All posts by admin5

24-0218 Bondye K Ap Devwale A

Mesagj: 64-0614m Bondye K Ap Devwale A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Ki Dèyè Vwal La

Poukisa m ap kontinye di nou san rete ke “PEZE JWE se bagay ki pi enpòtan ke nou ka fè”? Poukisa m ap kontinye di pastè yo: “Remete Frè Branham dèyè chè nou”?

Li osi senp ke sa. Tande Vwa setyèm anj mesaje a sou bann, se tande PAWÒL VIVAN AN.

Devan pèp la, Bondye te vwale ankò epi Li te konfime Moyiz, ak vwal la, antan Li vwale Tèt Li ak menm Dife a, menm Kolòn Dife a te desann. Depi–depi lè sa…Apati de yo, kifè yo te ka sèlman tande Pawòl Bondye a. Ou sezi li? Jis Pawòl la, yo te tande Vwa Li. Paske, Moyiz se te, pou yo, Pawòl vivan an.

Pale de yon Predikatè Vivan! Vwa a ke n ap tande sou bann se Vwa Pawòl Vivan an pou epòk nou. Pa gen anyen ki jis pi gran ke Sa.

Nan epòk Moyiz, sèl timoun Izrayèl yo ki te nan kan an te ka tande Vwa Li. Men jodi a, Bondye te vle ke MOND lan tande Vwa Li, KONSA LI FÈ ANREJISTRE L SOU BANN, pou Lepouz Li te ka tande Vwa Pawòl Vivan an.

Bondye te vwale Tèt Li nan pwofèt Li, pou pwononse Pawòl Li ba yo. Se sa li te fè. Moyiz te Pawòl vivan sa pou pèp la, vwale pa Kolòn Dife a.

Si nou pa gen yon Revelasyon de sa pou epòk nou, nou pa ka Lepouz Jezikri. Si nou genyen l, alò nou SE Lepouz Jezikri e n ap oblije di: “Pa gen anyen ki pi enpòtan pase tande bann yo, paske se Vwa Bondye k ap pale avè nou de bouch a zòrèy.”

Anpil ap eseye fè moun yo pè epi y ap di ke nou mete twòp enpòtans sou pwofèt la; n ap adore li. Zanmi m yo, se li menm ki di bagay sa yo, se pa mwen. M jis ap site Pawòl la.

Kòm sa te fèt nan tout laj yo, Divinite te vwale nan chè imen. Remake, Li te fè l. Pwofèt yo se te Divinite, vwale. Yo te Pawòl Bondye a (èske se sa?) vwale nan chè imen. Kifè, yo pat remake Moyiz nou an non plis, ou wè, Jezi.

Nou p ap adore yon moun, men Bondye, ki vwale epi k ap revele Tèt Li atravè pwofèt la. Pou nou sa konprann epi kwè sa, men sa nou dwe fè.

Nou pa dèyè vwal sa ankò, Sila ki tou piti yo, Bondye te vini ekspoze L nèt ban nou.

Nou pa dèyè vwal sa ankò, nou ka wè ke se Bondye k ap revele Tèt Li nèt. Li te revele ke lè nou tande Vwa sa a sou bann yo, se Bondye k ap pale avèk Lepouz Li. Nou kwè ke se chemen ke L bay pou jodi a.

Nou jis ka di AMÈN a Vwa sa, a okenn lòt. Vwa sa a pral preche nou, pral anseye nou epi pral revele nou tout sa nou bezwen konnen. Vwa sa a pral prezante nou bay Seyè Jezikri nou. Vwa sa a se tout sa nou vle e tout sa nou bezwen.

Nou rekonesan anvè senk ministè yo ke Bondye itilize pou dirije pèp la a Vwa sa a; pou pastè yo ki sezi vizyon an epi ki genyen revelasyon an ke jwe bann yo nan legliz yo se pi gwo bagay ke yo ka fè pou pèp yo. 

