Byenneme Resò Angrenay, Resò Prensipal, Fèmye ak Madan Lakay,
Kèlkeswa sa Bondye ban nou fè, nou gen responsabilite sou sa. Nou gen kont a rann Bondye pou sa. Kèlkeswa jan lènmi an ka di nou ke nou ensiyifyan, nou tèlman enpòtan pou Bondye ke gwo lòlòj Li pa ka fonksyone san nou.
Li rele nou, chwazi nou, predestine nou, epi ban nou yon Revelasyon sou gwo Mesaj Li sou lafen tan an. Li gen 100% konfyans nan nou. Nou se Lepouz Jezikri a menm, Cheri Li, e Li tèlman renmen nou.
Li te toujou avèti moun yo atravè nasyon yo: “Repanti nou sinon n ap peri”, “Retounen a Pawòl la”, “Prepare nou, gen yon bagay ki pral rive”. Tan sa a finalman rive. Bondye ap vini pou Lepouz Li, jan L te pwomèt nou Li t ap fè l. Li rele Wou Li pou l soti nan wou a.
Anpil moun elwaye yo de gwo Mesaj Bondye sou lafen tan an jodi a, yo di: “sa li di ki t ap rive, pa rive. Tout bagay menm jan an”. Pakèt jenerasyon pase anvan anpil pwofesi pwofèt Bondye yo te akonpli. Men yo rive malgre tou, egzakteman jan yo te di l, Pawòl sou Pawòl.
Bib Li di nou: “Kòm sa te ye nan epòk Noe, se konsa l ap ye lè Fis de lòm lan pral vini”. Anvan Bondye voye jijman an pou detwi mond lan nan gwo aj antediluvyen sa a, Bondye voye yon pwofèt nan mond lan. Kisa pwofèt sa a fè?
Li prepare moun yo pou lè a. Noe te prepare moun yo, e se te yon apèl mizèrikòd anvan jijman an.
Noe te prepare moun yo anvan jijman an te vini, li te avèti yo sou sa. Se te Chemen ke Bondye te bay pou jou sa a.
Pwofèt Bondye a te di nou ke Bondye pa janm chanje pwogram Li. Sa L te fè epòk sa a, Li fè menm bagay la jodi a. N ap jis RETE AVÈK PWOGRAM KE BONDYE BAY LA POU JODI A EPI PEZE JWE.
Tankou lè sa a, moun yo di ke nou akòde twòp enpòtans a pwofèt Bondye a; Se Sentespri a, pa William Branham. Nou di: AMÈN, nou pa koute mesye a, nou jis ap koute sa LI MENM LI DI.
Sentespri a se Pwofèt lè sa a; Li konfime Pawòl Li, Li pwouve L. Sentespri a se te Pwofèt epòk Moyiz. Sentespri a se te Pwofèt epòk Miche. Sentespri a, ki ekri Pawòl la, Li vini epi Li konfime Pawòl la.
Men Frè Branham fèk di nou semèn pase:
Kounye a, nou wè, m toujou mande nou pou nou fè atansyon ak sa n ap koute. Nou wè? Gen anpil ladann ki jis fè pati bò kote imen an.
M pa di se Seyè a ki di m sa. “Mwen” kwè, nou wè. E mwen kwè ke li pa ta dwe fèt.
Pou mwen menm ak lakay mwen, m pi pito sa setyèm anj mesaje Bondye a KWÈ, PANSE OUBYEN MENM SA L RESANTI pase nenpòt lòt minis, evèk ou moun.
Kiyès Bondye janm voye pou jije sa pwofèt Li kwè, panse oubyen menm sa l panse ki enspire ou non?…Kite m di nou kiyès m panse.
Gade Kore, epòk lè Bondye te voye Moyiz avèk mesaj la, epi Kore ak Datan te panse, yo vin bò kote Moyiz, epi yo di: “Bon, jis on minit, ou pran twòp bagay sou ou! Ou panse ke ou se sèl ti wòch sou plaj la; sèl kanna nan ti mas dlo a, ke se sèl ou menm. M ap fè w konnen ke gen lòt moun ki sen tou!”
Atansyon, jijman an toupre. Retounen nan PAWÒL ORIJINAL LA. Retounen nan Vwa Bondye ki konfime pou epòk nou an. Retounen a pwofèt Bondye a. Mesaj sa a, Vwa Li. Li dwe PREMYE bagay e bagay ki pi enpòtan pou nou.
