Pak 2024

Byenneme Lepouz Kris,

Nou ta dwe sonje Kalvè a chak jou. Nou tèlman tande pale sou li, nou tèlman li sou li. Predikatè preche sou li, depi kòmansman tan an. Chantè yo chante sou li, atravè laj yo. Pwofèt yo te predi l, kat mil an anvan sa rive. E pwofèt yo jodi a voye nou tounen nan epòk lè sa te rive. Se yon jounen ki tèlman enpòtan! Se youn nan jou yo ki pi enpòtan nan mitan tout jounen yo ke Bondye te janm leve sou tè a.   

 Ala yon rasanbleman espesyal atravè mond lan Lepouz la pral genyen wikenn Pak sa a. Nou pral fèmen pòt nou yo epi n ap fèmen aksè a mond deyò a. N ap etenn tout aparèy nou yo pou nou pa distrè, epi nou pral pale avè L tout jounen an chak jou. Nou pral leve vwa nou ba Li an amoni, avèk menm panse e menm akò, pou louwe Li, pou adore Li, pou di L konbyen nou renmen L. 

Nou pral tande Vwa L ki pral pale nan kè nou alò ke nou pral rekonsakre lavi nou ba Li. Pa gen anyen k ap pi enpòtan pou nou, alò ke n ap pare tèt nou pou lè L ap Vini byento. Lepouz la ap pare Tèt Li kòm jamè.

M ta renmen pou nou tout ini pou orè sa a:

JEDI

Se te Jedi swa ke Seyè Jezi a te pran Dènye Soupe a avèk disip Li yo, nan komemorasyon Pak la anvan egzòd pitit Izrayèl yo. Ala yon okazyon nou genyen pou kominye avèk Seyè a lakay nou, anvan wikenn sakre nou an, epi mande L pou L padone peche nou yo, epi pou L ban nou tout sa nou bezwen nan vwayaj nou an.  

Akòde L, Seyè. Geri malad yo. Konsole moun ki fatige yo. Pote lajwa bay moun yo ki pèsekite. Bay lapè a moun yo ki fatige, manje a moun yo ki grangou, bwè a moun yo ki swaf, lajwa a moun yo ki chagren, pouvwa a legliz la. Seyè, fè Jezi vini nan mitan nou aswè a, alò ke n ap pare pou nou pran kominyon an ki reprezante kò L ki brize. Nou priye, Seyè, ke Li pral vizite nou yon jan ekstraòdinè…

Beni lòt yo, Seyè, toupatou nan mond lan, k ap tann avèk jwa lè Seyè a pral vini, lanp yo tou pare, epi tout vè yo poli, epi Limyè Levanjil la k ap klere nan kote ki fè nwa yo.

Annou tout kòmanse a 6:00 PM nan zòn lokal nou pou nou tande Kominyon An 62-0204, epi apresa pwofèt la pral mennen nou nan sèvis espesyal Kominyon nou an avèk Sèvis Lavman Pye nou an, ki pral jwe sou aplikasyon Lifeline lan (an Anglè), oswa nou ka telechaje sèvis la an Anglè oswa lòt lang lè nou klike sou lyen ki anba a. Apre Mesaj la, n ap rasanble ansanm ak fanmi nou lakay nou epi n ap pran Soupe Seyè a. 

VANDREDI

Annou priye avèk fanmi nou a 9h, epi ankò a midi, pou nou envite Seyè a pou L avè nou epi pou L ranpli kay nou avèk Sentespri a alò ke n ap konsakre tèt nou a Li. 

Se pou panse nou retounen a jou sa a nan Kalvè a, 2000 an de sa, pou wè Sovè nou pandye sou kwa a, epi pou nou angaje tèt nou pou nou toujou fè sa ki fè Papa a plezi:

Epi jou sa a, ki tèlman enpòtan, youn nan pi gwo jou yo, annou egzamine twa bagay diferan ke jou sa te reprezante pou nou. Nou te ka pran dè santèn. Men, maten an, m jis chwazi twa bagay diferan, enpòtan ke nou vle egzamine, pou on lòt ti moman, ki montre sa Kalvè a te vle di pou nou. E m priye pou sa kondane tout pechè ki prezan; ke chak sen mete yo ajenou; ke chak malad leve lafwa li bay Bondye, epi mache ale, geri; ke chak pechè sove; chak retwograd retounen, epi pou yo wont tèt yo; epi pou chak sen rejwi tèt yo, epi pou yo reprann yon nouvo elan e yon nouvo espwa.   