Nou envite nou vin tande avè nou gwo Vwa Pawòl Vivan sa a Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande l k ap revele: Bondye K Ap Devwale A 64-0614M.

Frè Jozèf Branham

24-0211 Gade Nan Direksyon Jezi

Mesagj: 63-1229E Gade Nan Direksyon Jezi

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Semans Fètilize,

Èske nou ka imajine jan sa t ap bèl pou nou chita epi tande setyèm anj mesaje Bondye k ap di nou ki jan li pa t ezite anonse nou tout Konsèy Bondye a? Pou antre nan gwo detay sou Twazyèm Poul la, epi pwouve nou ki jan Li konfime kounye a?

Ki jan Bondye te kreye ekirèy yo pa Pawòl la; menm jan Li te kreye yon belye pa Pawòl la pou Abraham. Ki jan menm Vwa sa a te di l pale avèk yon ti sè enb ki rele Hattie, ki te fèk di bagay la ki jis, epi di l ke menm Vwa a ki te kreye ekirèy yo pa Pawòl la te di pou ba li kèlkeswa sa l vle epi wè si li pa t ap rive touswit.  

Ki jan yon jou pandan ke l t ap fè lachas nan rejyon sovaj avèk zanmi l yo, on gwo tanpèt te leve epi t fòse l pati. Men ki jan Bondye te pale avè l, de bouch a zorèy, epi te di l: “Mwen te kreye syèl la ak latè a. Mwen te kalme gwo van yo sou lanmè yo.” 

Ki jan li sote epi retire chapo l lè Vwa a di l: “Jis pale a tanpèt la, epi l ap sispann. Kèlkeswa sa w di, se sa k ap rive.”

Li pa janm poze Vwa sa a kesyon, men l pito pale e di: “Tanpèt, sispann. Epi, solèy, klere nòmalman pandan kat jou, jiskaske nou soti isit la.”

Apèn ke l te di l, lagrèl la, nèj ak tout bagay te sispann. Ki jan nan yon moman solèy cho a t ap klere sou do l. Van yo chanje epi nyaj yo, tankou yon bagay mistik, te leve nan syèl la, epi solèy la te klere an kèk minit.

Apresa li di nou ki jan 16 ane anvan menm ke sa manifeste, Bondye te montre l ke te gen yon kis sou ovè gòch Sè Branham, epi poukisa l te plase la a. Ki jan yo te priye e priye pou Bondye te retire sa. Apresa, yo te rekonèt se te Bondye ki t ap jis teste lafwa yo.

Apresa jis anvan yo ta pral retire l nan on operasyon, li t ap pale avèk Bondye epi li t ap di L ki jan madanm li te ekstraòdinè pou li. Ki jan li pa janm plenyen ke l pa janm lakay. Ki jan li toujou gen tout bagay pare pou li lè l vle al lachas, pou relakse epi pale a Seyè a. 

Lè sa a li tande yon bagay nan pyès la. Alò ke l te leve je l, Vwa sa a di: “Leve,” epi Li di l: “Kounye a kèlkeswa sa w di, se konsa l ap ye.” 

Li tann jis on minit, apresa li di: “Anvan menm doktè a manyen l, Men Bondye a pral retire timè a, epi yo p ap menm jwenn li.”

Yon fraksyon segonn anvan men doktè a manyen l, li te geri. Doktè a di l: “M vle rasire w, Madan Branham, timè sa a pa la. Ou pa gen okenn timè.”

Ala pafè Pawòl Seyè a pafè!

Pou tande l k ap di nou pa gen okenn dout nan lespri l, li konn sa Twazyèm Poul la ye, e li konnen sa L fè. Nan opinyon pa l, se yon bagay ki pral deklanche lafwa Anlèvman an, pou depa a.

Pou noumenm, nou senpleman dwe gen respè, epi rete trankil, paske lè a pral byento rive kote Bondye pral fè gwo bagay pou nou. Lè tan sa a rive, lè presyon an pral desann, lè sa a nou pral wè sa nou te wè tanporèman, manifeste nan plenitid pwisans li.

