23-0618 Laj Legliz Lawodise A

Mesagj: 60-1211E Laj Legliz Lawodise A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Kwayan Pawòl Enfayib La,

Jan sa a te bèl pou tande epi li Sèt Aj Legliz sa yo. Avèk chak Mesaj ke nou tande, chak chapit ke nou li, Li ban nou plis Revelasyon. Nou wè tèt nou klè atravè chak aj Legliz…Lepouz Li, ki rete avèk Pawòl orijinal la.

Atravè laj yo, nou wè de lespri yo byen; malonètete avèk blòf Satan yo, kap vire Pawòl Bondye a, pou sedwi, pou koronp epi pou bat pèp la. Mè an menm tan, te gen ti gwoup fidèl Bondye a, Lepouz Li, ki akwoche L a chak Pawòl.

Toujou genyen on avètisman konstan ke yo bay pèp la, nou dwe RETE AVÈK PAWÒL LA. La segonn ke nou elwaye nou de Pawòl sa a, nou pran nan gwo twal Satan an; menm jan Èv te fè nan kòmansman an. Li pat sèvi ak Pawòl la. Adan te echwe kareman nan dezobeyi Pawòl la. Men Jezi, nan pwòp Vi pèsonèl Li, nan goumen avèk Tèt Li, Li genyen batay la grasa obeyisans anvè Pawòl Bondye a.

Li di ke si nou vle chita sou Twòn Li, nou dwe vin Pawòl vivan sa a. Priyè nou, jèn nou, epi menm repantans nou pap pèmèt nou genyen privilèj sa a. L ap akòde sèlman a Epouz PAWÒL la.

Gen anpil bagay ke m ta renmen di, epi sitasyon ke m ta renmen pataje avèk nou tout; li pa gen fen. M konnen ke Mesaj sa a ap boule nan kè nou tout, epi ke nou renmen chak Pawòl, menm jan avè m. Tout sa nou vle fè se pale epi fratènize sou Li. Nou vle mond lan konnen: Wi, nou se moun ki tande bann. Wi, nou Peze Jwe. Wi, nou kwè ke Vwa a sou bann yo se sa ki pral pèfeksyone Lepouz la. Wi, bann yo pral ini Lepouz la. Wi, Peze Jwe se Volonte Pafè Bondye a. Wi, m se Lepouz Li.    

M konnen ke m ap repete tèt mwen nan anpil lèt, men m tèlman kontan , tèlman rekonesan, tèlman sèten… li jis enkontestab, sa se Pwogram Bondye a pou Lepouz Li.

Avèk chak Mesaj ke nou tande, nou remake avèk etonnman, kijan yo pa ka wè, yo pa ka li oubyen tande sa nap tande? Li jis la a, sou bann, aprè bann, aprè bann. M anvi di yo jan Jezi di Nikodèm: “Ou se yon mèt Izrayèl, epi ou pa konn bagay sa yo?”

Jis koute kijan anj lan rann li senp.

Sou baz konpòtman moun sèlman, nenpòt moun konnen ke kote gen anpil moun, gen opinyon divize sou ti pwen nan gwo doktrin ke yo tout pataje.

Sou konpòtman moun SÈLMAN, nou pa bezwen konprann espirityèlman, tout moun konnen ke de moun ap gen opinyon divize sou TI PWEN nan on gwo doktrin.

Yo tout ka dakò epi di ke si moun yo pa fè sa yo di, oubyen si yo lage yo, alò destriksyon ap swiv. Men on vrè pwofèt pral toujou mennen moun yo nan Pawòl la epi pral lye pèp la avèk Jezikri, epi li pap di moun yo pou yo pè l oubyen pou yo pè sa li di, men pou yo pè sa Pawòl la di.

Kisa Pawòl la di? M pral voye nou Eli, pwofèt la. Nan jou VWA a. Pral gen YON pwofèt Pawòl… jis YOUN… paske Bondye te konfye Revelasyon an a GRENN SA A. Se li menm ki pral retabli Lepouz Mwen.

Avèk tout vwa sa yo epi tout opinyon sa yo epi sitasyon sa yo, kijan youn ka SÈTÈN? 

Kiyès alò ki pral gen pouvwa enfayibilite a ki dwe retabli nan dènye aj sa a, paske dènye aj sa a pral retounen a Vrè Pawòl Lepouz la kap manifeste?  

Se li menm ke Lepouz la vle koute, li menm avèk pouvwa enfayibilite a; paske se li menm ki pral RETABLI Lepouz la. Li pap gen opinyon divize, Li se Pawòl la.  

Kesyon: Seyè, nou vle konnen, ki moun sa ki pral gen Pawòl enfayibilite yo?

M pral di nou kiyès kap genyen l. Lap on pwofèt ki konplètman konfime, ou menm plis konplètman konfime pase nenpòt lòt pwofèt nan tout laj yo depi Enòk jiska jou jodi a, paske nonm sa a pral nesesèman gen ministè pwofetik pyè fondamantal la, epi Bondye pral mete l an evidans. Li pap bezwen pale pou tèt li, Bondye ap pale pou li pa Vwa siy lan. Amèn.

Repons: William Marrion Branham.

Kite m ankouraje nou jodi a, Epouz ki Chwazi a. NOU PA KAPAB, EPI NOU PAP SEDUI. Èske nou konprann sa? Pa gen moun ki ka sedui nou. Pòl pa t ap ka twonpe okenn eli, menm si l te twonpe l. Menm nan premye aj legliz Efèz la, yo pat ka sedui eli yo. Yo te eseye fo apot ak fo pwofèt yo epi yo te twouve ke yo te mantè epi yo mete yo deyò.

GLWA, LEPOUZ… Nou se mounton pa L epi nou tande Vwa Li epi nou swiv LI. NOU SE LEPOUZ PAWÒL VIVAN AN!!

Pa gen anyen ki pi gran pase pou konnen Pawòl sa yo. Pou konnen nan kè w epi nanm ou, ke ou se Lepouz Li. Jou lemonn tap tann yo rive. Lepouz la rekonèt tèt Li epi Li vin YOUN AVÈ L: nou se NOUVÈL KREYASYON BONDYE A.

Yon fwa ankò mwen sipliye nou, KOUTE VWA BONDYE Dimanch, kèlkeswa kote nou rasanble. Pe enpòt ki Mesaj nou tande, depi nou tande Vwa Bondye ki konfime a. Vwa sa a se te Vwa ke Bondye te rele epi te chwazi pou retabli epi rasanble Lepouz Li.   

A tout legliz yo, tout moun yo, nou envite pou koute avèk nou Dimanch sa a a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Laj Legliz Lawodise A, 60-1211E.

Frè Joseph Branham