23-0514 Laj Legliz Pègam Lan

Mesagj: 60-1207 Laj Legliz Pègam Lan

PDF

Son odio-chaje ak distans

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Pitit Pwofèt La,

Nou se Pawòl manifeste a, nou resevwa enèji a pa Lespri a, e n ap tande Vwa Bondye a, alò ke Li pwoklame nou, nou SE LEPOUZ LI.

Papa bay Legliz Li NÈF don Lespri a, epi SENK ministè kentup yo, men Jezi di: “Nan CHAK aj, M ap adrese M a YON SÈL moun. YON sèl mesaje pou chak aj pral resevwa sa M gen pou M di pou aj sa a. SÈL MESAJE sa a se mesaje vrè Legliz la.

Li pale pou Bondye pa revelasyon. Apresa, Mesaj la emèt bay tout moun, men se jis on sèten gwoup kalifye ki revevwa l on jan. Chak moun nan gwoup sa a se youn ki gen kapasite pou tande sa Lespri a ap di palentremiz mesaje a. Sa ki tande yo, yo pa resevwa pwòp revelasyon patikylye pa yo, ni yon gwoup pap resevwa revelasyon kolektif li, MEN CHAK MOUN AP TANDE EPI AP RESEVWA SA MESAJE A DEJA RESEVWA DE BONDYE. 

Ala prekosyon nou dwe pran pou tande YON SÈL Vwa, paske Lespri a gen on sèl Vwa ki se Vwa Bondye a.

Gen yon SÈL VWA BONDYE epi li pa bezwen fè prèv li menm jan ak NÈF yo, ni li pa bezwen filtre tankou SENK yo; JIS ON SÈL VWA PAWÒL PUR!!

Èske nou ka tande lòt minis yo? Wi, men kle a se di SÈLMAN sa pwofèt la pwononse. Gen lòt ki kapab, epi ki ta dwe, egzòte, anseye epi preche; men Bondye ouvri yon chemen ban nou jodi a tankou OKENN LÒT JOU. Nou ka tande egzakteman sa Bondye ap di Legliz la.

Li di nou ke nou dwe fè trè atansyon. LI DI NOU, PA MWENMENM, ke yo ajoute la a, oubyen retire la a, epi anvan lontan mesaj la pa pur ankò. Lè n ap tande bann yo, Se Mo pou Mo, Ensi Di Seyè A.

Prèv egzistans Lespri a ki andedan nou, se te pou rekonèt epi SWIV sa pwofèt Bondye a te bay pou aj li, kòm li t ap mete lòd nan legliz la.

Se poutèt sa nou SWIV, epi nou di, ke pastè nou se setyèm anj mesaje a epi nou vle jis tande sa li gen pou di. Pou noumenm, Se Lamann Kache a.

Revelasyon an te vide sou anj mesaje nou. Revelasyon Pawòl la te bay epi te adrese a LIMENM pou aj nou. Li gen yon Revelasyon on ti kal pi gran de sa Kris Ye; on apèl on ti kal pi elve, ke tout lòt yo. Si nou pa ka monte pi wo pase pastè nou an, alò nou vle William Marrion Branham kòm pastè nou. 

Nou konnen ke lòt moun pap wè sa nou wè, epi kwè bagay ke nou kwè, men yo toujou frè ak sè nou, epi nou pral pase Letènite avèk yo. Men nou dwe rete fidèl a sa nou kwè ki se chemen Bondye montre nou pou adore Li epi swiv Li.

Li tèlman fasil pou lòt moun yo di ke nou akòde twòp enpòtans a mesaje a, men an reyalite, nou jis ap site l. Nou dwe wè sa avèk Seyè a. Paske se Vwa Bondye k ap di bagay sa yo.