Nou pral gen gwo benediksyon sa a Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville. M ta renmen envite nou vin jwenn nou alò ke nou pral tande: Gade Nan dirèksyon Jezi 63-1229E.    

Nou p ap rasanble ansanm pou tande yon nonm; gen anpil nonm nan lari a, e you tout sonnen menm jan. Nou p ap chache tande yon minis, oswa yon pastè, n ap chache tande Jezi.   

N ap reyini ansanm nan mond lan pou tande Nonm Sa a, Nonm Bondye Sa a, Jezi de Nazarèt Sa a an chè, ki se Bondye, k ap pale avèk Lepouz Li.

Nou dwe poze tèt nou kesyon sa, kisa n ap gade jodi a? Kisa nou wè lè n ap gade? Nou ka wè L sèlman lè n ap gade L atravè Pawòl la. 

Sa Li te ye lè Li tap mache Galile, se menm bagay la Li ye Jeffersonvile aswè a, menm bagay la Li ye nan Branham Tabènak la. Kisa wap chache wè, yon fondatè, on nonm denominasyonèl? Ou pap janm wè l nan Jezi. Èske wap chache wè yon gran prèt. Ou pap janm wè l nan Jezi. Non. Kijan w wè Jezi? Pa Pawòl Bondye a ki manifeste, paske Li te Pawòl Bondye a ki manifeste. Sa Li te yè lè a, se sa Li ye aswè a, e Lap konsa pou toutan.  

Gade Jezi kounye a epi viv; Li ekri nan Pawòl la, Alelouya!

Se annik “gade e viv.”

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li nan preparasyon pou tande predikasyon an:

Resansman 21: 5-19

Ezayi 45:22

Zakari 12:10

Jan 14:12

24-0204 Gen Yon Nonm Isi A Ki Ka Limen Limyè A

Mesagj: 63-1229M Gen Yon Nonm Isi A Ki Ka Limen Limyè A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Reflè Jezikri,

Moun yo panse ke nou fou, chita lakay nou e nan legliz nou yo, ap tande bann yo. Yo panse ke n ap moure grangou. Yo pa reyalize ke nou chita nan prezans Limyè Pitit Out la, ap muri, epi ap manje Manje ki Sere tankou ti vach nan yon etab.

Nou se Ble a ki pi avanse, ki pare pou pran l. Si yo vle viv nan tradisyon yo, ke yo fè l. Pa NOU MENM, n ap viv nan Limyè epòk nou an.

Ki sa ki Limyè a pou epòk nou an? Bondye voye pwisan setyèm anj Li nan mond lan pou kondwi Lepouz Li. Ki sa l te ye? Li te yon pwofèt. Sa l di a akonpli. Li se Pawòl Bondye a ki te manifeste. Li te yon manifestasyon Limyè Pawòl Bondye a. Li te Limyè Bondye pou jodi a.

Moyiz jis kontinye vanse, kanmenm, paske li te Lavi a, li te limyè pou lè a. Sa l te genyen, ki sa li te ye? Bondye k ap manifeste Pawòl Li ke L te pwomèt atravè Moyiz, e Moyiz te Limyè a.

Eli te Limyè a…Limyè a! Alelouya! Li te Limyè a. Limyè a! Li te Pawòl Bondye a ki te manifeste.

Jan, lè l te vini sou tè a…Jezi te di: “Li te yon Limyè k ap klere.” Alelouya! Poukisa? Li te Pawòl la manifeste.

Alò, selon Pawòl la, Limyè a pou jodi a se pwofèt Bondye a, William Marrion Branham. Li menm k ap kriye nan dezè Babilòn lan: “Soti nan li, pèp Mwen an, pou nou sa pa patisipe nan peche l yo.”

Li te akonplisman Malachi 4:5, ak Apokalips 10:7. Li jis pale e di: “l ap la,” epi l te la, san anyen ladann. Li p at janm gen yon ekirèy; p at genyen la a. Li jis di: “Se pou l la,” e l te la.  