Pa gen dout ke lòt moun gen on vwa, epi yon apèl, pou preche epi anseye Mesaj sa a. Men Bann yo, Vwa sa a, dwe Vwa a ki pi enpòtan ke nou ka tande lakay nou, nan machin nou, epi pi enpòtan, nan legliz nou, si nou vle vin Lepouz Bondye.
Vin tande Vwa sa a avè nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke pwofèt Bondye a ap avèti mond lan ke Seyè a pral Vini byento. Sa ta ka dènye fwa a.
Frè Jozèf Branham
Bondye Pap Rele Lòm An Jijman San L Pa Avèti L Dabò 63-0724.
Nou se pèp ki pi beni ki te jan m mache sou sifas tè a. Èske nou ka menm kòmanse imajine setyèm anj mesaje Bondye chwazi a k ap di nou pawòl sa yo:
Mwen renmen nou. Oh, mwen renmen nou tankou nou te pwòp pitit mwen, e nou se pitit mwen nan Levanjil. Mwen te anjandre nou nan Kris, pa mwayen Levanjil la.
Bondye tèlman gen sousi pou nou ke Li voye nou pwofèt Li ki konfime avèk siy Kolòn Dife a pou fè nou konnen ke se pat sèlman nònm sa a ki t ap mache ansanm avèk nou, men se te Bondye ki jis anlè li. Se Li menm kap mennen chemen an.
Paske L gen sousi pou nou, anvan gwo jijman an vini, Li prepare yon chemen pou libere nou de tout jijman k ap vini yo. Mwayen sa a pou chape se sèlman pou nou, Eli yo. Se nou menm ki aksepte jèm Lavi sa a. Se nou menm ki te predestine pou wè Li. Se nou menm ki gen on Revelasyon gwo ministè bann sa a.
Li te mouri pou ministè sa a. Li te mouri pou Sentespri a te ka isi a nan jou sa a pou montre bagay sa yo. Li te sousye L de nou. Li te sousye L pou pote L isi a. Li te sousye L pou fè deklarasyon an. Li te sousye L paske Li te renmen nou. Li te sousye L ase pou fè sa, pou voye Sentespri an bay sa, fè ministè sa a jodi a.
Si nou predestine a Lavi Etènèl, n ap tande Li epi n ap rejwi nan Li. Se Konfò nou. Se Bagay nou t ap reve tout vi nou. Se Pèl gwo pri sa a. Nou abandone tout bagay pou Mesaj sa a, Vwa sa a. Se Seyè nou Jezikri k ap pale avè nou.
Pèsòn bezwen fè nou mache, NOU KWAYAN, pa gen anyen ki ka retire L nan men nou. Sa pa enterese nou sa lòt moun di, nou kwè chak Pawòl.
Li tèlman gen sousi pou nou; si nou bezwen gerizon, nou jis kwè Pawòl Li depi fon kè nou. Apresa, sa pa di nou anyen sa nenpòt konsiltan, nenpòt konsolatè, nenpòt doktè, nenpòt lopital, nenpòt dyagnostik ta di, nou jis kwè Pawòl Li. Nou jis konnen L! Nou pa bezwen di anyen lòt bagay sou Li; nou konnen L.
Li tèlman gen sousi pou nou ke Li mande pwofèt Li sere Manje a pou Lepouz li. Li menm mande chak pastè, minis, epi gwoup moun atravè mond lan pou yo swiv enstriksyon l yo epi jwe bann sa yo nan KONGREGASYON yo oswa gwoup yo.
Si nou menm nou jis fè sa a maten an, nou menm nou pral priye pou nou, epi nou menm kap tande bann sa a, toupatou nan lemonn, epi apre ke bann sa a fin jwe, epi ke minis la oubyen moun la kap jwe li nan yon asanble, gwoup ki nan lajeng ou kèlkeswa kote nou ye a, kap jwe li, dabò nap fè konfesyon nou klè, epi apre vini avèk anyen menm nan kè nou, men lafwa, e nap priye pou nou, genyen, Medsin lan pral pran plas.
M te panse moun k ap kritike nou yo te di ke pwofèt la p at JANM DI pou jwe bann yo nan legliz la? Non sèlman li di nan legliz yo, men nan jeng yo oswa KÈLKESWA kote nou ye…JWE BANN YO.
Si nou obeyi e nou fè egzakteman sa Bondye te di pa setyèm anj mesaj Li ki konfime, alò nou menm tou nou ka gen pi gwo LAFWA ke nou janm ka genyen.