Ann louvri kè nou ak panse nou epi ann li sa Lespri a di nou atravè anj Li:

L ap vini byento nan mond lan, gwo anj Limyè a ki pral vin jwenn nou, ki pral fè nou soti, gwo Sentespri a, ki pral vin ak pwisans, epi ki pral kondwi nou a Seyè Jezikri a. Petèt ke li pap konn sa, men l ap la youn nan jou sa yo. Li pral fè… Bondye ap fè ke yo konnen l. Li pap bezwen fè konnen tèt li, Bondye ap fè ke yo konnen li. Bondye pral konfime pa L Yo. Se sa L te di lè Jezi te isit epi ke yo pat rekonèt Li, wè. Li te di: “Si M pa fè zèv Papa M yo, alò pa kwè M; men si M fè zèv Papa M yo, epi ou pa ka kwè M, alò kwè zèv yo.” Pa vre?

Èske li pa rele tèt li gwo anj Limyè pou jou jodi a? Nou konnen se Sentespri a ki nan li, men li te di: Petèt ke li pap konnen, men l ap isit la youn nan jou sa yo. Sentespri a pap konnen kiyès Li ye? Li pap bezwen fè konnen tèt li; Bondye ap fè ke yo konnen l.

Alò li di ke, pwofèt tan pa nou se gwo anj Limyè a ki pral kondwi nou a Jezikri pa mwayen Sentespri a atravè li. Men Revelasyon epòk nou.

Kiyès ki pral prezante Lepouz bay Seyè a? PASTÈ NOU.

Men pwofèt sa a pral vini, epi menm jan prekursè premye vini an te kriye: “Men Ayo Bondye a k ap wete peche moun sou tout latè”, san dout li menm tou li pral kriye: “Men Ayo Bondye a , k ap vini nan laglwa.” Li pral fè sa, paske menm jan Jan te mesaje laverite pou eli yo, menm jan moun sa se dènye mesaje pou lepouz ki te chwazi epi ki ne nan Pawòl la.   

Lè nou konnen verite sa yo, epi nou gen Revelasyon KONPLÈT de Li nan jou jodi a, nou vin Lepouz Li ne de Lespri epi ranpli de Lespri.

REJWI TÈT NOU LEPOUZ, SA SE KIYÈS NOU YE!

Lè yon nonm ki ne de Lespri, ranpli de Lespri pa lafwa aksepte Pawòl sa a nan kè li epi li mete l sou bouch li, se menm bagay ak Divinite k ap pale. Tout mòn gen pou ale. Satan pa ka kanpe devan nonm sa a.  

Kounye a vrè amoni egziste ant Epou a epi noumenm, Lepouz Li. Li montre nou Pawòl lavi Li, epi nou resevwa Li. Nou p ap janm doute l. Se poutèt sa, anyen pa ka fè nou mal, pa menm lanmò.

REJWI TÈT NOU LEPOUZ, SA SE KIYÈS NOU YE!

Pawòl la nan epouz la (jan l te ye nan Mari). Epouz la gen panse Kris paske li konnen sa L vle fè avèk Pawòl la. Li egzekite kòmandman Pawòl la nan non Li paske li gen “ensi de Seyè a.” Alò Pawòl la vivifye pa Lespri epi li akonpli tèt li. Tankou yon semans ki te plante epi wouze, li rive nan rekòt total, ap sèvi kòz li.

Nou rive nan rekòt total epi n ap akonpli kòz Li kounye a. Nou jis ka fè volonte Li. Pèsonn ka oblije nou fè lòt bagay. Nou gen “Ensi Di Seyè A,” oubyen nou rete trankil. Nou konnen ke se Bondye nan nou k ap aji, kap akonpli pwòp Pawò Li.

Nou kontan, paske pwofèt la te wè nou odela rido tan an, pandan nou tout te leve vwa nou epi nou t ap rele ann amoni: “N ap repoze sou sa!”

Vin rasanble avèk nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Vwa Bondye a k ap pote nou mistè: Laj Legliz Pègam Lan, 60-1207.  

Frè. Joseph Branham

Ekriti pou li an preparasyon pou tande Mesaj la.

Nonm 23:8-9

Apokalips 2:12-17, 17:1-5, 17:15