24-0310 Fèt Twompèt Yo

Mesagj: 64-0719m Fèt Twompèt Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Timoun Limye A,

Jan nou rekonesan dèske n ap manche nan Limyè Li. Pou fè pati de Limyè sa a, pou nou idantifye avèk Limyè Li. Pou L rele nou epi pou L chwazi nou. Nou se Lepouz Kris la, ki idantifye avè L. Toude fè Youn kounye a. 

M p ap janm ka ekri l ase. Nou p ap janm ka di l ase. Mesaj sa a vle di TOUT BAGAY pou nou. Pou konnen ke nou gen vrè Revelasyon Pawòl Li a, sa depase nenpòt bagay nou ta ka eksprime an pawòl.

Pou viv nan jou jodi sa a epi fè pati de sa k ap pase, se pi gwo onè ke Bondye te ka ban nou. Menm jan sa te gwo pou te chita nan reyinyon Branham Tabènak la, pou wè epi tande anj Bondye a k ap preche Mesaj sa yo, sa PI GWO toujou pou viv nan jou jodi sa a, epi nan epòk sa a, epi pou vin akonplisman Pawòl sa a.

Bondye, nan gwo Pwogram Li an, te fè yon Jan pou nou te ka rasanble atravè mond lan, nou tout ap tande Vwa Bondye a an menm tan, pou nou vin pafè pa Pawòl Li a. N ap tann pou n tande a nenpòt ki lè setyèm anj mesaje nou an di:

“Men Ayo Bondye a k ap wete peche moun sou tout latè!”

Pa janm gen yon bagay konsa depi kòmansman tan an. Konklizyon gwo Plan Bondye a ap fèt, KOUNYE A, e nou fè pati de Li. Gwo Jou Seyè a prèske rive.

Tout mistè yo te revele bay Lepouz la atravè anj mesaje Bondye a. So yo, Aj yo, Tonè yo, Lafwa Anlèvman an, Twazyèm Poul la…TOUT BAGAY te pwononse epi yo sou bann pou Lepouz la ka tande yo ankò e ankò, epi l ap rann NOU PAFÈ.

Sentespri an tounen nan Legliz la ankò; Kris, Li menm, revele nan kò imen, nan tan aswè a jan L te pwomèt la. 

Tande byen kounye a Lepouz, sezi L.

Pawòl la ap rele nou; Kris Li menm rele nou. Li fè nou konnen L klè; Ebre 13:8, Lik 17:30, Malachi 4, Ebre 4:12, tout Ekriti sa yo ke L te pwomèt.

Se Jezi, Fis de Dye, ki revele Tèt Li ban nou atravè Ekriti sa yo ki te predestine pou jou jodi a, K AP VIV ANKÒ.

Epi kwè Li, se prèv Sentespri a. 

Bondye te voye pwofèt Li pou rele Lepouz Li. Pawòl la di nou ke pwofèt la se Pawòl vivan Bondye an ki manifeste. Se dènye siy ke mond lan pral resevwa; Jewova k ap pale sou fòm yon moun.   

Yon Nonm nan kò imen, tankou yon pwofèt, men se te Elohim ki t ap disène panse a ki te nan kè Sara, dèyè Li. E Jezi te di: “Menm jan sa te rive nan tan Lòt, se sa k ap rive lè fen mond lan ap rive, lè Fis de lòm lan,” pa Fis de Dye, “lè Fis de lòm lan pral revele.”

Lepouz la konnen sòf si nou toujou nan Pawòl la, nou p ap konnen kiyès Li ye. Yo konn nesesite pou kenbe Vwa sa a devan yo chak jou lè yo Peze Jwe.  

Kounye a Lepouz la dwe soti nan chemen an, epi monte, konsa de pwofèt Bondye yo nan Apokalips ka parèt sou sèn lan pou sonnen Setyèm Twonpèt la. Pou fè yo konnen Kris.

Vin fè pati pwofesi k ap akonpli Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke pwofèt Bondye a pral preche Mesaj la, Fèt Twonpèt Yo 64-0719M, epi pral pale avèk Papa nou pou di:

Gen dwa gen kèk moun atravè nasyon yo, atravè mond lan, ke menm bann sa a pral rankontre yo nan kay yo oubyen nan legliz yo. N ap priye, Seyè, ke pandan sèvis la ap fèt, a-a…oubyen ke bann lan ap jwe, ou kèlkeswa pozisyon nou, oubyen-oubyen kondisyon nou, se pou gwo Bondye Syèl la onore senserite kè nou maten an, epi geri moun ki nan bezwen yo, ba yo sa yo bezwen.     

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Levitik 16

Levitik 23:23-27

Ezayi 18:1-3

Ezayi 27:12-13

Apokalips 10:1-7

Apokalips 9:13-14

Apokalips 17:8