanble ansanm a chak twasan kilomèt nan youn nan legliz pwofèt la. Nou pral koute Bondye kap pale atravè setyèm anj mesaje Li kap di nou:

Mesaj sa a, ensi ke tout lòt Mesaj yo ke mwen pote, yo adrese a asanble mwen. Li pa adrese a asanble nou sòf si yo vle resevwa L. Men Li adrese a pèp sa la a.

L ap pale a nou menm, GLWA, asanble li. Pa nou menm k ap di: “Frè Branham se pwofèt la, men li pa pastè mwen. Pastè nou di ke jwe bann nan legliz la li pa konfònm a Pawòl la pou jodi a.” Pastè nou di, nou dwe koute li. Selon Pawòl la, se li ki kondwi nou pa Sentespri a kounye a.”

Pwofèt la adrese li a ou menm epi a pastè w.

A tout minis, nenpòt kote, a nenpòt moman, sa a pa adrese pou manke nou dega anvè anseyman nou yo, sa a pa menm adrese a mouton nou yo.

Nou pa vle batay avèk nou menm frè ak sè. Nou konprann ke li pa adrese a nou, men a nou menm, ki kwè ke Sentespri a plase setyèm anj mesaje Li pou L pastè nou epi pou L kondwi nou, legliz Li. Nou kwè ke jwe bann yo se SÈL VRÈ CHEMEN an. Ou gen rezon fè sa pwofèt la di OU pou fè:

Epi mwen toujou reponn yo konsa, si gen yon manm kèk legliz: “Al wè pastè nou.”

Ou dwe fè jan pastè w la di.

Apresa pwofèt la di pastè w la ankò, jis pou li asire l ke li konprann.

Kounye a, pastè, mwen vle ke ou konnen, ke, se jis a asanble mwen ke mwen di bagay sa yo. E m gen dwa fè sa, paske m te plase pa Sentespri a pou m veye sou mouton sa yo.

Yo te voye l pou li veye sou nou, mouton li yo; sa yo ke Bondye plase sou RESPONSABILITE LI. Sentespri a se pastè nou alò ke Li pale avèk nou epi Li kondwi nou chak jou pa Vwa L ki konfime.

Se sa Seyè a kondwi nou pou fè. Nou pa kont ou menm oswa pastè w, oswa jan ou santi w kondwi pa Seyè a pou aji. Chak moun dwe fè sa yo santi ke Seyè a kondwi yo pou fè selon Pawòl la.    

Nou gen yon sèl filtè, MESAJ SA A. Tout sa nou tande dwe pase pa filtè sa a. Vwa a ke nou tande sou bann yo se sèl Vwa a ke nou gen 100% konfyans ladann ke se Ensi Di Seyè A.

Èske nou kwè ke onksyon sa sou moun sa yo, vle di ke se onksyon Sentespri a?” Wi, msye, Sentespri otantik Bondye a sou yon moun, e poutan yo fo.

Destinasyon etènèl nou depann de sa LI DI SOU BANN, pa sa nenpòt lòt moun oswa gwoup moun di. Kidonk, nou pa kapab, e nou pap tande okenn lòt. Kijan on moun ka pran on chans?

Vin rasanble avèk nou sitou ke nou wè jou a ap pwoche.

Moun yo ka chita dirèkteman lakay yo oswa…rasanble nan baz yo, legliz yo, e ensidswit, epi koute sèvis la.

Sa, zanmi m yo, selon pwofèt Bondye a, se pa entèpretasyon kèk moun sou sa Bib la di, se rasanble tèt nou ansanm ozalantou Pawòl la, sitou ke nou wè jou a ap pwoche.

Kisa lach la itil san Bondye? Li jis on bwat an bwa, avèk de tab an pyè.

Vin rasanble avèk nou alò ke nou pral tande filtè Bondye bay la, alò ke L ap pote nou Mesaj la: Filtè Yon Nonm Ki Reflechi 65-0822A.

Frè Joseph Branham 

Egzaminen poukisa w ap goumen. Egzaminen poukisa ou isi a. Egzaminen poukisa ou al legliz. Kisa ki fè w… Li bon pou al legliz, men pa jis al legliz; sa pap sove w.