Pawòl Bondye a enfayib, e L dwe akonpli. Nou wè Limyè a; Pawòl Li ke L te pwomèt pou jou sa a. Li te pwouve e konfime ke Se Verite a. Se Limyè lè a.

Pa gen anyen ki pi bon pou konnen ke sa n ap tande se Pawòl la ki manifeste pou jodi a. Li Pa gen VÈ LADANN…ZERO. Si lòt satisfè avèk lòt bagay, kite yo, men pa nou menm.

Sa pa vle di ke nou pa ka tande pastè nou, oubyen ke ministè a pa ka preche; pa ditou, men nou DWE filtre chak pawòl ke nou tande atravè gwo filtè Bondye a, MESAJ SA A SOU BANN.

Lè yo di ke epòk Mesaj yon grenn moun lan fini, sa se yon VÈ. Lè yo di ke Mesaj sa se pa Absoli yo, sa se yon VÈ. Lè yo tande bann yo se pa ase, sa se yon VÈ.

Pa gen anyen ki pi gran ke Peze Jwe, lè ou konnen e ou ka di AMÈN a chak pawòl. Pa gen lòt kote ou ka fè sa eksepte lè ou tande Mesaj lè a.

Kounye a nou se reflè Jezikri pou jodi a. Nou se Pawòl Li ki manifeste. Nou se moun ke L te chwazi pou resevwa gran Revelasyon tan lafen an. Nou SE LEPOUZ LI.

Sèl Lepouz Li pral gen vrè Revelasyon Limyè a pou jodi a. Y ap konnen, Limyè sa a pral pèfeksyone yo. Limyè sa a se Sentespri a k ap pale atravè anj mesaje Li.

Èske nou ta renmen chita nan prezans Limyè Bondye pou lè a? Alò m envite nou pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Gen Yon Nonm Isi A Ki Ka Limen Limyè A 63-1229M.

Frè Jozèf Branham.

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Jenèz 1:3, Chapit 2

Som 22

Jowèl 2:28

Ezayi 7:14, 9:6, 28:10, 42:1-7

Matye 4:12-17, Chapit 24 e 28

Mak Chapit 16

Apokalips Chapit 3

24-0128 Twa Sòt De Kwayan Yo

Mesagj: 63-1124E Twa Sòt De Kwayan Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Kwayan,

Jan sa bèl pou di: “MWEN SE YON KWAYAN.” Pa nan yon kredo; Pawòl la! Pa nan yon denominasyon; Pawòl la! Pa sa yon lòt moun di; men sa Pawòl la di!

Nou pa detou anyen, nou jis kwè L. Kèlkeswa sa L sanble ou sa lòt moun gen pou di sou Li, nou se kwayan otantik. Nou gen yon revelasyon espirityèl nan Pawòl la.

Nou wè lè n ap viv la. Nou wè Mesaj lè a. Nou wè mesaje lè a. Nou wè Bondye k ap revele Tèt Li nan Pawòl Li. Nou wè pa gen lòt bagay ke Mesaj Sa a, mesaje Sa a, Pawòl Sa a.

Yon vrè kwayan pa tande lòt bagay ke Pawòl la. Se tou. Li veye Pawòl la. Li pa chèche okenn fay. Li pa p chache astus. Li kwè Bondye, epi sa sufi, epi li jis kontinye avanse. Wè? Sa se kwayan an.

Nou pa tande lòt bagay ke Paẁol la; Pawòl la ki vini sèlman a pwofèt la. Okenn astus, pa entèpretasyon yon moun, Vrè Pawòl la ki te pwononse epi ki te plase sou bann yo pou Lepouz la.

Lespri a vivifye Pawòl sa a nan nou epi L vin vivan. Pa lafwa, nou wè L epi nou kwè L. Gen yon son ki pral soti nan Syèl la ki pral pote yon kokenn batèm Sentespri nan Lepouz la, ke Li pral pran nou sou tè a, avèk Gras Anlèvman an. Bondye pwomèt li.

