23-0402 Anlèvman an

Mesagj: 65-1204 Anlèvman an

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Pawòl sou Pawòl,

Anpil legliz pa konprann, yo pèplèks, mistifye, sezi, mele, konfonn e menm dekonsantre pa sa k ap pase avèk “Moun Bann” sa yo atravè mond lan, chak Dimanch.

Se Inyon Envizib Lepouz Kris La, ki chita nan prezans Fis la, ap muri, ap pare kò nou. Epou Selès nou di nou tout bagay apwopo de Kay k ap tann nou avè L.

Kèk semèn de sa, Li di nou: “Mond sa a pa Lakay nou, se Edenn Satan, epi M ap detwi l avèk dife. Ou se cheri Mwen, ke M chwazi anvan fondasyon mond lan pou vin Epouz Mwen. Kounye a, Dimanch sa a M pral di w tout bagay sou Anlèvman Mwen k ap vini byento.”

Nou tèlman ap tann gwo bagay. Nou ka santi l nan lè a. Bagay yo ap pase tèlman vit.

Egzakteman sa Bib la di ki t ap pase jou jodi a, se sa k ap pase, jou apre jou. Oh, l ap akimile tèlman vit lòt bò a, nan dezè sa yo, epi bagay ap pase, m pa menm ka swiv. Nou pwòch Vini Jezi a, pou nou ini avèk Legliz Li, kote Pawòl la vin Pawòl la.

Tout bagay sa yo ap fèt pou nou, Dam Elu Li, Lepouz jou jodi a. Se nou sèl ki wè bagay sa yo k ap devwale.

Li predestine nou a laj sa a e pèsonn ka pran plas nou. Kounye a nou se pitit gason ak pitit fi ki manifeste alò nou ka kominye avè Li; se sa Li vle.  

NOU SE Pawòl sou Pawòl, jèm sou jèm, Lavi sou Lavi, e plenitid estatu Lepouz Seyè Jezikri a.

Si nou gon bezwen, di L. Nou se Pawòl sou Pawòl la. Pa gade tristès mond lan ki alantou nou; detrès, maladi, asasina, dezespwa, foli moun yo ki pa konn si yo gason ou fanm. NOU SE LEPOUZ LA, predestine, jistifye, Lepouz manifeste Seyè Jezikri a.

Pa pè ANYEN. Fè kè w kontan epi rejwi. Tan an pwòch. Nou prèt pou kite kay parazit sa a, GLWA!!!

Vin pare avè nou pou Anlèvman an, Dimanch a midi, lè Jeffersonville. Nou pap menm jan an.

Frè Joseph Branham

Som 27:1-5