Apresa a midi trant, annou rasanble ansanm lakay nou pou tande, Jou Sa A Sou Kalvè A 60-0925.

Apresa sa annou retounen ansanm nan lapriyè a 3pm an komemorasyon krisifiksyon Seyè nou an.

SAMDI

Annou tout reyini ansanm yon lòt fwa nan lapriyè a 9h e a midi, epi prepare kè nou pou gwo bagay ke L pral fè pou nou, nan mitan nou.

M ka tande L k ap di: “Satan, vin isit!” Se Li menm ki Chèf kounye a. Li lonje men L, rale kle lanmò a ak lanfè a bò kote L, epi Li kwoke l nan Pwòp tay Li. “M vle mete w an gad. Ou bay blòf ase lontan. M se Fis Dye vivan an ki soti nan yon vyèj. San M toujou imid sou kwa a, e tout dèt la peye! Ou pa gen okenn dwa ankò. Ou pa gen anyen ankò. Bann M kle sa yo!”

Apresa a midi trant, nou tout ap rasanble pou tande PAWÒL la: Mete Nan Tonm Lan 57-0420.  

Ala yon JOU MEMORAB sa pral ye pou Lepouz Li, atravè mond lan.

Apresa annou retounen ansanm nan lapriyè a 3pm.

DIMANCH

Tou dabò, annou leve bonè menm jan Frè Branham te fè maten an lè ti zanmi l, wouj gòj la, te leve l a 5am. Annou jis remèsye Seyè a paske L te resisite Jezi pami lanmò yo:

A senk è maten an, ti zanmi m lan ki gen lestomak wouj la vole jiska fenèt mwen epi li reveye m. Ou ta di ti kè l ta pral eklate, pandan l ap di: “Li resisite.”    

A 9am e a midi, annou rasanble ankò nan chèn priyè nou, pou priye youn pou lòt epi pou prepare nou pou tande Vwa Bondye a.

A midi trant, nou pral rasanble pou tande Mesaj Pak nou: Vrè So Pak La 61-0402.

A 3pm, annou tout reyini ansanm yon lòt fwa nan lapriyè, pou remèsye L pou BÈL WIKENN LI BAN NOU AVÈ L EPI AVÈK LEPOUZ LI ATRAVÈ MOND LAN.

Pou frè m yo ak sè m yo a letranje, menm jan ak ane dènyè, m ta renmen envite nou vin jwenn nou lè Jeffersonville, pou tout moman lapriyè nan orè sa a. Sepandan, m reyalize ke l ap trè difisil pou pi fò nan nou pou jwe bann yo nan Jedi, Vandredi e Samdi lè Jeffersonville, kidonk tanpri santi nou alèz pou tande Mesaj sa yo nan moman k ap bon pou nou. Sepandan, m ta renmen pou nou tout rasanble ansanm Dimanch a midi trant, lè Jeffersonville, pou tande Mesaj Dimanch nou an ansanm. 

M ta renmen envite nou tou, nou menm ak pitit nou, pou patisipe nan pwojè Kreyasyon yo, redaksyon jounal la, epi egzamen YF yo, ke tout fanmi nou ka jwi ansanm. Nou panse ke n ap renmen yo, paske tout baze sou PAWÒL la ke nou pral tande wikenn sa a. 

Pou orè wikenn lan, enfòmasyon sou preparasyon sèvis kominyon an, materyèl ke n ap bezwen pou pwojè Kreyasyon yo, Egzamen Pak yo, epi lòt enfòmasyon, gade lyen ki anba yo.

Ann fèmen telefòn nou yo pou wikenn Pak la eksepte pou nou pran foto, pou tande Sitasyon Jou An, epi pou jwe bann yo nan aplikasyon Tab la, apliksayon Lifeline, oubyen pa lyen telechajeman yo.

Se tout yon onè pou mwen pou envite nou, nou menm ak fanmi nou pou vin ansanm avèk Lepouz la atravè mond lan pou yon wikenn ranpli ak ADORASYON, LWANJ E GERIZON. M vrèman kwè ke se yon wikenn ki pral chanje lavi nou pou tout tan.

Frè Jozèf Branham