23-0219 Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl L

Mesagj: 65-0822M Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl L

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Ti twoupo Mwen,

Mwen salye nou, epi noumenm nan sistèm telefonik sa a, ki vrèman, vrèman byen. Mwen tèlman rekonesan anvè Seyè a, nou ka enstale lakay nou, rasanble nan baz nou, legliz nou, epi koute sèvis la. Kèlkeswa kote vwa mwen ap rive, se pou ti twoupo sa a beni.  

Jodi a, mwen vle ekri nou yon ti lèt lanmou ki soti de kè mwen pou ankouraje nou. Se nou menm ke Bondye chwazi kòm Epouz Li anvan fondasyon mond lan; nou menm kap koute bann sa yo. Mwen di nou plizyè fwa, bann sa yo jis pou nou, nou se asanble mwen. Mwen pa responsab pou sa Bondye bay lòt minis yo veye; mwen jis responsab pou ki kalite Manje mwen ba nou. Bann sa yo pou nou, tabènak mwen sèlman, sa Bondye ban mwen pou m gide. Se Laman kache, lòt la pa ka pran L.

Kounye a, si gen kèk moun ki vle melanje manje a avèk bagay deyò, kite yo jwenn revelasyon an nan men Bondye epi pou yo fè sa Bondye di yo fè, manje kèlkeswa sa yo vle. M ap fè menm bagay la. Men Mesaj sa yo jis pou nou.

M fè tout sa m kapab pou m rete fidèl avèk Pawòl la, pou ou menm ke Bondye mete nan men mwen, paske mouton yo vle manje ki pou mouton. “Mouton Mwen koute Vwa Mwen.” Epi se de sa nap viv, tout Pawòl ki soti. Pa jis on Pawòl de tanzantan, men tout Pawòl ki soti nan bouch Bondye. Se de sa nap viv, nou menm sen yo.

Tout moun dwe gon bagay yo atache a li. Gon bagay ki dwe yon pwen datach, otreman di, on baz fondamantal. E tout moun dwe gon baz fondamantal oubyen on absoli. Pou mwen menm, epi pou moun yo ke m espere map mennen a Kris, epi atravè Kris, Bib la se baz fondamantal nou.

Kounye a, nou reyalize ke Bondye voye ba nou pwofèt Li yo. Se fason sa ke L genyen pou L pote Pawòl Li bay pèp la, atravè bouch pwofèt Li. Kounye a nan tan lafen sa a, Li te pwomèt pou L manifeste tèt Li ankò nan plenitid kò Li, nan Lespri. Se Bondye Li menm sou fòm on lèt, fòm on pwofèt, manifeste nan kò.

Mwen dwe viv toutan nan Prezans Otè a avèk plim mwen, pare a tou moman pou ekri tout sa L di. Lespri mwen fikse sou panse Li; pa sa lòm panse, sa aj la panse, sa legliz la panse, sa wayòm lan panse. Jis panse Bondye! Mwen jis eksprime panse Bondye yo a Pawòl la.

Lè Bondye revele m panse Li yo, mwen eksprime l ba nou an Pawòl sou bann, “ENSI DI SEYÈ A.” Se pa, “MEN SA MWEN DI.” Se, “ENSI DI SEYÈ A!” Mwen jis ka entèprete L si Otè a pèmèt mwen entèprete l pou nou; paske Se Pawòl Bondye a ki sanfay.

Gen anpil lòt moun ki eseye imite mwen, tankou prèt, e ensidswit. Epi kisa yo fè? Jis fè gagòt, se tou. Yo pa ka fè l. Bondye voye mwen, pwofèt Li, pou kondwi Epouz Li; pa yon lòt moun, oswa pa yon gwoup moun.

Mo yo ke mwen pwononse, e fason ke mwen aji, pral avegle lòt moun, men pral louvri je lòt. Li abiye mwen nan estil rad ke m pote, nati mwen, anbisyon mwen, tout bagay jan pou m ye. Li pafètman chwazi m pou ou. Lòt moun tap kanpe epi gade epi di: “Eben, mwen pa kapab. Gen…Mwen-mwen pa ka wè.” Yo avèg.

Lap revele L a moun ke Li pral revele L. Li tèlman reprezante ke Li ka kache tèt Li nan Ekriti a, pou teyolojyen an ki pi entelijan ki egziste. Li ka jis kache tèt Li, plase kò L la a nan Ekriti a, epi yo ka gade tout jounen an epi yo pa janm wè l; gade tout on vi, epi pa janm wè l. Li ka jis kache tèt Li, plase L la a.

Sa ki enpòtan kounye a se moun ki jwenn Mesaj la nan kè yo, yo dwe kouche nan Prezans Fis la, pou vin mi. Apiye sou Jwe epi apresa kite Fis la retire tout sa ki vèt nan nou, fè nou vin on Kretyen ki mi.

Lè l te vini premye fwa a, li te yon moun. Lè l te vini dezyèm fwa a; avèk on doub pòsyon, li te yon moun. Lè l te vini sou fòm Jan Batis, li te yon moun. Li te pwomèt pou l vini jodi a, epi viv epi revele tèt Li yon fwa ankò nan on moun; Fis de lòm lan kap viv nan kò yon moun.

Kounye a nou nan aj Je a, pwofetik, Malachi 4. Pa gen anyen lòt ki rete pou l vini, men se Li menm ki pou antre la, paske se dènye bagay ki genyen.

Tande ti ayo mwen yo, nou menm ke Bondye ban mwen pou gide. Lè a fin ta. Lap vini byento pou nou, Epouz Li. Rete avèk bann yo, li pa bezwen entèpretasyon.

Mwen envite nou, ti Zèg, pou vin jwenn mwen avèk sèl bagay ki pral rasanble Epouz Li ansanm Dimanch sa a, a midi, lè Jeffersonville. Nou pral tande Ensi Di Seyè A pandan ke Bondye ap pale atravè mwen epi ap revele: Kris Revele Nan Pwòp Pawòl Li 65-0822M

Sonje, RETE AVÈK MINISTÈ BANN YO, APIYE SOU JWE CHAK JOU.

Frè Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Egzod 4:10-12

Ezayi 53:1-5

Jeremi 1:4-9

Malachi 4:5

Lik 17:30

Jan 1:1 / 1:14 / 7:1-3 / 14:12 / 15:24 / 16:13

Galat 1:8

2 Timote 3:16-17

Ebre 1:1-3 / 4:12 / 13:8

2 Pyè 1:20-21

Apokalips 1:1-3 / 10:1-7 / 22:18-19