24-0407 Rezèvwa Ki Fann

Mesagj: 64-0726E Rezèvwa Ki Fann

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Moun K Ap Bwè Pwi Atezyen,

Lepouz la p ap menm jan an ankò apre Lèt Wouj wikenn Pak la ke Seyè a ban nou. Nou te fèmen avè L, nou t ap kominye avè L epi t ap adore Li tout wikenn lan. Prezans Li te ranpli kay nou ak legliz nou yo.

Nou te gen gwo atant. Nou te konnen ke se te Volonte Seyè a pou nou. Bondye ta pral fè yon bagay. Nou te dekonekte avèk mond lan ak tout distraksyon l yo. Nou te ini atravè mond lan nan yon sèl akò. Nou te chita ansanm nan lye selès, ap pare tèt nou alò ke Li ta pral PALE AVÈK NOU sou wout la.

Kè nou t ap rele: “Seyè, fè m sanble W pi plis. Prepare m pou lè W ap vini. Ban m plis Revelasyon. Kite Sentespri a ranpli chak fib kik nan mwen.”

Pandan ke chak sèvis t ap kòmanse, nou t ap di tèt nou: “Kijan sa posib? M tande Mesaj sa yo tout vi m, men kounye a, yo tout sanble nouvo Mesaj, kòm si m p at janm tande yo anvan.” Li t ap revele Pawòl Li bay kè nou ak nanm nou kòm jamè oparavan.

Kokèn Revelasyon an retounen nan kè nou…Se Li menm…LI MENM. Se Sentespri an menm k ap PALE AVÈ NOU DIRÈKTEMAN.

Pa mwen menm! Li menm! Se Li menm! M fèk di nou, Li jis pran kò mwen. Li jis pran lang mwen, Li pran je mwen, paske Li konnen ke m t ap bay Li yo, alò Li jis vini epi Li fè m fè sa. Alò se pa mwen! Se Li menm! E se pa mwen ki la a avè nou, se Li menm ki la a avè nou. Li se Rezirèksyon ak Lavi. Oh, Bondye, Bondye; kwè li. Oh, nou tout: Kwè Li. Kwè Li. Li isit la.  

Li ban nou Revelsayon an pou nou konnen ke BANN YO se Vwa Bondye k ap pale avè nou jodi a. Se Pawòl Li yo, Vwa Li…VWA LI, anrejistre e SERE pou nou ka tande TANDE LI k ap pale avè nou de Pawòl Lavi Etènèl. Yo se chemen ke Li bay pou Lepouz Li.

 Se Dlo Atezyen ki fre, pwòp, k ap monte epi monte. Plis nou bwè, plis nou rele: “Plis Seyè, PLIS. Ranpli koup mwen Seyè, ranpli l Seyè.” Epi Li fè l! Plis nou bwè, PLIS LI BAN NOU.

Apresa yo di yo te kale Satan pa pwisans Levanjil la. Pa Bondye a ki nan Syèl la ki òdone e ki voye anj Li pou preche Levanjil la ban nou. Pa Bondye a ki ekri Pawòl la e ki voye anj Li ki te la pou konfime Pawòl Li. “Soti nan mitan pèp la, nan Non Jezikri.”

Dyab la te OBLIJE kite chak malad, chak enfim. Kounye a pwisans Bondye a leve nou pou reban nou lasante ak fòs.

Alò, depi fon kè nou, nou di:

“Kounye a m aksepte ke Jezikri, antan ke Fis de Dye resisite, Li se Sovè mwen, Li se Wa mwen, Li se Gerisè mwen. Mwen geri kounye a. Mwen sove. M pral viv pou Li menm ki mouri pou mwen. M pral leve soti isit la avèk yon nouvo lavi, pou m ale epi pou m fè tout sa m kapab…pou Li menm ki resisite pou mwen. Alelouya!”

Se dlo atezyen ke nou bwè chak jou. Se sèl pwi ki soti dirèkteman de Syèl la epi k ap koule san rete. Li mèt tèt li. Li toujou fre e pwòp. Li pa janm kanpe. Se yon Dlo vivan ki tout tan ap chanje, ki tout tan ap revele yon bagay nouvo bay Lepouz la. 

Li toujou ap monte. Nou pa bezwen ponpe l, fè l remonte, tòde li oswa adere a li. Se sous Dlo vivan Bondye a, e nou pa ka imajine bwè lòt bagay.

Jodi a nou tande: “Dlo pa nou an se li ki pi bon dlo an ke nou ka bwè. Nou fè l pase atravè pwosesis filtraj nou an an 7 etap. Apresa nou remete nan dlo an tout minewo ke NOU TE RETIRE PA FILTRAJ la, e ke nou panse ke nou bezwen pou rete idrate.”

Glwa pou Bondye, nou pa bezwen pran ris oubyen poze tèt nou kesyon sou sa n ap bwè ou sou sa ki te ajoute ou filtre. TOUT BAGAY ke nou bezwen nan DLO nou an. Tout sa nou dwe fè se PEZE JWE epi bwè pandan ke L ap jayi. 

Ala yon rekonfò pou bwè Dlo sa a. Nou ta fè detou plizyè kilomèt jis pou bwè L, men nou pa oblije. Nou mennen L tout kote nou fè. Lakay nou, nan legliz nou, nan travay nou, pandan n ap kondwi machin nou, pandan n ap fè yon pwomnad…NOU BWÈ, E NOU BWÈ, E NOU BWÈ.

Oh mond lan, vin bwè nan Sous Bondye bay la. Se SÈL kote nou pa bezwen enkyete nou epi di: “M priye Sentespri a pwoteje m pou m pa bwè anyen m pa ta dwe bwè.” SE ANTYÈRMAN PAWÒL LA KI PWÒP KI KONFIME K AP KOULE SOTI NAN SOUS KI NAN SYÈL LA.  

Pa gen lòt kote pou Lepouz Li al bwè!   

Vin bwè avèk nou nan Pwi Atezyen nou an Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Rezèvwa Ki Fann 64-0726E.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Som 36:9

Jeremi 2:12-13

Jan 3:16

Apokalips Chapit 13