21-1024 Kris Revele Nan Pwòp Pawòl Li

Mesagj: 65-0822m Kris Revele Nan Pwòp Pawòl Li

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Chè lepouz Eksite a.

Nou pa te janm pi kontan, oswa plis satisfè nan lavi nou. Nou genyen eksitasyon pa Revelasyon an tankou li pat janm ye anvan. Mond lan tèt anba . Moun yo konplètman fou. Nou ap wè bagay sa yo nou te tande pale sou yo pandan tout lavi nou an kounye a ap pran plas dwat devan je nou .

Chak mesaj nou tande yo tonbe daplon sou tan ak sou sa ke nou bezwen tande a. Li se manje espirityèl nan bon sezon an . Nou satisfè ke se pa panse yon nonm, ni pawòl yon moun, Li se pawòl Bondye a pale nan yon nonm, pou rele lepouz li a soti.

Nou ka di sa ,ak tout kè nou:

Mesaj Sa a SE SA SEYÈ A DI.
Li se fason Bondye a pou jodi a.
Li pa bezwen okenn entèpretasyon.
Li se pawòl ki nan enfayibilite a.

Tande seri sa a ki sot pase yo nan mesaj yo te mete yon gwo limyè nan lavi mwen. Mwen te annik vle pataje sitasyon apre sitasyon ak tout moun. “Èske ou te tande sitasyon sa… Mwen pa te janm tande li pale Li tankou sa anvan … Mwen tande band sa 4 fwa nan jou ki sot pase yo e mwen pat janm sezi li tankou m te fè li jodi a. Mesaj sa a gen plis aktyalite pase lè li te preche li depi 56 ane de sa “.

Pa gen anyen ki tankou kè kontan nou genyen nan konnen nou tande pi bon kalite Vwa a Bondye a epi ki konfime a. Ou pa bezwen mande nou si li ann akò ak pawòl la . Èske sa se panse pa li oswa entèpretasyon li? Mwen ta dwe ale tcheke li nan Pawòl la.

Pa nou: nou annik chita byen kalm , nou detann nou, epi di amèn pou chak pawòl , kòm nou konnen tout sa nou ap tande a, SE SA SEYÈ A DI.

Li tou senpleman pap ka pi bon oswa pi fasil pase sa.

Mwen te lapriyè, mwen t’ap chache Seyè a epi li te dirije m pou mwen kontinye sou ak dènye mesaj pwofèt la te preche a . Mwen konnen nou te koute pwochen mesaj yo kèk mwa de sa, men chak fwa nou tande yo Li te revele pi plis ak plis bagay ban nou.

Lè mwen panse ak lepouz li a, ki ap rasanble , atravè tout mond lan,yo rete ap tann avèk anpil atant pou yo kòmanse tande mesaj li a. Pou yo tande Bondye pale ak yo nan bouch pwofèt li a, mwen eksite se konsa . Ki sa li prale revele nou jodi a?

Gen yon gwo revèy kap pran plas atravè mond lan. Lepouz la ap kriye sote, li ap di: “Nou ta renmen tande band yo kap pale ak nou Nou vle apiye sou bouton jwe a Nou vle ini ak lepouz la alantou Pawòl la “.

Nou ap inifye nou. Epi chita ansanm nan prezans pitit gason an.pandan nap gen matirite, ap prepare nou pou anlèvman. Mwen ta renmen envite ou vin matirite avèk nou nan katòzè nan lè Jeffersonville la , menm jan pou nou tande Bondye pale ak Lepouz li a epi preche mesaj la, Kris revele nan pwòp pawòl li 22-08-65 Am
=======================

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj la:

Egzòd 4: 10-12
Ezayi 53: 1-5
Jeremi 1: 4-9
Malachi 4: 5
St Lik 17:30
St Jan 1: 1 / 1:14 / 7: 1-3 / 14:12 / 15:24 / 16:13
Galat 1: 8
2 Timote 3: 16-17
Ebre 1: 1-3 / 4:12 / 13: 8
2 Pyè 1: 20-21
Revelasyon 1: 1-3 / 10: 1-7 / 22: 18-19