23-0129 Dye Aj Move Sa

Mesagj: 65-0801m Dye Aj Move Sa

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme ti Vyèj Kris, Pawòl la, Twoupo a,

Nou pa ka lòt bagay. Nou pa ka tande lòt bagay. Nou pa konn lòt bagay. Nou pa vle lòt bagay. Kote Vyann fre a ye, APIYE SOU JWE, ki se Pawòl sezon an, se la èg yo pral rasanble. Pawòl la kap pran Vi nan nou.

Nou pa menm jan ak tout lòt moun! Nou se yon pèp separe, sen pou Seyè a, konsakre a Pawòl la e a Lespri Bondye a, pou pote fwi pwomès Li pou jou jodi a. Nou konstaman ap muri e muri nan tande Vwa Bondye a.

Pwofèt la di nou pou nou refere a bann sa yo. Si nou gon radyo kasèt, reyini on gwoup moun epi fè l jwe, epi tande byen. Tande Vwa Li, sa Lap di nou. Pawòl Bondye pa bezwen entèpretasyon; Li fè pwòp entèpretasyon Li. “Mwen se Vwa Bondye pou nou.”

Epi men Li, Bib la, pa yon mo pou ajoute nan Li ou pou retire nan Li. Jis rete estrikteman avèk Vwa sa a. “Yo pap swiv on etranje,”

Kijan on moun pa ka wè Chemen ke Bondye bay pou jou jodi a? Men glwa a Dye, nou ka wè L, paske nou te eli pou wè Li. Nou pap sedwi, e nou pa ka sedwi, paske nou se Pawòl Li ki manifeste.

Frè ak sè, jis kite sa antre on minit, NOU SE PAWÒL LA KI MANIFESTE!! Bondye Limenm, kap pale nan bouch moun, Lap di nou ke NOU SE PAWÒL LA. Nou pa gen anyen menm pou pè. Tout sa nou bezwen se pou nou.

Chak semèn nou gen gwo espwa pou Seyè a vizite nou. Nou pa gen ase plas isi a pou nou mete tout moun chita, epi tout moun pa ka vini Jeffersonville non plu, alò nou jis bezwen voye yo Pawòl la atravè entènèt la.

Nou lakay nou, nan legliz nou, nan machin nou, rasanble otou ti mikrofòn nou, tout kote nan lemond, ap tann Vini Seyè a.

Yo rasanble avè nou an Afrik, ap tann Vini Seyè a. Yo rasanble avè nou o Mexique, ap tann Vini Seyè a. An Ewòp, Skandinavi, Ostrali, Mwayen-Oryen, Amerik di Sid, nan kat kwen mond lan, ap tann Vini Seyè a.

Epi nou rasanble isi a nan legliz nou, tabènak la, ap tann Vini Seyè a. Anpil lè separe nou nan tan an, men nou ansanm tankou YON BLÒK, kwayan, kap tande Vwa Bondye a, kap tann Vini Mesi a.

Nou SE pèp Bondye ki te chwazi epi ki te rele pou soti nan move aj sa a pou Non Li. Nap pase eprèv epi nap pwouve Satan ke nou se Pawòl la. Nou fè pati de Pyebwa Epouz Orijinèl sa a. Nou wè lavi nou kap manifeste pa Pawòl sa a.

Li fasil pou tout moun kwè ke Jezi te repons dirèk pou tout pwofesi yo ki te dwe akonpli nan Li, paske yap gade dèyè pou wè sa ki te pase. Men nan move aj sa a jodi a, yap fè menm bagay la ke yo te fè lè sa a, nan entèprete Li yon lòt jan, epi yo pouse moun yo antre nan yon gwo ilizyon pou yo kwè nan yon manti. Si yo te ka jis reyalize ke Se menm Pawòl la pou aj sa a ki manifeste.

Gon sèl bagay ki ka rasanble Epouz la, Mesaj sa. Gon sèl bagay ke nou tout ka dakò sou li, Mesaj sa. Gon sèl Vwa ki te konfime kòm etan Ensi Di Seyè a, Vwa Bondye a sou bann.

Bon, jis on legliz frèt, fòmèl, di e ensidswit, on teyoloji fabrike pa lòm, sa pa tap; Eli yo pa tap janm peye atansyon a sa. Men li la a, tankou se prèske vre bagay la. Jis retire yon Mo, se sa sèlman pou w fè. Pwomès aj la; on epòk trè enpòtan! Kretyen, tout kote, fè atansyon a lè ke nap viv la! Pran nòt, epi li, epi tande byen.

Dye move aj sa a ap fè tout sa l kapab pou twonpe moun yo nan anpeche yo wè Vwa Sa a ki konfime. Lap eseye fè yo doute jis yon Mo, menm jan li te fè l avèk Èv nan kòmansman an.

Men Epouz-Pawòl Kris la prèske rive nan Tèt Li. Nou ini tèt nou ankò a Konpayon nou, kote nou te kòmanse. Tan egzòd la tou pre. Bondye ap vin chache Epouz Li ki rete avèk Pawòl Li.

Sentespri a la a, Lap rele yon Epouz pou Kris. Lap fè l, pandan ke Lap konfime l, Pawòl Li ki te pwomèt pou aj sa a, Lap montre l ke Se Kris.  

Pa gen anyen ki pi gran ke pou w ini avèk Epouz la atravè mond lan, ap tande Vwa Bondye a kap pale dirèk avè w. Nou pa bezwen espere, devine ou menm priye ke sa nap tande se verite. Paske Se SÈL VWA A KI KONFIME, ke SE ENSI DI SEYÈ A.

Vini jwenn nou epi tande:

Epi apre bagay sa yo, mwen wè yon lòt anj ki desann de syèl la, ki te gen gwo pouvwa; epi latè a te eklere avèk glwa li.    

A midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Dye Aj Move Sa 65-0801M.

Frè Joseph Branham

Ekriti pou li anvan w tande Mesaj la:

Matye chapit 24 / 27:15-23

Lik 17.30

Jan 1.1 / 14.12

Ak 10.47-48

1 Korentyen 4.1-5 / chapit 14

2 Korentyen 4.1-6

Galat 1.1-4

Efezyen 2.1-2 / 4.30

2 Tesalonisyen 2.2-4 / 2.11

Ebre chapit 7

1 Jan chapit 1 / 3.10 / 4.4-5

Apokalips 3.14 / 13.4 / chapit 6-8 e 11-12 / 18.1-5

Pwovèb 3.5

Ezayi 14.12-14