N ap pran tès tout tan, chak jou. Satan ap eseye di nou ke tès nou epi epèv nou se Bondye k ap pini nou. Men LWANJ POU BONDYE, se pa sa, se Satan k ap fè sa e Bondye pèmèt li.

Bondye ap fòme nou, epi fòje nou pou wè sa n ap fè. Eprèv la vini pou sekwe nou, pou mete nou ba nèt, pou wè ki bò n ap kanpe. Men nou genyen chak batay, paske nou se egzanp vivan; Pawòl Bondye a ap viv nan nou epi atravè nou.

Ki enpòtans nou genyen nan je L?

Pèsonn pa ka pran plas ou, pe enpòt jan l piti. Ou di, “M se jis yon moun k ap fè mennaj nan kay” Pèsonn pa ka pran plas ou. Bondye, nan gwo ekonomi L lan, te tèlman byen planifye sa, Kò Kris la, yon fason, jiskaske pa gen pèsonn ki ka pran plas ou.

Ala bèl pa vre? Nou chak gen yon plas. Nou chak te isit la lè Bondye te kreye mond lan pa Pawòl la. Li te plase kò nou isit la lè sa a. Bondye plase nou sou tè a nan moman sa a pou akonpli Pawòl Li epi ban nou Lavi Etènèl.

Tout moun dwe pran yon desizyon. Ki pozisyon nou sou Pawòl sa a, Mesaj sa a, mesaje sa a? Kijan li enpòtan pou tande Pawòl la ki pwononse sou bann yo?

Nan tout diferan kote nan mond lan, bann sa yo ap sikile toupatou, gras a ministè bann yo.

Se yon ministè bann Bondye voye bay Lepouz Li atravè mond lan. Li di nou egzakteman ki kote nou ye, kiyès nou ye, epi si nou se yon kwayan nan Pawòl la. 

Nou nan youn nan klas sa yo. Nan eta prezan nou kounye a menm, Eta lespri prezan an, ke, nou isi an nan oditwa vizib sa a, e noumenm ki pral nan oditwa envizib bann sa a, eta lespri prezan nou apre nou tande bann sa a, pwouve nou nan ki klas nou ye.

Aprè nou fin tande bann sa a, sa pwouve nan ki klas moun nou fè pati. Gen moun ki kwè ke nou bezwen plis pase vrè Pawòl la ki te pwononse sou bann yo. Gen moun ki kwè ke epòk Mesaj on grenn moun lan fini; nou dwe tande pastè nou sinon nou pèdi. 

Pi gwo divizyon nan Mesaj la jodi a, se enpòtans yo mete nan tande bann yo. Genyen ki anseye ke li pa bon pou jwe bann nan legliz la; se sèlman pastè a ki dwe preche. Genyen ki di gen yon ekilib, men yo pa janm jwe bann yo nan legliz la, oubyen si yo fè l, se trè raman.

Avèk tout lide sa yo, tout panse sa yo, anpil entèpretasyon Pawòl la, kiyès ki gen rezon? Ki moun nou ta dwe kwè? Sa se kesyon nou chak dwe poze tèt nou.

Pwofèt la di nou verifye l avèk PAWÒL LA, pa sa pyès moun di. Ki jan nou fè sa? Gen yon SÈL FASON pou fè sa, PEZE JWE.

Dwe gen yon repons ki kòrèk, yon fason kòrèk. Chak moun dwe deside pou tèt yo. Dimanch sa a pral detèmine avni a pou tout moun ki tande Mesaj sa a.

On bagay nou ta dwe mande tèt nou: Kiyès ki sèl moun ki genyen Ensi Di Seyè A? Kiyès Kolòn Dife a te konfime? Kiyès ki pral prezante nou bay Jezi? Kiyès ki pwononse Pawòl ki enfayib la? Pawòl kiyès ki te pwononse sou tè a ki te tèlman enpòtan, ke yo te rezonnen nan Syèl la.