Mwen menm, mwen… dabò, e pou nou abòde sa a, oditwa a dwe wen ak lafwa. Nou menm—nou menm, si nou pa gen lafwa, lè sa a gen—pa gen okenn nesesite pou nou menm vini pou yo priye pou nou, paske sa pral pran lafwa w avèk lafwa mwen ansanm; lafwa mwen pou kwè nan Li, lafwa nou pou kwè nan Li.
Nou pa pretann, oubyen devine, oubyen espere sa. Bann yo se Chemen Bondye bay pou jodi a. Se pa pawòl on nonm ki rele William Marrion Branham, se Pawòl Seyè Jezikri nou ki revele. Se “Amèn!” absoliman. Se ultim nou. Se Laverite e anyen lòt ke Laverite.
Epi lè nou jwenn absoli Bondye a, Pawòl Li a, yon pwomès sou yon bagay kèlkonk, nou dwe konnen dabò ke se Pawòl Bondye a, ke bagay nou wè k ap fèt yo se Bondye. Gen—pa gen—pa gen okenn “petèt se sa, li ta ka, li sanble se ta sa.” “Se Bondye!” Lè sa a, lè nou rive nan plas sa a, Kidonk, se pèl gwo pri a, nou dwe elwaye nou de nenpòt ki bagay ke nenpòt lòt moun di nou ki kontrè ak Li. Nou pa dwe gade a sa moun te reyalize.
Nou pral gen yon TRÈ GWO BANKÈ LANMOU Dimanch sa a. Nou pral fè egzakteman sa setyèm anj mesaje Bondye a te di nou fè: Peze Jwe epi obeyi.
KÈLKESWA sa nou bezwen, n ap resevwa l. N ap resevwa L paske nou pral plase lafwa nou avèk LAFWA PA L pou kwè Li. Apresa nou tout pral di:
“Apati de kounye a, gen yon bagay nan kè m k ap di m ke pwoblèm mwen fini. Mwen—mwen byen, m ap byen”? Èske nou kwè sa? Leve men nou, “Mwen kwè Sa!” Bondye beni nou.
Paske Bondye gen sousi, mwen envite nou pou vin jwenn nou; oubyen ankouraje pastè nou, lidè nou, pou swiv enstriksyon pwofèt la, epi tande setyèm anj Bondye a k ap pwononse Pawòl Bondye a epi resevwa sa nou bezwen, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville alò ke nou pral tande: 63-0721 Li Sousye L. E Oumenm?
Mwen se Legliz Li. Nou se Legliz Li. Nou se Tabènak la kote Bondye abite. Nou se Legliz Bondye vivan an; Bondye vivan an k ap viv nan nou. Aksyon nou yo se aksyon Bondye. Glwa!!
Nou tout rasanble ansanm, nan ti kote atravè mond lan; nou tout reyini ansanm alantou Vwa Bondye, Pawòl Li pou jodi a.
Sa tèlman bèl. Okenn atach a anyen, sèlman a Jezikri e Pawòl Li. Se Tou, pwen final. Nou chita ansanm nan kote Selès ap vin parfè avèk Vwa Bondye menm.
Nou prale jisko bou. Nou tout prale nan Tè Pwomiz la. Nou tout! Ke ou son madan marye ki lakay, on ti sèvant, on dam aje, on mesye aje ou yon jèn gason, kèlkeswa sa ou ye, nou tout prale. Pa p gen youn nan nou k ap rete. Nou tout prale, epi “nou pap kanpe pou anyen.”
Nou kwè ke nou tout dwe ansanm. Yon sèl gwo gwoup Kò Jezikri ini, k ap tann pou Vini glorye sa a. Nou pa ta dwe separe, men lòm soti nan chemen ansèyman Levanjil la.
Ta dwe gen yon mwayen klè pou montre sa ki vre e sa ki fo. E sèl jan n ap rive fè l, se pa bay okenn entèpretasyon a Pawòl la, jis li L jan L ye a epi kwè L konsa. Chak moun ap bay pwòp entèpretasyon pa l, e sa fè L di yon lòt bagay. Gen yon sèl VWA BONDYE POU LEPOUZ LA. PEZE JWE!
Mwen di l sou bann sa a, epi pou oditwa sa a, mwen di sa sou enspirasyon Sentespri a: Moun ki nan kan Seyè a, kite l soumèt tèt li a Pawòl sa a!
Pawòl la pou epòk nou gen on Vwa. Pwofèt nou an se Vwa sa a. Vwa sa a se Pawòl vivan an pou epòk nou an. Nou te predestine pou tande Vwa sa a epi pou wè lè sa a, epi pa gen anyen k ap anpeche nou tande Vwa sa a.
