23-0528 Laj Legliz Sad La

Mesagj: 60-1209 Laj Legliz Sad La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Noumenm Ki Diy, Ki Jis

Zèg, èske nou pare pou rasanble Dimanch sa a pou tande Vwa Bondye dous la k ap pale avè w epi k ap di nou:

“Nou diy.” “Nou se pa M.” “Nou jis.” “Nou pral mache avè M nan rad blan.” Non nou ekri nan Syèl la.”

Sa se pa pawòl mwen, men se Pawòl Papa nou ki nan Syèl la k ap pale avèk NOU, Lepouz Li chwazi a. Sentespri a vin viv nan on kò imen on fwa ankò, pou L te ka pwononse bèl Pawòl sa yo, de bouch a zòrèy a Dam Li chwazi a.

Se bèl bagay pou tande yo de bouch mwen, ou de nenpòt moun ki ta di “Jezi di”, men pou tande L, Limenm, k ap pale atravè Vwa Li chwazi a; sa Li itilize pou di nou pèsonèlman…tou senpleman, pa gen anyen pi gran.

Gen anpil vwa Bondye itilize pou pote Pawòl Li nan mond lan. Li chwazi yo epi Li plase yo pou yo sa yon benediksyon pou mond lan epi pou Epouz Li.

Lè Jezi te isit sou latè a nan kò yon moun, Li te chwazi moun tou, apot Li yo, pou swiv Li epi pou pale pou Li sou sa yo te wè ki te ranvèse epi sa yo te tande. Se nonm sa yo ke Li te voye pou repann Levanjil la, Bon nouvèl la ke Mesi a te vini; Li te la, sou latè a avèk yo. Li voye yo de pa de pou yo pwoklame Gwo Nouvèl sa a epi pou yo mennen tout moun vin jwenn Li.

Alò ke Li te rasanble yo yon swa, Li mande yo : “Kimoun yo di Mwen ye?” Yo reponn: “Gen kèk ki di Ou se Eli; gen kèk ki di Ou se Jan Batis.” Men Li di: “Men kiyès NOU DI Mwen ye?” Alò Pyè pwononse gwo pawòl sa yo: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” Jezi reponn li epi Li di: “Se pa lachè ak san ki revele w sa, Pyè, men se Papa M ki nan syèl la ki revele w sa, epi sou Wòch sa a (Revelasyon) M pral bati Legliz Mwen.”

Mond lan bite toupatou sou gwo mistè sa a. Kèk moun panse ke Li tap pale de Pyè. Gen kèk ki panse ke se te yon wòch ki te la a. Gen kèk ki panse ke se te Jezi. Men pa Revelasyon, ke Sentespri a ban  nou, nou konnen ke se te REVELASYON DE KI MOUN LI TE YE.    

Aprè lanmò, antèman epi rezirèksyon Jezi, nan jou Pannkòt la, yo te voye yo pou yo rakonte mond lan gwo nouvèl sa a. Pyè te chwazi yon fwa ankò kòm pòtpawòl pou ale devan moun yo epi pwoklame kijan pou resevwa Sentespri Li. Li di, ou dwe repanti epi batize nan Non Seyè Jezikri a.

Ala yon pozisyon Sentespri a te bay Pyè. Nou jis ka imajine kijan moun yo te konsidere l. Li te mache avèk Jezi pandan ke L te sou latè a, nan on kò. Li te zanmi L. Li te bò kote L chak jou. Sila Li te chwazi pou l bay Revelasyon an. Men Bondye te chwazi YON LÒT MOUN pou vin pwofèt Li: Pòl.

Lè Pyè rive Antiòch pou l te avè Pòl, li tap manje epi tap bwè avèk Moun lòt Nasyon yo. Men lè yon gwoup moun ki tap swiv Jak rive, li retire tèt li epi l te pè. Pòl te reprimande l devan lòt yo epi li di l ke li pa tap mache dwat selon verite a epi yo te dwe blame l. Frè Branham di ke Pyè te enfliyanse pa moun Jidais yo.

Kisa sa di nou pou jou jodi a? Li pa enpòtan ki moun li ye. Konbyen yo gen Sentespri a. Ki otorite oubyen ki apèl yo genyen. NOU DWE RETE AVÈK PWOFÈT BONDYE CHWAZI A KÒM ABSOLU. PASKE LIMENM, E LIMENM SÈL, SE ENTÈPRÈT DIVEN PAWÒL BONDYE A. 

Sa a se pa kont Pyè ni kont okenn disip Bondye chwazi, a lepòk ou jodi a. Yo chwazi yo pou repann Levanjil la, men Bondye te chwazi YON NONM pou dirije Legliz Li. Limenm sèl te pwofèt ke Bondye te chwazi avèk Ensi Di Seyè A, pa yo menm. Yo gen plas yo, men Li gen YON PWOFÈT pou mete Legliz Li an lòd, avèk dènye Pawòl la pou Lepouz Li. 

Sa montre nou jan nou dwe pran prekosyon pou nou tande Vwa Bondye ki konfime a pou epòk nou an. Sila a Li te chwazi pou l vin entèprèt diven Pawòl Li. Pa gen anyen ki pi GRAN ke tande Vwa Li kap pale atravè anj Li; Vwa ke Li chwazi a, pa vwa nou. 

Nou wè atravè tout laj yo kijan Bondye chwazi on gwoup moun ki tap RETE AVÈK PAWÒL LI epi mesaje Li chwazi a. Vwa sa a ap pwoklame nou chak jou ki moun nou ye, YOUN NAN YO. 

Li te konn voye refòmatè nan Legliz Li, men JOU JODI A, Li voye restoratè Li: “Seyè a di, M pral retabli, epi Mwen pral fè kè timoun yo tounen, paske M gen anpil bagay pou M di nou nan epòk Vwa Mwen an.” 

Nou envite nou vin koute Vwa sa a avèk nou, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke Li pral pale avèk nou e ke Li pral montre nou Vrè epi fo legliz la pandan: Laj Legliz Sad La, 60-1209.

Frè Joseph Branham