21-0919 Sila Yo Ki Wenn Nan Tan Lafen An

Mesagj: 65-0725m 21-0919 Sila Yo Ki Wenn Nan Tan Lafen An

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Chè lepouz eli a,

Rezon ki fè eli a. Jezi te di, yo pa pral sedwi, paske yo se pawòl sa a. Yo pap kapab gen anyen ankò. Yo pa ka tande anyen. Yo pa konnen anyen ankò.

Pa genyen anyen ki pi gwo nan lavi a pase konnen Bondye te chwazi pwofèt li a anvan fondasyon monn lan pou pale pawòl sa yo. Alò li pèmèt vwa li te anrejistre, lè sa a lepouz predestine li a yo te kapab retounen al tande vwa li ki te anrejistre e estoke, paske li te vle yo konnen:

Nou se pawòl la.
Nou pa kapab sedwi.
Nou pa ka genyen anyen ankò.
Nou pa ka tande anyen ankò.
Nou pa ka konnen anyen ankò.

Li te konnen nou tap bezwen ankourajman jodi a tankou pa te ko janm gen yon jou konsa nan listwa. Batay yo fewòs tankou yo pa te janm anvan. Lepouz li a dwe nan eprèv. Men, se pou li te kapab raple lepouz li a kiyès yo ye, pou yo te ka fè fèt nan kè yo paske yon konnen yo se cheri li a yon ki nan volonte pafèt li.

Kèlkeswa sa satan lanse sou nou, tout sa nou pral pase, kounye a, nou konnen, se li ki chwazi yon lepouz, epi se nou ki lepouz la. Nou pa wont paske nou genyen revelasyon pawòl Bondye a. Nou pap janm eseye fè yon sèvis pou Bondye san se pa volonte Bondye a. Pou nou, li se manje espirityèl nan bon sezon an. Nou konnen pral genyen anpil wen nan fen tan an, men nou pral rete ak pawòl Bondye a.

Si ou ta renmen genyen menm asirans sa, vin jwenn ak nou dimanch ak katòzè nan lè Jeffsonville, tande: sila yo wen nan fen tan an, 25-07-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li:
Sen Matye 5:44-45/ 7:21/14:15-28
Sen lik 17:30/18:1-8
Sen Jan 14:12
Efezyen 1:5
2Timote 3:1-8
Ebre 6:1-8/11:4
Revelasyon 10:1-7/16:13-14
Malachi 4:5
1Wa 22:1-28
Jeremi chapit 27 e 28