23-0604 Laj Legliz Filadèlfi A

Mesagj: 60-1210 Laj Legliz Filadèlfi A

PDF

Son odio-chaje ak distans

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Madan Jezikri,

Son sa a bèl, pa vre? Ayo a epi Lepouz Li etabli pou tout tan nan tout pèfeksyon Bondye a. Kijan nou ka dekri l? Nou panse a li. Nou reve a li. Nou li sa Pawòl la di sou li. Nou wè L k ap pataje pwòp Sentete L avèk NOUMENM. An Li, nou vin jistis Bondye a menm. 

Ala yon plezi pou nou lè nou peze jwe, epi nou tande Bondye Limenm k ap pale avèk nou atravè pwisan anj Li epi k ap di nou bagay sa yo.

Pa gen anyen nan lavi sa a, osi satisfezan, osi bon epi osi byen sa ye. Men w ap jwenn sòm total tout pèfeksyon an nan Kris. Tout bagay tonbe epi vin ensiyifyan bò kote L.  

Li di NOU ke n ap gen on nouvo non, Non pa L. Non Li ap pou nou lè Li pral pran nou avè L. L ap pi bèl pase sa nou ta ka janm imajine. Nou pral ale tout kote Epou a prale. Li pap janm kite nou. N ap toujou bò Kote L. Nou pral pataje Twòn Li avè L. Nou pral kouwone avèk glwa Li epi onè Li.

Epi menm lè Li pral montre Tèt Li bay mond lan, epi tout mond lan pral koube nan pye Li, menm lè sa a tout mond lan pral koube nan pye sen yo, sa pral pwouve ke yo te gen rezon nan pozisyon yo avè L. Ke Bondye beni a jamè!

Li te konnen davans, pa yon dekrè Diven, ke nou tap Lepouz Li. NOUMENM Li chwazi; nou pat chwazi L. NOUMENM Li rele; nou pa vin pou kont nou. Li mouri pou NOU. Li lave NOU nan pwòp San Li. Li peye pri a pou NOU. Se pou Li mwen ye, e Limenm sèl. Nou angaje nèt avè L epi Li aksepte responsabilite a. Li chèf NOU. Li pale avèk nou atravè anj Li epi nou obeyi, paske se plezi nou.

Depi nan kòmansman jiska lafen, Mesaj la sou bann yo, tout reprezante BONDYE pou NOU. Kite Lavi sa a an NOU. Kite se San L ki netwaye NOU. Kite se Lespri L ki ranpli NOU. Kite se Pawòl Li ki nan kè nou epi nan bouch nou. Kite se Kou Li resevwa ki geri NOU. Kite se Jezi, e Jezi sèl. Pa grasa zèv lajistis ke nou akonpli. Kris se vi mwen. Mesaj la se vi pa nou, paske Se Kris.

Oh, gen anpil vwa nan mond lan – anpil pwoblèm epi bezwen kap kriye pou atansyon; men pap janm gen on vwa ki osi enpòtan epi ki osi diy datansyon ke vwa Lespri a. Alò: “Moun ki gen zòrèy pou tande, se pou l tande sa Lespri a ap di legliz yo.”       

Bondye gen yon Vwa pou jou jodi a. Li te konfime pa Kolòn Dife a kòm etan Vwa Bondye a. P ap janm gen yon Vwa ki OSI ENPÒTAN EPI KI MERITE ATANSYON NOU ke Vwa sa a sou bann pou jou jodi a. 

Vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville. Nou gen yon sak ranpli ak Myèl. Nou pral mete l sou Wòch la, pa sou nenpòt legliz; sou Wòch la, Jezikri. Epi noumenm, mouton yo, ale niche. Sèten nap retabli touswit. Tout pwoblèm yo poutèt peche pral disparèt lè nou pral niche Wòch la. Se sa sèlman ou dwe fè, vin tande Vwa Bondye a kap di nou tout bagay sou: Laj Legliz Filadèlfi A, 60-1210.  

Frè Joseph Branham