23-0205 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi

Mesagj: 65-0801e Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun nan Moman an,

Papa, nou tèlman renmen W. Kijan nou ta ka kòmanse eksprime sa nou santi? Ou chwazi nou, predestine nou, epi Ou vin on Moun vivan pou bay Vi W pou nou.

Ou ekri pwòp panse W pou nou atravè pwofèt Ou yo, pou nou ka gen Pawòl Ou. Apresa, jan Ou te pwomèt li, Ou vini ankò, Ou revele Tèt Ou nan on kò imen atravè evènman ki vin klè ak pwofesi, pou entèprete epi revele Pawòl Ou.

Pa pwòp chwa W, Ou chwazi William Marrion Branham pou li vin moun nan moman an. Ou chwazi l pou atire atansyon nou. Ou dirije men l. Ou dirije je l nan vizyon. Li pat ka di anyen lòt ke sa Ou te montre li.

Li pat ka pwononse anyen lòt ke sa Ou plase nan bouch li. Ou te gen plen kontwòl lang li, dwèt li, epi tout ògàn kò li. Li te an akò total avè W.

Apresa, pa chwa W on fwa ankò, Ou chwazi nou pou nou vin pèp la nan moman an. Ti gwoup minorite W ki rasanble pa enspirasyon Pawòl Ou, kap pwodui ankò, Lavi Jezikri a. Nou se Pawòl Ou ki ini ak Pawòl la. Nou pa ka fè anyen lòt.  

Papa, nou vle nan volonte W ki parfè; anyen lòt enterese nou. Nou pa vle panse nou, lide nou, oubyen sa nenpòt lòt moun di, jis volonte W.

Nou ale nan Pawòl Ou pou wè sa Ou di ke nou dwe fè pou nou vin Epouz Ou. Ou di ke Ou pral jije mond lan on jou dapre Pawòl Ou. Ou di nou ke Pawòl Ou vin SÈLMAN a pwofèt Ou yo, ki te predestine epi òdone davans pa Ou.

Ou di nou, Li pa janm vin a yon teyolojyen oubyen a yon gwoup moun, mè pa pwofèt Ou. Se Li kap sèl entèprèt diven W de Pawòl la. Se pa panse li, lide li, entèpretasyon li, men se Oumenm kap pale atravè li, kap entèprete pwòp Pawòl Ou.

Nan chak laj, moun kite lèzòm ajoute pwòp entèpretasyon pa yo a Pawòl Ou, epi poutèt sa yo vin avèg. Li fè menm bagay ke l te fè avèk Farizyen yo e Sadiseyen yo. Se rezon sa ki fè ke moun yo pa sezi L jodi a. Yap tande sa yon lòt moun ap di sou Li, olye ke yo tande Pawòl la jan pwofèt Ou te di yo pou yo fè.

Ou di, premyèman M voye Pawòl Mwen, apresa si moun yo pa kwè Pawòl Mwen, alò Map voye yo ministè a. Ou di tou, ke nan chak aj ministè a devye; pa yo tout, men pi fò nan yo, epi yo kondwi moun yo vè yomenm. Nou vle rete nan Pwogram orijinal Ou. 

Tèlman gen konfizyon, minis yo pa ka dakò ant yo. Frè X pa ka dakò avèk Frè Y; Frè Y pa dakò avèk Frè Z. Yo pa ka dakò youn ak lòt. Sanble yo jis dakò avèk yon bagay, nou pa ta dwe jwe bann nan legliz la. 

Se Babylon ankò, tèlman gen konfizyon. Nou kwè ke gen jis yon sèl Patwon epi nou dwe konfeksyone tèt nou pou nou ajiste nou a Patwon sa a, e pa eseye konfeksyone Patwon an pou Li ajiste sou nou.    

Vin tèlman gen ministè ki leve avèk pwòp lide yo, pwòp entèpretasyon yo epi pwòp doktrin yo. Yo tout redwi a anyen. Vin gen gwo predikatè òdone ki leve epi ki deklare ke yap preche epi yap site Mesaj nan moman an, epi ministè pa yo se Chemen ke Bondye bay pou jodi a, pa bann yo.

