23-0625 Mesye, Éske Sa A Se Siy Fen Tan An?

Mesagj: 62-1230e Mesye, Éske Sa A Se Siy Fen Tan An?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Epouz Mo pou Mo,

Okenn pwofèt, okenn apot, jamè, nan okenn epòk, pa janm viv nan epòk tankou sa n ap viv la. Sa se lafen. Kolòn Dife a retounen. Kolòn Dife a ki te kondwi pitit Izrayèl yo; menm Lan ki te frape Sòl sou wout Damas lan. Menm Lan ki vini avèk menm Pwisans lan, k ap fè menm bagay yo, epi k ap revele menm Pawòl la, ki rete Mo pou Mo avèk Bib la!

Tout mistè kache yo te revele a li. Èske nou remake, TOUT mistè yo. Anyen ki nouvo, anyen ki bliye, anyen ki pral revele pa yon lòt moun; TOUT te revele bay setyèm anj mesaje Li epi yo te ban NOU l, Lepouz Li, sou Bann.

Se TOUT sa Lepouz la bezwen; NOTE ANKÒ, TOUT SA LEPOUZ LA BEZWEN. Lòt moun bezwen lòt bagay, e yo ba yo sa. Men sa nou bezwen te anrejistre e yo ba nou l sou bann e SA ba nou LAFWA pou Anlèvman.   

Nou se legliz ke Seyè Bondye te ba li a. Sa se katye jeneral Li. Se la Li di nou rete. Pa yon bilding, BANN YO. Nou se gwoup moun sa yo ki kwè, epi nou grangou e nou akwoche a chak Pawòl. Li di nou rete isit la epi egzamine Wòch Blan an, Granit la, PAWÒL SOU BANN YO.

Yon Vwa ki sot nan Syèl la te pale avè l epi te di l: “Pote Manje anndan. Sere Li. Sa se sèl jan pou kenbe yo isit la, se ba yo Manje.” Li pa t di chache yon lòt bagay, oubyen ke pral gen nouvèl revelasyon k ap vin de yon lòt moun; egzamine MANJE SA KI SERE SOU BANN, RETE LA.

Men menm jan yo fè nan tout rèv yo ke Li revele, gen kèk moun ki pran direksyon sa a; gen kèk ki pran on direksyon, epi gen lòt ki pran on lòt. On ti kal te rete pou gade sa LI te di yo.

Kounye a konpare sa a avèk lòt yo, rèv yo. Sa se te yon vizyon. Manje a, men Li. Sa se plas la.

Li pat ka pi klè pase sa pou Lepouz Li. Sa se te yon vizyon, pa yon rèv, yon VIZYON. Manje an la a: BANN YO. Sa se plas la: BANN YO. N ap fè egzakteman sa L te di nou fè: Koute BANN YO!

Sa pran on Revelasyon Espirityèl pou konprann bagay sa yo. Sa pral pran on Revelasyon Esprirityèl pou kwè epi konprann tout sa Li pral di nou Dimanch sa a. Se pral on bèl moman pou Lepouz la.

Tèlman gen anpil bagay ke Bondye di nou epi ke Li revele nou nan Mesaj sa a. M anvi kopye sitasyon aprè sitasyon epi ban nou Li, men m konnen ke Li pral revele w chak Pepit paske men sa Li te di ke ou ye:

Sa se legliz Seyè Bondye a te ban mwen. Se isit la ki katye jeneral mwen. Se isit la ke m rete… gen yon gwoup moun isit la ki kwè, epi ki grangou epi k ap kenbe fèm.

Nou se gwoup sa a ki grangou epi k ap kenbe fèm. Anpil moun pa konprann nou epi ap pase nou nan betiz, men se pa grav, nou renmen yo epi nou priye pou yo; men nou jis vle YON SÈL VWA pou gide nou.       

Padone m, men m oblije ban nou sitasyon sa a.

“Lè li pral kòmanse sonnen twonpèt la, mistè a pral fini.” Kounye a, remake, alò li lè pou vwa Sèt So yo revele, nan Apokalips 10. Èske nou konprann? Lè tout mistè Liv la pral akonpli! Epi Bib la te di, isit la, ke l ap kanpe mistè yo.    

Kiyès k ap kanpe mistè yo? Pastè w? Yon gwoup? Mwen menm? Setyèm Anj Mesaje a: William Marrion Branham. Pa gen moun anvan, pandan, oubyen apre li. LI PRAL KANPE MISTÈ YO.

Se ka lafen tan an. Li ka lè kote lakansyèl la pral travèse syèl la, epi yon anons ki soti nan syèl la, pral di: “Pa gen tan ankò.” Si se sa, annou pare tèt nou, zanmi, pou rankontre Bondye nou a.   

Wi Seyè, nou vle pare pou nou rankontre W. Nou vle fè tout sa nou kapab. Nou vle rete nan volonte Pafè W. Tanpri Papa di nou, kisa nou dwe fè pou nou pare?

Gen anpil Manje ki te sere kounye a. Annou sèvi avè L. Annou sèvi avè L kounye a.

Mèsi Papa pou Manje a ke ou te sere pou Lepouz Ou epi pou Revelasyon Li. Nou sèvi avè L chak jou.

M priye pou padon ti legliz mwen isit la, ke Ou voye ban mwen pou-pou-pou-pou m kondwi epi pou m gide. Beni yo, Seyè. Mwen aji selon sa vizyon yo, epi rèv yo, epi bagay yo te di, selon sa m konnen pi byen. Mwen te sere tout Manje a ke me te kapab pou yo, Seyè. Kèlkeswa sa l ye, Seyè, se pa W nou ye.   

Mèsi Seyè, Ou di nou li ankò, Ou sere tout Manje a ke nou bezwen pou vwayaj nou an.

M pa ka tann pou m tande: Mesye, Èske Sa A Se Siy Fen Tan An? 62-1230A, avèk nou chak Dimanch a midi, lè Jeffersonville. M konnen ke bagay pral revele ban nou kòm jamè oparavan. Se ka dènye fwa nou tande L.  

E si se on bagay pou kite nou konnen kijan pou antre nan Lafwa Anlèvman an? Èske se sa? Èske n ap kouri, sote sou mi yo? Epi èske gen yon bagay ki pare pou l rive, epi vye kò abime, degoutan sa yo pral chanje? Èske m ka viv pou wè li, O Seyè? Èske li tèlman pre ke m ap wè li? Èske se jenerasyon an sa? Mesye, frè m yo, ki lè l ye? Ki kote nou rive?

Frè Jozèf Branham