24-0505 Kesyon Ak Repons Nimewo #2

Mesagj: 64-0823E Kesyon Ak Repons Nimewo 2

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Pawòl Pafè A,

Nou jis ap tann Seyè a k ap Vini. N ap kenbe lanp nou yo pare, nou ranpli yo ak Lwil, nou tande Pawòl revele a lajounen kou lannwit. Nou an priyè, chak èdtan; pa chak jou, chak èdtan. Nou jis rete pare, epi nou kwè, CHAK PAWÒL.

N ap chache, a chak moman, sa yo k ap dòmi nan pousyè tè a epi k ap premye pou yo leve. Nan yon moman, nou pral wè yo; papa, manman, mari, madanm, frè ak sè. Men yo, ki kanpe devan nou. N ap konnen nan moman sa a, ke nou rive, ke moman an rive. Lafwa Anlèvman an pral ranpli nanm nou, lespri nou ak kò nou. Alò kò kòriptib sa yo pral mete sou yo enkoripsyon an nan Gras anlèvman Seyè a.

Epi lè sa a n ap kòmanse reyini ansanm. Nou menm ki vivan epi ki rete, n ap chanje. Kò mòtèl sa yo p ap wè lanmò. Toudenkou, pral gen tankou yon bagay ki pral anvayi nou…n ap chanje. De yon granmoun a yon jèn gason, de yon granmoun a yon jèn fanm.

Apre yon moman, nou pral vwayaje tankou yon panse avèk sa yo ki deja resisite. APRESA…GLWA…n ap anlve avè yo pou rankontre Seyè nan syèl la.

Ala yon moman k ap vini pou nou. Lènmi an AP ESEYE kenbe nou ba, deprime, epi dekouraje, men glwa pou Bondye, li pa kapab. Nou gen Revelasyon AN de Kiyès Li ye; de kiyès Li voye pou rele nou pou nou soti; de kiyès nou ye, pa kiyès n ap ye, KIYÈS NOU YE. KOUNYE A Li ankre nan NANM nou, PANSE NOU AK LESPRI NOU, epi pa gen anyen ki kapab rale sa nan men nou. Kijan nou fè konnen? Bondye di l!

Sa a pa lakay nou, tout pou ou, Satan, ou mèt genyen l. Nou pa vle fè pati de li e nou pa bezwen l ankò. Nou gen yon Kay k ap Vini ke yo konstwi pou nou.  Epi dayè, dyab, nou resevwa yon avi, LI PARE. Konstriksyon an konplete. Tout touch final yo an plas. E m gen plis nouvèl pou ou, TRÈ BYENTO, L ap vin chache nou pou nou ka gen 1000 an Lin de myèl avè L san enteripsyon, e ou pa envite, epi ou pap la.  

Ala gwo bagay mesaj sa ap revele nou chak fwa ke nou Peze Jwe. Bondye Limenm te desann epi Li pale atravè bouch moun pou L ka di nou tout bagay sa yo. Li chwazi nou epi Li ban nou vrè epi PLEN Revelasyon Tèt Li. 

Li te Pawòl la ki te vin lachè, pa Pawòl nan tan Moyiz la, Moyiz se te jou pase sa, Pawòl la; pa Pawòl pou tan Noye a, Noye te Pawòl pou jou sa; pa jou…Pawòl pou jou Eli a, Eli te Pawòl sa pou jou sa; men Li te Pawòl tan prezan an, e yo menm yo t ap viv nan pase.

Èske nou pare?…Men li. Se yon kanon doub e gwo kalib, e nou tèlman renmen Sa!

Menm bagay la repete! Sa se evidans Sentespri a, se lè Bondye revele w epi ou wè l, ENSI DI SEYÈ A epi ou aksepte l. Pa sa w ye, sa w te ye, oswa anyen konsènan sa, se sa Bondye te fè pou ou kounye a. Men evidans lan.

Alelouya, Li anfonse klou a. KOUNYE A, annou tande L k ap sere L. 

Li bannou evidans Sentespri a, nan Jan 14. Li di, “Mwen gen anpil bagay pou M di w. Mwen pa gen tan pou m fè l, men lè Sentespri a pral vini, Li pral di w, raple w bagay Mwen te di w yo, e Li pral montre w tou bagay ki gen pou vini yo.” Èske w pa wè l? Men evidans lan. Se anonse davanse e pou w…gen Entèpretasyon Divin Pawòl ekri a. Bon, èske sa se pa evidans yon pwofèt?

Sentespri a li se pwofèt chak laj. Li se pwofèt laj nou. Pawòl la SÈLMAN vini a pwofèt sa a. Se Bondye k ap pale epi k ap revele Tèt Li atravè pwofèt Li. Li se Pawòl la pou jodi a. Mesaj sa a, SOU BANN, se entèpretasyon pafè Pawòl la, avèk yon konfimasyon Divin.

“Lè sa ki pafè a rive, sa ki pasyèl la pral disparèt.” Konsa tout ti bagay sa yo, ap sote ponpe tankou yon ti moun piti, ap eseye pale an lang, ak tout lòt bagay sa yo, lè sa ki pafè a…Epi jodi a nou genyen, avèk èd Bondye, entèpretasyon pafè Pawòl la avèk yon konfimasyon divin! “Lè sa a, sa ki pasyèl la fin pa disparèt. “Lè m te yon timoun, mwen te pale tankou yon timoun, mwen te konprann tankou yon timoun; men lè m vin yon nonm, m te renonse ak bagay timoun yo.” Amèn!

Sa ki pafè a vini; entèpretasyon pafè Pawòl la. PEZE JWE. Se tout sa Lepouz Li bezwen, e tout sa L vle.

Vin Peze Jwe avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande PAWÒL PAFÈ A, AVÈK YON ENTÈPRETASYON PAFÈ, AVÈK YON KONFIMASYON DIVIN, alò ke nou pral tande:

Kesyon Ak Repons #2, 64-0823E

Frè Jozèf Branham