24-0421 L Ap Pwouve Pawol Li

Mesagj: 64-0816 L Ap Pwouve Pawol Li

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Legliz Lepouz,

Fis de Lòm lan vini epi Li revele Tèt Li bay Lepouz Li nan yon chè imen. Li di L, nou kwè L, epi Li pwouve L. Nou se Legliz Lepouz Li e nou prepare tèt nou nan tande epi nan kwè chak Pawòl ki soti nan bouch Li.

Pral gen yon rezirèksyon mò yo. Li pral pwouve l. Pral gen yon Anlèvman Legliz la. Li pral pwouve l. Pral gen yon Milenyòm. Li pral pwouve l. Pral gen yon nouvo Syèl ak yon nouvo tè. Li pral pwouve l, paske Pawòl Li di sa.

Se nou menm k ap la a. Li pral pwouve l. Se nou menm ki fè pati de Pawòl sa a. Li predestine NOU pou nou

La a. Pral gen yon Anlèvman pa presyans Li e anyen ap rete l, n ap la a!

Depi lontan Satan ap eseye fè pèp la doute yon sèl Pawòl ki te pwononse. Pa fè sa. Jis kwè chak Pawòl. Nou dwe kwè chak Pawòl pou nou La a. Se pa pawòl pwofèt la, se Pawòl Bondye ki te anrejistre epi sere sou Bann yo.   

Souvren sakrifikatè a, evèk la, kadinal la, pastè a? “Bondye! Chak Pawòl ki soti nan bouch Bondye.” Kijan nou fè konnen se Pawòl Bondye? Li di l, apre sa Li pwouve L. Li pwouve Pawòl Li.

Nou DWE kwè tout Pawòl ki soti nan bouch Bondye. Li pwouve ke se Pawòl Li ki sou Bann yo. Li pwouve ke William Marrion Branham se setyèm anj mesaje Li; Vwa Bondye pou epòk nou. Tout sa yo ki pa kwè Mesaje la e mesaje a pral peri. 

Bon, m pa jis ap pale egzakteman a oditwa sa. Sa a anrejistre, ou wè, e Li prale toupatou nan mond lan. Èske nou konprann, moun nan mond lan, ke se yon Mo, on Mo, pa on fraz, pa on paragraf, on Mo, se jis sa ke Èv te doute.  

Li se Pawòl la, e nou fè pati de Pawòl Li. Se rezon sa ki fè ke nou la a, pou konfime plas nou nan lavi. Pou kwè chak Pawòl. Pou rete avèk Pawòl la. Pou pwente Lepouz la a chak Pawòl ki sou Bann yo.

Nan epòk nou, Fis de Lòm lan te revele. Li ini Legliz la a Tèt la; Li ini maryaj Lepouz la. Apèl Epou a rive. Fis de Lòm lan vini nan chè imen pou ini toude. Li se Pawòl la. Nou se Pawòl Li, e toude ini ansanm.  

Sa ap pran manifestasyon revelasyon Fis de lòm lan… Pa yon nonm klèje… Jezikri, pral desann nan chè imen nan mitan nou, epi L ap fè Pawòl Li tèlman reyèl ke li pral ini Legliz la avè L fè youn, Lepouz la, epi apresa Li pral Lakay pou Soupe Nòs la. Amèn.

Manifestasyon Pawòl la pral ini Lepouz la. Li manifeste Fis de Lòm lan ankò, pa teyolojyen Legliz yo. Fis de Lòm lan! Pawòl la ak Legliz la vin fè youn. Tout sa Fis de Lòm lan te fè se te Pawòl la. Nou menm, Lepouz Li, nou pral fè menm bagay la.

Nou ini pa Sentespri a, Pawòl Li, Vwa Li, e n ap prepare tèt nou pou ale nan Soupe Nòs la. Pawòl la ini nou, e toude vin fè YOUN.

Nou di BANN YO, BANN YO, BANN YO. Nou dwe jwe Bann yo lakay nou, nan legliz nou. Yo fè nou repwoche paske nou mete anpil anfaz sou jwe Bann yo. Poukisa nou di bagay konsa? Kiyès k ap pale avè NOU sou Bann yo?

Kounye a, sonje, se pat Jezi ki t ap pale ak Abraham la a, ki te ka disène panse nan lespri Sarah dèyè Li. Se pat Jezi, Li potko fèt. Men se te yon Nonm nan chè imen, ke Abraham te rele “Elohim, gran Toupwisan an.”

Si nou kwè ke Fis de Lòm lan te revele nan epòk nou; Bondye k ap pale atravè bouch moun, kòman yon moun ta ka pa wè enpòtans pou plase Vwa sa a kòm VWA A KI PI ENPÒTAN KE NOU DWE TANDE? 

M pa kritike lòt yo ki pa wè epi ki pa kwè sa nou kwè; yo se frè nou ak sè nou, men mwen TÈLMAN SATISFÈ, TÈLMAN RANPLI, TÈLMAN SÈTEN ke se chemen ke Bondye bay pou Lepouz Li. M pa ka fè lòt jan. Pou mwen menm ak lakay mwen, Peze Jwe se SÈL CHEMEN an.

M envite mond lan ankò pou vin ini avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: L ap Pwouve Pawòl Li 64-0816.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Matye 24:24

Mak 5:21-43 / 16:15

Lik 17:30 / 24:49

Jan 1:1 / 5:19 / 14:12

Rom 4:20-22

1 Tesalonik 5:21

Ebre 4:12-16 / 6:4-6 / 13:8

1 Wa 10:1-3

Jowèl 2:28

Ezayi 9:6

Malachi 4