24-0428 Kesyon Ak Repons Nimewo 1

Mesagj: 64-0823M Kesyon Ak Repons Nimewo 1

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Tande Bann Yo,

M p ap janm di l ase, pa gen ANYEN ki pi gran pase tande Vwa Bondye a k ap pale avè nou atravè anj mesaje Li ki konfime pou epòk nou. Seyè a  ap revele nou Revelasyon apre Revelasyon. Bagay sa pa gen fen. Chak Mesaj tankou kòm si nou p at janm tande l anvan. Se Pawòl Vivan an, Lamann ki Fre, Manje Bondye Sere pou Lepouz Li, e tout sa nou bezwen fè se PEZE JWE.

Nou tande pale de Anlèvman PA NOU ki byento. Nou prale…GLWA, NOU PRALE nan SOUPE NÒS LA. Li predestine NOU pou nou La a pa presyans Li, e pa gen anyen k ap kanpe sa. Pawòl la ap ini avèk moun lan isit la, e toude vin fè Youn. Li manifeste Fis de Lòm lan. Pawòl la ak Legliz la vin fè Youn. Tout sa Fis de Lòm lan fè, Li te Pawòl la, Legliz la fè menm bagay la.  

Anvan m kontinye, petèt ke nou ta renmen reli sa ankò!! Kijan nou ka kite dyab la dekouraje nou? Tande sa n ap tann avèk enpasyans. Tande kiyès nou ye. Tande ki sa k ap pase KOUNYE A.

Ki bò nou prale? Nan Soupe Nòs NOU kote nou te predestine pa presyans Li, kote NOU MENM, Pawòl Li ak Legliz Li, vin fè YOUN AVÈ L, e tout sa Fis de Lòm lan te fè, NOU FÈ L TOU!!

Answit nou tande tout bagay apwopo de Avni Lakay NOU. Achitèk Diven an desine Nouvo Vil NOU, kote Li pral viv avè NOU, Lepouz Li. Li konstwi L epi Li mete chak ti bagay egzakteman jan NOU renmen l; egzakteman jan NOU ta renmen l. Kote nou p ap bezwen gen limyè, paske Ayo ap Limyè nou. Kote pwofèt la pral abite toupre nou; l ap vwazen nou. Nou pral manje nan pyebwa sa yo, nou pral monte mache lari an lò sa yo jiska sous la epi n ap bwè. Nou pral mache nan paradi Bondye, avèk zanj yo ki pral vole anlè tè a, ap chante im yo. Glwa! Alelouya!

Li pwouve Pawòl Li ban nou; Li menm, Kolòn Dife a, yo te fè foto Li avèk anj mesaje Li pou pwouve e pou di mond lan, “Koute Li.” Nou pa dwe doute yon sèl Pawòl, paske Se pa pawòl pwofèt la, Se Pawòl Bondye ki adrese a Lepouz la. Apresa Li di nou, ke nou gen reprezantasyon pa predestinasyon, sa ban nou asirans. Li pa wè nou, Li tande vwa nou atravè San Jezi. Nou pafè nan je Li.

Pwofondè a ap rele pwofondè a kòm jamè, e Papa nou ap ranpli avèl Pawòl Li ki revele. Tout sa na bezwen konnen te anrejistre e yo ban NOU li. Jis pa gen fen nan Mesaj Pawòl vivan sa a. Pa gen anyen ki pi gran pase pou w konnen ke NOU se Lepouz Li. Asirans pou konnen ke tande Vwa sa a, Peze Jwe, se volonte pafè Seyè a; pwogram ke Li bay la.

Tèlman gen toujou k ap vini! Se Pawòl Dlo Vivan an pou Lepouz Li ki pa janm fini. Nou pat janm osi swaf nan tout vi nou, men nou pat janm osi dezaltere alò ke n ap bwè e bwè a volonte.

Chak Dimanch, Lepouz la tèlman eksite pou l reyini avèk yon pòsyon Lepouz la toupatou nan mond lan, pou tande sa L pral revele nou kounye a. Li di nou ke si nou pa ka vin isit la nan Tabènak la, nou dwe jwenn yon legliz yon kote pou ale.

Nou tout pa ka rasanble ansanm nan baz pwofèt la; katye jeneral Li kote L te enstale, men nou ka transfòme legliz nou, Lakay nou an legliz, kote n ap plase L sou chè a. Kote nou ka manje PAWÒL PAFÈ EGZAKTEMAN JAN L TE REVELE.

Pa gen pi gran rasanbleman, pa gen pi gran onksyon, pa gen pi gwo kote pou ye pase pou chita ansanm nan lye Selès, ap tande Vwa Bondye a.

M envite nou vin tande avè nou Vwa Bondye ki konfime, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke Li pral pale avèk nou ankò atravè anj mesaje Li, epi Li pral reponn tout kesyon ke nou genyen an kè nou, epi Li pral rasire nou ke nou se Lepouz Li.

Frè Jozèf Branham

Mesaj Dimanch lan: Kesyon Ak Repons #1 64-0823M