24-0303 Chedèv La

Mesagj: 64-0705 Chedèv La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Fanmi Chedèv la,

Jan dènye Mesaj sa yo te bon nèt pou Lepouz Kris la. Bondye, ki devwale Tèt Li devan nou, ki revele Tèt Li devan tout moun. Mond lan pa ka wè L, men pou nou menm, Lepouz Li, Se tout sa nou ka wè.

Nou franchi vwal la e nou wè L klè. Bondye, dèyè po moun. Pawòl la vin chè, egzakteman jan L te pwomèt li nan Lik 17 e Malachi 4. Li kache Tèt Li dèyè yon vwal moun, nan pwofèt Li e nan Legliz Li.

Nou se moun ki pi kontan sou latè a lè nou tande Bondye k ap pale avè nou atravè anj mesaje Li epi k ap di nou:

M tèlman rekonesan anvè nou. M tèlman kontan m asosye avè nou. M tèlman kontan ke m se youn nan nou. Ke Bondye avè nou. L ap fè l. Li p ap janm kite nou. Li p ap janm abandone nou. Li p ap lage nou. Nou franchi vwal la kounye a. 

Nou vin dè moun etranj pou tout moun, menm andedan pwòp antouraj nou, men nou tèlman fyè, tèlman rekonesan, pou Revelasyon Pawòl Li a ke L ban nou jodi a. Pou nou egare pou Kris e pou Pawòl Li ki manifeste. 

Nou plase lafwa nou avèk lafwa pwofèt Li, epi nou ini ansanm, n ap fòme gwo ANTITE Bondye a. Li pa ka fè anyen san nou; nou pa ka fè anyen san pwofèt sa a; ni nou pa ka fè anyen san Bondye. Alò ansanm, NOU FÒME YON ANTITE, Koneksyon an; Bondye, pwofèt Li, Lepouz Li. Nou vin Chedèv Li.

Sa te pran L kat mil ane pou reyalize premye Chedèv Li. Kounye a, sa te pran L de mil ane pou reyalize lòt Chedèv Li, NOU MENM, Lepouz Li, gwo fanmi Chedèv Li, Dezyèm Adan an ak Dezyèm Èv la. Nou pare pou jaden an kounye a, Milenyòm lan. Li fòme nou ankò e kounye a nou pare.

Nou se Lepouz Pawòl Li ki pafè, ki fè pati de Kreyasyon ORIJINAL Li. Ti plant ble a, ti touf ponpon, epi anvlòp-bal la, ap rasanble kounye a nan Semans lan, pare pou rezirèksyon an, epi pare pou rekòt la. Alfa a vin Omega a. Semans lan ki te antre nan tè a, te pase yon pwosesis epi l tounen Semans lan ankò.

Semans lan, ki te tonbe nan jaden Dedenn lan, e ki te mouri la, retounen. Apati de semans enpafè sa ki te mouri la, Semans pafè a retounen, Dezyèm Adan an.

Kounye a nou vin Dezyèm Adan an, vrè Lepouz la, Semans lan, ki tounen avèk Pawòl orijinal la ankò. Nou dwe gen tout Pawòl la pou nou ka vin Semans lan. Nou pa ka gen yon mwatye Semans; nou pap ka grandi, nou dwe vin tout Semans lan.

Gen yon sèl bagay ki rete, rekòt lan isit la. Nou mi nèt. Nou pare pou lè L ap Vini. Li lè rekòt la. Semans lan retounen nan kondisyon orijinal li. Fanmi Chedèv la retounen, Kris ak Lepouz Li.

Pou ankouraje pwofèt Li ak Lepouz Li, Seyè a bay anj Li yon gwo vizyon. Li ba li yon apèsi de NOU MENM, Lepouz Li. Alò ke n ap defile devan li, li di, ke nou te bèl ti medam. Li di ke nou tout t ap gade li, pandan ke n ap defile.

Nan fen an, kèk te soti nan liy lan, e yo t ap eseye fè sa yo te kapab pou tounen nan liy lan. Li alò remake yon bagay trè enpòtan, yo t ap gade deyò lòt kote, yo pa t ap gade l. Yo t ap gade legliz sa a ki te tonbe nan dezòd. Jan mwen fyè e rekonesan pou di: pa NOU MENM, sa devan yo, nou pa janm pèdi pa a ni detache je nou sou li.

Kidonk, Chedèv la ak Pitit Bondye an, Chedèv lan ak Epouz lan, epi S on moso nan Li, ki dwe akonplisman Pawòl lan. Pawòl lan te akonpli, epi nou pare pou Vini Seyè an.

Jan nou rekonesan pou nou konnen, nou se Fanmi Chedèv Li, vrè Epouz Li. Pawòl la te akonpli, epi nou pare pou Vini Seyè an.

M envite nou vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou tande Pawòl la avè nou, epi pou vin on pati de Fanmi Bondye, Chedèv Li, alò ke n ap tande pwofèt la k ap pote nou Mesaj la: Chedèv La 64-0705.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Ezayi 53:1-12

Malachi 3:6

Matye 24:24

Mak 9:7

Jan 12:24 / 14:19