23-0611 Dis Vyèj Yo Ak Sankarannkatmil Jwif Yo

Mesagj: 60-1211m Dis Vyèj Yo Ak Sankarannkatmil Jwif Yo

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Renmen Laman An,

Nou kontan paske nou ka manje Manje ki pa gen ni zo ni grenn Ladan. Galèt k ap desann sot nan Syèl la, yo rele “Laman”, ki kouvri nèt avèk dousè Syèl la.

Pa Revelasyon Espirityèl, Li revele nou ke gen on sèl plas kote nou ka jwenn Laman Fre sa a ki pa gen grenn: lè nou tande Vwa Bondye a ke Li bay Lepouz Li.

Nan chak aj, se egzòtasyon konstan Li bay legliz yo pou yo tande Vwa Seyè a. Nan dènye aj sa a, egzòtasyon Li ankò pi tenas pase nenpòt lòt aj; paske sa se jou Seyè a pral Vini. Li avèti nou, an tout ijans, ke nou dwe tande vrè Vwa L ki konfime.

Oh, tèlman gen anpil vwa nan mond lan – anpil pwoblèm epi bezwen ki mande atansyon; men pap janm gen on vwa osi enpòtan epi osi diy datansyon ke vwa Lespri a. Alò: “Moun ki gen zòrèy pou yo tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo.”

Men, se sa, avètisman L anvè legliz yo, kijan li enpòtan pou tande VWA Lespri a. Sètenman se la ke lènmi an pral atake, pou eseye kache moun yo, enpòtans pou tande VWA SA A.

Li di nou ke gen ANPIL VWA. Gen anpil pwoblèm ak bezwen, ki mande atansyon, men pa janm bliye, nou dwe tande VWA L KI KONFIME.

Si mwen ofanse nou lè m di sa, padonnen mwen, men, mwen santi ke sa te ka deranje, men, mwen se Vwa Bondye pou nou.

Men repons lan: MWEN SE VWA BONDYE POU NOU.

Li tèlman klè pou Lepouz Li. Li pa kache, li jis la a devan tout moun; nenpòt moun ka li L. M pap di moun yo yon bagay ke Li pa di…M pap envante sa. Li di nou klèman ki sa ki pi enpòtan ke nou dwe fè. Volonte pafè Bondye a se TANDE VWA LI EPI LI SE VWA BONDYE POU NOU. 

Frè ak sè, m pa di ke nou pa ka tande pastè nou. M pa di ke yo fo oubyen ke li pa bon si yo preche. Li klè ke Seyè a plase nou isit la pou nou sa yon èd pou Lepouz la epi pou voye nou TOUNEN a Pawòl orijinal la; pou plase Vwa sa a devan nou kòm bagay ki pi enpòtan ke nou ka tande. Nou dwe retounen nan VOLONTE PAFÈ Bondye a. Adan an ki konplètman retabli, fòtifye dèyè Pawòl la. Bondye te pale chak jou de bouch a zòrèy ak Adan nan Jaden an, epi jodi a, L ap fè menm bagay la.  

Nou ta dwe kanpe nan brèch la epi di: “Nou se frè!” Nou pa divize, Nou se yon sèl Kò; Youn nan esperans epi Doktrin, (Doktrin Bib la.)  

Nou se frè. M pap eseye divize Legliz yo, m ap eseye rasanble nou ansanm avèk SÈL bagay ki ka rasanble Lepouz la ansanm. Nou tout pa ka dakò avèk ON SÈL, OUBYEN ON GWOUP MINIS; yo tout diferan, epi yo di bagay diferan. Gen ON SÈL setyèm anj mesaje. Gen ON SÈL Vwa Bondye. Vwa ke Bondye bay Lepouz Li sou bann.

M ap klè. Revelasyon mwen an se: Koute Vwa Bondye a sou bann SE VOLONTE PAFÈ BONDYE. 

Tankou nan epòk Samyèl, lè pèp la te pwoche li epi te di l ke yo te vle yon wa pou domine sou yo. Kè l te fè l mal. L al wè Bondye epi li di L sa yo te vle. Bondye di Samyèl: yo pa rejte w, Samyèl, se Mwen yo rejte, pou M pa gouvènen sou yo.

Kijan L te gouvènen sou yo? PA PWOFÈT LI, SAMYÈL. Se te VOLONTE PAFÈ L, epi yo te rejte l. Pou vin Lepouz Li, ou dwe RETOUNEN nan Volonte Pafè Bondye. Ou pa ka gen 2 VOLONTE PAFÈ.

Jan m ta renmen pou tout Lepouz la reyini ansanm, atravè mond lan pou tande Vwa Bondye a tout an menm tan. Se pa paske “mwen” di l, men paske Bondye ap FÈ L. Se sèl bagay ki ka reyini Lepouz Li.

Mwen envite nou vin koute avèk on pati Lepouz la, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, pou tande: Dis Vyèj Yo, Ak Sankarannkatmil Jwif Yo 60-1211M.  

Si nou pa ka reyini avèk nou, ankouraje pastè nou pou koute Vwa Bondye a Dimanch maten sa a nan legliz nou an. Èske nou ka imajine, Lepouz la atravè mond lan, nan chak legliz, nan chak kay, ou kèlkeswa kote nou ye a, ap tande Laman Fre ki kouvri nèt avèk dousè Syèl la. Frè Joseph Branham