Lafwa nou wè L epi li chwazi tande L kèlkeswa sa moun di. Nou pa bese je nou pou gade yon lòt bò. Nou kenbe objektif nou santre sou Pawòl la epi zòrèy nou branche sou Vwa sa a.
Avèk yon konsekrasyon pou Ou Seyè, depi kè nou jiska Zòrèy Ou, sa se priyè sensè nou an.
Ke lavi nou chanje, apati de jodi a, nou pral plis pozitif nan panse nou. N ap eseye viv nan dousè ak imilite, ke, kwè ke sa nou mande Bondye, Bondye ap ban nou l a nou tout. E nou pap pale mal youn kont lòt, ni kont pèsonn. N ap priye pou lènmi nou yo epi renmen yo, fè byen pou moun k ap fè nou mal. Bondye se Jij la de ki moun gen rezon e ki moun ki nan tò.
Mwen envite nou vin wen Lafwa nou nan tande Vwa Bondye a avèk nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Poukisa W Ap Rele Fò? Pale! 63-0714M.
Papa nou ki nan Syèl la, jan nou rekonesan nou gen yon lòt okazyon pou nou rasanble ansanm toupatou nan mond lan, kote sa a nan Letènite. Pou nou nan on menm lespri e on menm akò avè W; pou tande Vwa W k ap pale avè nou. N ap gade ankò pou W renouvle fòs nou, pou W ban nou kouraj epi fòs pou vwayaj ki devan nou.
Nou rasanble ansanm pou resevwa Laman ke yo te ban nou. Laman espirityèl sa a ke W te sere pou ban nou fòs pou vwayaj la. Se SÈL bagay ki ka soutni nou nan jou k ap vini yo.
Ou di nou, anvan W ka mete Legliz Ou an lòd, W ap oblije rasanble nou, nan on sèl kote, nan on sèl akò. Apresa Ou pral voye Sentespri W ban nou pou gide nou; pa kèk konsèy èkumenik, pa kèk gwoup moun, men Sentespri W pou pale avè nou de bouch a zòrèy.
Ou pale atravè anj Ou epi W di nou:
“M vle ke nou rete avèk pastè nou epi rete avèk Ansèyman an ki te bay isit la. Rete avèk Pawòl sa a, pa kite L! Rete dwat ak Pawòl la kèlkeswa sa ki vini ou ki ale, rete avèk Pawòl sa a!”
Papa, nou obeyi Pawòl Ou epi n ap rete avèk pastè nou. Se Vwa Bondye pou jodi a ki jis pwononse bon Pawòl Ou ki te konfime epi manifeste pou jou jodi a.
Ou di nou jan l te ye nan epòk Sodòm, se konsa l ap ye lè Fis de Lòm lan ap Vini; ke n ap gen de bagay pou gide nou, epi rès mond lan ap gen de bagay. De bagay pa yo se te de predikatè.
Men pou Legliz espirityèl Ou, Lepouz Ou, Dam Ou ki te predestine, ki te chwazi, de bagay nou yo se t ap Ou menm, ki manifeste nan yon kò kò imen, k ap gide nou pa Kolòn Dife a.
Kite van an rele. Kite tanpèt yo souke. Nou an sekirite, a jamè. Nou repoze jis la a sou Pawòl Ou. Moman an vini. Egzòd espirityèl la rive. N ap mache epi n ap pale avè W chak jou, ap tande Vwa W. Nou toujou an kominyon avè W.
Nou vle vin Men W, Je W, Lang Ou. Ou se pye rezen an, nou se branch Ou yo. Ban nou fòs, Papa, pou nou pote fwi W. Sèl dezi nou se pou nou gen yon lavi ki diy pou Levanjil Ou.
Reflete Tèt Ou atravè nou, Papa, pou kontinye zèv Ou epi akonpli Pawòl Ou te pwomèt la. Dezi nou se pou nou vin mesaje W pou jodi a, pou akonpli tout sa ki jis.
Nou vle tande W k ap di nou:
Priyè m se, a sila yo nan radyo oswa nan…kote yap tande bann lan, ak sila yo ki prezan. Ke Bondye ki an tout gras, nan Syèl la, klere Sentespri beni L la sou nou tout, ke, depi aswè a, apati de kounye a, nou ka viv yon vi ke Bondye ta di: “Sa byen fè M plezi. Antre nan lajwa Etènèl yo ki te pare pou ou depi fondasyon mond lan.” Kite Bondye nan Syèl la voye benediksyon L yo sou nou tout.
