23-0521 Laj Legliz Tiyati A

Mesagj: 60-1208 Laj Legliz Tiyati A

PDF

Son odio-chaje ak distans

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Zetwal Kouwòn Li,

Rejwi tèt nou Lepouz. N ap vin Youn avè L. Chak jou, Li ban nou plis Revelasyon de Limenm epi de Noumenm. N ap vin pi konsyan de Pwisans Vivifye sa a k ap viv epi ki abite nan nou.

Nou pa menm ka kòmanse eksplike kijan nou santi nou. Nou anvayi ak Lespri L. Se tout panse nou. Pa gen lòt bagay ki enpòtan pou nou. Nou wè Pawòl Li k ap vin Pawòl nan nou. Li nouri nanm nou. Nou viv chak jou pou adore Li, louwe Li, epi remèsye L paske nou ka tande Vwa L k ap aple avèk nou.

Lè n ap li Liv Aj Legliz nou an, nou pa ka depoze l; kè nou ap eksploze. Chak jou pote plis Revelasyon. Nou anvi sote epi rele, kouri nan chanm lan epi rele byen fò: “Glwa, Alelouya, Louwe Seyè a.” “Èske ou li sa a?” “Mwen souliye l sou sa m te souliye anvan, men m pa janm, JANM, li L konsa anvan.” L ap revele nou tout Bib la depi Jenèz jiska Apokalips, epi mwen wè TÈT NOU NAN PAWÒL LI.

Nou wè Vrè Lepouz sa a ki rete avèk Pawòl la atravè Laj yo epi ki pat sedwi pa gwo riz Satan an. Li te vle yo adore l tankou Bondye. Men pandan tout tan sa a, te genyen VRÈ LEPOUZ sa a, ki te rete fidèl ak Pawòl Li a. Ti gwoup chwazi sa a ki te rete avèk mesaje Li. Menm jan avè nou, yo pat kapab, epi yo pa t ap, fè konpwomi. Yo te konnen ke te gen JIS YON FASON pou su: rete avèk Chemen ke Li te bay, Pawòl Li, anj Li.

Jan Satan twonpe moun atravè tan an. Li trase chemen l atravè diferan Aj Legliz yo jiskaske li te atenn objetif li yo. Kounye a li vin tèlman pwòch SA KI PAFÈ a ke li te ka menm sedwi eli yo si sa te posib… men louwanj pou Bondye, LI PA POSIB, NOU PA SEDWI. Poukisa? NOU RETE AVÈK VWA BONDYE A, PAWÒL LI KI VIN FÈ KÒ.

Pa gen mwayen kontoune L. Vwa Bondye a se Chemen ke Li bay pou jou jodi a. Nou kontinye fè zèv Li fidèlman jiska lafen. Nou resevwa pouvwa sou nasyon yo, epi nou se lidè ki fò, kapab, souveren enfleksib ki ka fè fas a nenpòt sitiyasyon avèk on pwisans konsa. Menm enmi nou ki pi dezespere an kraze. Demonstrasyon dominasyon nou an, pa Pwisans Li, li menm jan ak Fis lan menm.   

Oh, jan nou ta renmen jwenn mo yo pou eksprime sa nou santi. On jou, n ap rive, zanmi m yo. Nou pral pase Letènite avèk Seyè nou, anj Li, epi youn ak lòt.

Tankou brav dam nwa an nan Memphis, nou te konnen ke se te Limenm lè nou te tande L. Poukisa? Oh, nou se YOUN NAN YO.

Èske nou ta renmen ke Sentespri a pale avèk nou epi di nou kiyès nou ye? Vin fè eksperyans prezans Seyè a avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: Laj Legliz Tiyati A 60-1209. Sa pral chanje vi nou.

Frè Joseph Branham