Yo gen dè moun fidèl ki ale nan legliz yo, ki tande pandan dèzane. Yo gen anpil predikatè ki vizite yo, reyinyon, revèy, predikasyon, yo di ke sa yo di se Chemen ke Ou bay la, pa bann yo. Epi yon jou yo di, Mesaj la se pa verite a.

Èske yo pat verifye sa l tap di avèk bann yo? Èske yo te jis pran sa li di kòm etan Pawòl la, Chemen ke Bondye bay pou jodi a? Si l te jwe bann yo, Vwa W ki konfime pou moun yo, olye ke yo plase tèt yo kòm vwa a ki pi enpòtan an, yo tap konnen ke sa yap tande se yon ansèyman on fo wen nan tan lafen an.

Sa pa vle di ke nou pa bezwen on pastè. Sa pa vle ke yo tout se fo pastè ki wen. Sa pa vle di ke gen anpil ki preche egzakteman sa Frè Branham di. Sa vle di ke bagay ki pi enpòtan ke nou dwe tande se Mesaj la sou bann yo; se SÈL ENSI DI SEYÈ A.

Se Direktiv la. Se Absoli a. Se dènye Mo a. Se sèl Pawòl ki Parfè. Si yon pastè, chèf espirityèl ou, pa tande Pawòl pi sa a avèk asanble li, on move bagay pral rive.

Poukisa ministè a pa jwe Vwa W ki konfime nan legliz yo? Kijan yo ka di ke se mal alò ke yo pretann kwè ke se Pawòl la? Poukisa yo envante yon bann eskiz epi yo di ke ministè pa yo se Chemen ke Ou bay pou jodi a, e pa Vwa W ki konfime sou bann yo?

Poukisa yo fè moun yo pè lè yo di ke paske nou di “APIYE SOU JWE” pou tande Vwa W, nou adore on moun e pa Oumenm ki pale atravè moun sa a?

Nou JIS adore OUMENM PAPA. Nou konpare l avèk Pawòl la, ankò e ankò. Ou di nou atravè pwofèt Ou, pa chak Mesaj ke nou tande sou bann yo: Se sèl Chemen ke Ou bay pou jodi a.

Ki lòt kote Epouz Ou te ka ale sinon dirèkteman a Pawòl Ou? Nou se Epouz Pawòl Vyèj Ou. Nou dwe rete avèk Kolòn Dife W. Se sèl plas kote nou ka satisfè epi di amèn a chak Pawòl ke nou tande.

Papa, nou wè W andeyò legliz Ou, kap eseye antre, e sa kraze kè nou. Lòkèt la andedan e nou ouvri pòt la pou Ou antre. Nou pa konn lòt bagay. Nou pa vle lòt bagay. Nou pa ka aksepte anyen lòt. Nou enprenye avèk Pawòl Ou.

Mèsi Papa pou Revelasyon Pawòl Ou. Nou pa kont pèsòn, nou jis pou Pawòl Ou ki vin klè pa pwofesi. Nap kanpe devan W on jou, nan jijman. Ak tout kè nou, nou vle di: “Papa, nou rete avèk Pawòl Ou.” 

Ankouraje pastè nou, chèf espirityèl nou, pou Apiye sou Jwe Dimanch sa a epi tande Vwa Bondye. Nap jije on jou pa sa Pawòl Bondye a di sou bann yo. Kijan nou ka pran chans avèk nenpòt lòt bagay?

Nou envite pou vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande: Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi 65-0801e, alò ke Bondye pale atravè bouch moun lan ke L chwazi. Moun a kiyès Li bay klas li, don li. Li ba li nati li, estil li, e kèlkeswa sa l ye, kòman li eksprime li, e kèlkeswa sa l fè. Li fè William Marrion Branham moun nan moman an pou sezi pèp nan moman an, e se noumenm ki PÈP NAN MOMAN AN.   

Frè Joseph Branham

Ekriti pou li anvan ou tande Mesaj la:

Jenèz: 22:17-18

Som: 16:10 / Chapit 22 / 35:11 / 41:9

Zakari 11:12 / 13:7

Ezayi: 9:6 / 40:3-5 / 50:6 / 53:7-12

Malachi: 3:1 / chapit 4

Jan 15:26

Lik: 17:30 / 24:12-35

Women: 8:5-13

Ebre: 1:1 / 13:8

Apokalips: 1:1-3 / chapit 10