GLWA…sa se nou Papa, Lepouz Ou kote nou tande bann lan. An verite, Ou voye benediksyon W sou nou epi W ap revele nou Pawòl Ou, W ap di nou nan chak Mesaj ke nou tande, ke Ou trè satisfè, ke NOU SE LEPOUZ OU.
Si nou ta renmen tande pastè nou, pastè Bondye pou mond lan ke Li voye pou rele epi gide Lepouz Li, vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, pou tande l k ap pwononse Pawòl Lavi Etènèl, alò ke l ap pote nou yon Mesaj Bondye: Èske Vi W Diy Parapò A Levanjil La? 63-0630E.
Frè Jozèf Branham
Anons Espesyal: Si Seyè a vle, nou pral gen yon sèvis kominyon lakay ak lavman pye Dimanch pwochen nan aswè, 15 Oktòb.
Bagay sa yo ke nou wè k ap fèt jodi a pa t ka rive ven ane de sa, ni karantan de sa; se sèlman jodi a ke l ap rive. Men lè a! Men moman an! Se moman an pou L rive, kounye a. Bondye te pwomèt li, EPI MEN LI.
Nou gen yon entelijans espirityèl; inikite nasyon sa a fini. Lè a rive. Li lè pou n ale nan Tè pwomiz sa a. Se pa jis on lòt peyi pou n ale, men Kay K ap Vini a ke nou t ap tann lan.
Jis panse a sa, sa k ap gide nou plis ke yon pwofèt. Se Bondye ki manifeste nan lachè nan mitan nou, avèk Pawòl Li pou pwouve l. On pwofèt ki fè mil fwa plis ke nenpòt lòt pwofèt. Se Kolòn Dife a k ap kondwi nou nan Tè pwomiz la, Mileniyòm lan.
Li chwazi pwofèt nou an epi Li ba li yon siy Sinatirèl Kolòn Dife a, pou l pa fè erè. Sa pwofèt la te di se Pawòl Bondye. Li pran pwofèt nou, Li fòme l, apresa Li voye l tounen ban nou avèk Kolòn Dife a, pou L konfime Tèt Li a nou, epi Li ban nou yon Revelasyon konplè sou tout Pawòl Li a.
Si nou vle ale nan Tè pwomiz sa a, nou pa janm dwe bliye, Bondye pa ka e Li p ap chanje pwogram Li. Se Bondye Li ye, e Li pa kapab. Li di nou ke Li p ap trete avèk yon gwoup. Li pa janm fè L. Li trete avè nou kòm endividi. Li pwomèt nou nan Pawòl Li ke L ta pral voye nou Malachi 4 pou mennen nou nan Peyi sa a, epi Li fè l.
Men, nou wè, Akab te gen yon sistèm ke li te panse ki te vin de Bondye. Li te di : “M gen katsan ladan yo, enstwi epi fòme.” Epi yo pretann yo se pwofèt Ebre, menm jan gwoup ministè yo fè l jodi a.
Anpil pa vle aksepte l, men tankou Eli nan tan lontan, setyèm anj mesaje Bondye a, pastè nou an, se pastè mond lan pou kondwi Lepouz Li.
Li se Malachi 4:5, e Apokalips 10:7. Li se akonplisman tout Ekriti yo ke Bib la te predi sou li. Se Mesaj sa a, Vwa sa a, ki se Vwa Bondye k ap rele Lepouz Li. Se Plan Bondye pou jodi a.
Se menm Kolòn Dife a, atravè menm sistèm wen an. Menm Bondye a k ap fè menm bagay yo.
Kounye a Pawòl la fè chè epi Li abite nan mitan nou, nan kò nou, Lepouz Pawòl Li.
Annou kriye nan pye L epi di L mèsi, louwe Li, adore Li, pou tout sa Li fè: Li sove nou, Li predestine nou, Li jistifye nou.
Sa L ap fè pou nou kounye a menm; L ap ban nou Revelasyon aprè Revelasyon, L ap di nou kiyès nou ye. E tout sa Li pral fè pou nou…Li pral vin pran nou kòm Lepouz Li epi mennen nou nan Kay Kap Vini nou an ke Li fè pou nou, epi n ap avè L pandan tout Letènite.
Kèlkeswa sa nou bezwen, rele ba Li. Se sa Li vle pitit Li yo fè. Rele ba Li jiskaske nou satisfè epi nou jwenn sa nou bezwen.
Vin ini avèk yon pati nan Lepouz Li Dimanch a midi, lè Jeffersonville, epi tande pastè Bondye a pou mond lan, William Marrion Branham, k ap di nou tout bagay sou: Twazyèm Egzòd La 63-0630M.