Si nou vle gen bon repons yo, m ta renmen envite nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou vin tande Mesaj la: 63-1124E – Twa Sòt De Kwayan Yo.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Jan 6: 60-71

24-0107 Nanm Ki Nan Prizon Kounye A

Mesagj: 63-1110M Nanm Ki Nan Prizon Kounye A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Separe,

Bondye vin nan epòk nou epi Li revele Tèt Li nan kò imen, nan yon nonm ki rele William Marrion Branham, pou L te ka akonpli Pawòl Li. Sa se Revelasyon Jezikri nan epòk nou.

Tande Vwa sa a epi kwè chak Pawòl se sèl Chemen ke Bondye bay pou jodi a. Li te voye anpil moun wen nan mond lan avèk Sentespri L, men L te voye epi L te pale atravè yon sèl moun pou revele Pawòl Li epi pou kondwi Lepouz Li.

Li pa janm chanje Pwogram Li oubyen Fason pou L fè bagay yo. Jan L te fè l premye fwa a, Li fèl chak fwa. Li kondwi pèp Li Limenm, pa Kolòn Dife a.

Pa janm bliye, NOU SE Lepouz ke Bondye chwazi e pa gen anyen dyab la ka fè ou di ki ka anlve nou sa, ANYEN! Li predestine nou anvan fondasyon mond lan. Li te konnen nou lè a, epi nou te avè L. Li te konn non nou. Li te konn tout bagay sou nou. Li te konn lè nou te anfòm e lè nou pat anfòm. Li te konn echèk nou yo, erè nou yo, e L te toujou renmen nou e L te chwazi nou paske nou te fè pati de Li.   

Nanm nou ka jis nouri nou avèk Pawòl Li. Anyen ka satisfè nou eksepte Pawòl Li. Nou renmen li Pawòl Li epi medite sou Li, lè n ap priye nan fon kè nou. Lè nou tande Vwa L k ap pale dirèkteman avèk nou, sa leve nou odela rido tan an. Paske nou konnen ke nou chita avè L nan lye Selès alò ke L ap pale de bouch a zorèy avèk nou, ap revele Pawòl Li, ap raple nou: “OU SE LEPOUZ MWEN.”

Dyab la ka frape nou epi frape nou epi frape nou. Gendelè nou ka santi nou tèlman mal epi nou gen lenpresyon ke nou se yon echèk total; nou gen lenpresyon ke nou echwe anvè Li tankou pèsonn lòt moun. Nou se sa ki pi mal, men yon kote, nan fon nanm nou, nou tande Ti Vwa Trankil sa a di nou: “Anyen ka separe w de MWEN, OU SE PAWÒL MWEN. Mwen mete non w nan Liv Lavi Ayo Mwen an, Mwen menm.”

Kisa m ka di pou ankouraje nou jodi a?

Jis rete nan Pawòl la. PEZE JWE chak jou epi tande Vwa Bondye pwononse Men Sa Seyè A Di; M ap rasanble nou alantou Pawòl Mwen. Nou ka venk TOUT BAGAY, paske Pawòl Mwen viv epi L abite nan nou. Mwen pwouve nou ke nou gen LAFWA PAFÈ. Nou aplike Siy Lan, epi Li mete nou nan Dezespwa. M ap kanpe dèyè Pawòl Mwen. M pral fè sa M te anonse M t ap fè.

Jan Pawòl Li yo bèl lè L pale avèk nou sou Bann yo. Nou konnen Se pa yon nonm, yon moun chanèl ki nan mitan nou. Se Bondye Etènèl k ap pale avèk nou, Lepouz Li.

Nou envite pou vin jwenn Lepouz la Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral rasanble pou tande Ti Vwa Trankil sa a: 63-1110M Nanm Ki Nan Prizon Kounye A.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Jenèz 15:16

Matye 23:27-34

Jan 4:23-24 / 6:49 / 14:12

1 Pyè 3:18-22

2 Pyè 2:4-5

Jid 1:5-6