24-0324 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li

Mesagj: 64-0726M Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Presye Zanmi e Byenneme,

Ala bèl lè nou konnen ke nou se Lepouz byenneme L ki presye. Nou konpoze de plizyè moun atravè mond lan, e n ap rasanble tèt nou ansanm alantou Pawòl Li, ap tande Vwa Bondye k ap nouri nanm nou.

Nou aksepte L nan totalite L, epi nan pwisans konfimasyon L e Revelasyon L. Nou vin fè pati de Li. Se yon bagay ki andedan nou. Li reprezante plis ke lavi pou nou.

Nou rekonèt: Setyèm Anj Mesaje L.

Nou rekonèt: Mesaj Limyè Aswè a.

Nou rekonèt: Kiyès Nou Ye.

Bondye pran Pawòl pwofèt Li epi Li rache nou. Li taye nou nan Malachi 4, jan L te pwomèt li. Nou kwè chak Pawòl ak tout kè nou.

Gen yon gwo revèy k ap fèt nan mitan moun yo. Yo menm tou yo rekonèt enpòtans pou tande Vwa sa a. Yo vle tounen epi jwe bann yo nan legliz yo.

Sentespri a fè yo konnen ke se Chemen ke Bondye bay pou jodi a. Yo rekonèt ke sa se Vwa a ke yo bezwen tande. Se Manje Bondye te sere pou pèfeksyone Lepouz Li.

Pawòl la te pwomèt Li. Bann yo pwoklame L. Yo kwè Li.

Kisa l te fè? Sa te deranje prèt yo, pou yo te wè moun sa yo k ap kite legliz yo pou yo ale. Li te di: “Si nenpòt nan nou ale nan reyinyon L, n ap èkskominye. N ap mete nou vit deyò nan denominasyon an.”

Sa a enkwayab, men sa vin tounen menm bagay la jodi a. Y ap mete nou deyò nan legliz yo si nou di: “Tanpri, jwe bann yo.” Èske nou ta ka janm imajine ke se sa ki separe moun yo? Jwe Vwa Bondye nan legliz nou?

Legliz la te bliye pwofèt li yo. Yo “pa bezwen yo ankò,” yo deklare. Men Bondye konnen Li dwe genyen yo; Li separe moun pa l yo pa Pawòl Li. Men li twò demode pou yo nan jou sa a.

N ap rete avèk pwofèt nou. Nou kwè ke Se Vwa a k ap rele Lepouz Li. Pou noumenm, tou senpleman pa gen anyen ki pi enpòtan pase PEZE JWE.

Oh, mouton Bondye a, tande Vwa Bondye a! “Mouton M yo tande Vwa Mwen.”

Vin tande e rekonèt Vwa sa a avè nou, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande, Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li 64-0726M.

Frè Jozèf Branham