23-0430 Laj Legliz Efèz La

Mesagj: 60-1205 Laj Legliz Efèz La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Vrè Lò Ke Yo Bat,

Ala rekonesan mwen rekonesan pou mwen ini avèk nou tout, pou antre nan Lespri a epi tande Bondye k ap pale avèk nou, de bouch a zòrèy. Pa gen fen nan sa L ap revele nou. Kè nou ranpli ak jwa. Nanm nou ap bouyònnen. Kijan youn ka konprann sa n ap tande?

Jis tande sa Seyè a Limenm ap di nou: “Ou se vrè Legliz Mwen, Lepouz Mwen. Pou Mwenmenm, ou tankou VRÈ lò a. Jistis ou se jistis Mwen. Atribi pa w se pwòp atribi glorye pa M. Nou jwenn idantite w nan Mwen. Sa MWEN YE, ou reflete l. Sa M GENYEN, ou manifeste l.

Pou MWENMENM, pa gen defo nan ou, ou glorye andedan e andeyò. Depi nan kòmansman jiska lafen, ou se ZÈV MWEN… e tout zèv MWEN pafè.

Ou pap janm nan jijman an, paske peche pa ka aplike a ou. Menm anvan fondasyon latè a, objektif Mwen se te pou pataje Lavi Etènèl Mwen avèk OU.

Kijan youn ka konprann Pawòl sa yo? Kijan panse nou ka konprann sa k ap pase? Kisa k ap revele? Panse a sa, nou pa bezwen kriye nan kè nou epi di: “Oh, si m te kapab la nan premye aj la, lè yo te voye apot yo pou premye fwa.” PA gen rezon pou nou gade dèyè, paske Limenm ki pa janm chanje swa nan esans Li oswa nan fason Li, Li nan mitan nou KOUNYE A, ap pale avèk nou epi ap di nou ke Li se menm lan ayè, jodi a e pou toutan . Sa se pi GWO  moman nan listwa mond lan ke nap viv.   

Yo bat nou epi yo fè nou sibi, nou ranpli avèk soufrans ke Kris kite dèyè. Yo konsidere nou tankou mouton pou labatwa. Y ap touye nou tout lajounen. Nou soufri anpil, men malgre tou, nou pa vanje tèt nou, ni nou pa fè lòt moun soufri. Pou Limenm, nou se vrè lò ke yo bat, nou pa koube, nou pa kase, nou pa kraze, men nou fòme pa eprèv yo epi tès lavi yo pou nou bèl epi kontan pou tout tan.    

Kounye a L ap avèti tout lòt yo: “Tounen a Premye Lanmou nou.” Yo dwe fè trè atansyon, paske ou pa ka chanje YON PAWÒL, pa menm on pwen ou yon tirè. Se te riz orijinal Satan an nan Jaden Edenn lan. Jis on sèl pawòl ki ajoute, jis on sèl Pawòl ki retire, alò li anti-Pawòl.

Nan dènye aj sa a, li avèti nou ap gen anpil fo pwofèt ki pral parèt, k ap di moun yo ke si yo pa kwè yo epi ke yo pa kwè sa yo di, y ap pèdi.   

Gen ON SÈL JAN pou asire w ke ANYEN te ajoute, anyen te retire, anyen te chanje… se koute vrè VWA BONDYE A …APIYE SOU JWE.

Mèsi Seyè pou vrè minis la ki te anseye fidèlman an, ki nonsèlman di mouton l yo kijan li enpòtan pou koute Mesaj la chak jou nan kay yo, men etan de vrè lidè, yo plase Mesaj Sa, Vwa Sa, Bann Sa Yo, AN PREMYE E TOUDABÒ devan moun yo ki nan legliz yo.

Nan di bagay sa yo, yo pa konprann mwen e yo akize m de divize legliz yo epi di moun yo pou yo pa al legliz. Li tou senpleman fo. PAWÒL la fè moun yo soti de legliz sa yo ki pa mete bann yo AN PREMYE nan legliz yo. Yo grangou pou tande Pawòl pwofèt Bondye a. Yo santi ke SE Mesaj la e Vwa a ki pi enpòtan ke yo vle tande. Yo santi ke SE Volonte pafè Bondye pou jwe bann yo nan legliz yo. 

M toujou di moun yo: “ALE LEGLIZ.” Lè yo mande: “Èske ou panse ke predikatè yo ka toujou preche?” “Wi.” M pa janm di oswa panse ke yo pat dwe fè l. M jis di predikatè yo, anseyan yo, pastè yo: “Fè sa Bondye mande nou fè, MEN TANPRI, mete Vwa Bondye a ki sou Bann AN PREMYE, PA MINISTÈ NOU.”

Sa se REVELASYON MWEN. Yo dwe fè jan YO SANTI YO KONDWI POU YO FÈ. M gen dwa preche e pi anseye sa m santi. Si yo vle di ke Frè Branham pa janm di pou Apiye sou Jwe nan Legliz, Vwa Bondye menm ke yo pretann ap swiv, sa konsène yo.

Sentespri a kondwi Lepouz Li, epi L te toujou fè l. Nou kwè ke L ap di nou: “APIYE SOU JWE, RETE AK PWOFÈT MWEN, VWA MWEN, SENTESPRI MWEN.”

Ebyen, nou pral gen yon eprèv de fòs, alò, menm jan pwofèt Eli te gen youn anvan. Epi si ou son pitit Bondye, ou pral rete avèk pwofèt Bib sa a. Se Pawòl la. Remake lè a, sezon an.

Kiyès ki pwofèt Bib la, Pawòl la, Sentespri a!

Sentespri a se Pwofèt lè sa a; Li konfime Pawòl sa a, Li demontre l. Sentespri a te Pwofèt epòk Moyiz lè a. Sentespri a te Pwofèt epòk Miche lè a. Sentespri a, ki ekri Pawòl la, vini epi Li konfime Pawòl la.

Sentespri a nan moman sa a ap kondwi nou pa Pwofèt Li a, jan Li te fè nan chak aj. Bondye pa janm chanje pwogram Li. 

Donk, nou envite w vin jwenn nou nan sa nou santi ki Pwogram Bondye a, lè n ap tande Sentespri a k ap pale atravè pwofèt Li, epi k ap kondwi nou alò ke L ap pote nou Mesaj la: “Laj Legliz Efèz La 60-1205, a midi, lè Jeffersonville.

Frè Joseph Branham

Ekriti pou li an preparasyon pou tande Mesaj la.

Akt 20:27-30

Apokalips 2:1-7